BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb16 p. 28-p. 29 par. 1
  • Inogirasyon filyal

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Inogirasyon filyal
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa yo fè nan biwo filyal la?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Inogirasyon filyal
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Yon chèf kriminèl ki vin yon sitwayen onèt
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
yb16 p. 28-p. 29 par. 1
Moun k ap asiste pwogram inogirasyon yon filyal.

KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A

Inogirasyon filyal

GEN yon sè ki te asiste pwogram inogirasyon filyal Madagaska a, ki te fèt samdi 24 janvye 2015, ki te di: “Se pa ti kontan kè m kontan!” Li menm ak 583 lòt envite te kontan wè yon bilding tounèf ki gen 19 chanm, yon salamanje yo agrandi ansanm ak yon kuizin yo renove. Biwo Depatman sèvis, kontablite ak Biwo lokal pou plan ak konstriksyon an vin gen plis espas. Anplis de sa, depatman odyo/videyo ak lang siy lan vin gen nouvo stidyo e yo te met depatman transkripsyon lang bray la sou pye. Apre envite yo te fin tande yon rezime sou istwa travay predikasyon an nan Madagaska, yo te pran plezi koute frè Mark Sanderson, manm Kolèj santral la, ki t ap bay diskou inogirasyon an.

Nouvo rezidans filyal Madagaska a.

Bilding tounèf filyal Madagaska a ki gen 19 chanm.

Pèp Jewova a nan Jakata, ann Endonezi, te santi yo soulaje lè dlo ki te anvayi vil la te desann atan pou inogirasyon nouvo lokal filyal la ki te fèt jou ki te 14 fevriye 2015 lan. Kounye a, biwo filyal la twouve l nan youn nan 42 etaj yon bilding e gen 12 etaj nan yon lòt bilding toupre a ki gen apatman yo. Gen plizyè depatman nan Betèl la ki twouve yo nan lòt ti bilding ki toupre a. Frè Anthony Morris, manm Kolèj santral la, te bay diskou inogirasyon an e nan demen, te gen 15 257 moun ki te reyini nan yon stad foutbòl pou yo koute l k ap bay yon diskou ki gen tit: “Kontinye andire nan fè bon travay.” Gen 11 189 moun ki te suiv pwogram nan grasa lyezon videyo nan 41 lòt lokal, sa ki fè rasanbleman sa a vin pi gwo rasanbleman pèp Jewova a fè ann Endonezi. Men sa Ronald Jacka, youn nan premye misyonè ki te rive ann Endonezi, te di: “Lè m te rive an 1951, te gen sèlman 26 pwoklamatè nan tout Endonezi. Men, jodi a, gen plis pase 26 000 pwoklamatè ki asiste pwogram espesyal sa a. Vrèmanvre, Jewova beni pèp li a ann Endonezi!”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje