BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/11 p. 1
  • Ede moun nou rankontre a rezone

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede moun nou rankontre a rezone
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Ann suiv Règ annò a nan travay predikasyon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Fason pou n reponn objeksyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Ofri moun yo liv Sa Labib anseye a
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Annou ‘ dirèk ! ’
    Ministè Wayòm nan — 1999
Ministè Wayòm nan — 2011
km 10/11 p. 1

Ede moun nou rankontre a rezone

1. Lè n ap patisipe nan ministè a ki metòd ki bay pi bon rezilta?

1 Lè n ap patisipe nan ministè a ki metòd ki pi efikas, lè nou pale ak moun yo yon fason kategorik, san nou pa kite yo bay opinyon yo oubyen lè nou ede yo rezone dekwa pou yo ka tire konklizyon ki kòrèk la? Lè apot Pòl t ap pale ak Juif Tesalonik yo li te itilize dezyèm metòd la e “kòm rezilta, kèk ladan yo te vin kwè”. (Tra. 17:2-4.) Pou nou rezone ak lòt moun, ki sa sa mande?

2. Ki sa nou ka fè pou nou imite egzanp Pòl lè n ap preche bon nouvèl la?

2 Pran santiman moun yo ak kote yo soti a an konsiderasyon: Pou nou ede moun ki nan tèritwa a rezone, li enpòtan pou nou pran santiman yo genyen an konsiderasyon. Pou Pòl te kòmanse yon konvèsasyon ak Grèk ki pa t kwayan ki te nan Areyopaj la, li te site kèk bagay moun yo te konnen, bagay yo te aksepte (Tra. 17:22-31). Kidonk, lè n ap prepare prezantasyon nou pral fè, nou bezwen pran ni kwayans moun nan tèritwa a genyen ni prejije yo genyen an konsiderasyon (1 Kor. 9:19-22). Si moun nan fè yon objeksyon, nou bezwen chèche yon pwen kote nou toule de dakò, epi kontinye konvèsasyon an sou pwen sa a.

3. Lè nou byen sèvi ak kesyon, kòman sa ka fè nou rezone ak lòt moun yon fason efikas?

3 Byen sèvi ak kesyon: Nou pa ka bay yon moun k ap vwayaje direksyon pou n ede l rive kote l vle ale a si nou pa konnen ki kote l ye egzakteman. Se menm jan an tou, nou pap ka ede moun n ap preche a tire yon bon konklizyon sou yon sijè si nou pa konnen opinyon l sou sijè a. Anvan Jezi te rezone ak yon moun ki t ap koute l, byen souvan, li te poze moun nan kesyon pou l te ka konnen sa k nan panse l. Pa egzanp, lè yon mesye te mande Jezi ‘ki sa pou l fè pou l jwenn lavi ki pap janm fini an?,’ Jezi te chèche konn pwennvi mesye a anvan l te reponn li (Lik 10:25-28). Nan yon lòt okazyon, lè Pyè te bay yon move repons, Jezi te byen sèvi ak kesyon pou l te korije fason Pyè te panse a (Mat. 17:24-26). Se sa k fè, si moun n ap preche a poze nou yon kesyon oubyen si moun nan fè nou konnen opinyon l, men sa l di a pa bon, nou ka sèvi ak kesyon pou nou ede l rezone sou sijè a.

4. Poukisa nou dwe fè efò pou nou ede moun nou rankontre a rezone?

4 Lè nou ede moun nou rankontre a rezone, nou imite Jezi, gran Anseyan an, ansanm ak lòt moun nan premye syèk la ki te konn preche bon nouvèl la byen. Konsa, nou montre nou onore moun nan e nou gen respè pou li (1 Pyè 3:15). Kòm rezilta, li ka vin pi dispoze pou nou retounen vizite l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje