“Se pou nou anpè ak tout moun”
1. Ki konsèy nou jwenn nan Bib la nou dwe aplike lè nou rankontre moun ki fache?
1 Pèp Jewova a renmen lapè e travay predikasyon an se yon travay ki mande pou nou anpè ak moun yo (Iza. 52:7). Pafwa, nou ka rankontre moun ki fache paske nou pase vizite yo lakay yo. Ki sa k ap ede nou rete anpè ak moun yo nan sitiyasyon sa yo? — Wom. 12:18.
2. Poukisa l enpòtan pou n konprann moun yo?
2 Konprann moun yo: Byenke gen moun ki konn an kòlè paske yo opoze ak laverite, gen lòt moun ki konn fache pou kèk rezon ki pa gen okenn rapò ak mesaj n ap preche a. Petèt, nou pase nan yon moman ki pa apwopriye. Moun nan ka an kòlè akoz pwoblèm pèsonèl li genyen. Menmsi se bon nouvèl la ki fè moun nan fache, nou pa dwe bliye si l aji konsa petèt se paske yo twonpe l (2 Kor. 4:4). Lè nou chèche konprann moun yo, sa ap ede nou rete kalm e nou pap panse moun yo gen yon pwoblèm pèsonèl ak nou lè yo mal reyaji. — Pwo. 19:11.
3. Ki jan nou ka montre respè pou moun yo?
3 Montre respè pou yo: Gen anpil moun nan tèritwa a ki gen kwayans ki byen anrasinen nan yo (2 Kor. 10:4). Yo gen dwa pou yo chwazi si y ap koute nou oswa si yo pap koute nou. Nou pa dwe janm rabese moun yo poutèt kwayans yo ni nou pa dwe janm montre nou plis pase yo paske nou gen plis konesans nan Bib la. Si yon moun mande nou pou nou kite lakay li, nou dwe fè sa avèk respè.
4. Ki sa sa vle di pale avèk jantiyès?
4 Pale avèk jantiyès: Menmsi yon moun ta pale mal ak nou, nou dwe reponn li avèk dousè e jantiyès (Kol. 4:6; 1 Pyè 2:23). Olye pou nou fè kont ak moun nan, chèche jwenn yon pwen nou toule de dakò sou li. Petèt, avèk jantiyès, nou ka chèche konnen rezon ki fè moun nan aji konsa. Sepandan, pou nou pa fè moun nan vin pi fache, pafwa, l ap pi bon pou nou pa eseye kontinye konvèsasyon an. — Pwo. 9:7; 17:14.
5. Si nou se moun ki renmen lapè nan travay predikasyon an, ki byenfè n ap jwenn?
5 Si nou se moun ki renmen lapè, moun nan tèritwa a ka sonje jan nou te byen reyaji e yo ka koute pwochèn fwa yon pwoklamatè ap eseye ba yo temwayaj (Wom. 12:20, 21). Menmsi moun nan sanble opoze toutbon ak nou, yon jou, li gendwa vin frè nou (Gal. 1:13, 14). Kit moun nan enterese nan laverite kit li pa janm enterese, si nou kenbe metriz nou e nou montre nou se moun ki renmen lapè, n ap onore Jewova e n ap anbeli ansèyman nou an. — 2 Kor. 6:3.