Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Preche nan tèritwa ki gen biznis yo
Rezon ki fè sa enpòtan: Piske anpil moun fè plizyè èdtan ap travay, byen souvan, pi bon kote nou ka jwenn yo pou nou ba yo mesaj Wayòm nan se nan travay yo. Preche nan tèritwa ki gen biznis yo ka enteresan e sa ka bay bon rezilta, paske afè pou n pa jwenn moun lakay yo a pa egziste epi moun k ap travay nan biznis yo gen tandans pou yo janti ak moun yo konsidere kòm kliyan yo. Pou pwoklamatè yo jwenn bon rezilta yo bezwen sèvi ak bon jijman e yo dwe bay bon egzanp nan fason yo abiye ak nan aparans yo (2 Kor. 6:3). Se sa k fè siveyan sèvis la dwe verifye kiyès ki preche nan tèritwa ki gen biznis yo epi konbyen fwa yo preche nan zòn sa yo.
Eseye sa a pandan mwa a:
Pandan pwochen sware adorasyon an fanmi an, fè yon prezantasyon tou kout nou ka itilize si n ap preche nan yon tèritwa ki gen biznis.