Temwen Jewova, lafwa yo ann aksyon, 2yèm pati: Se pou limyè a klere
Apre frè Rutherford ak konpayon l yo te soti nan prizon nan ane 1919, Etidyan Labib yo te gen yon kokenn travay ki t ap tann yo. Jan yo montre sa nan videyo ki gen tit: Les Témoins de Jéhovah — la foi en action, 2e partie: que brille la lumière! la, Etidyan Labib yo t ap gen anpil opozan. Konpreyansyon yo gen sou Bib la t ap kontinye ogmante e lafwa yo t ap vin pi solid (Pwo. 4:18; Mal. 3:1-3; Jan 15:20). Apre nou fin gade videyo a èske nou ka reponn kesyon sa yo?
1) Ki metòd Etidyan Labib yo te itilize pou yo simaye bon nouvèl la? 2) Ki anons yo te bay nan kongrè espesyal yo te fè nan ane 1931 ak 1935? 3) Ki enfòmasyon enpòtan yo te egzamine nan Toudegad 1ye novanm 1939 la (anglè)? 4) Rakonte sa k te pase nan stad yo rele “Madison Square Garden” nan pandan frè Rutherford t ap bay yon diskou ki gen tit: “Gouvènman ak lapè”. 5) Poukisa diskou frè Knorr te bay ki gen tit: “Èske lapè a ap dire?” a te vrèman enteresan? 6) Nan ane 1942, ki sa Temwen Jewova yo te fè pou yo etann travay predikasyon an? 7) Fè yon ti pale sou kèk batay jiridik Temwen yo te fè nan peyi Etazini, Kanada ak Lagrès. 8) Ki efè lekòl Gileyad genyen sou pwogrè ki fèt nan travay predikasyon an? 9) Ki travay enpòtan ki te kòmanse nan ane 1946, e poukisa? 10) Ki sa Temwen Jewova yo te fè pou yo sèten konduit yo ann amoni ak prensip ki nan Bib la? 11) Esplike kèk chanjman yo te fè nan ane 1970 yo dekwa pou fason òganizasyon an t ap mache te ka pi pwòch ak modèl yo jwenn nan Bib la. 12) Apre w fin gade videyo sa a nan ki sans sa ede w pi byen konprann se Jewova ki gen tout kontwòl sou òganizasyon sa a e se pou li òganizasyon an ye? 13) Nan ki sans videyo a fè nou gen plis detèminasyon pou nou kontinye preche avèk zèl malgre obstak nou rankontre? 14) Kòman nou ka sèvi ak videyo sa a pou nou ede fanmi nou, etidyan nou ak lòt moun?
Chak jou ki pase gen yon nouvo chapit ki ajoute sou istwa Temwen Jewova yo. Ki sa y ap rapòte nan chapit yo sou efò nou fè nan ministè a? Menm jan ak frè nan tan lontan yo, nou swete pou nou kontinye travay avèk zèl pou “limyè a klere”! — 2 Kor. 4:6.