BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 3 p. 4-5
  • Kreyatè nou an ki renmen nou gen sousi pou nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kreyatè nou an ki renmen nou gen sousi pou nou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1. KREYATÈ NOU AN FÈ SOLÈY LA LEVE
  • 2. KREYATÈ NOU AN FÈ LAPLI TONBE
  • 3. KREYATÈ NOU AN BAN NOU SA POU N MANJE AK SA POU N METE SOU NOU
  • Chèche Wayòm nan, pa chèche bagay materyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Moun ki kreye tout bagay la
    Koute gran Anseyan an
  • Gran Kreyatè nou an sousye de nou !
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Poukisa repons lan enpòtan?
    Reveye n! — 2021
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 3 p. 4-5
Solèy la k ap leve dèyè mòn yo.

Kreyatè nou an ki renmen nou gen sousi pou nou

1. KREYATÈ NOU AN FÈ SOLÈY LA LEVE

Èske w ka imajine lavi sou tè a san solèy la ki pou klere nou? Solèy la fè plant yo bay fèy, flè, fwi, grenn ak semans. Li fè pyebwa yo rale dlo nan tè a pa mwayen rasin yo pou monte nan fèy yo epi pou ale nan lè a sou fòm vapè.

Yon bèl plantasyon ki sou pant yon mòn.

2. KREYATÈ NOU AN FÈ LAPLI TONBE

Lapli se yon gwo kado Bondye ban nou, li fè tè a bay manje pou n manje. Bondye ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, konsa, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa.

Yon zwazo ki poze sou yon branch bwa k ap lonje bèk li pou l pran yon frèz ki pral tonbe.

3. KREYATÈ NOU AN BAN NOU SA POU N MANJE AK SA POU N METE SOU NOU

Anpil papa konn bay tèt yo pwoblèm pou yo jwenn ase manje ak rad pou bay fanmi yo. Remake sa Pawòl Bondye a di: “Gade zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al met nan depo. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase yo?” — Matye 6:25, 26.

“Ann aprann yon leson nan men flè ki nan savann yo, kòman yo pouse [...]; Poutan, m ap di nou sa: Menm Salomon, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo. Ebyen, si Bondye abiye plant ki nan savann ki la jodi a [...], nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! — Matye 6:28-30.

Si Bondye kapab ban nou manje ak rad, pa gen dout nan sa, li kapab ban nou lòt bagay nou gen bezwen nan lavi a. Kidonk, si n chèche fè volonte Bondye, li kapab beni efò n ap fè pou n jwenn manje, li kapab ede n jwenn travay pou n ka achte sa n bezwen. — Matye 6:32, 33.

Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n renmen Bondye lè nou gade solèy la, lapli a, zwazo yo ak flè yo. Atik ki vin apre a pral pale sou fason Kreyatè a kominike ak lèzòm.

Kreyatè nou an “fè solèy li leve [...], e li fè lapli tonbe”. — MATYE 5:45

Kreyatè nou an renmen nou anpil e li pran swen nou. Li pran swen fanmi l menm jan yon papa ki renmen fanmi l fè sa. Pawòl Bondye a montre Bondye se Sila a ki renmen bay la, li “konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l”. — Matye 6:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje