BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 3 p. 4-5
  • Kòman w ka fè konnen ki jan avni w ap ye toutbon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kòman w ka fè konnen ki jan avni w ap ye toutbon?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA ANPIL MOUN KWÈ
  • KI REZILTA SA BAY?
  • Tout moun ta renmen gen yon avni ki sèten
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Èske si n se bon moun se garanti n ap gen yon avni ki sèten?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Èske Bib la anseye reyenkanasyon?
    Repons Bib la bay
  • Èske gwo etid ak lajan ka garanti yon avni ki sèten?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 3 p. 4-5
Foto ki ansanm: 1. Yon divinò ap pase kat pou yon kliyan. 2. Yon konpa yo fè pou feng shui ak plan yon kay. 3. Yon moun k ap ofri manje, flè ak lansan pou yon zansèt ki mouri.

Kòman w ka fè konnen ki jan avni w ap ye toutbon?

Anpil moun kwè gen yon seri fòs yo pa wè k ap kontwole avni yo. Sou baz kwayans sa a, yo suiv yon seri pratik ki fè yo santi y ap amelyore avni yo.

SA ANPIL MOUN KWÈ

ASTWOLOJI: Gen moun ki kwè avni yo depann de pozisyon zetwal yo te ye nan moman yo te fèt la. Yo gade sa astwològ yo predi oswa owoskòp, pou yo ka wè ki sa k pral rive yo, epi yo aji pou yo evite bagay sa yo oswa pou yo jwenn siksè.

FENG SHUI: Gen lòt moun ki kwè pou yo reyisi, yo dwe mete tout sa k nan anviwònman yo ann amoni ak yon seri fòs yo pa wè ki nan lanati. Lo Wing,a k ap viv Ong Kong, fè konnen: “Gen yon espè nan feng shui ki te di m si m mete yon kristal espesyal nan yon zòn byen presi nan boutik mwen an, m ap fè plis lajan.”

ADORASYON ZANSÈT: Gen moun ki toujou kwè yo dwe adore zansèt yo ki mouri oswa divès kalite dye pou yo jwenn pwoteksyon ak benediksyon. Shang, k ap viv nan peyi Vyetnam di: “Mwen te kwè lè m onore zansèt mwen yo, m ap jwenn yon pi bon lavi kounye a ak yon avni ki sèten pou mwen ansanm ak pitit mwen yo.”

REYENKANASYON: Anpil moun wè egzistans nou tankou yon ale vini ki pa janm fini, kote yon moun fèt, li mouri epi li refèt ankò. Yo kwè bon bagay oswa move bagay y ap viv yo se rezilta sa yo te fè nan lavi yo t ap mennen anvan sa.

Sepandan, pou anpil moun kwayans sa yo se sipèstisyon. Malgre sa, yo toujou ap pratike kèk bagay tankou li pla men, owoskòp, gade boul kristal, pase kat, ak lòt bagay menm jan an. Yo panse, petèt, aktivite sa yo ap ba yo yon chans pou yo konnen sa k ap rive yo demen.

KI REZILTA SA BAY?

Èske moun ki kwè nan bagay sa yo e ki pratike yo ap byen viv e yo gen yon avni ki sèten?

Ann pran egzanp Hào, k ap viv nan peyi Vyetnam. Li te pratike astwoloji, feng shui ak adorasyon zansèt pou gide l. Èske l te reyisi? Hào fè konnen: “M echwe nan biznis mwen, m chaje dèt, m gen pwoblèm familyal e m te deprime.”

Qiuming, k ap vin nan peyi Taywann, li menm tou li te kwè nan astwoloji, reyenkanasyon, desten, feng shui ak adorasyon zansèt. Apre l te fin byen egzamine kwayans sa yo, men sa l di: “M te vin konprann ansèyman sa yo ak pratik sa yo an kontradiksyon youn ak lòt, e yo kreye konfizyon. M te rive wè sa astwològ yo predi yo souvan pa kòrèk. E konsènan reyenkanasyon an menm, si w pa sonje anyen nan premye lavi w te genyen an, kòman w ka chanje pwochen lavi a e fè l vin pi bon?”

“M te vin konprann ansèyman sa yo ak pratik sa yo an kontradiksyon youn ak lòt e yo kreye konfizyon.” — QIUMING, TAYWANN

Menm jan Hào, Qiuming ak anpil lòt moun te vin konprann sa, avni nou pa gen rapò ak desten, zetwal yo, zansèt ki mouri oswa lè n refèt ankò. Èske sa vle di nou pa gen okenn kontwòl sou avni nou?

CHWA NOU YO GEN ENPÒTANS

Byenke nou pa gen kontwòl sou anpil bagay k ap rive nou, eksperyans montre chwa nou fè yo gen efè sou avni nou. Pa egzanp, poukisa nou lave men nou oswa nou mete mas lè yon maladi trapan tankou COVID-19 ap gaye? Paske lè nou chwazi fè sa, sa ka pwoteje lavi nou. Vrèmanvre, chwa nou yo gen enpòtans.

Sa klè, nou bezwen pran bon desizyon si nou vle jwenn bon rezilta. Men sa yon anseyan ki saj te di sou pwen sa a sa gen anviwon 2 000 an: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.”b

Anpil moun panse fason yo ka jwenn yon pi bon avni se lè yo fè gwo etid e yo gen anpil lajan. Ki rezilta moun ki te fè chwa sa yo jwenn?

a Nan atik sa a ak atik annapre yo, gen kèk non yon yo chanje.

b Pawòl sa yo soti nan Bib la nan Galat 6:7. Men ki jan ide sa a parèt nan yon pwovèb oryantal trè popilè: “Plante melon, w ap jwenn melon; plante pwa, w ap jwenn pwa.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje