Ki sa pou n di yon Jwif ?
1 Nan premye syèk la, se avèk rekonesans anpil nan “ pitit Izrayèl yo ” te asepte predikasyon Jezi ak apòt li yo (Travay 10:36). Tou kòm sa te vre lè sa a, jodi a gen yon kantite Jwif sensè ki anbrase laverite a ak tout kè yo non sèlman ann Izrayèl, men nan peyi Larisi, nan peyi Etazini ak nan lòt peyi ankò. Èske w ta renmen gen plis siksè nan bay moun ki Jwif temwayaj ? Sijesyon annapre yo pral ede w bay yon temwayaj avèk tak devan ni Jwif kwayan ni Jwif layik.
2 Pou preche Jwif kwayan yo : Li bon pou nou rann nou kont Jwif kwayan yo plis enterese nan obsève tradisyon raben yo bay olye yo enterese nan defini doktrin espesifik. Pou yo menm, jeneralman tradisyon gen menm otorite ak Ekriti yo. Se rezon sa a ki fè yo pa enterese pale toutbonvre sou sijè biblik ki pwofon. Yo gen tandans konsidere Bib la tou tankou yon liv kretyen. Se poutètsa, dabitid lè w ap bay referans nan Bib la li pi bon pou w sèvi ak ekspresyon “ Ekriti ebrayik ”, “ Tora a ” oswa “ Ekriti yo ”. Yon bonjan piblikasyon ki prepare sitou pou popilasyon jwif la se bwochi Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ?
3 Ki sijè ki te kapab enterese Jwif kwayan yo ? Ebyen, yo kwè gen yon sèl Bondye ki enterese trè seryezman nan lòm. Yo kwè tou Bondye konn entèvni nan afè lèzòm. Ou kapab sèvi ak pwen sa yo pou tabli yon teren antant. Anplis de sa, laplipa Jwif yo okouran soufrans pèp yo a te konnen pandan Dezyèm Gè mondyal la trè byen. Y ap mande poukisa Bondye te pèmèt enjistis konsa e y ap mande kilè mechanste ap fini. Nou byen ekipe pou reponn kesyon konsa, lè nou raple sa frè nou yo te viv pandan Olokos la, paregzanp.
4 Natirèlman, pou evite pa vin dozado ak mèt kay la, li pi bon nan konvèsasyon an pou w pa mennen sijè a twò bonè sou idantite Mesi a. Olye de sa, ou kapab pale sou wòl Moyiz te jwe nan istwa Izrayèl epi mande mèt kay la si l kwè ansèyman Moyiz yo gen rapò ak jodi a. Si l sanble li apwopriye pou pale sou idantite Mesi a, dabò ou kapab li Detewonòm 18:15 ki afime : “ Yon pwofèt k ap sot nan mitan ou, pami frè w yo, tankou m, se sa Jewova ap voye pou ou, se li menm pou nou koute. ” Mande mèt kay la ki moun Moyiz te gen nan lespri lè l t ap pale de yon pwofèt tankou li menm nan. Lèfini pran kèk pwen nan bwochi Monde sans guerre la, paj 14, paragraf 17 ak 18.
5 Jwif layik yo wè bagay yo yon lòt jan : Se pa chak moun ki di li se Jwif ki asepte ansèyman jidayis la. Anpil Jwif gen yon pwennvi layik. Yo plis enterese devlope yon idantite jwif apa, ak kilti pa l, tradisyon pa l ak edikasyon pa l olye pou yo pratike relijyon jwif la. Sèten Jwif layik pa kwè gen solisyon absoli, gen yon ti ponyen ki menm ate. Se pedchòz ou t ap rive akonpli si, anpatan, ou ta rete ap site yon pil tèks nan Ekriti ebrayik yo. Li ta pi pwofitab pou w kòmanse konvèsasyon an menm jan ou ta fè ak nenpòt moun ki pa kwayan. Ou kapab eksplike ki jan Bib la itil pou epòk nou an. Si mèt kay la pa kwè se Bondye ki enspire Bib la, kèk pwen nan bwochi Monde sans guerre la kapab pote èd sitou sou pwen nou jwenn nan pati ki nan paj 3 a ki gen tit “ La Bible : inspirée par Dieu ? ”
6 Lè w ap preche yon Jwif, ou kapab di :
◼ “ Pèdi yon moun nou renmen akòz lanmò, se yon tris eksperyans laplipa nan nou fè. Ki sa w panse ki rive nou lè nou mouri ? ” Kite moun nan reponn. Apresa dirije mèt kay la sou tablo “ Que sont la mort et Fame ? ” nan paj 22 bwochi Monde sans guerre la. Tablo a konpare sa Ekriti yo di konsènan lavi apre lanmò ak sa raben yo anseye. Answit ale nan paragraf 17 nan paj 23 a. Montre, dapre Ekriti yo, mò pral resisite pou lavi nan yon paradi sou tè a. Ofri bwochi a. Nan preparasyon pou pwochen vizit la ou kapab mansyonnen patriyach Jòb te nouri espwa rezirèksyon. Atire atansyon sou tèks yo site nan fen paragraf 17 la, epi ofri pou w retounen vin egzamine yo.
7 Liv Matye, Mak, Lik, Jan ak Travay apòt yo rapòte eksperyans Jwif ki te koute e ki te aji ann akò ak laverite a. Jewova toujou kite pòt lavi etènèl la ouvri. Anpil Jwif sensè kapab toujou aprann konnen Jewova, vrè Dye a, konsa yo menm tou yo kapab viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a. — Mik. 4:1-4.