Kouman pou nou jwenn plis jwa nan reyinyon yo
1 Reyinyon yo esansyèl pou byennèt espirityèl nou. Lajwa n ap jwenn ladan yo depann dirèkteman de sa nou fè anvan reyinyon, de sa nou fè pandan reyinyon e de sa nou fè apre reyinyon. Ki sa nou ka fè pou ni nou menm ni lòt yo kontinye jwenn jwa nan yon wo nivo lè n ap asiste reyinyon ?
2 Anvan reyinyon : Preparasyon gen yon efè dirèk nan lajwa n ap jwenn nan reyinyon. Lè nou byen prepare, nou pi anvi swiv avèk atansyon e nou pi anvi patisipe. Anplis de sa, nenpòt patisipasyon nou resevwa pou reyinyon, nou dwe byen prepare l. Objektif nou se pou n transmèt enfòmasyon egzak selon enstriksyon nou jwenn yo, e pou n kenbe enterè oditwa a. Fòk nou fè bonjan repetisyon. Lè nou kontribye pou fè reyinyon yo vivan, pou nou fè yo konstriktif pou tout moun benefisye, pwogrè pa nou vin vizib e nou jwenn plis jwa. — 1 Tim. 4:15, 16.
3 Pandan reyinyon : Lè nou fè kòmantè, sa kapab ede nou jwenn plis jwa nan reyinyon yo. Pati yo prevwa pou oditwa a patisipe ladan yo, chak moun nan kongregasyon an fèt pou wè yo tankou yon reskonsablite pèsonèl. An jeneral, kòmantè brèf e presi yo pi efikas. Rakonte eksperyans brèf e konstriktif kapab trè ankourajan e trè fòtifyan, e nou pa fèt pou nou ezite rakonte yo depi pwogram nan apwopriye pou sa (Pwov. 15:23; Travay 15:3). Lè n ap fè yon patisipasyon nan reyinyon, nou dwe pale avèk antouzyas, avèk konviksyon pou n fè l enteresan, reyalis e pratik.
4 Apre reyinyon : Pataje yon mo emab, pataje yon bonswa amikal ak kèk pwen kle yo te konsidere nan reyinyon yo avèk lòt moun, kapab pwofitab pou nou tout. Eksprime lajwa lè nou wè jèn, granmoun ak nouvo yo patisipe, sa ranfòse lanmou ant frè ak sè. Olye pou n ap kritike moun ki rate reyinyon, nou kapab pataje avèk yo lajwa nou jwenn nan asiste reyinyon, e konsa, n a ankouraje yo pou yo asiste yo. — Eb. 10:24, 25.
5 Nou pa fèt pou pini tèt nou nan yon dispozisyon esansyèl konsa. Se yon mwayen pou n fè echanj ankourajman (Wom. 1:11, 12). An konsyans, lè nou tout fè efò sensè pou kontribye, nou jwenn plis jwa nan reyinyon kretyen yo.