FÈ FAS AK LAVI CHÈ A K AP VALE TEREN
Depanse lajan w avèk sajès
Lè pri bagay yo ap ogmante, sa difisil pou nou tout. Men, ou pa oblije santi w sanzespwa. Gen bagay ou ka fè pou w amelyore sitiyasyon w.
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
Si w pa menm eseye jere lajan w, ou ka vin gen plis pwoblèm lajan, sa k ap fè w gen plis strès ak enkyetid. Menmsi w pa gen anpil lajan, gen anpil bagay ou kapab fè k ap pèmèt ou depanse lajan w avèk sajès.
SA W KA FÈ
Viv selon mwayen w. Lè w fè sa, w ap santi w gen plis kontwòl sou lajan w, e w ap santi w pare pou si w oblije fè kèk depans sanzatann.
Pou w kapab viv selon mwayen w, w ap bezwen fè yon bidjè, sa vle di planifye pou w konnen konbyen lajan w ap antre e konbyen w ap bezwen depanse. Pandan w ap egzamine bidjè w, byen gade ki sa w ap bezwen toutbon. Fè tout sa w kapab pou w pa depanse plis pase sa w te prevwa, e ajiste bidjè a tank kantite lajan w antre ak pri bagay yo ap chanje. Natirèlman, si w marye, pale ak moun ou marye avè l la anvan w pran kèlkeswa desizyon an.
Eseye sa: Olye w achte kredi, depi sa posib, peye lajan kontan. Gen moun ki wè lè yo tou peye sa yo achte, yo pi byen jere bidjè yo e sa menm fè yo evite fè dèt. Epitou, pran tan pou w egzamine relve bank ou, oswa ekri depans ou fè chak jou ak depans ou fè chak mwa. Lè w konnen konbyen kòb ou genyen toutbon, sa ap fè w mwens strese.
Li ka difisil pou w viv selon mwayen w. Men, yon bon bidjè kapab vrèman ede w. Sa ka fè w enkyete w mwens pou lajan.
Fè efò pou w kenbe travay ou. Ki sa w kapab fè pou w kenbe travay ou? Men kèk bagay ou kapab fè: Rive alè. Byen wè travay ou. Montre ou vle ede, epi travay di. Gen respè pou moun. Suiv enstriksyon yo ba ou, epi eseye amelyore kapasite w.
Evite gaspiye lajan w. Mande tèt ou: ‘Èske m gen abitid depanse san nesesite, oswa gaspiye lajan?’ Pa egzanp, anpil moun gaspiye lajan yo travay di pou yo fè nan pran dwòg, jwe aza, fimen oswa bwè twòp bwason ki gen alkòl. Abitid sa yo ka detwi sante yo, epi fè yo pèdi travay yo.
Sere lajan pou lè gen ijans. Lè w kapab, sere yon ti kòb pou si w oblije fè depans sanzatann, oswa pou lè gen ijans. Ti ekonomi sa a kapab fè w santi w an sekirite pou si ou menm, oswa yon manm fanmi w vin gen pwoblèm sante bridsoukou, si w vin pèdi travay ou, oswa yon malè rive sanzatann.