Fè efò pou n kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa a
Nan kòmansman mwa me 2011, yo te ankouraje tout pwoklamatè pou yo kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa a. Pou ede nou fè sa, yo prepare yon ribrik ki gen tit “Repons Bib la bay”. Li parèt regilyèman nan Toudegad piblik la. Se sa k fè, frè k ap fè reyinyon predikasyon premye samdi nan mwa a dwe montre pwoklamatè yo fason yo ka sèvi ak ribrik sa a pou yo kòmanse etid biblik e yo dwe fè yon demonstrasyon.
Ansyen yo ka chwazi fè chak gwoup reyini apa premye samdi nan mwa a, oubyen yo ka deside fè tout gwoup yo reyini ansanm. Petèt, yo ka fè sa nan Sal Wayòm nan. Sepandan, si gen plizyè kongregasyon ki itilize Sal Wayòm nan, okenn kongregasyon pa dwe chwazi yon lòt jou kòm jou espesyal pou pwoklamatè yo ofri moun yo etid biblik paske ansyen yo vle fè tout gwoup yo reyini ansanm.