Aprann nan men pwoklamatè ki gen plis eksperyans yo
Nou vrèman apresye pwoklamatè ki gen eksperyans yo nan kongregasyon an. Gen nan yo k ap sèvi Jewova fidèlman depi plizyè ane. Gen lòt ki ka vin maton nan ministè a pa gen lontan. Pwoklamatè sa yo wè fason Jezi dirije kongregasyon kretyen an nan dènye jou sa yo, lè li etann travay predikasyon an ak travay fè disip la toupatou (Mat. 28:19, 20). Lefètke yo patisipe nan ministè a, sa fè yo jwenn “pisans ki depase yon pisans nòmal” lè y ap rankontre difikilte ak eprèv (2 Kor. 4:7). Gen anpil bagay nou ka aprann nan men pwoklamatè sa yo ki gen eksperyans. Lè yo jwenn posiblite, yo pran plezi pou yo anseye lòt moun sa yo aprann (Sòm 71:18). Kidonk, nou dwe kreye okazyon pou nou aprann nan men yo. Ki jan nou ka fè sa?
Nan travay predikasyon an. Pwoklamatè ki nouvo yo oubyen ki pa gen anpil eksperyans yo bezwen fòmasyon pou yo ka vin efikas nan ministè a. Yo ka aprann anpil bagay lè yo wè fason pwoklamatè ki gen eksperyans yo byen akonpli ministè yo. (Gade atik ki nan Toudegad 15 fevriye 2015 ki gen tit “Ann kontinye preche avèk zèl”, nan paragraf twa, anba soutit “Ede moun ki gen mwens eksperyans yo”.) Ki byenfè ou te jwenn lefètke ou te patisipe nan ministè a ak moun ki gen eksperyans yo?
Èske w pa ta ka mande yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou l patisipe avè w nan ministè a? Si pwoklamatè a enfim, ou ka al fè youn nan etid ou yo lakay li tanzantan. Apre etid la, mande l ki remak li fè e ki konsèy li ta ba w.
Pase tan ak yo: Pase tan ak pwoklamatè ki gen eksperyans yo pou w ka konnen yo. Envite youn nan pwoklamatè sa yo vin asiste adorasyon an fanmi ou fè lakay ou epi fè entèvyou ak li. Si pwoklamatè a enfim, èske w pa ta ka pran dispozisyon pou w al lakay li pou w fè adorasyon an fanmi an? Mande l kòman li te pran laverite? Ki benediksyon li jwenn? Ki pwogrè li wè ki fèt nan zòn nan? Ki jwa li jwenn lefètke l ap sèvi Jewova?
Se pou nou konprann yo epi se pou nou ekilibre nan sa nou atann de yo. Menm jan ak nou tout, pwoklamatè ki la lontan yo pa gen menm don nan ministè a (Wom. 12:6-8). Gen kèk pwoklamatè ki granmoun, sa ka limite kantite tan yo ka pase avèk nou. Sepandan, nou ka aprann anpil bagay nan men yo grasa eksperyans yo genyen nan sèvis fidèl y ap bay Jewova.