BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/10 p. 30-32
  • Talè konsa, tè a pral tounen yon paradi !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Talè konsa, tè a pral tounen yon paradi !
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Se yon vrè gouvènman
  • Li pral detwi “ moun k’ap detwi latè ” yo
  • Paradi a pral retabli sou tè a
  • Rezon nou genyen pou nou kwè nan pwomès sa yo
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Repons Bib la bay
  • Sa Jezi te anseye sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Laverite sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/10 p. 30-32

Talè konsa, tè a pral tounen yon paradi !

“ Papa nou ki nan syèl la, se pou yo kenbe nou ou sen. Se pou Wayòm ou an rive. Se pou volonte w fèt, sou latè menm jan ak nan syèl la ! ” — Matye 6:9, 10, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

PRIYÈ sa a se yon priyè anpil moun byen konnen. Yo rele l Nòtrepè. Li bay limanite espwa. Kòman sa ?

Menm jan volonte Bondye ap fèt nan syèl la, se konsa tou Wayòm Bondye a pral fè volonte Bondye fèt sou tè a, jan priyè Nòtrepè a fè konn sa. E volonte Bondye se pou l fè tè a tounen yon paradi (Revelasyon 21:1-5). Men, ki sa Wayòm Bondye a ye, e ki jan l ap fè tè a tounen yon paradi ?

Se yon vrè gouvènman

Wayòm Bondye a se yon vrè gouvènman. Kèlkeswa gouvènman an, pou l fonksyone, li dwe gen règ ak lwa e li dwe gen moun pou l dirije. Èske Wayòm Bondye a ranpli kondisyon sa yo ? Annou gade repons Bib la bay pou twa kesyon ki vin apre yo.

Ki moun ki dirijan nan Wayòm Bondye a ? (Izayi [Ezayi] 33:22) Jewova Dye chwazi Jezi Kris, Pitit li a, pou l dirije Wayòm nan (Matye 28:18). Anba direksyon Jewova, Jezi chwazi yon ti kantite moun ki soti nan “ tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon ” pou yo dirije tè a avè l kòm “ wa ”. — Revelasyon 5:9, 10, NW.

Ki lwa Wayòm Bondye a bay pou moun l ap dirije yo obeyi ? Gen kèk nan lwa oswa kòmandman Wayòm nan bay ki mande pou moun yo fè aksyon byen presi. Pami lwa sa yo, Jezi te site sa ki pi enpòtan yo. Men sa l te di : “ Se pou ou renmen [Jewova], Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Sa a se premye kòmandman an e se li pi gwo a. Dezyèm kòmandman an ki sanble ak premye a, di : Se pou ou renmen [pwochen] ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. ” — Matye 22:37-39.

Gen lòt lwa ki mande pou moun pa fè kèk aksyon. Pa egzanp, Labib di yon fason klè : “ Pa twonpe tèt nou : moun k’ap viv nan dezòd, moun k’ap sèvi zidòl, moun k’ap viv nan adiltè, moun pèvèti k’ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k’ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k’ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p’ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a [“ wayòm Bondye a ”, NW]. ” — 1 Korentyen 6:9, 10.

Ki moun Wayòm Bondye a ap dirije ? Jezi te konpare moun Wayòm Bondye a ap dirije yo ak mouton. Li te di : “ Y’a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò. ” ​(Jan 10:16). Pou yon moun fè pati moun Wayòm Bondye a ap dirije yo, nonsèlman li dwe di l ap suiv Jezi, ekselan Bèje a, men tou li dwe fè sa l mande. Jezi te di : “ Se pa tout moun k’ap plede di m’ : Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la [“ wayòm syèl la ”, NW], men se sèlman moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la. ” — Matye 7:21.

Se sa k fè moun k ap viv anba dominasyon Wayòm Bondye a sèvi ak non Bondye e yo onore non sa a, Jewova, menm jan Jezi te fè sa (Jan 17:26). Yo obeyi kòmandman Jezi te bay pou yo anseye lòt moun “ bon nouvèl konsènan wayòm nan ”. (Matye 24:14, NW ; 28:19, 20.) E moun sa yo demontre yon lanmou sensè youn pou lòt. — Jan 13:35.

Li pral detwi “ moun k’ap detwi latè ” yo

Sitiyasyon monn nan ladan l jodi a montre Wayòm Bondye a pral pote gwo chanjman talè konsa. Kòman nou fè konn sa ? Sa gen de mil an anviwon, Jezi te bay yon siy ki te gen plizyè pati ki t ap montre “ wayòm Bondye a toupre ”. (Lik 21:31.) Jan sa parèt nan atik ki vin anvan an, kounye a divès pati siy sa a parèt klè nan lemonnantye.

Ki sa k ap rive apre ? Men repons Jezi te bay : “ Lè sa a, pral gen yon gwo tribilasyon, pa t janm gen youn konsa depi nan kòmansman lemonn jiska prezan, non, e pap janm gen youn konsa ankò. ” ​(Mat. 24:21, NW). Gwo tribilasyon an se pap yon katastwòf lèzòm ap lakòz. Okontrè, se aksyon Bondye pral fè pou l “ detwi moun k’ap detwi latè ” yo (Revelasyon 11:18). Akoz moun mechan yo aji yon fason egoyis, yo prèske kraze planèt la, se sa k fè ‘ y ap rache yo sou tè a tankou yo rache move zèb ’. Men, moun ki entèg yo, sètadi moun k ap sèvi Bondye yon fason akseptab, pral rete sou li. — Pwovèb 2:21, 22.

Jewova Dye gen bonjan rezon pou l aji yon fason fèm konsa. Poukisa ? Ann pran yon egzanp. Imajine ou se pwopriyetè yon kay ki gen plizyè apatman. Gen kèk nan lokatè yo ki gen yon bon konpòtman e ki aji avèk konsiderasyon, yo peye lwaye yo e yo byen pran swen apatman yo rete a. Men, gen lòt ki dezòdone e ki egoyis, yo refize peye lwaye a e yo andomaje kay la nèt. Malgre ou ba yo plizyè avètisman, yo kontinye ap aji mal. Ki sa w t ap fè ? Antanke pwopriyetè, se sèten ou t ap mete move lokatè sa yo deyò.

Menm jan an tou, Jewova Dye, Kreyatè tè a ak tout sa k sou li, gen dwa pou l deside kiyès l ap pèmèt abite sou li (Revelasyon 4:11). Jewova di objektif li se pou l retire moun ki mechan yo sou tè a, yo menm ki pa fè volonte l e ki pa respekte dwa lòt moun. — Sòm 37:9-11.

Paradi a pral retabli sou tè a

Talè konsa, Wayòm Bondye a, ki gen Jezi Kris kòm Wa ladan l, pral dirije tè a. Jezi te pale de epòk tounèf sa a kòm yon epòk kote ‘ tout bagay ap refèt ’. (Matye 19:28, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Ki jan bagay yo pral ye ? Remake pwomès Bib la fè pi ba a :

Sòm 46:9. “ Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. ”

Izayi 35:1. “ Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri. ”

Izayi 65:21-23. “ Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo. Yo p’ap kraze kò yo travay pou bontan ankò ! Travay yo va rapòte yo ! Pitit yo p’ap konn sa ki rele malè ankò. ”

Jan 5:28, 29. “ Lè a pral rive : tout mò ki nan tonm [souvni yo] pral tande vwa [Jezi], yo pral leve soti vivan nan tonm yo. ”

Revelasyon 21:4. “ [Bondye] gen pou l’ cheche tout dlo nan je yo. P’ap gen lanmò ankò, yo p’ap nan lapenn ankò, yo p’ap janm plenyen ankò, yo p’ap janm soufri ankò. ”

Rezon nou genyen pou nou kwè nan pwomès sa yo

Èske w kwè nan pwomès Bib la fè yo ? Bib la te anonse t ap gen anpil moun ki pa t ap kwè. Men sa l di : “ Lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k’ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. Y’a di : Kote pwomès li te fè nou an ? Li pa t’ di li t’ap vini ? Depi sou tan zansèt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye. ” ​(2 Pyè 3:3, 4). Men, mokè sa yo twonpe tèt yo anpil. Annou egzamine kat rezon sèlman ki fè nou ka kwè nan sa Bib la di.

1) Nan tan lontan, Bondye te aji kont monn mechan an. Delij ki te fèt nan epòk Noye a se yon kokennchenn egzanp. — 2 Pyè 3:5-7.

2) Pawòl Bondye a te anonse avèk presizyon sitiyasyon n ap viv nan monn nan jodi a.

3) Tout bagay pa “ rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye ”. Se premye fwa planèt nou an gen yon degradasyon sosyal, moral ak yon degradasyon nan domèn anviwònman konsa.

4) Kounye a, yo preche “ bon nouvèl wayòm ” nan toupatou sou tè a, sa ki montre “ lafen an [ap] rive ” talè konsa. — Matye 24:14.

Temwen Jewova yo envite w etidye Labib, Pawòl Bondye a, avèk yo yon fason pou w ka aprann plis bagay konsènan espwa pou w gen lavi etènèl anba dominasyon Wayòm Bondye a (Jan 17:3). Wi, gen yon bèl avni k ap tann lèzòm. Pi bèl peryòd ki pral genyen nan tout listwa a ap vini talè konsa ! Èske w ap la lè sa a ?

[Antrefilè nan paj 31]

Moun ki di bagay yo ap rete jan yo te toujou ye a twonpe tèt yo anpil.

[Foto nan paj 31]

Èske w ap la lè sa a ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje