BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb16 p. 170-p. 171 par. 7
  • Nou vin ansanm ankò!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou vin ansanm ankò!
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Lè yo blese santiman w — Lè n gen ‘dekwa pou n plenyen’
    Retounen vin jwenn Jewova
  • “Nou se pi bon vwazen ki te ka genyen”
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Lè w malad grav
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Annou montre nou renmen frè n ak sè n ki soud yo!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
yb16 p. 170-p. 171 par. 7
Linda ak Sally Ong.

ENDONEZI

Nou vin ansanm ankò!

Dapre Linda ak Sally Ong

Linda: Lè m te gen 12 an, manman m te fè m konnen gen yon ti sè m yo adopte. M te konn mande tèt mwen si l te fèt tou soud menm jan avè m. Men, m te grandi san m pa konn ti sè m nan.

Sally: M pa t janm konn si yo te adopte m. Manman adoptif mwen te konn bat mwen avèk raj e l te konn aji avè m tankou m te yon esklav, konsa, m te grandi tou tris e m te santi m poukont mwen. Antanke yon moun ki fèt tou soud, sa te vin ajoute sou pwoblèm mwen yo. Apre sa, m te rankontre Temwen Jewova yo e m te kòmanse etidye Labib. Lè manman adoptif mwen te vin konn sa, li te bat mwen ak yon sentiwon, li te chanje seri pòt la e l te fèmen m anndan kay la. Lè m te gen 20 an, m te sove kite kay la e Temwen yo te akeyi m. M te batize nan kòmansman ane 2012.

Linda: Lè m te gen 20 an, m te kòmanse etidye ak Temwen Jewova yo. Annapre, m te kòmanse asiste kongrè distri yo nan Jakata, kote yo te entèprete pwogram nan pou moun soud yo. Se la m te rankontre anpil lòt moun soud, san wete Sally, yon jèn sè Temwen ki t ap viv nan Soumatra dinò. M te santi san m al avè l, men m pa t konn sa k fè sa.

Sally: Linda avè m te vin bon zanmi. M te wè n sanble anpil, men m pa t konn panse twòp ak sa.

Linda: Nan mwa out 2012, lavèy jou m te batize a, m te santi m vrèman anvi rankontre ti sè m te pèdi a. M te sipliye Jewova, m te di l: “Tanpri, fè m jwenn sè m nan paske m vle fè l konnen w.” Tousuit apre, sanzatann, yon moun ki te rekonèt sè m nan te voye yon SMS pou manman m. Se te premye bagay pami plizyè lòt ki t apral ede m pran kontak ak Sally.

Sally: Lè Linda te fè m konnen se mwen menm ki sè l te pèdi depi lontan an, san pèdi tan, m t al rankontre l Jakata. Kou m kite ayewopò a, m te wè Linda, papa m, manman m ak yon lòt gran sè m ki te vin akeyi m. M te santi m fremi tèlman m te kontan. Youn te bay lòt akolad, nou te anbrase youn lòt, e manman m te sere m nan bra l pandan plis tan. Tout moun t ap kriye. Toutpandan papa m ak manman m t ap kriye, yo te mande m padon dèske yo te fè adopte m e sa te fè n pran kriye e n te sere youn lòt pi fò toujou.

Linda: Etandone n pa t grandi menm kote, youn te bezwen adapte l ak pèsonalite ak abitid lòt la. Men, nou youn renmen lòt anpil.

Sally: Kounye a, Linda avè m ap viv ansanm e n asiste reyinyon nan menm kongregasyon lang siy nan Jakata.

Linda: Sally avè m te separe pandan plis pase 20 an. Nou di Jewova mèsi dèske n vin ansanm ankò!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje