BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb17 p. 26-29
  • Inogirasyon filyal

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Inogirasyon filyal
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Inogirasyon filyal
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Tout bagay posib pou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki sa yo fè nan biwo filyal la?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
yb17 p. 26-29
Stephen Lett, yon manm Kolèj santral la, k ap bay diskou inogirasyon biwo filyal Kigistan an.

Kigistan

KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A

Inogirasyon filyal

PANDAN ennan edmi frè ak sè lokal kou etranje te travay san pran souf pou yo renove e agrandi biwo filyal ki nan Bichkèk, kapital Kigistan. Inogirasyon an te fèt 24 oktòb 2015 egzakteman yon mwa apre travay la te fini. Te gen plis pase 3 000 moun nan 18 Sal Wayòm ki te kontan asiste pwogram nan e yo te pase pwogram nan nan 5 lòt lokal. Stephen Lett, yon manm Kolèj santral la, te bay yon diskou inogirasyon ki gen tit “Sèvi Jewova ak yon kè ki konplè.” Nan demen, pwogram yo te prepare pou pifò pwoklamatè nan peyi a te fòtifye lafwa yo.

Biwo filyal Kigistan an

Filyal Kigistan

Nan samdi 14 me 2016, te gen 6 435 moun ki te asiste inogirasyon biwo filyal Ameni an ki pran 6 etaj nan yon bèl bilding rezidansyèl 18 etaj. Yo te inogire tou yon Sal asanble ak lokal pou Lekòl evanjelizatè Wayòm nan. Nan diskou yo, yo te pale sou fason sèvitè Jewova yo te kòmanse travay la ann Ameni. Travay la te kòmanse pami imigran aményen ki Etazini yo nan kòmansman 20yèm syèk la, epi ann Ameni menm, nan mitan ane 1970 yo alòske nan epòk sa a peyi a te toujou fè pati Inyon sovyetik. Pandan dènye ane yo, Leta te rekonèt òganizasyon an e te vin gen yon filyal. Anpil nan moun ki te la yo pa t janm imajine yo t ap wè kalite bèl evènman sa yo. Pi gwo moman nan evènman an se te lè moun yo nan asistans lan te dakò pou David Splane, yon manm Kolèj santral la, dedye bèl lokal la pou Jewova.

David Splane, yon manm Kolèj santral la k ap bay diskou inogirasyon biwo filyal Ameni an; Frè ak sè yo pandan aktivite ki te fèt nan wikenn nan; Dans tradisyonèl aményen.

Ameni

Anlè: Pwogram inogirasyon filyal Ameni an.

Nan mitan: Frè ak sè k ap asiste pwogram espesyal ki te fèt nan wikenn nan.

Anba: Dans tradisyonèl aményen pandan sware a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje