Ki sa lòt moun aprann lè y ap gade jan w fè?
1. Ki sa disip Jezi yo te aprann lè yo t ap gade jan l te konn aji?
1 Jezi te di: “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m.” (Mat. 11:29, nòt anba paj). Li klè, Jezi pa t annik anseye ak pawòl li, men li te anseye moun yo ak bon egzanp li te ba yo. Imajine tou sa disip Jezi yo te aprann lè yo t ap gade jan li te konn aji. Li te janti, li te gen konsiderasyon pou lòt moun e li te gen bonte lakay li (Mat. 8:1-3; Mak 6:30-34). Li te vrèman enb (Jan 13:2-5). Lè disip Jezi yo te konn akonpaye l nan ministè a, yo te wè li se yon moun ki toujou ap travay di e li te efikas nan fason li te anseye lòt moun laverite (Lik 8:1; 21:37, 38). Ki enfliyans nou gen sou lòt moun lè y ap obsève nou nan ministè a?
2. Poukisa bèl aparans ak bon konduit nou nan ministè a fè yon bon enpresyon sou moun nou rankontre nan predikasyon kay an kay?
2 Moun nou rankontre nan predikasyon kay an kay: Lè nou abiye yon fason modès, nou gen jantiyès e nou montre nou gen sousi pou lòt moun, sa ka gen yon gwo efè sou moun nou rankontre nan predikasyon kay an kay (2 Kor. 6:3; Fil. 1:27). Yo remake nou itilize Bib la souvan nan konvèsasyon nou gen ak yo. Gen moun nou rankontre ki enpresyone lè yo wè nou pran tan pou nou koute yo lè y ap pale ak nou. Nou pa dwe janm souzestime jan bon egzanp nou bay nan domèn sa yo atire moun yo pou fè yo aksepte mesaj Wayòm nan.
3. Ki enfliyans pozitif nou ka genyen sou frè nou yo?
3 Frè nou yo: Nou dwe reflechi tou sou enfliyans pozitif nou kapab genyen sou frè nou yo. Zèl nou genyen nan travay predikasyon an kapab pouse lòt moun gen menm zèl la pou ministè a. Menm jan fè file fè, se menm jan an tou lè nou byen prepare prezantasyon nou yo, sa ka pouse lòt moun amelyore fason yo preche (Pwo. 27:17). Lè nou dilijan nan note adrès moun ki montre yo enterese e nou retounen vizite yo san pèdi tan, sa ankouraje lòt pwoklamatè fè menm jan an. N ap gen bonjan enfliyans sou konpayon travay nou yo lè nou bay yon temwayaj afon. —2 Tim. 4:5.
4. Poukisa detanzantan nou dwe egzamine egzanp nou bay lòt moun?
4 Detanzantan, li bon pou w egzamine aksyon w ak pawòl ou, e li bon pou w egzamine efè egzanp ou bay gen sou lòt moun. Bon egzanp nou bay ap rejwi kè Jewova e sa ap pèmèt nou gen menm santiman ak apot Pòl lè l te deklare: “Se pou nou imite m, menm jan mwen menm mwen imite Kris.” —1 Kor. 11:1.