Kantik 93
“Se pou limyè nou klere”
Édition imprimée
1. Jezi Kris ban nou lòd Pou limyè’n briye,
Menm jan ak solèy la, Pou’l toujou klere.
Nan Pawòl Bondye a, Sajès parèt klè,
E se pou bèl konduit nou Montre’n se limyè.
2. Nou jwenn gwo rekonfò Nan bon nouvèl la,
Moun mouri pral leve, Sa ban nou espwa.
Bondye ban’n Pawòl li Pou’n fè volonte’l,
Lè’n byen chwazi sa n’ap di, N’ap kapab louwe’l.
3. Bèl aksyon nou poze Tankou bèl bijou,
Yo klere nan monn sa’ Ki pa gen lanmou.
Lè nou fè sa ki dwat Limyè’n ap klere,
Konsa, n’ap gen asirans Nou rejwi Bondye.
(Gade tou Sòm 119:130; Mat. 5:14, 15, 45; Kol. 4:6.)