Kite Pawòl Bondye a anseye w
Poukisa Bondye gen yon òganizasyon?
Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.
1. Poukisa Bondye te òganize Izrayelit yo?
Bondye te òganize desandan Abraram yo, li te fè yo vin yon nasyon e li te ba yo yon seri lwa pou yo suiv. Li te rele nasyon sa a Izrayèl e li te konfye yo ni vrè adorasyon an ni Pawòl li a, sètadi Ekriti sakre yo (Sòm 147:19, 20). Konsa, moun tout nasyon te pwofite dispozisyon sa a. — Li Jenèz 22:18.
Bondye te chwazi Izrayelit yo pou yo vin temwen l. Lè yo te obeyisan, yo te jwenn byenfè nan lwa Bondye yo (Detewonòm 4:6). Lè nou etidye istwa Izrayelit yo, nou ka vin konn plis bagay sou vrè Dye a. — Li Ezayi (Izayi) 43:10, 12.
2. Poukisa vrè kretyen yo òganize?
Rive yon lè, Izrayèl te pèdi favè Bondye, e Jewova te vin ak kongregasyon kretyen an pou ranplase nasyon sa a (Matye 21:43; 23:37, 38). Anvan sa, se Izrayelit yo ki te temwen Bondye. Kounye a, se vrè kretyen yo ki temwen Jewova. — Li Travay 15:14, 17.
Jezi te òganize disip li yo pou yo bay temwayaj sou Jewova e pou yo fè disip nan tout nasyon (Matye 10:7, 11; 24:14; 28:19, 20). Travay sa a rive nan nivo ki pi wo a. Se pou premye fwa Jewova ini plizyè milyon moun ki soti nan tout nasyon nan vrè adorasyon an (Revelasyon 7:9, 10). Vrè kretyen yo òganize tou yon fason pou youn ka ankouraje lòt e pou youn ka ede lòt. Nan lemonnantye, yo suiv menm pwogram enstriksyon ki baze sou Bib la nan reyinyon yo òganize. — Li Ebre 10:24, 25.
3. Ki jan Temwen Jewova yo te kòmanse nan epòk nou an?
Òganizasyon Temwen Jewova yo nan epòk nou an te kòmanse nan ane 1870 yo. Yon ti gwoup etidyan Labib te kòmanse dekouvri yon seri verite nan Bib la ki te kache depi byen lontan. Yo te konnen Jezi te òganize kongregasyon kretyen an pou yo preche. Se sa k fè yo te lanse yon kanpay entènasyonal pou yo preche mesaj Wayòm nan. An 1931, yo te vin sèvi ak non Temwen Jewova. — Li Travay 1:8; 2:1, 4; 5:42.
4. Ki jan Temwen Jewova yo òganize jodi a?
Nan premye syèk la, kongregasyon kretyen yo nan plizyè peyi te gen yon kolèj santral ki te alatèt yo tout e ki te rekonèt Jezi antanke Chèf kongregasyon an (Travay 16:4, 5). Menm jan an tou jodi a, Temwen Jewova yo rekonèt Jezi antanke Chèf yo (Matye 23:9, 10). Yo jwenn konsèy nan men yon Kolèj santral ki gen ladan l yon seri ansyen ki gen eksperyans k ap bay ankourajman ki soti nan Bib la e k ap bay direksyon pou plis pase 100 000 kongregasyon. Nan chak kongregasyon, gen yon seri mesye ki kalifye k ap sèvi antanke ansyen, oswa siveyan. Mesye sa yo ap pran swen twoupo Bondye a avèk amou. — Li 1 Pyè 5:2, 3.
Temwen Jewova yo òganize pou yo preche bon nouvèl la e pou yo fè disip. Pou yo ka ede moun tout kote, yo tradui yon seri piblikasyon pou moun etidye Labib, yo enprime yo e yo distribye yo nan plis pase 500 lang. Menm jan ak apot yo, yo preche kay an kay (Travay 20:20). Yo ofri tèt yo pèsonèlman pou yo etidye Labib ak moun ki renmen laverite ak tout kè yo. Etandone pèp Jewova a konsantre sou fè Bondye plezi ak sou ede lòt moun, yo se yon òganizasyon kote moun yo ap viv ak kè kontan. — Li Sòm 33:12; Travay 20:35.
Pou plis enfòmasyon, gade chapit 19 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.