BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/11 p. 1
  • ‘Se pou non Bondye sen’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘Se pou non Bondye sen’
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Jewova glorifye non l
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Fè konnen non Bondye
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Ann onore gran non Jewova a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Yon dispozisyon pou minis kretyen yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 8/11 p. 1

‘Se pou non Bondye sen’

1. Ki tèm asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2012 la, e sou ki sa li baze?

1 Ala yon privilèj nou genyen pou nou pote non Jewova, Souvren tout linivè a! Se Bondye li menm ki ban nou pote non l e se depi ane 1931 espesyalman yo konnen nou sou non Temwen Jewova, yon non ki pèmèt yo idantifye nou (Iza. 43:10). Se non Jewova ki gen plis enpòtans pou Jezi pase tout lòt non. Se sa k fè, nan priyè Jezi bay kòm modèl la, li te mete non Papa l an premye (Mat. 6:9). Se pawòl Jezi te di nan pati sa a nan priyè modèl la ki sèvi tèm asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2012 la. Men tèm asanble a: “Se pou non Bondye sen.”

2. Ki enfòmasyon n ap tann avèk enpasyans?

2 Sa nou pral tande: Nan samdi, nou pral tande yon diskou ki gen tit: “Antanke sèvitè aplentan se pou nou fè konnen non Bondye.” Nan diskou sa a, yo pral pale sou rezon ki fè sèvis aplentan bay kè kontan. Ansuit, nou pral tande yon diskou ki gen kat pati ki gen tit: “Fè atansyon pou nou pa lage opwòb sou non Jewova”, diskou sa a ap ede nou evite tonbe nan kat bagay ki ka reprezante pyèj pou nou. Nan yon lòt diskou ki gen tit: “Rezon ki fè non Bondye dwe sangtifye”, n ap jwenn repons kesyon sa yo: Ki sa k ap ede nou preche moun yo avèk zèl menm lè yo pa montre yo vrèman enterese? E ki sa k ap ede nou vin pi efikas nan ministè a? Nan dimanch, nou pral tande yon diskou ki gen kat pati ki pral aprann nou fason nou ka sangtifye non Bondye nan panse nou, ak pawòl nou, nan desizyon n ap pran e nan konduit nou. Moun ki nouvo yo sitou ap kontan tande diskou piblik la ki gen tit: “Jewova pral sangtifye gran non l nan Amagedòn.”

3. Ki privilèj nou genyen, e kòman pwogram asanble a pral ede nou?

3 Talè konsa Jewova pral sangtifye non l (Eze. 36:23). Annatandan sa rive, nou gen kokenn privilèj pou nou demontre tout sa non Jewova reprezante, yon non ki sen. Nou sèten pwogram asanble sikonskripsyon sa a pral ede nou tout ranpli gwo responsablite nou genyen an antanke moun ki pote non Bondye.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje