ATIK ETID 25
KANTIK 96 Liv Bondye a se yon trezò
Leson nou ka aprann nan dènye pawòl Jakòb te di uit lòt pitit gason l yo
“Li te bay yo chak benediksyon pa yo.” — JEN. 49:28.
PWEN KLE
Bonjan leson nou ka aprann nan dènye pawòl Jakòb te di uit lòt pitit gason l yo.
1. Ki pati nan pwofesi Jakòb te bay anvan l mouri nou pral egzamine nan atik sa a?
PITIT gason Jakòb yo rasanble toutotou l, y ap byen koute benediksyon papa yo ki granmoun ap bay yo chak. Jan nou te wè nan atik anvan an, Jakòb te di Ribenn, Simeyon, Levi ak Jida yon seri pawòl yo pa t atann, e petèt sa te menm fè yo sezi. Donk, yo dwe t ap mande tèt yo ki sa Jakòb pral di uit lòt pitit gason l yo. Ann wè ki sa nou ka aprann nan pawòl Jakòb te di Zabilon, Isaka, Dann, Gad, Achè, Neftali, Jozèf ak Benjamen.a
ZABILON
2. Ki sa Jakòb te di Zabilon, e ki jan pawòl sa yo te reyalize? (Jenèz 49:13). (Gade kare a tou.)
2 Li Jenèz 49:13. Jakòb fè konnen desandan Zabilon yo t ap abite bò lanmè nan direksyon nò Peyi Bondye te pwomèt la. Plis pase 200 an annapre, desandan Zabilon yo te resevwa yon eritaj ki te ant Lanmè Galile ak Lanmè Mediterane. Men sa Moyiz te anonse: “O Zabilon, se pou w rejwi nan komès w ap fè deyò peyi w la.” (Det. 33:18). Petèt sa te vle di, etandone tribi Zabilon an te nan mitan de lanmè sa yo, moun nan tribi sa a t ap ka vwayaje byen fasil pou yo fè komès ak moun divès kote. Kèlkeswa jan sa te ye, desandan Zabilon yo te gen rezon pou yo gen kè kontan.
3. Ki jan nou ka kontante n ak sa n genyen?
3 Ki leson nou ka aprann? Nou gen rezon pou n gen kè kontan kèlkeswa kote n ap viv oswa kèlkeswa sitiyasyon nou. Pou n kontinye gen kè kontan nou dwe kontante n ak sa n genyen (Sòm 16:6; 24:5). Pafwa, li ka fasil pou n ret ap panse ak sa nou pa genyen olye nou konsantre sou bon bagay nou genyen. Donk, eseye konsantre sou bon bagay ou genyen nan lavi w. — Gal. 6:4.
ISAKA
4. Ki sa Jakòb te di Isaka, e ki jan pawòl sa yo te reyalize? (Jenèz 49:14, 15). (Gade kare a tou.)
4 Li Jenèz 49:14, 15. Jakòb felisite Isaka poutèt li konn travay di. Li konpare l ak yon bourik ki gen anpil fòs, yon bèt ki ka pote chay lou. Apre sa, Jakòb di Isaka t ap gen yon bon pòsyon tè. Jan Jakòb te di a, desandan Isaka yo te resevwa yon pòsyon tè ki te konn bay anpil manje ki te toupre Rivyè Jouden an (Joz. 19:22). Se sèten yo te travay di pou yo pran swen tè yo te genyen an, men tou, yo te travay di pou yo ede lòt moun (1 Wa 4:7, 17). Pa egzanp, tribi Isaka a te pare pou l ede nasyon an lè yo t ap fè lagè, menm jan yo te fè sa nan epòk jij Barak ak Debora, dam ki te pwofèt la. — Jij 5:15.
5. Poukisa nou bezwen travay di?
5 Ki leson nou ka aprann? Jewova bay travay di n ap fè nan sèvis li anpil valè, menm jan li te bay travay di moun nan tribi Isaka yo te fè yo anpil valè (Ekl. 2:24). Pa egzanp, panse ak frè k ap travay di pou pran swen kongregasyon an (1 Tim. 3:1). Se vre frè sa yo pa nan lagè toutbon, men, yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo pwoteje sèvitè Jewova yo pou anyen pa anpeche yo gen bon relasyon avè l (1 Kor. 5:1, 5; Jid 17-23). Epitou, yo travay di pou yo prepare diskou ki ankourajan e pou yo bay diskou sa yo pou ede frè ak sè yo gen yon lafwa ki solid. — 1 Tim. 5:17.
DANN
6. Ki travay tribi Dann nan te gen pou l fè? (Jenèz 49:17, 18). (Gade kare a tou.)
6 Li Jenèz 49:17, 18. Jakòb konpare Dann ak yon sèpan k ap atake bèt ki pi gwo pase l, tankou cheval yo konn itilize nan lagè. Tribi Dann te gen anpil kouraj e l te pare pou l atake peyi ki ènmi nasyon Izrayèl yo. Pandan nasyon an t apral nan Peyi Bondye te pwomèt yo a, tribi Dann “te ret pa dèyè nèt” pou pwoteje nasyon an (Nonb 10:25). Travay sa a te enpòtan anpil, menm lè nasyon an pa t ka wè tout sa tribi Dann nan t ap fè pou pwoteje yo.
7. Ki sa n dwe sonje konsènan nenpòt travay yo ban nou fè nan sèvis Jewova a?
7 Ki leson nou ka aprann? Èske w konn ap fè yon travay epi w santi lòt moun pa wè sa w ap fè a? Petèt ou te patisipe nan netwayaj ak nan antretyen Sal Wayòm nan, ou te ofri tèt ou kòm volontè nan yon asanble oswa nan yon kongrè oubyen ou te fè yon lòt travay. Si w te fè sa, ou merite felisitasyon! Toujou sonje Jewova wè tout sa w fè pou li e l bay sa valè. Li vrèman apresye lè w sèvi l paske w vle montre l ou renmen l ak tout kè w, men se pa paske w ap chèche pou lòt moun fè lwanj pou ou. — Mat. 6:1-4.
GAD
8. Sa k fè l te fasil pou yo atake tribi Gad la nan Peyi Bondye te pwomèt la? (Jenèz 49:19). (Gade kare a tou.)
8 Li Jenèz 49:19. Jakòb te anonse yon bann vòlè t ap atake Gad. Plis pase 200 an annapre, tribi Gad la te vin genyen yon pòsyon tè nan lès Rivyè jouden an. Yon pòsyon tè ki te sou fwontyè yon seri nasyon ki te ènmi pèp Izrayèl la. Kote l te ye a te fè l fasil pou yo atake l. Sepandan, desandan Gad yo te vle abite nan zòn sa a paske sa te pèmèt yo jwenn bonjan patiraj pou bèt yo te genyen yo (Nonb 32:1, 5). Pa gen dout, desandan Gad yo te gen anpil kouraj. Epitou, yo te gen konfyans Jewova t ap ede yo defann tè li te ba yo a kont vòlè ki ta vin atake yo. Yo te menm voye sòlda al ede lòt tribi yo, pandan plizyè ane, pou yo mache pran rès Peyi Bondye te pwomèt la ki nan lwès Rivyè Jouden an (Nonb 32:16-19). Mesye yo te gen konfyans Jewova t ap pwoteje madanm yo ak pitit yo pandan yo menm yo pa la. Jewova te beni yo pou kouraj yo e l te ede yo menm lè sa pa t fasil pou yo. — Joz. 22:1-4.
9. Lefètke nou fè Jewova konfyans, ki efè sa ap gen sou chwa n ap fè nan lavi n?
9 Ki leson nou ka aprann? Pou n kontinye sèvi Jewova lè bagay yo pa fasil, nou dwe toujou fè l konfyans (Sòm 37:3). Se sa anpil moun fè jodi a. Byenke bagay yo pa toujou fasil, yo fè sakrifis pou yo patisipe nan yon seri pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè, y al sèvi kote ki gen plis bezwen oswa yo ede òganizasyon Jewova a lòt fason. Yo fè sa paske yo gen konfyans Jewova ap toujou pran swen yo. — Sòm 23:1.
ACHÈ
10. Ki sa moun nan tribi Achè yo pa t fè? (Jenèz 49:20). (Gade kare a tou.)
10 Li Jenèz 49:20. Jakòb te gentan fè konnen tribi Achè a t ap vin rich, e se egzakteman sa k te rive. Pòsyon tè tribi Achè a te pami tè ki te bay plis rannman nan tout peyi Izrayèl (Det. 33:24). Epitou, li te bò Lanmè Mediterane, e li te gen pò Sidon ladan l tou, yon pò kote moun Fenisi yo te konn fè komès e ki te gen anpil aktivite. Sepandan, tribi Achè a pa t met moun Kanaran yo deyò nan peyi a (Jij 1:31, 32). Sanble, lefètke moun Kanaran yo te gen move enfliyans sou moun nan tribi Achè a e lefètke moun nan tribi sa a te atache ak byen materyèl, sa te vin fè yo pa t tèlman chofe nan adorasyon yo t ap bay Jewova a. Tribi Achè a pa t vin ede jij Barak lè yo t ap fè lagè kont moun Kanaran yo. Se sa k fè yo pa t wè bèl bagay Jewova te fè pou ede Izrayelit yo pot laviktwa “bò dlo Megido yo”. (Jij 5:19-21.) Moun nan tribi Achè a dwe te santi yo wont lè yo te tande sa Bondye te fè Barak ak Debora di nan yon chante apre yo te fin pote laviktwa. Men pawòl ki gen nan chante a: “Moun Achè yo te ret chita byen vag bò lanmè a.” — Jij 5:17.
11. Poukisa nou pa dwe kite lajan vin bagay ki pi enpòtan nan lavi nou?
11 Ki sa nou ka aprann? Nou vle bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an. Nou bezwen veye pou n pa vin menm jan ak moun nan monn nan ki panse byen materyèl se bagay ki pi enpòtan nan lavi a (Pwo. 18:11). Nou fè efò pou n gen ekilib nan kesyon lajan (Ekl. 7:12; Ebre 13:5). Nou pa gaspiye tan nou ak enèji nou ap chèche gen yon seri bagay nou pa vrèman bezwen. Okontrè, nou chèche fè tout sa n kapab nan sèvis Jewova a. Nou konnen si n ret fidèl, lavi Jewova pral ban nou an se pral pi bèl vi ki te ka genyen. — Sòm 4:8.
NEFTALI
12. Ki jan petèt pawòl Jakòb te di Neftali yo te reyalize? (Jenèz 49:21). (Gade kare a tou.)
12 Li Jenèz 49:21. Jakòb te fè konnen Neftali t ap di “bèl pawòl”. Sa ka fè referans ak fason Jezi te pale pandan sèvis li sou tè a. Jezi, li menm ki te konn anseye byen, t “al abite Kapènawòm” nan tèritwa tribi Neftali (Mat. 4:13; 9:1; Jan 7:46). Anpalan de Jezi, Ezayi te fè konnen moun Zabilon yo ak moun Neftali yo t ap wè “yon gwo limyè”. (Eza. 9:1, 2.) Fason Jezi te anseye te montre se li menm ki te “vrè limyè a ki bay tout kalite moun limyè”. — Jan 1:9.
13. Ki jan nou ka veye pou pawòl n ap di fè Jewova plezi?
13 Ki sa nou ka aprann? Sa nou di ak fason nou di l gen enpòtans pou Jewova. Ki jan nou ka di “bèl pawòl” k ap fè Jewova plezi? Toudabò, nou di laverite (Sòm 15:1, 2). Nou ka ankouraje lòt moun ak pawòl n ap di lè n felisite yo san grate tèt e lè n pa kouri kritike yo oswa lè n pa plede plenyen (Efe. 4:29). Epitou, nou ka chèche gen objektif pou n vin pi maton nan kòmanse konvèsasyon k ap pèmèt nou bay bon temwayaj.
JOZÈF
14. Esplike fason pwofesi ki gen rapò ak Jozèf la te reyalize. (Jenèz 49:22, 26). (Gade kare a tou.)
14 Li Jenèz 49:22, 26. Jakòb dwe te fyè anpil de Jozèf. Li te “apa nan mitan frè l yo”. Jakòb te rele l “boujon nan yon pyebwa ki bay fwi”. Se Jakòb ki te pyebwa a e Jozèf te yon boujon ki soti nan li. Jozèf se te premye pitit gason Rachèl, madanm Jakòb te renmen anpil la. Jakòb te fè konnen Jozèf t ap resevwa eritaj premye pitit la nan plas Ribenn, premye pitit gason Jakòb te fè ak Leya, madanm li (Jen. 48:5, 6; 1 Kwo. 5:1, 2). Pwofesi sa a te reyalize lè Efrayim ak Manase, de premye pitit gason Jozèf yo, te vin tounen de tribi, e de tribi sa yo te resevwa pòsyon tè pa yo kòm eritaj. — Jen. 49:25; Joz. 14:4.
15. Ki jan Jozèf te reyaji lè yo te fè l enjistis?
15 Jakòb te fè konnen tou, moun ki te konn tire flèch yo “te tire sou [Jozèf] e yo te kontinye rayi l”. (Jen. 49:23.) Sa gen rapò ak frè Jozèf yo ki te jalou Jozèf, ki te mal aji avè l e ki te lakòz li soufri anpil. Sepandan, Jozèf pa t fache ak frè l yo oswa ak Jewova. Jan Jakòb te di l la: “Banza [Jozèf te] rete nan plas li e men l te rete djanm.” (Jen. 49:24). Lè Jozèf te nan eprèv, li te fè Jewova konfyans. Nonsèlman li te padone frè l yo, men tou, li te aji byen avè yo (Jen. 47:11, 12). Jozèf te kite eprèv li te jwenn yo fè l vin yon pi bon moun (Sòm 105:17-19). Se sa k fè, Jewova te sèvi avè l pou l fè yon seri gwo bagay.
16. Ki jan n ka suiv egzanp Jozèf lè n jwenn eprèv?
16 Ki sa nou ka aprann? Nou pa ta dwe janm kite eprèv fè nou pran distans nou ak Jewova oswa ak frè n ak sè n yo. Sonje, Jewova ka kontinye ban nou fòmasyon lè l kite lafwa nou pase anba eprèv (Ebre 12:7, nòt). Fòmasyon sa a ka ede n pi byen imite yon seri bèl kalite li genyen, tankou fè efò pou n vin gen plis mizèrikòd e pou n dispoze padone plis (Ebre 12:11). Jewova ap rekonpanse n pou andirans nou genyen, menm jan li te rekonpanse Jozèf.
BENJAMEN
17. Ki jan pwofesi ki gen rapò ak Benjamen an te reyalize? (Jenèz 49:27). (Gade kare a tou.)
17 Li Jenèz 49:27. Jakòb te di desandan Benjamen yo t ap tankou yon lou. Yo t ap fò anpil nan batay (Jij 20:15, 16; 1 Kwo. 12:2). Sayil, premye wa Izrayèl la, te soti nan tribi Benjamen. Li te konn konbat moun Filisti yo avèk fòs (1 Sam. 9:15-17, 21). Plizyè ane annapre, Estè, ki te rèn, ak Madoche, ki te premye minis, te soti nan tribi Benjamen e yo te sove Izrayelit yo pou yo pa t touye yo. — Estè 2:5-7; 8:3; 10:3.
18. Ki jan n ka suiv egzanp moun nan tribi Benjamen yo ki te soutni dispozisyon Jewova pran?
18 Ki sa nou ka aprann? Nou dwe toujou soutni moun Jewova chwazi pou dirije pèp li a (1 Tes. 5:12). Ki jan moun nan tribi Benjamen yo te fè sa? Desandan Benjamen yo te kontan anpil lè yo te wè Sayil, yon moun ki soti nan tribi yo a, te vin wa, jan pwofesi a te anonse sa. Sepandan, lè Jewova te fè David ki te soti nan tribi Jida vin wa, desandan Benjamen yo te soutni desizyon sa a (2 Sam. 3:17-19). Plizyè dizèn ane annapre, lè lòt tribi yo te fè rebèl, desandan Benjamen yo te rete fidèl ak tribi Jida a e ak wa Jewova te chwazi a. — 1 Wa 11:31, 32; 12:19, 21.
19. Ki jan pwofesi Jakòb te bay lè l te santi l pa lwen mouri a kapab itil nou?
19 Pwofesi Jakòb te bay lè l te santi l pa lwen mouri a kapab itil nou. Lè n reflechi sou fason pwofesi sa a te reyalize, sa fè n vin gen plis konfyans pwofesi Jewova bay yo ap reyalize. Lè n egzamine fason pitit Jakòb yo te jwenn benediksyon, sa ede n pi byen konprann fason n ka fè Jewova plezi.
KANTIK 128 Andire jiska lafen
a Lè Jakòb t ap beni Ribenn, Simeyon, Levi ak Jida, li te fè sa soti nan pi gran an rive nan pi piti a. Men, lè l t ap beni uit lòt pitit gason l yo, li pa t fè sa soti nan pi gran rive nan pi piti.