Fason pou n bay temwayaj lè nou sèvi ak stann pou n ekspoze piblikasyon yo
Metòd pou pwoklamatè yo sèvi ak charyo oubyen ak yon tab pou yo ekspoze piblikasyon yo bay bon rezilta. Yo atire moun ki gen bon kè yo nan laverite (Jan 6:44). Se sa k fè yo ankouraje ansyen yo pou yo òganize temwayaj an piblik nan zòn ki gen anpil moun ap pase nan tèritwa kongregasyon yo. Etandone nou pa fikse stann yo yon kote, an jeneral nou pa bezwen pèmisyon nan men otorite yo pou nou kanpe yon kote avèk yo. Ki moun ki kalifye pou yo patisipe nan fòm temwayaj sa a? Se pwoklamatè ki gen bon jijman, ki prezante tèt yo avèk diyite e ki gen kapasite pou yo fè bon konvèsasyon ak moun. Pi ba a, yo pral site kèk bagay pou pwoklamatè yo fè ak kèk bagay pou yo pa fè k ap ede yo jwenn pi bon rezilta.