BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 novanm p. 15
  • Ede etidyan Labib ou yo aprann fason pou yo etidye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede etidyan Labib ou yo aprann fason pou yo etidye
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Ede etidyan Labib yo vin gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Ede etidyan Labib yo kite abitid ki pa pwòp
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Poze kesyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Touche kè yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 novanm p. 15

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN | CHÈCHE GEN PLIS KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Ede etidyan Labib ou yo aprann fason pou yo etidye

Pou etidyan nou yo ka konnen Jewova epi vin kretyen ki gen matirite, yo bezwen aprann plis pase verite n ap aprann yo a (Mt 5:3; Eb 5:12–6:2). Yo bezwen aprann fason pou yo etidye tou.

Depi nan kòmansman, montre etidyan Labib ou yo fason pou yo prepare etid la, e ankouraje yo pou yo fè sa (mwb18.03 6). Ankouraje yo pou yo priye chak fwa yo pral fè etid pèsonèl yo. Ede yo pou yo gen aksè e pou yo itilize zouti nou genyen sou fòma elektwonik pou nou etidye yo. Esplike yo fason pou yo rete ajou ak sa ki fèk ajoute sou sit jw.org la ak Tele JW® a. Tikras pa tikras anseye yo pou yo li Bib la chak jou, pou yo prepare reyinyon kongregasyon an, pou yo fè rechèch pou yo jwenn repons ak kesyon yo menm yo genyen. Ede yo pou yo medite sou sa y ap aprann nan.

GADE VIDEYO KI GEN TIT EDE ETIDYAN LABIB OU YO APRANN FASON POU YO ETIDYE, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon pati nan videyo “ede etidyan labib ou yo aprann fason pou yo etidye.” Jad fè konnen li sonje bagay ki te touche kè l.

    Ki jan Nita te ede jad wè etidye vle di plis pase annik konn repons yo?

  • Yon pati nan videyo “ede etidyan labib ou yo aprann fason pou yo etidye.” Nita ap ede Jad jwenn repons lan nan Bib la.

    Ki sa k te ede Jad gen konviksyon Jewova gen rezon pou l entèdi imoralite seksyèl?

  • Yon pati nan videyo “ede etidyan labib ou yo aprann fason pou yo etidye.” Jad ap medite sou yon vèsè pandan l chita bò kot mennaj li.

    Anseye etidyan w yo fason pou yo aprann enfòmasyon ki enpòtan yo e fason pou yo sèvi avèk yo

    Ki sa Jad te rive konprann anrapò ak meditasyon?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje