Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Fason pou n reponn objeksyon
Rezon ki fè sa enpòtan: Imajine w ta konnen pral gen yon katastwòf natirèl. Anpil moun ap mouri si yo pa kite zòn nan. W al lakay vwazen w lan pou w di l sa, men, li koupe pawòl nan bouch ou pou l di w li okipe. Pa gen dout nan sa, ou pa t ap kouri bay vag nan efò w ap fè pou w ede l. Lefètke gen anpil moun nan tèritwa nou an ki pa konnen jan mesaj nou an ka ede yo sove lavi yo, sa fè yo pa koute nou. Lè n al preche yo, petèt yo konn okipe (Mat. 24:37-39). Oswa yo gendwa pa vle koute nou akoz move bagay moun di sou nou (Mat. 11:18, 19). Yo gendwa panse pa gen okenn diferans ant nou menm ak lòt relijyon ki pa bay bon egzanp yo (2 Pyè 2:1, 2). Si, okòmansman, mèt kay la montre li pa enterese, nou pa dwe kouri bay vag.
Eseye sa a pandan mwa a:
Lè w jwenn yon objeksyon nan tèritwa a, apre w fin kite kay la, fè yon ti pale ak pwoklamatè k ap preche avè w la sou fason ou ta gendwa pi byen reponn objeksyon sa a.