Reyinyon sèvis mwa oktòb
Semèn 4 oktòb
Kantik 147
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.
17 min : “Tout pawòl pwofetik Bondye a ap reyalize ! ”, Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk ke- syon/repons. Atire atansyon sou sèten detay nan nouvo liv la ki souliye siyifikasyon epòk nou an.
18 min : Se pou n gen reflèks peryodik ! Endike kantite peryodik kongregasyon an te plase mwa pase. Ki sa sa montre lè nou konpare kantite nou plase avèk kantite nou resevwa nan men Sosyete a ? Si gen yon gwo diferans, ki sa k merite fèt ? Envite oditwa a fè kòmantè sou pwen annapre yo : 1) Chak pwoklamatè fèt pou kòmande kantite yo bezwen, yon kantite ki rezonab. 2) Fikse chak samdi kòm jounen peryodik. 3) Mete aktivite peryodik nan pwogram predikasyon pèsonèl ou chak mwa. 4) Planifye pou w fè plis temwayaj enfòmèl toupandan w ap sèvi ak peryodik pou kòmanse konvèsasyon. 5) Al ofri òm dafè ak pwofesyonèl yo atik ki pi kapab enterese yo e ki fèt espesyalman pou yo. 6) Fè yon lis ki gen tout plasman ou fè, tabli yon wout peryodik epi retounen regilyèman ak peryodik ki fèk parèt yo. 7) Byen sèvi ak ansyen nimewo peryodik yo, konsa yo pap rete fè pil. Montre peryodik ki fèk vini yo, epi atire atansyon sou atik ki kapab kapte enterè moun fasil. Pran yon granmoun ak yon jèn. Yo chak ap fè yon brèf demonstrasyon yon prezantasyon peryodik. Gade nan paj mitan Le ministère du Royaume septanm 1995.
Kantik 105 ak priyè final.
Semèn 11 oktòb
Kantik 194
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “Kouman pou nou jwenn plis jwa nan reyinyon yo. ” Kesyon/repons. Site egzanp presi sou fason nou kapab montre konsiderasyon youn pou lòt ak fason nou kapab montre nou ankourajan youn pou lòt nan reyinyon. Envite moun nan oditwa a rakonte eksperyans pèsonèl pa yo.
Kantik 152 ak priyè final.
Semèn 18 oktòb
Kantik 196
10 min : Anons lokal ak eksperyans yo fè nan predikasyon.
13 min : “ Èske w ap debagaje ? ” Diskou ankourajan pou sekretè a fè. Lè pwoklamatè yo twouve l nesesè pou yo chanje kongregasyon, li enpòtan pou yo byen adapte yo ak nouvo milye yo ye a, yon fason pou yo evite fè bak nan domèn espirityèl. Peze sou nesesite pou mete ansyen yo okouran pwojè konsa epi mande yo èd yo pou kontakte nouvo kongregasyon an.
22 min : “ Ki sa pou n di yon Jwif ? ” Kesyon/repons. Eksplike diferans ki genyen ant jidayis òtodòks, jidayis refòmis ak jidayis konsèvatè (gade nan liv L’humanité à la recherche de Dieu, paj 226-7). Endike nan ki domèn li posib pou tabli yon teren antant ak yon Jwif. Fè yon demonstrasyon sou yon prezantasyon byen prepare. Pou plis enfòmasyon sou jidayis la, gade nan paj mitan Le Ministère du Royaume fevriye 1998 ; nan liv Comment raisonner paj 22-3 ; ak nan liv L’humanité à la recherche de Dieu, chapit 9. Oubyen si sa pi konvnab pou nou, prezante diskou : “ Comment être un pionnier efficace ? ” sou baz La Tour de Garde 15 me 1989, paj 21- 3, pou ede pyonye yo, sitou sa ki fèk kòmanse sèvis la.
Kantik 142 ak priyè final.
Semèn 25 oktòb
Kantik 179
15 min : Anons lokal. Ede tout moun prepare pou ofri bwochi Sa Bondye vle a oswa Attend oubyen liv Connaissance lan pandan mwa novanm nan. Eksplike ki jan pou n prepare yon prezantasyon ki santre sou kesyon “ Èske Bondye koute lapriyè ? ” Sèvi ak pwen ki nan leson 7 nan bwochi a oswa ki nan chapit 16, paragraf 12-14, nan liv la. Fè yon demonstrasyon sou yon prezantasyon senp ki gen yon tèks biblik ladann.
15 min : Jwenn repons pou kesyon biblik yo. Yon pwoklamatè ki te rankontre yon pèsòn enterese ki poze yon kesyon biblik, abòde yon asistan ministeryèl. Olye pou asistan ministeryèl la ba li repons lan, li eksplike l jan pou l jwenn ni. Toudabò, li rewè sijesyon nan etid 7, paragraf 8-9 ki nan Manuel pour l’École du ministère théocratique la. Answit, yo fè rechèch ansanm sou yon kesyon moun abitye soulve nan tèritwa yo a. Yo gade referans presi ki gen rapò ak sijè a e yo jwenn pwen ki kapab konvenk e ki eklèsi rezon ki kache dèyè repons Bib la bay la. Ankouraje oditwa a fè kalite etid pwofitab sa a nan fè rechèch kesyon biblik yo.
15 min : Objektif nou kapab fikse. Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a. Rewè objektif reyalis ki figire nan tablo paj 11 nan La Tour de Garde 15 mas 1997 la. Ajoute ankourajman pou oditwa a patisipe nan sèvis pyonye oksilyè ak nan sèvis pyonye pèmanan. Eksplike ki jan atenn objektif sa yo kapab pwofitab pou nou pèsonèlman. Envite oditwa a rakonte lajwa yo te santi lè yo te rive atenn sèten objektif teyokratik.
Kantik 151 ak priyè final.