BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • kr chap. 17 p. 182-191
  • Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan
  • Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Se sa Papa a anseye m mwen di”
  • Yo fòme moun k ap preche Wayòm nan pou yo ka vin moun k ap evanjelize
  • Yo fòme frè yo pou yo ranpli kèk responsablite espesyal
  • Lekòl teyokratik yo — Prèv ki montre Jewova renmen nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Ki jan Temwen Jewova yo jwenn fòmasyon?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Èske w ap aprann tout sa w kapab nan men Jewova?
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Ki fòmasyon pyonye yo resevwa?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Gade plis
Wayòm Bondye a ap dirije!
kr chap. 17 p. 182-191

CHAPIT 17

Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan

IDE KLE CHAPIT LA

Fason lekòl teyokratik yo prepare moun k ap preche Wayòm nan pou yo fè travay yo gen pou fè a.

1-3. Ki sa Jezi te fè pou travay predikasyon an te fèt plis kote toujou, e ki kesyon sa ka fè n poze tèt nou?

JEZI te fè dezan ap preche nan tout Galile. (Li Matye 9:35-38.) Li te pase nan anpil bouk ak anpil vil, li te anseye nan sinagòg ki nan zòn sa yo e li te preche bon nouvèl Wayòm nan. Kèlkeswa kote l te preche a, te toujou gen gwo foul moun ki t ap koute l. Jezi te rann li kont “rekòt la anpil”, e konsa, li te bezwen plis moun pou fè travay la.

2 Jezi te pran dispozisyon pou yo preche plis kote toujou. Ki jan l te fè sa? Li te voye 12 apot li yo “al preche wayòm Bondye a”. (Lik 9:1, 2.) Apot yo te ka ap mande tèt yo ki jan yo t apral fè travay sa a. Anvan Jezi te voye yo, li te ba yo fòmasyon, menm jan Papa l ki nan syèl la te ba l fòmasyon, sa ki montre lanmou Jezi te gen pou yo.

3 Kounye a, nou ka poze tèt nou kèk kesyon, pa egzanp: Ki fòmasyon Jezi te resevwa nan men Papa l? Ki fòmasyon Jezi te bay apot li yo? Jodi a, èske Wa Bondye chwazi a ap bay disip li yo fòmasyon pou yo fè travay predikasyon an? Si se wi, ki jan l fè sa?

“Se sa Papa a anseye m mwen di”

4. Ki lè e ki kote Jezi te resevwa fòmasyon nan men Papa l?

4 Jezi te kontan pou l fè moun konnen se Papa l ki te anseye l. Men sa l te di pandan l t ap anseye: “Se sa Papa a anseye m mwen di.” ​(Jan 8:28). Ki lè e ki kote Jezi te resevwa fòmasyon l lan? Sanble Jezi, premye moun ki te fèt nan kreyasyon an, te kòmanse jwenn fòmasyon nan men Papa l tousuit apre Papa l te fin kreye l (Kol. 1:15). Lè Jezi te bò kot Papa l nan syèl la, li te pase yon pakèt ane ap koute epi ap aprann nan men “Gran Pwofesè” a. (Iza. 30:20.) Kòm rezilta, li te resevwa yon fòmasyon san parèy sou kalite Papa l genyen, travay Papa l fè ak objektif Papa l genyen.

5. Ki fòmasyon Papa a te bay Pitit la konsènan travay predikasyon Pitit la t ap gen pou l fè sou tè a?

5 Pi devan, Jewova te bay Pitit Gason l lan fòmasyon sou travay predikasyon Pitit li an t ap gen pou l fè sou tè a. Ann egzamine yon pwofesi ki pale sou relasyon ki egziste ant Gwo Pwofesè a ak sèl Pitit li fè a. (Li Izayi 50:4, 5.) Pwofesi a fè konnen, “chak maten”, Jewova te reveye Jezi. Pawòl sa a fè n wè Jewova tankou yon pwofesè ki reveye yon elèv byen bonè nan maten yon fason pou l anseye l. Men sa yon ouvraj biblik fè konnen: “Jewova [...] pran li [Jezi] kòmsi li se yon elèv lekòl, e li anseye l sa l dwe preche ak fason l dwe preche.” Se nan swadizan lekòl sa a ki nan syèl la Jewova te di Pitit Gason l lan ‘sa pou l di ak sa pou l anseye’. (Jan 12:49.) Anplis de sa, Papa a te bay Pitit la fòmasyon sou fason pou Pitit la anseyea. Pandan Jezi te sou tè a, li te byen sèvi ak fòmasyon l te resevwa a pou l fè travay predikasyon li t ap fè a, e l te sèvi avè l tou pou l bay disip li yo fòmasyon pou yo fè travay predikasyon yo t ap fè a.

6, 7. a) Ki fòmasyon Jezi te bay apot li yo, e ki sa fòmasyon sa a te pèmèt yo fè? b) Ki kalite fòmasyon Jezi asire l disip li yo ap resevwa nan epòk nou an?

6 Jan nou te di sa nan kòmansman chapit la, ki fòmasyon Jezi te bay apot li yo? Selon Matye chapit 10, li te ba yo fòmasyon byen presi sou fason pou yo fè travay predikasyon an. Fòmasyon sa a te gen ladan l: Kote pou yo preche (vèsè 5, 6), mesaj pou yo preche (vèsè 7), enpòtans pou yo konte sou Jewova (vèsè 9, 10), fason pou yo pale ak moun yo rankontre yo (vèsè 11-13), fason pou yo reponn objeksyon (vèsè 14, 15) ak fason pou yo reyaji lè yo jwenn pèsekisyon (vèsè 16-23)b. Bonjan fòmasyon sa a Jezi te bay apot li yo te ede yo pou yo pran latèt nan travay predikasyon bon nouvèl la nan premye syèk la.

7 Ki sa n ka di pou epòk pa nou an? Jezi, Wa nan Wayòm Bondye a, te mande disip li yo pou yo fè pi gwo travay k ap fèt jodi a, anpalan de travay preche “bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Èske Wa a ban nou fòmasyon pou nou rive fè travay enpòtan sa a? Wi! Li ban nou fòmasyon pou sa! Detan Wa a nan syèl la, li asire l disip li yo ap jwenn fòmasyon sou fason pou yo preche ak sou fason pou yo ranpli responsablite espesyal yo genyen anndan kongregasyon an.

Yo fòme moun k ap preche Wayòm nan pou yo ka vin moun k ap evanjelize

8, 9. a) Ki rezon prensipal ki fè yo te konn fè Lekòl ministè teyokratik la? b) Ki fason reyinyon ki fèt lasemèn nan ede w vin pi maton nan travay predikasyon an?

8 Òganizasyon Jewova a gen lontan depi l ap sèvi ak asanble yo, kongrè yo ansanm ak reyinyon nan kongregasyon an, tankou Reyinyon sèvis la, pou l bay pèp Bondye a fòmasyon pou yo fè travay predikasyon an. Sepandan, apati ane 1940 yo, frè ki pran latèt nan syèj mondyal la te kòmanse fè aranjman pou pèp Bondye a resevwa fòmasyon grasa plizyè lekòl.

9 Lekòl ministè teyokratik. Jan nou te wè sa nan chapit ki vin anvan an, yo te kòmanse fè lekòl sa a nan ane 1943. Èske se sèlman pou bay frè ak sè yo fòmasyon pou yo fè bonjan diskou nan reyinyon yo yo te fè lekòl sa a? Non. Rezon prensipal ki fè yo te fè lekòl sa a se te pou yo fòme pèp Bondye a pou yo sèvi ak kapasite Jewova ba yo pou yo pale a, yon fason pou yo louwe l nan travay predikasyon an (Sòm 150:6). Lekòl sa a te bay tout frè ak sè ki te enskri ladan l yo fòmasyon pou yo vin pi maton nan travay predikasyon Wayòm nan. Kounye a, se nan reyinyon ki fèt lasemèn nan nou jwenn fomasyon sa a.

10, 11. Kounye a, ki moun ki ka al nan Lekòl Galaad la, e nan ki objektif yo fè pwogram yo etidye nan lekòl sa a?

10 Lekòl Galaad. Yo te kòmanse fè Lekòl Galaad la nan jou ki te 1ye fevriye 1943 a. Lè yo te fèk kòmanse lekòl sa a, objektif lekòl la se te fòme pyonye yo ak lòt sèvitè aplentan yo pou yo vin misyonè, epi pou y al sèvi nenpòt kote sou tè a. Depi mwa oktòb 2011, se sèlman moun ki deja nan yon fòm sèvis aplentan espesyal yo aksepte nan lekòl la, anpalan de pyonye espesyal yo, siveyan itineran yo ak madanm yo, betelit yo epi misyonè ki poko asiste lekòl la.

11 Nan ki objektif yo fè pwogram yo etidye nan Lekòl Galaad la? Men sa yon enstriktè ki gen lontan depi l ap anseye nan lekòl la fè konnen: “Pou ede lafwa etidyan yo vin pi djanm grasa yon bonjan etid yo fè nan Pawòl Bondye a, epi pou ede yo vin gen kèk kalite nan domèn espirityèl pou yo fè fas ak pwoblèm y ap gen pou yo jwenn nan asiyasyon yo. Anplis de sa, youn nan lòt objektif pwogram nan se ankouraje elèv yo vin gen plis anvi pou yo patisipe nan travay evanjelize a.” — Efe. 4:11.

12, 13. Ki efè Lekòl Galaad la genyen sou travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a? Bay yon egzanp.

12 Ki efè Lekòl Galaad la genyen sou travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a? Depi ane 1943, gen plis 8 500 moun ki te resevwa fòmasyon nan lekòl sa ac, e misyonè ki t al nan lekòl la te preche nan plis pase 170 peyi. Etandone misyonè yo byen sèvi ak fòmasyon yo resevwa a, yo bay yon bon egzanp antanke moun ki zele nan travay predikasyon an, e yo fòme lòt moun pou yo fè menm jan an tou. Nan anpil ka, misyonè yo toujou pran devan nan travay predikasyon an nan zòn kote ki pa gen anpil pwoklamatè Wayòm nan.

13 Ann egzamine sa k te rive nan peyi Japon, yon peyi kote travay predikasyon an te prèske kanpe pandan Dezyèm Gè mondyal la. Rive nan mwa out 1949, pa t menm gen dis pwoklamatè japonè nan peyi a. Sepandan, rive nan fen ane a, te gen 13 misyonè ki te soti Galaad ki te okipe anpil nan travay predikasyon an nan peyi Japon. Annapre, te vin gen plis misyonè toujou. Okòmansman, misyonè yo te plis preche nan gwo vil yo, men, apre sa, yo t al preche nan lòt vil yo tou. Misyonè yo te chofe pou yo ankouraje etidyan yo ansanm ak frè ak sè yo pou yo antre nan sèvis pyonye a. Kokennchenn efò misyonè yo te fè yo te pote anpil bon rezilta. Kounye a, gen plis pase 216 000 pwoklamatè Wayòm nan nan peyi Japon, e gen prèske 40 pousan nan yo k ap sèvi antanke pyonyed!

14. Ki prèv lekòl teyokratik yo ban nou? (Gade kare ki gen tit “Lekòl ki bay moun k ap preche Wayòm nan fòmasyon” an ki nan paj 188 la tou.)

14 Lòt lekòl teyokratik yo. Frè ak sè ki suiv kou nan Lekòl pyonye, Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen ansanm ak Lekòl biblik pou frè selibatè yo jwenn fòmasyon ki ede yo vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova, epi pou yo pran latèt nan travay predikasyon an avèk zèle. Tout lekòl teyokratik sa yo ban nou bonjan prèv ki montre Wa nou an bay disip li yo tout sa yo bezwen pou yo fè travay li ba yo fè a. — 2 Tim. 4:5.

Yo fòme frè yo pou yo ranpli kèk responsablite espesyal

15. Ki fason frè ki gen responsablite nan kongregasyon an vle imite Jezi?

15 Sonje pwofesi Izayi te bay la ki pale konsènan Jezi k ap resevwa fòmasyon nan men Bondye a. Nan swadizan lekòl ki nan syèl la, Pitit la te aprann ‘kòman pou l reponn yon moun ki fatige’. (Iza. 50:4.) Pandan Jezi te sou tè a, li te sèvi ak fòmasyon sa a lè l te bay moun ‘k ap redi e ki gen chay y ap pote’ yo fòs (Mat. 11:28-30). Frè ki gen responsablite nan kongregasyon an imite Jezi lè yo fè efò pou yo bay frè ak sè yo bonjan rekonfò. Pou rezon sa a, yo fè plizyè lekòl pou ede frè ki kalifye yo vin pi maton nan efò y ap fè pou ede kwayan parèy yo.

16, 17. Nan ki objektif yo fè Lekòl ministè Wayòm nan? (Gade nòt anba paj la tou.)

16 Lekòl ministè Wayòm. Yo te fè premye klas lekòl sa a nan dat 9 mas 1959, nan South Lansing, Nouyòk. Yo te envite siveyan itineran yo ansanm ak sèvitè kongregasyon yo pou yo vin asiste lekòl sa a ki t ap dire yon mwa. Lè sa a, kou a te konn fèt ann anglè. Men, annapre, yo te vin tradui pwogram kou sa a nan lòt lang tou. Konsa, tikras pa tikras, frè ki kalifye yo te kòmanse jwenn fòmasyon sa a toupatou sou tè af.

Lloyd Barry k ap anseye nan Lekòl ministè Wayòm nan peyi Japon, nan ane 1970.

Frè Lloyd Barry k ap anseye nan Lekòl ministè Wayòm nan peyi Japon, nan ane 1970.

17 Men sa yo te di nan Annuaire des Témoins de Jéhovah 1962 a konsènan rezon ki fè yo te fè Lekòl ministè Wayòm nan: “Nan monn sa a ki chaje ak anpil aktivite, yon siveyan nan yon kongregasyon Temwen Jewova dwe se yon gason ki kapab òganize lavi l yon fason pou l bay chak moun nan kongregasyon an bonjan atansyon, e pou l yon benediksyon pou yo. Anmenmtan tou, frè sa a pa dwe ap neglije fanmi l pou l pran swen kongregasyon an. Men, li dwe yon moun ki gen bonsans. Ala yon bèl posiblite frè ki gen responsablite nan kongregasyon yo toupatou sou tè a genyen pou yo vin resevwa fòmasyon ansanm nan Lekòl ministè Wayòm nan, yon fòmasyon k ap ede yo fè egzakteman sa Bib la mande siveyan yo fè a!” — 1 Tim. 3:1-7; Tit 1:5-9.

18. Ki fason tout moun ki fè pati pèp Bondye a jwenn byenfè grasa Lekòl ministè Wayòm nan?

18 Se tout moun ki fè pati pèp Bondye a ki jwenn byenfè grasa Lekòl ministè Wayòm nan. Sa k fè n di sa? Lè ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo aplike sa yo te aprann nan lekòl la, menm jan ak Jezi, yo vin tounen yon bonjan rekonfò pou kwayan parèy yo. Èske w pa kontan lè yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl di w yon bon ti pawòl, lè yo pran tan yo pou yo koute w ak lè yo vizite w lakay ou pou yo ankouraje w (1 Tes. 5:11)? Vrèmanvre, frè kalifye sa yo se yon benediksyon pou kongregasyon yo!

19. Ki lòt lekòl Komite pou ansèyman an ap sipèvize, e nan ki objektif yo fè lekòl sa yo?

19 Lòt lekòl teyokratik yo. Komite pou ansèyman Kolèj santral la ap sipèvize yon seri lòt lekòl ki la pou fòme frè ki gen responsablite anndan òganizasyon an. Yo fè lekòl sa yo pou ede frè ki gen responsablite yo, anpalan de ansyen nan kongregasyon yo, siveyan itineran yo ak manm Komite filyal yo, vin pi maton nan fason y ap fè travay yo. Kou sa yo ki baze sou Bib la, ankouraje frè yo pou yo kenbe yon bon relasyon ak Jewova, epi pou yo suiv prensip ki nan Bib la nan fason y ap pran swen mouton Jewova konfye yo a ki gen anpil valè. — 1 Pyè 5:1-3.

Premye klas Lekòl fòmasyon ministeryèl yo te fè nan peyi Malawi.

Premye klas Lekòl fòmasyon ministeryèl yo te fè nan peyi Malawi, nan ane 2007.

20. Ki sa k fè Jezi te kapab di nou tout se moun “Jewova [...] anseye”, e ki detèminasyon w pran?

20 Sa klè, Wa Bondye chwazi a asire l disip li yo ap resevwa bonjan fòmasyon. Tout fòmasyon sa yo soti nan nivo ki pi wo a: Jewova bay Pitit li a fòmasyon epi Pitit la bay disip li yo fòmasyon. Se sa k fè Jezi te kapab di nou tout se moun “Jewova [...] anseye”. (Jan 6:45; Iza. 54:13.) Ann pran detèminasyon pou n byen pwofite fòmasyon Wa a ap ban nou yo. Epi, nou pa dwe janm bliye rezon prensipal ki fè yo ban nou tout fòmasyon sa yo se pou ede n vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova yon fason pou n ka akonpli sèvis nou nèt!

a Ki jan nou fè konnen Papa a te bay Pitit la fòmasyon sou fason pou Pitit la anseye? Fè yon ti reflechi: Kantite egzanp Jezi te itilize lè l t ap anseye yo te reyalize yon pwofesi ki te ekri plizyè santèn ane anvan Jezi te fèt (Sòm 78:2; Mat. 13:34, 35). Sa klè, Jewova, Moun ki te fè ekri pwofesi sa a, te gentan di alavans Pitit li a t ap gen pou l sèvi ak egzanp oswa parabòl pou l anseye. — 2 Tim. 3:16, 17.

b Kèk mwa annapre, Jezi te “chwazi swasanndis lòt disip, li voye yo [al preche] de pa de”. Li te bay yo fòmasyon tou. — Lik 10:1-16.

c Gen kèk moun ki al Lekòl Galaad plis pase yon fwa.

d Pou n jwenn plis enfòmasyon sou efè travay misyonè ki sot Galaad yo genyen sou travay predikasyon k ap fèt toupatou sou tè a, gade chapit 23 liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a.

e Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan vin ranplase de dènye lekòl sa yo.

f Kounye a, tout ansyen yo jwenn byenfè nan Lekòl ministè Wayòm nan. Lekòl sa a pa dire menm kantite tan e yo pa fè l chak ane. Depi ane 1984, sèvitè ministeryèl yo ap resevwa yon fòmasyon nan lekòl sa a tou.

Èske w kwè toutbon Wayòm nan egziste?

  • Ki fòmasyon Jezi te resevwa nan men Papa l?

  • Ki fason Wa a kontinye ap bay disip li yo fòmasyon pou yo vin evanjelizatè?

  • Ki fòmasyon frè ki kalifye yo resevwa pou yo ka fè travay yo?

  • Ki jan w ka montre w apresye fòmasyon Wa a ap bay yo?

LEKÒL KI BAY MOUN K AP PRECHE WAYÒM NAN FÒMASYON

LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ ANTANKE KRETYEN

Poukisa yo fè l: Pou fòme pwoklamatè yo pou yo vin pi maton nan fason yo preche bon nouvèl la e nan fason yo anseye lòt moun.

Kantite tan sa pran: Se yon fòmasyon k ap kontinye.

Kote yo fè l: Nan Sal Wayòm nan.

Moun ki kalifye: Tout moun ki asosye ak kongregasyon an, ki aksepte ansèyman ki nan Bib la e ki viv ann amoni ak prensip kretyen yo ka enskri pou yo patisipe ladan l. Si w vle enskri, pale ak siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen an.

Byenfè: Reyinyon ki fèt lasemèn nan aprann nou fè rechèch e li aprann nou prezante enfòmasyon yo yon fason lojik. Anplis de sa, li aprann nou koute lòt moun e pou n pa ret konsantre sou tèt nou sèlman, men, pou n konsantre sou bezwen espirityèl lòt moun.

Men sa Arnie, yon frè ki gen lontan depi l ap sèvi kòm siveyan itineran, fè konnen: “Toutpandan m t ap grandi m te konn bege e l te difisil pou m gade yon moun nan je. [Reyinyon] sa a ede m vin gen konfyans nan tèt mwen. Grasa èd Jewova, fòmasyon m jwenn nan [reyinyon] sa a aprann mwen kèk teknik ki montre m ki jan pou m respire epi pou m konsantre. Mwen gen anpil rekonesans dèske m vin gen kapasite pou m louwe Bondye nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an.”

Yon jèn pwoklamatè k ap li Labib nan Lekòl ministè teyokratik.

LEKÒL POU ANSYEN YOg

Poukisa yo fè l: Pou ede ansyen yo vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye e pou yo ranpli responsablite yo gen nan kongregasyon an.

Kantite tan sa pran: Senk jou.

Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside ki kote l ap fèt. An jeneral, yo fè l nan yon Sal Wayòm oubyen nan yon Sal asanble ki toupre.

Moun ki kalifye: Biwo filyal la envite ansyen yo.

Byenfè: Men kèk kòmantè kèk frè ki te asiste 92yèm klas la ki te fèt nan Patèsonn, Nouyòk, Ozetazini te fè:

“Mwen te jwenn anpil byenfè nan lekòl sa a. Li ede m egzamine tèt mwen pou m wè ki jan m kapab pran swen mouton Jewova yo.”

“Mwen pa gen dwa janm bliye fòmasyon sa a!”

LEKÒL PYONYE

Poukisa yo fè l: Pou ede pyonye yo ‘akonpli sèvis yo nèt’. — 2 Tim. 4:5.

Kantite tan sa pran: Sis jou.

Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside ki kote y ap fè lekòl la. An jeneral, yo fè l nan yon Sal Wayòm ki toupre.

Moun ki kalifye: Moun ki pyonye pèmanan depi yon ane pou pi piti yo kalifye otomatikman, epi siveyan sikonskripsyon an fè yo konn sa. Yo ka envite kèk moun ki pyonye depi lontan e ki gen senkan depi yo te asiste lekòl la pou yo asiste l ankò.

Byenfè: Men sa Lily, yon sè ki pyonye, di: “Lekòl sa a ede m fè fas ak difikilte mwen jwenn nan travay predikasyon an e li ede m jere lavi m. Li ede m amelyore fason m etidye ak fason mwen anseye, e li ede m pi byen sèvi ak Bib la. Mwen vin pi anmezi pou m ede lòt moun, pou m soutni ansyen yo e pou m ede kongregasyon an fè pwogrè nan domèn espirityèl.”

Men sa Brenda, yon sè ki asiste lekòl la de fwa, fè konnen: “Li fè m konsantre nèt sou aktivite espirityèl yo, li pèmèt konsyans mwen vin pi djanm e li fè m plis konsantre sou ede lòt moun. Pa gen dout nan sa, Jewova donan anpil!”

LEKÒL POU NOUVO BETELIT

Poukisa yo fè l: Yo fè lekòl sa a pou ede nouvo Betelit yo reyisi nan travay y ap fè nan Betèl la.

Kantite tan sa pran: Kat èdtan chak jou pandan kat jou.

Kote yo fè l: Nan Betèl la.

Moun ki kalifye: Betelit ki fè pati fanmi Betèl la ansanm ak volontè k ap sèvi nan Betèl la depi yon bon ti tan (yon ane oubyen plis) kalifye otomatikman.

Byenfè: Men sa Demetrius, yon frè ki te asiste lekòl sa a nan ane 1980 yo, fè konnen: “Lekòl sa a te ede m amelyore fason m etidye e li te prepare m pou m fè karyè nan Betèl. Enstriktè yo, pwogram yo ak bon konsèy mwen te jwenn, te fè m kwè ak tout kè m nonsèlman Jewova gen sousi pou mwen, men tou, li vle ede m byen fè travay mwen nan Betèl la.”

LEKÒL POU EVANJELIZATÈ WAYÒM NANh

Poukisa yo fè l: Pou yo bay moun ki nan sèvis aplentan (koup marye, frè ak sè selibatè) yon fòmasyon espesyal yon fason pou Jewova ak òganizasyon l lan ka sèvi avè yo plis toujou. Yo voye anpil nan moun ki gradye nan lekòl sa a al sèvi nan kèk tèritwa kote ki gen plis bezwen nan peyi yo. Yo voye frè ak sè ki poko gen 50 an yo al sèvi kòm pyonye espesyal tanporè nan zòn izole yo. Yo konn voye yo pou y al kòmanse travay la nan zòn sa yo oswa pou y al bay travay la plis jarèt.

Kantite tan sa pran: De mwa.

Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside ki kote l ap fèt. An jeneral, yo fè l nan yon Sal Wayòm oubyen nan yon Sal asanble.

Yon sè k ap preche.

Frè ak sè yo jwenn byenfè nan fòmasyon yo resevwa yo.

Moun ki kalifye: Moun ki nan sèvis aplentan ki gen ant 23 an ak 65 an, ki an bon sante, ki disponib pou y al sèvi kote ki gen plis bezwen, e ki gen etadespri sa a: “Men mwen! Voye m.” ​(Iza. 6:8). Tout moun ki vle asiste lekòl sa a, anpalan de frè ak sè selibatè yo ansanm ak koup marye yo dwe se moun ki nan sèvis aplentan pandan omwen dezan san kanpe. Koup marye yo dwe gen omwen dezan depi yo marye. Frè yo dwe se moun k ap sèvi kòm ansyen oswa sèvitè ministeryèl pandan omwen dezan youn dèyè lòt. Si yo fè lekòl sa a nan zòn ki sou kont filyal ou a, y ap fè yon reyinyon nan kongrè rejyonal la pou yo bay moun ki enterese nan lekòl sa a plis enfòmasyon.

Byenfè: Nou resevwa anpil bon kòmantè nan men moun ki te asiste Lekòl biblik pou frè selibatè yo ak Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen yo. Nan ane 2013, Kolèj santral la te pran desizyon pou yo fè de lekòl sa yo fè yon sèl, e yo rele l Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Kounye a, anpil pyonye fidèl, san wete sè selibatè yo, ap kapab pwofite lekòl sa a.

LEKÒL GALAAD

Poukisa yo fè l: Yo ka voye moun ki gradye nan lekòl sa a al sèvi kòm siveyan itineran, misyonè oswa Betelit. Lè frè ak sè ki pase nan lekòl sa a byen sèvi ak fòmasyon yo resevwa a, sa pèmèt yo pi byen òganize filyal yo epi bay travay predikasyon an jarèt.

Kantite tan sa pran: Senk mwa.

Kote yo fè l: Nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, Nouyòk.

Yon klas Galaad k ap koute yon enstriktè Galaad.

Yon klas Galaad nan Patèsonn, Nouyòk.

Moun ki kalifye: Koup marye, frè ak sè selibatè ki deja nan yon fòm sèvis espesyal aplentan. Komite filyal la ka envite misyonè ki poko asiste lekòl la, pyonye espesyal, Betelit oswa siveyan itineran yo ak madanm yo pou y al nan lekòl sa a. Moun ki pral nan lekòl la dwe konn pale anglè byen e yo dwe ka ekri anglè.

Byenfè: Men kèk kòmantè Lade ak Monique, yon koup marye ki soti Ozetazini e ki te pase plizyè ane nan asiyasyon yo, te fè:

Men sa Lade fè konnen: “Lekòl Galaad te prepare nou pou nou sèvi nenpòt kote sou tè a e pou nou twouse ponyèt nou pou nou travay ak frè ak sè nou yo nou renmen.”

Men sa Monique ajoute: “Toutpandan m ap aplike sa m te aprann nan Pawòl Bondye a, mwen jwenn anpil kè kontan nan asiyasyon m. Mwen konsidere lajwa mwen genyen an kòm yon prèv ki montre Jewova renmen m.”

LEKÒL MINISTÈ WAYÒM

Poukisa yo fè l: Pou fòme siveyan itineran yo, ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo pou yo byen ranpli responsablite yo genyen antanke moun k ap pran swen twoupo a, e pou yo òganize travay k ap fèt nan kongregasyon an (Tra. 20:28). Nan lekòl sa a, yo pale de kongregasyon yo, tandans k ap devlope ladan yo ak bezwen yo. Yo pa fè lekòl sa a chak ane. Se Kolèj santral la ki deside ki lè y ap fè l.

Kantite tan sa pran: Nan ane ki sot pase yo, kantite tan lekòl la dire a te chanje detanzantan.

Kote yo fè l: An jeneral, yo fè lekòl la nan yon Sal Wayòm oubyen nan yon Sal asanble ki toupre.

Moun ki kalifye: Se siveyan sikonskripsyon an ki envite ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo. Se biwo filyal la ki envite siveyan itineran yo.

Byenfè: “Nan lekòl sa a, ansyen yo aprann anpil bagay nan yon tikras tan, yo jwenn èd pou yo kenbe jwa yo nan sèvis y ap bay Jewova a, epi pou yo met gason sou yo pou yo kontinye nan sèvis sa a. Kit se frè ki gen lontan depi y ap sèvi kòm ansyen, kit se frè ki fèk nome ansyen, yo aprann kòman pou yo byen fè travay yo antanke bèje epi pou yo gen ‘menm opinyon.’” — Quinn.

“Fòmasyon sa a fè nou vin gen plis apresyasyon pou bagay espirityèl yo, li avèti nou kont yon seri danje, e anmenmtan li ban nou anpil bon konsèy k ap pèmèt nou pran swen twoupo a.” — Michael.

LEKÒL POU SIVEYAN SIKONSKRIPSYON YO AK MADANM YOi

Poukisa yo fè l: Pou ede siveyan sikonskripsyon yo vin pi efikas nan fason y ap sèvi kongregasyon yo, pou yo “travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an”, e pou yo pran swen mouton ki sou kont yo. — 1 Tim. 5:17; 1 Pyè 5:2, 3.

Kantite tan sa pran: Yon mwa.

Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki chwazi ki kote y ap fè lekòl sa a.

Moun ki kalifye: Biwo filyal la envite siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo.

Byenfè: “Nou te vin gen plis rekonesans pou Jezi, Moun k ap dirije òganizasyon an. Nou te wè jan l enpòtan pou n ankouraje frè ak sè yo epi pou n travay yon fason pou gen plis inite nan chak kongregasyon. Lekòl la te ede nou konprann rezon prensipal ki fè siveyan itineran yo konseye oswa yo reprimande frè yo lè sa nesesè, se paske yo vle ede yo konprann Jewova renmen yo.” — Joel ak Connie, ki te asiste premye klas la nan ane 1999.

LEKÒL POU MANM KOMITE FILYAL YO AK MADANM YO

Poukisa yo fè l: Pou ede manm Komite filyal yo pi byen ranpli responsablite yo genyen pou yo sipèvize travay k ap fèt nan Betèl yo, pou yo bay kesyon ki gen rapò ak aktivite kongregasyon yo plis atansyon, epi, pou ede yo sipèvize travay siveyan itineran yo ap fè nan tèritwa yo asiyen yo a. — Lik 12:48b.

Kantite tan sa pran: De mwa.

Kote yo fè l: Nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, Nouyòk.

Moun ki kalifye: Komite sèvis Kolèj santral la envite manm Komite filyal yo ak madanm yo oswa manm Komite peyi yo ak madanm yo.

Byenfè: Lowell ak Cara te asiste 25yèm klas la. Kounye a y ap sèvi nan peyi Nijerya.

Men sa Lowell di: “Lekòl la te ede m sonje, kèlkeswa jan m ta okipe a oswa kèlkeswa travay yo ban m fè a, sa k pi enpòtan pou m fè Jewova plezi se chèche vin gen yon bon relasyon avè l.”

Men sa Cara di pandan l ap panse ak yon leson li te aprann nan lekòl la: “Si m pa ka esplike yon pwen yon fason ki senp, mwen bezwen etidye sijè a pi byen anvan m anseye lòt moun li.”

g Yo poko fè lekòl sa a nan tout peyi.

h Yo poko fè lekòl sa a nan tout peyi.

i Yo poko fè lekòl sa a nan tout peyi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje