KONTINYE VEYE!
Sa sa vle di pou yon moun kretyen? — Ki sa Bib la di?
Jounen jodi a, toupatou sou tè a, anpil moun fyè pou yo di yo se kretyen, poutan fason yo aji fè moun mal. Gen nan yo ki egoyis, ki pa onèt oswa ki pa aji ak bonte. Gen lòt ki konn twonpe moun yo marye avè l la. Fason yo aji konn fè lòt moun mande: “Sa sa vle di toutbon pou yon moun kretyen?”
Sa sa vle di toutbon pou yon moun kretyen
Li fasil pou yon moun di l se kretyen. Men, sa pa sifi. Selon Bib la, yon kretyen se yon moun ki disip Jezi Kris (Travay 11:26). Jezi li menm te di: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre.” (Jan 8:31). Natirèlman, pa gen pèsonn ki kapab suiv pawòl Jezi yo yon fason ki san fay. Men, yon kretyen fè efò pou l fè sa Jezi te anseye yo e pou l viv lavi l chak jou yon fason ki montre li bay ansèyman sa yo valè. Ann pran kèk egzanp.
Kretyen yo renmen lòt moun san yo pap defann okenn enterè
Sa Jezi te di: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:34, 35.
Sa Jezi te fè: Jezi te montre li renmen tout moun, kèlkeswa ran sosyal yo oswa kote yo soti, san l pap defann okenn enterè. Li te geri moun ki malad, li te bay moun ki grangou manje e l te menm bay lavi l pou lòt moun. — Matye 14:14-21; 20:28.
Fason kretyen aji: Kretyen dwe demontre yo renmen lòt moun san yo pap defann okenn enterè lè yo renmen bay, yo pa nan patipri e lè yo padone. Yo ede moun ki nan bezwen e yo dispoze fè sakrifis pou lòt moun. — 1 Jan 3:16.
Kretyen yo onèt
Sa Jezi te di: “Se mwen ki verite a.” — Jan 14:6.
Sa Jezi te fè: Jezi te veridik nan tout sa l te di ak tout sa l te fè. Li pa t janm pran moun sou plan pou l fè yo fè sa l vle nitou li pa t janm fè yo kwè yon bagay ki pa laverite. Tout moun te konnen l kòm yon moun ki onèt, menm lè te fè lòt moun opoze avè l. — Matye 22:16; 26:63-67.
Fason kretyen aji: Kretyen yo pa bay manti. Yo peye taks, yo pa vòlè e yo pa vòlè nan lè patwon yo (Women 13:5-7; Efezyen 4:28). Yo pa fè kòb sou do lòt moun, yo pa pran poul, yo pa bay fo enfòmasyon nan C.V. yo oswa nan lòt dokiman. — Ebre 13:18.
Kretyen yo aji avèk bonte
Sa Jezi te di: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” — Matye 11:28-30.
Sa Jezi te fè: Jezi te yon moun ki abòdab e l te janti. Li te byen akeyi timoun, li te konsole moun ki nan lapenn e l te trete moun ak diyite. — Mak 10:13-15; Lik 9:11.
Fason kretyen aji: Kretyen yo pale byen ak moun, yo pa malelve ni yo pa di pawòl pou blese oswa rabese moun (Efezyen 4:29, 31, 32). Yo enterese nan moun e yo chèche okazyon pou ede yo. — Galat 6:10.
Kretyen yo fidèl ak moun yo marye a
Sa Jezi te di: “Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Mak 10:9.
Sa Jezi te fè: Byenke Jezi pa t janm marye, li te ankouraje moun ki marye yo pou yo ret fidèl youn ak lòt (Matye 19:9). Li te bay avètisman sou kèk bagay ki ka lakòz yon maryaj kraze. — Matye 5:28.
Fason kretyen aji: Kretyen yo fè efò pou yo pa aji yon fason k ap sal maryaj yo (Ebre 13:4). Moun ki marye yo trete youn lòt avèk lanmou ak respè. — Efezyen 5:28, 33.