BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb17 p. 16-18
  • “Nou se pi bon vwazen ki te ka genyen”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Nou se pi bon vwazen ki te ka genyen”
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Nou vin ansanm ankò!
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Èske w ka fè plis pou w avèti lòt moun?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Yon envitasyon pou tout moun!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Èske w ka rann ou disponib ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
yb17 p. 16-18
Yon mesye k ap pwoche bò Betèl ki nan 25 Columbia Heights, Bwouklin, nan Nouyòk la, avèk yon fich envitasyon nan men l.

KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A

“Nou se pi bon vwazen ki te ka genyen”

NAN dat 7 ak 8 me 2016, te gen anpil moun ki te vini nan syèj mondyal la nan 25 Columbia Heights, Bwouklin, Nouyòk. An jeneral, resepsyon an ak kote yo fè ekspozisyon yo pa ouvè nan wikenn, men nan dat sa a yo te envite moun k ap viv ozalantou Betèl la pou yo vin wè ekspozisyon nou fè sou Bib la.

Kanpay envitasyon sa a te bay yon bèl temwayaj nan zòn nan e li te fòtifye moun ki te vin gade ekspozisyon sa a. Li te vrèman ankourajan pou nou tande kòmantè pozitif anpil moun ki gen lontan depi y ap viv nan zòn nan te fè.

Men sa yon mesye di: “Depi ane 1960 yo, mwen pase plizyè kay nan [zòn nan], e nou se pi bon vwazen ki genyen. N ap sonje nou anpil, e nou pa ta renmen nou ale.”

Gen yon dam ki di: “Katye a pa t ap devlope jan l devlope a si nou pa t la. Nou te vrèman kontan genyen nou kòm vwazen pandan tout ane sa yo.”

Anpil nan pyonye ki t ap preche tèritwa ki toupre Betèl la te kontan pou jan moun yo te amikal e yo te dispoze koute. Yon mesye ki fè pati yon asosyasyon ki jere aktivite ki gen sou katye a te fè konnen jan li apresye òganizasyon nou an e li di li vrèman regrèt li pap nan vil la pandan vizit la.

Vizite nou te pèmèt vwazen yo vizite Betèl la te vrèman ankourajan. Nan de jou sa yo, te gen 48 moun ki pa Temwen Jewova ki te vin gade ekspozisyon sou Bib la. Pandan vizit sa a, te gen kèk manm nan fanmi Betèl la ki te rete nan resepsyon an pou yo te akeyi vizitè yo e pou yo te pale avèk yo.

Sally, yon jèn fi ki nan fen ventèn li, te pase anviwon trant minit ap gade ekspozisyon an. Lè l te vini, pyonye ki te fè l envitasyon an te nan resepsyon an. Sally di li pa t janm panse yo te ekspoze Bib yo. Pyonye yo te di Sally yo te vrèman kontan pou yo rankontre yon moun ki byen fòme konsa ki apresye Bib la. Sally reponn: “Se yon bagay ki vrèman enpòtan. Se grasa Bib la sèlman nou ka konnen mesaj Bondye ban nou. Se yon dokiman ki vivan pou lavi nou.”

Sally fè konnen fason li konsidere Bib la te pouse l al etidye laten ak grèk, e li te fè konnen tou tradiksyon enterese l anpil. Li panse yon tradiksyon ki egzak enpòtan dekwa pou moun pa fè mesaj ki nan Bib la mache ak fason yo menm yo panse. Sally te kontan aprann sit Entènèt jw.org la gen enfòmasyon ki baze sou Bib la yo tradui nan plis pase 800 lang. Lè sè yo fè l konnen gen tradiktè ki retire non Jewova nan tradiksyon yo fè, li te sezi e li te di: “Poukisa yo retire non Jewova nan Bib la?” Lè Sally prale, li di: “Mwen te toujou rete sou katye sa a e nou se pi bon vwazen ki te ka genyen.”

Nan lendi apre vizit la, gen yon mesye ki gen gwo pozisyon nan legliz, ki te vini kot John, yon Betelit ki t ap fè temwayaj an piblik avèk charyo toupre Betèl la. Li di John jan l te kontan vizit la e jan se yon bon bagay lefètke nou suiv tout sa Bib la di. Men, apre yo fin fè yon bon ti tan ap pale, sanzatann, li di: “M pa kontan ak Temwen yo!” John pa t fin konprann, li mande l poukisa l di sa. Li reponn: “Paske nou prale! Poukisa nou pa rete? Poukisa nou pa achte pi gwo bilding, oswa nou bati, men pa ale. Nou te pèmèt katye a rete stab. M pa kontan ditou paske nou prale nan nò!”

An gwo, kanpay envitasyon an ansanm ak ekspozisyon Bib la te bay moun nan zòn nan yon bèl temwayaj, e se premye fwa nou te pale ak moun nan zòn nan konsènan non Bondye konsa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje