BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 mas p. 8-13
  • Ann imite Jewova ak Jezi nan fason nou panse

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann imite Jewova ak Jezi nan fason nou panse
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ANN APRANN PANSE MENM JAN AK JEWOVA
  • ANN MONTRE NOU GEN IMILITE
  • ANN MONTRE NOU “GEN BONSANS”
  • Mèt la te aprann li sa padone vle di
    Annou imite lafwa yo
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Li te rete fidèl devan eprèv
    Annou imite lafwa yo
  • Mèt li te aprann li sa sa vle di padone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 mas p. 8-13

ATIK ETID 10

KANTIK 31 Mache avèk Bondye

Ann imite Jewova ak Jezi nan fason nou panse

“Piske Kris te soufri nan lachè, nou menm tou, se pou nou gen menm mantalite sa a.” — 1 PYÈ 4:1.

PWEN KLE

Fason apot Pyè te aprann panse menm jan ak Jezi e fason nou kapab fè sa tou.

1-2. a) Ki sa lanmou pou Jewova gen ladan l? b) Ki jan Jezi te montre li renmen Jewova ak tout lespri l?

“NOU dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout fòs nou e ak tout lespri nou.” (Lik 10:27). Jezi te montre se kòmandman sa a ki pi enpòtan nan Lalwa Moyiz la. N ap remake lanmou nou gen pou Jewova gen rapò ak kè nou, sa gen ladan l sa n anvi, ak sa n santi. Sa gen ladan l tou atachman nou gen pou li ak tout nanm nou, e ak tout fòs nou. Sepandan, lanmou pou Jewova gen rapò ak lespri nou tou, sa gen ladan l fason n panse ak efò n ap fè pou n chèche panse menm jan ak Jewova. Natirèlman, nou pap janm ka fin konprann tout sa k nan panse Jewova. Men, nou ka pi byen konprann panse Bondye lè n etidye “panse Kris la”, paske Jezi panse egzakteman menm jan ak Papa l. — 1 Kor. 2:16.

2 Jezi te renmen Jewova ak tout lespri l. Li te konnen ki sa Bondye te vle l fè e l te detèmine pou l aji ann amoni ak volonte Bondye, menmsi sa t ap vle di li t apral soufri pou sa ki jis. Jezi te konsantre l sou fè volonte Papa l e l pa t kite okenn lòt bagay vin pi enpòtan nan lavi l.

3. Ki sa apot Pyè te aprann pandan l te ansanm ak Jezi, e ki sa l te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo fè? (1 Pyè 4:1).

3 Pyè ak lòt apot yo te gen privilèj pou yo pase tan ak Jezi e pou yo te aprann fason l panse. Lè Pyè te ekri premye lèt Bondye te fè l ekri a, li te ankouraje kretyen yo pou yo gen menm mantalite ak Krisa. (Li 1 Pyè 4:1.) Nan lang orijinal la, Pyè te sèvi ak yon ekspresyon ki vle di: “Met zam nou sou nou.” Donk, si kretyen yo chèche gen menm mantalite ak Jezi, oswa yo imite fason l panse, y ap gen tout sa yo bezwen pou yo konbat tandans yo genyen pou yo fè peche a e y ap rive konbat monn Satan ap dirije a. — 2 Kor. 10:​3-5; Efe. 6:12.

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Nou pral egzamine fason Jezi panse e nou pral wè fason nou ka imite l. Epitou, nou pral wè ki jan nou ka 1) aprann panse menm jan ak Jewova, sa k ap ede nou tout gen menm panse, 2) montre nou gen imilite, e 3) montre nou gen bonsans lè nou priye Jewova pou n montre l se sou li nou konte.

ANN APRANN PANSE MENM JAN AK JEWOVA

5. Ki jan Pyè pa t rive panse menm jan ak Jewova yon lè?

5 Pyè pa t gen menm panse ak Jewova yon lè. Ann wè sa k te pase lè sa a. Jezi te di apot li yo fòk l al Jerizalèm, fòk li sibi anpil bagay anba men prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo, li gen pou l soufri e yo gen pou yo touye l (Mat. 16:21). Pyè te ka twouve li pa nòmal pou Jewova ta kite yo touye Jezi, li menm ki espwa Izrayèl e ki Mesi yo te pwomèt la (Mat. 16:16). Donk, Pyè te pran Jezi apa e l te di l: “Pa di bagay konsa non, Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” (Mat. 16:22). Lefètke Pyè pa t panse menm jan ak Jewova nan okazyon sa a, li pa t dakò ak Jezi.

6. Ki fason Jezi te montre li panse menm jan ak Jewova?

6 Jezi te panse egzakteman menm jan ak Papa l ki nan syèl la. Men sa Jezi te di Pyè: “Pase dèyè m, Satan! Ou se yon obstak pou mwen, paske se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.” (Mat. 16:23). Petèt Pyè te gen bon entansyon. Men, Jezi pa t aksepte konsèy Pyè te ba l la. Ki leson nou aprann? Se pa t volonte Jewova pou Jezi pa mouri. Nan okazyon sa a, Pyè te aprann yon leson enpòtan, li te bezwen chèche panse menm jan ak Bondye.

7. Annapre, ki jan Pyè te montre li te vle panse menm jan ak Jewova? (Gade foto a.)

7 Rive yon lè, Pyè te montre li te vle aprann panse menm jan ak Jewova. Moman an te rive pou moun lòt nasyon yo ki pa t sikonsi te vin fè pati pèp Bondye a. Pyè te resevwa misyon pou l preche Kònèy, yon moun lòt nasyon, ki t ap pami premye moun ki te fè pati nouvo gwoup moun ki te vin adore Jewova. Juif yo pa t vrèman gen rapò ak moun lòt nasyon. Donk, nou pa sezi lefètke Pyè te bezwen jwenn èd pou l te prepare l pou misyon sa a. Lè Pyè te konprann volonte Bondye anrapò ak moun lòt nasyon yo, li te chanje fason l panse. Se sa k fè, lè Kònèy te voye chèche l, li t ale “san ezite”. (Tra. 10:​28, 29.) Li te preche Kònèy ak moun lakay li, e yo te batize. — Tra. 10:​21-23, 34, 35, 44-48.

Kònèy k ap mennen Pyè ak konpayon l yo nan yon pyès anlè lakay li.

Pyè k ap antre lakay Kònèy. (Gade paragraf 7.)


8. Ki jan nou ka montre nou panse menm jan ak Jewova? (1 Pyè 3:8).

8 Plizyè ane annapre, Pyè te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo “gen menm panse”. (Li 1 Pyè 3:8.) Antanke pèp Jewova, nou kapab gen menm panse lè nou imite fason Jewova panse, jan sa parèt nan Pawòl li a. Pa egzanp, Jezi te ankouraje disip li yo bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo (Mat. 6:33). Yon pwoklamatè nan kongregasyon an ka deside antre nan yon fòm sèvis aplentan. Olye n dekouraje l, nou ta dwe pale yon fason ki pozitif sou bèl objektif sa a li genyen an, epi chèche ankouraje l.

ANN MONTRE NOU GEN IMILITE

9-10. Ki jan Jezi te montre li gen anpil imilite?

9 Jou swa anvan yo te touye Jezi a, Jezi te anseye Pyè ak lòt apot yo yon leson enpòtan sou imilite. Anvan sa, Jezi te voye Pyè ak Jan al fè preparasyon pou dènye soupe li t ap gen pou l manje ak yo anvan l mouri. Petèt yo t ap gen pou yo verifye si gen yon kivèt ak sèvyèt pou yo te ka lave pye envite yo anvan yo manje. Men, kiyès ki t ap dispoze fè travay sa a ki mande imilite lè moman an te rive?

10 San ezite, Jezi te montre li gen anpil imilite. Apot li yo dwe te sezi anpil lè yo te wè l fè yon bagay se yon sèvitè oswa yon sèvant nòmalman ki te dwe fè l. Jezi te retire rad pa anlè li te gen sou li a, li te mare yon sèvyèt nan senti l, li te met dlo nan kivèt la e l te kòmanse lave pye yo (Jan 13:​4, 5). Petèt, sa te pran yon ti tan pou l lave pye tout 12 apot yo, san wete pye Jida, moun ki t apral trayi l la. Epoutan, avèk imilite, Jezi te fè travay sa a. Apre sa, Jezi di yo: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? Nou rele m ‘Anseyan’, nou rele m ‘Seyè’, e nou gen rezon, paske se sa m ye. Kidonk, si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou, nou menm tou, youn dwe lave pye lòt.” — Jan 13:​12-14.

Imilite [...] gen rapò ak fason n wè tèt nou e ak fason n wè lòt moun.

11. Ki jan Pyè te montre li te aprann gen imilite? (1 Pyè 5:5). (Gade foto a tou.)

11 Lefètke Jezi te gen imilite, sa te itil Pyè. Apre Jezi te retounen nan syèl la, Pyè te fè yon mirak lè l te geri yon mesye ki te domaje nan pye depi l fèt (Tra. 1:​8, 9; 3:​2, 6-8). Natirèlman, gwo mirak sa a te fè yon foul moun antoure Pyè (Tra. 3:11). Èske Pyè t ap bat lestomak li nan moman sa a pou l jwenn glwa, sitou moun nan zòn kote l te soti a te toujou ap chèche jwenn grad ak gwo pozisyon? Non. Avèk imilite, Pyè te fè konnen tout glwa a se pou Jewova ak Jezi. Men sa l te di: “Se grasa non [Jezi], e se grasa lafwa nou gen nan non l, ki fè mesye sa a vin djanm, mesye sa a n ap gade la a e nou konnen an.” (Tra. 3:​12-16). Pawòl Pyè te ekri kretyen yo ki montre jan li enpòtan pou yo gen imilite ka fè n sonje lè Jezi te mare yon sèvyèt nan senti l e l te lave pye apot li yo. — Li 1 Pyè 5:5.

Pyè ak Jan ki kanpe nan tanp lan. Pyè ki leve men l nan direksyon syèl la pandan yon mesye ki te domaje nan pye depi l fèt, e ki geri kounye a, kanpe bò kote yo.

Apre Pyè te fin fè yon mirak, avèk imilite, li te bay Jewova ak Jezi tout glwa a. Nou menm tou, nou kapab montre nou gen imilite lè nou fè bon aksyon san n pa atann pou moun fè lwanj pou nou oswa pou yo rekonpanse n. (Gade paragraf 11-12.)


12. Menm jan ak Pyè, ki jan n ka kontinye chèche gen imilite?

12 Nou kapab suiv egzanp Pyè lè n chèche gen imilite. Sonje, se pa sèlman pawòl yon moun di k ap montre li gen imilite. Mo Pyè te itilize pou imilite a gen rapò ak fason n wè tèt nou e ak fason n wè lòt moun. Nou fè yon seri travay pou lòt moun paske nou renmen Jewova e nou renmen moun, men, se pa pou yo fè lwanj pou nou. Si n fè tout sa n kapab pou n sèvi Jewova ak frè n ak sè n yo ak kè kontan, kit lòt moun wè efò n ap fè, kit yo pa wè sa, nou montre n gen imilite. — Mat. 6:​1-4.

ANN MONTRE NOU “GEN BONSANS”

13. Esplike ki sa “gen bonsans” vle di.

13 Ki sa “gen bonsans” vle di (1 Pyè 4:7)? Yon kretyen ki gen bonsans fè tout sa l kapab pou l pran desizyon ki ann amoni ak panse Jewova. Kretyen sa a konnen pa gen anyen nan lavi a ki pi enpòtan pase relasyon l ak Jewova. Li gen ekilib nan fason l wè tèt li, piske l konnen li pa konn tout bagay. Epitou, li montre li gen konfyans nan Bondye lè l priye Jewova souvan avèk imilite.b

14. Ki jan Pyè pa t konte sou Jewova yon lè?

14 Dènye nuit anvan Jezi te mouri a, li te di disip li yo: “Aswè a, nou tout pral kite m poutèt sa k pral rive m nan.” Pyè te reponn avèk asirans: “Menmsi tout lòt yo kite w poutèt sa k pral rive w la, mwen menm, mwen pap janm kite w!” Jou swa sa a, Jezi te di kèk nan disip li yo: “Kontinye veye e kontinye priye.” (Mat. 26:​31, 33, 41). Si Pyè te suiv konsèy sa a, petèt, li te ka gen kouraj pou l fè konnen li se yon disip Jezi. Okontrè, Pyè te renye Mèt li e l te regrèt sa anpil. — Mat. 26:​69-75.

15. Ki jan Jezi te kontinye montre l gen bonsans nan dènye nuit anvan l te mouri a?

15 Jezi te konte nèt sou Jewova. Menm lè Jezi te pafè, li te konn priye souvan. Sa te ba l kouraj pou l te fè sa Jewova te vle l fè (Mat. 26:​39, 42, 44; Jan 18:​4, 5). Pyè dwe pa t janm bliye Jezi te priye pandan plizyè fwa nan dènye nuit sa a.

16. Ki jan Pyè te montre li te vin gen bonsans? (1 Pyè 4:7).

16 Rive yon lè, Pyè te aprann konte plis sou Jewova lè l priye l. Lè Jezi te resisite, li te bay Pyè ak lòt apot yo asirans yo t ap resevwa lespri sen yon fason pou yo kapab akonpli misyon yo te genyen pou yo preche a. Sepandan, Jezi te mande yo pou yo rete Jerizalèm jiskaske sa reyalize (Lik 24:49; Tra. 1:​4, 5). Ki sa Pyè t ap fè pandan l t ap tann? Pyè ak kretyen parèy li yo “t ap pèsevere nan lapriyè”. (Tra. 1:​13, 14.) Annapre, nan premye lèt li te ekri a, li te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo gen bonsans e pou yo konte sou Jewova lè yo priye L. (Li 1 Pyè 4:7.) Pyè te aprann konte sou Jewova e l te vin yon pilye nan kongregasyon an. — Gal. 2:9.

17. Menmsi n ta wè l fasil pou n fè yon seri bagay poukont nou, ki sa n bezwen kontinye fè? (Gade foto a tou.)

17 Pou nou gen bonsans, nou dwe priye Jewova souvan. Nou konprann nou bezwen kontinye priye Jewova menmsi n ta wè l fasil pou n fè yon seri bagay poukont nou. Se sa k fè nou priye Jewova pou l gide nou, nou fè l konfyans, paske nou konnen li konn sa k pi bon pou nou, sitou lè n gen desizyon enpòtan pou n pran.

Pyè te aprann konte sou Jewova lè l te priye l. Nou menm tou, nou kapab gen bonsans lè n priye Jewova pou n mande l ede n, sitou lè n gen desizyon enpòtan pou n pran. (Gade paragraf 17.)c


18. Ki sa w detèmine pou w fè?

18 Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova fè n yon fason pou n ka imite kalite l yo (Jen. 1:26). Nòmalman, nou pa ka imite Jewova yon fason ki pafè (Eza. 55:9). Sepandan, menm jan ak Pyè, nou vle kontinye aprann panse menm jan ak Jewova, nou vle montre nou gen imilite, epi montre nou gen bonsans.

KI JAN NOU KAPAB...

  • aprann panse menm jan ak Jewova?

  • montre nou gen imilite?

  • montre nou “gen bonsans”?

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

a Mo lè yo tradui l yo mete “mantalite” pou li nan 1 Pyè 4:1 an kapab vle di “atitid, panse”.

b Pou n jwenn plis enfòmasyon sou sa sa vle di pou nou gen bonsans, gade atik ki gen tit “Esplikasyon sou 2 Timote 1:7 — ‘Lespri sen Bondye ban nou an pa fè nou lach’”, nan seri atik ki gen tit “Esplikasyon sou kèk vèsè”, nan paragraf ki esplike ki sa “Bonsans” ye ki sou jw.org oswa nan JW Library®.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè k ap priye nan kè l pandan l ap tann pou yo fè yon entèvyou avè l pou yon travay.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje