BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/15 p. 2
  • “Se pou pawòl sa yo [...] nan kè nou”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Se pou pawòl sa yo [...] nan kè nou”
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Yon èd pou fanmi yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Adorasyon an fanmi — Èske w ka fè l vin pi enteresan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ede fanmi w sonje Jewova
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 8/15 p. 2

“Se pou pawòl sa yo [...] nan kè nou”

Paran yo menm jan ak bèje yo. Yo dwe byen pran swen pitit yo, ki ka devye byen fasil e konsa yo ka sibi atak byen fasil (Pwo. 27:23). Ki sa paran yo ka fè pou yo byen jwe wòl sa a yo genyen an? Yo dwe pase tan chak jou ap pale ak pitit yo dekwa pou yo ka konnen sa k nan panse yo ak sa k nan kè yo (Pwo. 20:5). Anplis de sa, paran yo dwe sèvi ak materyo ki ka reziste anba dife pou yo fòtifye lafwa pitit yo (1 Kor. 3:10-15). Videyo “Se pou pawòl sa yo [...] nan kè nou” an montre enpòtans sa genyen lè yo fè adorasyon an fanmi an regilyèman. Gade videyo a ansanm antanke fanmi epi pale sou kesyon ki vin apre yo.

1) Ki sa k te fè fanmi Womann te sispann konsantre sou bagay espirityèl yo? 2) Poukisa premye tantativ frè Womann te fè pou l fè adorasyon an fanmi an pa t mache? 3) Ki konsèy Bib la bay ki ka fè gen plis chans pou paran yo reyisi edikasyon pitit yo (Det. 6:6, 7)? 4) Ki sa ki ka kontribye pou fè gen pi bon kominikasyon nan fanmi an? 5) Ki kalite sakrifis timoun yo bezwen paran yo fè? 6) Nan ki sans frè ak sè Bawo te gen bon enfliyans sou fanmi Womann (Pwo. 27:17)? 7) Ki sa yon chèf fanmi dwe fè alavans pou adorasyon an fanmi an ka reyisi? 8) Ki sa frè Womann te fè pou bagay yo ka amelyore nan fanmi an? 9) Poukisa li trèzenpòtan pou adorasyon an fanmi an fèt regilyèman (Efe. 6:4)? 10) Site kèk sijesyon ki pratik pou adorasyon an fanmi? 11) Nan ki sans frè Womann te kalm men li te fèm lè li t ap ede Moris konprann enpòtans pou l fè sa ki byen (Jer. 17:9)? 12) Ki jan frè ak sè Womann te rezone ak Rebeka lè yo t ap ede l pran bon desizyon an rapò ak relasyon l ak Jisten (Mak 12:30; 2 Tim. 2:22)? 13) Ki jan frè ak sè Womann te montre yo gen lafwa lè yo t ap pran desizyon pou yo chanje fason y ap viv (Mat. 6:33)? 14) Kòman videyo sa a mete aksan sou nesesite pou chèf fanmi yo pran swen fanmi yo nan domèn espirityèl (1 Tim. 5:8)? 15) Ki detèminasyon ou menm ou pran antanke chèf fanmi?

NÒT POU CHÈF FANMI YO: Yo te jwe dram sa a nan kongrè rejyonal 2011 lan. Lè sa a, èske w te remake kèk domèn ou te bezwen amelyore nan adorasyon an fanmi pa w? Kòman sa ye kounye a? Si l nesesè pou w fè lòt chanjman toujou, tanpri priye Jewova sou sa epi fè chanjman sa yo pou fanmi w ka jwenn byenfè pou toutan. — Efe. 5:15-17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje