Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Fason pou n reponn yon moun ki fache
Rezon ki fè sa enpòtan: Nou rankontre anpil moun ki janti lè n ap patisipe nan ministè a. Sepandan, nan yon pwofesi Jezi te bay li te fè konnen gen moun k ap rayi nou (Jan 17:14). Kidonk, sa pa ta dwe fè nou sezi si nou rankontre yon moun ki fache. Lè sa rive, nou dwe reponn yon fason k ap fè Jewova plezi, li menm nou reprezante a (Wom. 12:17-21; 1 Pyè 3:15). Lè nou aji konsa, sa ap anpeche sitiyasyon an dejenere. Anplis de sa, sa ap fè ni moun nou rankontre a ni moun k ap gade yo jwenn yon temwayaj, konsa, y ap pi dispoze koute nou pwochèn fwa yon Temwen Jewova vin lakay yo. — 2 Kor. 6:3.
Eseye sa a pandan mwa a:
Fè plizyè repetisyon pandan adorasyon an fanmi an.
Apre w fin kite yon moun ki fache, pale ak patnè w la sou fason nou te ka pi byen reponn.