Temwen Jewova, lafwa yo ann aksyon, 1ye pati: Yo soti nan fènwa
Nan Bib la yo asosye limyè ak laverite tandiske yo asosye fènwa ak manti (Sòm 43:3; Iza. 5:20). Satan te fè fènwa blayi nan monn nan pou premye fwa lè l te twonpe Èv la e finalman li te plonje limanite nan yon fènwa pwès (Rev. 12:9). Videyo ki gen tit: Les Témoins de Jéhovah — la foi en action, 1re partie: la sortie des ténèbres la montre jan limyè espirityèl te kòmanse parèt nan fènwa, nan videyo a yo prezante evènman yo nan lòd yo te pase a (Iza. 60:1, 2). Apre nou fin gade videyo a èske nou ka reponn kesyon sa yo?
1) Kòman fènwa pwès te blayi sou tè a apre apot yo te fin mouri? 2) Nan kòmansman ane 1100 yo, ki sa ki te pase ki te ede moun yo disène legliz yo pa t ap anseye laverite? 3) Ki moun Henry Grew ak George Storrs te ye? 4) Ki evènman ki te pase nan lavi frè Charles Russell ki te gen yon gwo efè sou li? 5) Ki jan frè Russell ansanm ak papa l ak kèk moun yo konnen te dirije klas etid Labib yo te konn fè yo e ak ki konklizyon ki baze sou Bib la yo te abouti? 6) Ki sa k te pase ki fè gwoup Etidyan Labib yo te vin fè yon sèl ak gwoup Nelson Barbour la, men ki sa k te fè frè Russell vin separe avèk yo? 7) Ki sa k te rive nan mwa Jiyè 1879 ki te fè limyè espirityèl vin kòmanse jayi? 8) Apre sa, ki sa gwoup Etidyan Labib yo, ki pa t sispann ogmante, te fè pou yo gaye bon nouvèl la? 9) Plizyè ane anvan 1914, ki evènman Etidyan Labib yo te panse ki t ap rive nan ane 1914? 10) Ki pwoblèm Etidyan Labib yo te rankontre apre frè Russell te fin mouri? 11) Ki sa Etidyan Labib yo te fè apre frè Rutherford ak konpayon l yo te soti nan prizon? 12) Apre nou fin gade videyo sa a nan ki sans sa ogmante konesans nou sou òganizasyon Jewova a e sa fè nou vin gen plis rekonesans anvè òganizasyon an? 13) Nan ki sans videyo a fè nou gen plis detèminasyon pou nou kontinye preche avèk zèl malgre obstak nou rankontre? 14) Kòman nou ka sèvi ak videyo sa a pou nou ede fanmi nou, etidyan nou ak lòt moun?
Ala yon eritaj espirityèl ki gen anpil valè Etidyan Labib sa yo kite pou nou! Nan monn sa a ki nan fènwa nan domèn espirityèl, yo te pote limyè laverite a bay moun yo e yo te fè sa avèk kouraj e avèk zèl. Nou swete pou nou imite bèl egzanp yo e pou nou “kontinye mache tankou pitit limyè”. — Efe. 5:8.