LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Èske w byen pwofite bwochi Ann Egzamine Ekriti yo chak jou a?
Nan pwogram espirityèl ou, èske w konn li vèsè ak kòmantè pou jounen an nou jwenn nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a? Si w pa konn fè sa, èske w ka mete l nan pwogram ou kounye a? Gen anpil moun ki egzamine tèks la byen bonè nan jounen an. Sa ba yo posiblite reflechi sou panse ki ladan l yo pandan y ap fè aktivite yo nan jounen an (Joz 1:8; Sm 119:97). Ki sa w ka fè pou w pwofite vèsè a pi plis toujou? Li kontèks vèsè a nan Bib la pou w ka jwenn lòt enfòmasyon sou li. Eseye reflechi sou yon istwa nan Bib la ki apiye prensip yo bay nan tèks la. Epi, aplike prensip sa a sou pwòp vi w. Lè Pawòl Bondye a gen efè sou desizyon w ap pran, l ap dirije lavi w, e sa ap vrèman fè w jwenn byenfè. — Sm 119:105.
Fanmi Betèl yo toupatou sou tè a egzamine bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a nan moman y ap manje nan maten. Sa fè plizyè ane depi y ap mete kèk Adorasyon nan maten sou Tele JW® nan seksyon PLIZYÈ KALITE PWOGRAM. Ki dènye fwa ou te gade youn oswa plizyè ladan yo? Petèt, genyen ladan yo ki se egzaktemen sa w bezwen. Pa egzanp, ki efè istwa Lòt la ka gen sou dezisyon w ap pran?
GADE VIDEYO PA RENMEN MONN NAN (1J 2:15), EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Sou ki prensip biblik adorasyon nan maten sa a te baze?
Ki sa istwa Lòt la montre anrapò ak danje ki genyen lè nou renmen monn nan oswa bagay ki ladan l? — Jen 13:12; 14:12; 19:3, 12, 13, 24-26
Ki jan n montre se Jewova nou renmen, men nou pa renmen monn nan, ni bagay ki ladan l?
Ki jan m ka montre m bay Pawòl Jewova a anpil valè pandan tout jounen an?