Douz rezon pou nou preche bon nouvèl la
Poukisa nou preche epi nou anseye moun yo bon nouvèl la? Èske prensipal rezon an se pou nou ka ede moun ki sensè yo pran wout ki mennen nan lavi a (Mat. 7:14)? Se premye rezon yo bay nan lis ki pi ba a, men se pa prensipal rezon an sa. Nan 12 rezon yo bay pou nou patisipe nan ministè a, kiyès ladan yo ou panse ki pi enpòtan?
1. Sa ka ede moun sove lavi yo. — Jan 17:3.
2. Sa sèvi avètisman pou mechan yo. — Eze. 3:18, 19.
3. Sa kontribye pou akonpli pwofesi ki nan Bib la. — Mat. 24:14.
4. Sa montre jistis Bondye gen lakay li. Pyès moun pa ka akize Jewova pou yo ta di li detwi mechan yo san li pa ba yo posiblite pou yo repanti. — Tra. 17:30, 31; 1 Tim. 2:3, 4.
5. Sa pèmèt nou ranpli obligasyon nou genyen pou nou ede moun yo nan domèn espirityèl, moun Jewova achte ak san Jezi. — Wom. 1:14, 15.
6. Sa fè nou pa responsab san pèsonn. — Tra. 20:26, 27.
7. Se yon obligasyon pou nou ka sove. — Eze. 3:19; Wom. 10:9, 10.
8. Sa montre nou gen lanmou pou pwochen nou. — Mat. 22:39.
9. Sa montre nou obeyi Jewova ak Pitit li a. — Mat. 28:19, 20.
10. Sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova. — Ebre 13:15.
11. Sa demontre nou gen lanmou pou Bondye. — 1 Jan 5:3.
12. Sa kontribye pou fè non Jewova sangtifye. — Iza. 43:10-12; Mat. 6:9.
Natirèlman, se pa pou rezon sa yo sèlman nou patisipe nan travay predikasyon an. Pa egzanp, lè nou preche, sa fè lafwa nou vin pi solid e sa fè nou gen privilèj pou nou vin konpayon travay Bondye (1 Kor. 3:9). Sepandan, rezon ki pi enpòtan ki fè nou patisipe nan travay predikasyon an se nimewo 12 la. Kèlkeswa jan moun yo reyaji, travay predikasyon an sangtifye non Jewova e sa bay Jewova yon repons pou l bay moun k ap pwovoke l la (Pwo. 27:11). Se vre, nou gen bonjan rezon pou nou ‘kontinye anonse moun yo bon nouvèl la san rete e pou nou kontinye anseye yo.’ — Tra. 5:42.