BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 22
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Laverite sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Talè konsa, tè a pral tounen yon paradi !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Annou sèvi Kris, Wa a, fidèlman
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 22
Jezi sou twòn nan antanke Wa nan Wayòm Bondye a.

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Repons Bib la bay

Wayòm Bondye a se yon gouvènman toutbon Jewova Dye mete sou pye. Nan Bib la, yo rele “Wayòm Bondye a” “Wayòm syèl la” paske Bondye ap dirije detan l nan syèl la (Mak 1:14, 15; Matye 4:17). Byenke li sanble ak gouvènman lèzòm yo nan anpil domèn, li siperyè yo nan tout domèn.

  • Dirijan l yo. Se Jezi Kris Bondye met Wa nan Wayòm sa a, e li ba l plis pouvwa pase sa nenpòt dirijan lèzòm ta ka genyen (Matye 28:18). Jezi sèlman sèvi ak pouvwa l pou l fè sa k bon, dayè li te deja bay prèv li se yon chèf moun ka fè konfyans e ki chaje ak konpasyon (Matye 4:23; Mak 1:40, 41; 6:31-34; Lik 7:11-17). Anba direksyon Bondye, Jezi chwazi moun nan tout nasyon yo pou vin “dirije tè a antanke wa” ansanm avè l nan syèl la. — Revelasyon 5:9, 10.

  • Dire. Kontrèman ak gouvènman lèzòm yo ki la pou yon ti tan, Wayòm Bondye a “pap janm kraze”. — Dànyèl 2:44.

  • Moun l ap dirije yo. Nenpòt moun ki fè sa Bondye vle, kèlkeswa orijin li oswa kote l fèt, kapab viv anba dominasyon Wayòm Bondye a. — Travay 10:34, 35.

  • Lwa Wayòm nan. Lwa (oswa kòmandman) Wayòm Bondye yo fè plis pase annik kondane move konduit. Yo fè moun ki anba dominasyon Wayòm nan vin gen yon nivo moral ki wo. Pa egzanp, men sa Bib la di: “‘Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a. Men dezyèm nan, ki menm jan avè l: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’” (Matye 22:37-39). Piske moun ki anba dominasyon Wayòm nan gen lanmou pou Bondye ak pou pwochen yo, sa pouse yo aji nan enterè lòt moun.

  • Fòmasyon. Toutpandan Wayòm Bondye a fikse prensip ki wo nivo pou moun l ap dirije yo, li montre yo fason pou yo suiv prensip sa yo tou. — Ezayi 48:17, 18.

  • Objektif li. Wayòm Bondye a pa fè moun k ap dirije l yo vin rich sou tèt moun l ap dirije yo. Okontrè, li pral reyalize volonte Bondye, sa gen ladan l pwomès Bondye fè moun ki renmen l yo pou l ba yo lavi pou toutan nan yon paradi sou tè a. — Ezayi 35:1, 5, 6; Matye 6:10; Revelasyon 21:1-4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje