BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp22 no 1 p. 6-7
  • 1 | Nou pa dwe gen patipri

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1 | Nou pa dwe gen patipri
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Bib la anseye:
  • Sa sa vle di:
  • Sa w ka fè:
  • 3 | Retire lahèn nan lespri w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Fason pou nou kase chenn lahèn nan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Jewova “pa gen patipri”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
wp22 no 1 p. 6-7
Yon mesye nwa kenbe yon foto yon mesye blan k ap ri, yon mesye blan kenbe yon foto yon mesye nwa k ap ri. Nan fon an, gen yon bann foto moun ki fache.

FASON POU NOU KASE CHENN LAHÈN NAN

1 | Nou Pa Dwe Gen Patipri

Sa Bib la anseye:

“Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, [nenpòt moun] ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — TRAVAY 10:34, 35.

Sa sa vle di:

Jewovaa Dye pa jije nou selon nasyonalite nou, ras nou, koulè po nou oswa kilti nou. Olye de sa, li konsantre sou sa k vrèman enpòtan an, moun nou ye pa anndan an. Vrèmanvre, men sa Bib la di tou: “Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” — 1 Samyèl 16:7.

Sa w ka fè:

Byenke nou pa ka li nan kè moun, nou ka eseye imite Bondye e demontre nou pa gen patipri nan fason nou wè lòt moun. Fè gwo efò pou w wè chak moun apa olye w wè yo antanke gwoup. Si w santi w gen santiman negatif anvè lòt moun, petèt moun ki nan yon lòt ras oswa lòt nasyonalite, priye Bondye epi mande l pou l ede w derasinen santiman sa yo (Sòm 139:23, 24). Si avèk senserite ou mande Jewova pou l ba w fòs pou w pa gen patipri, ou mèt sèten l ap tande priyè w e l ap ede w. — 1 Pyè 3:12.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

“Anvan sa, mwen pa t janm chita ak yon blan pou nou pale nan lapè [...]. Kounye a, mwen te vin fè pati yon vrè fanmi entènasyonal.” — TITUS

Eksperyans ki te rive toutbon — TITUS

Li te venk chenn lahèn nan

Titus.

Titus te fè pati yon gang vyolan ki te an kòlè anpil poutèt yon seri lwa sou ras ki t ap toupizi moun. Li fè konnen: “Nou te konn al kèk kote yo pa t vle moun nwa ale nan vil la, tankou nan otèl ak nan ba, jis pou nou te kapab pwovoke moun yo epi batay ak yo.” Titus admèt se lahèn ki t ap mennen l, e li di: “Si m te gen kont ak yon moun, fi kou gason, se mwen menm ki te toujou frape l anvan.”

Titus te kòmanse chanje lè l te vin ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Lè l te li Labib, sa te gen gwo efè sou li. Sa te vrèman touche l lè l te vin aprann pwomès yon monn nouvo kote “pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. — Revelasyon 21:3, 4.

Okòmansman, li te difisil pou Titus retire lahèn nan kè l. Li di: “Li te difisil pou mwen anpil pou m chanje fason m panse ak fason m aji.” Men, sa l te aprann nan Travay 10:34, 35 ki dekri Bondye antanke Sila a ki pa gen patipri a te ede l.

Ki rezilta sa te bay? Men sa Titus fè konnen: “Mwen te vin gen konviksyon Temwen Jewova yo ap pratike vrè relijyon an lè m te wè jan yo gen lanmou nan mitan yo, kèlkeswa ras yo oswa koulè yo. Menm anvan m te batize, gen yon Temwen blan ki te envite m lakay li pou m pran yon repa avè l. Se kòmsi se reve mwen t ap reve. Anvan sa, mwen pa t janm chita ak yon blan pou nou pale nan lapè, alewè pou m ta manje yon repa ansanm ak youn lakay li. Mwen te vin fè pati yon vrè fanmi entènasyonal.”

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou istwa Titus la, ale nan Toudegad 1ye oktòb 2009, paj 11-12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje