Fason pou n sèvi ak bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Yon nouvo bwochi pou n ede etidyan yo vin nan òganizasyon an
1. Site twa gwo rezon ki fè yo fè bwochi Volonte Jewova a.
1 Èske w kòmanse sèvi ak nouvo bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? Yo fè bwochi sa a 1) pou n ede etidyan yo byen konnen ki kalite moun Temwen Jewova yo ye, 2) pou n ede yo konnen aktivite nou, e 3) pou n montre yo jan òganizasyon nou an fonksyone. Bwochi Volonte Jewova a gen yon sèl paj pou chak leson, nou ka fè leson an byen fasil nan senk a diminit nan fen etid la.
2. Pale sou fason yo prezante enfòmasyon ki nan bwochi a epi site kèk bagay ki ladan l.
2 Fason yo prezante enfòmasyon yo: Bwochi a gen twa seksyon. Jan yo di sa pi wo a, chak seksyon ap aprann etidyan an yon bagay diferan sou òganizasyon Jewova a. Bwochi a gen 28 leson. Tit chak leson parèt sou fòm yon kesyon, e soutit yo ki an lèt fonse bay repons kesyon an. Nan bwochi a, gen foto ki soti nan plis pase 50 peyi ki montre aspè entènasyonal travay n ap fè a genyen. Gen plizyè leson ki gen kare ki gen tit “Chèche konn plis”. Nan kare sa yo n ap jwenn konsèy nou ka ankouraje etidyan nou yo suiv.
3. Ki jan nou ka sèvi ak bwochi Volonte Jewova a?
3 Fason pou n itilize l: Pou kòmanse, atire atansyon etidyan an sou tit leson an. Apre sa, pandan n ap li leson an, mete aksan sou soutit yo ki an lèt fonse. Pou fini, egzamine kesyon revizyon yo ki nan fen paj la. Lè w ap fè leson an, nou ka li l yon sèl kou epi nou pale sou li oubyen nou ka egzamine chak pati apa. Ou bezwen gen bon jijman lè w ap chwazi ki vèsè pou w li nan vèsè yo bay kòm referans yo. Pa bliye egzamine imaj yo ak kare “Chèche konn plis” la. Nan pifò ka, nou dwe fè leson yo nan lòd yo ye a. Sepandan, si gen yon leson ki pale sou yon bagay etidyan dwe konnen nan moman an, nou ka sote kèk leson pou n egzamine l avè l. Pa egzanp, si nou pral gen kongrè, nou ka ale dirèkteman nan leson 11 lan.
4. Poukisa nou kontan lefètke nou gen nouvo bwochi sa a?
4 Lè n ap fè etid ak yon moun, se ede n ap ede l vin byen konnen Papa nou ki nan syèl la. Men, nou bezwen ede l konnen òganizasyon Jewova a tou (Pwo. 6:20). Se pa ti kontan nou kontan pou nouvo zouti sa a nou genyen ki fè l vin pi fasil pou n ede etidyan nou yo!