BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/9 p. 3
  • Anpil moun inosan pèdi lavi yo!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anpil moun inosan pèdi lavi yo!
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2020
  • 2. Èske se nou ki lakòz soufrans nou yo?
    Reveye n! — 2020
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • 1. Èske se Bondye ki lakòz soufrans nou yo?
    Reveye n! — 2020
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/9 p. 3

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: POUKISA GEN TOUT SOUFRANS SA YO? KI LÈ Y AP FINI?

Anpil moun inosan pèdi lavi yo!

Noelle se yon timoun ki renmen moun e li renmen fè desen. Yon jou ann ete, ta nan aprèmidi, li t ap flannen nan lakou ki dèyè kay li a. San moun pa konnen jan sa te pase, li tonbe nan pisin ki nan lakou a, li tou nwaye. Sa te rive de semèn anvan l gen katran.

Charlotte, Daniel, Olivia, Josephine... se non kèk nan 20 timoun ki te gen anviwon 6 an oswa 7 an, pami 26 timoun ki te mouri anba bal nan yon lekòl Konektikèt, Ozetazini. Sa te pase 14 desanm 2012. Nan antèman an, prezidan Obama site non tout timoun yo e li di moun nan oditwa a ki te gen gwo lapèn: “Fòk trajedi sa yo fini.”

Bano te gen dizuit an lè l te kite Irak an 1996. Li te demenaje ak fanmi l pou y al viv nan peyi Nòvèj. Zanmi l yo te ba l ti non Sun Ray, ki vle di reyon solèy. Malerezman, nan jou ki te 22 jiyè 2011 lan, Bano te youn nan 77 moun yon teworis te touye nan yon masak. Apre l te fin fè aksyon an, li te fyè pou l di: “Mwen mande nou padon [...] paske m pa t ka touye plis moun toujou.”

Se pa ni youn ni de evènman konsa ki bay moun gwo lapèn ki rive toupatou sou tè a. Panse ak moun ki gen gwo chagren e k ap soufri akoz aksidan, krim, lagè, zak teworis, katastwòf natirèl, ak lòt trajedi ankò. Byen souvan, anpil inosan pèdi lavi yo e anpil moun ap soufri pou rezon moun pa konnen!

Gen kèk moun ki blame Bondye, yo di Kreyatè nou an pa gen sousi pou nou. Gen lòt moun ki di Bondye wè soufrans nou yo men li jis chwazi pou l pa fè anyen. Lè trajedi konsa rive, gen lòt moun ki di se desten, sa vle di pou yo menm, se konsa Bondye te pwograme bagay yo pou yo fèt. Sanble, moun pap janm fin bay opinyon yo sou sijè sa a. Ki kote nou ka jwenn repons nou ka fè konfyans e ki ka satisfè nou? Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine Pawòl Bondye a, Labib, pou nou ka konnen sa k lakòz moun ap soufri e ki jan soufrans pral fini.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje