EZAYI
1 Men vizyon Ezayi*+, pitit gason Amòz, te fè pou Jida ak Jerizalèm nan epòk Ozyas+, Jotam+, Ahaz+ ak Ezekyas+, wa Jida yo+:
2 Ou menm syèl, tande! Ou menm tè, koute byen+,
Paske Jewova ap pale. Men sa l di:
“Yon seri pitit mwen te leve e mwen te bay fòmasyon+
Vin leve kont mwen+.
3 Yon towo bèf konn moun ki achte l la byen,
Yon bourik konn kote mèt li konn ba l manje.
Pèp pa m nan pa montre l gen bon konprann.”
4 Malè pou nasyon k ap fè peche a+,
Pèp ki chaje ak peche a!
Yo se yon kolonn moun mechan, yon bann pitit devègonde.
Yo kite Jewova+.
Yo montre yo pa gen respè pou Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an.
Yo vire do ba li.
5 Ki kote ankò pou yo frape nou pou rebelyon nou kontinye fè yo+?
Nou malad nan tout tèt nou,
Epi, nou malad nan tout kè nou+.
6 Soti anba pla pye rive nan tèt, nou pa gen yon kote ki pa malad.
Blese yo, mak kou yo ak maleng yo tou fre.
Yo pa t ni netwaye yo, ni bande yo, e yo pa t pase luil sou yo+.
7 Peyi nou an vid.
Yo met dife nan vil nou yo.
Moun ki sot nan lòt peyi fin manje tout sa k nan peyi a devan je nou+.
Li tankou yon peyi moun lòt nasyon fin kraze ki pa gen anyen ladan l+.
8 Yo kite vil Siyon tankou yon abri* nan mitan yon jaden rezen,
Tankou yon joupa nan yon jaden konkonm,
Tankou yon vil yo ansèkle+.
9 Si Jewova, Chèf lame yo, pa t kite kèk nan nou vivan,
Nou t ap vin tankou vil Sodòm
E nou t ap sanble ak vil Gomò+.
10 Tande pawòl Jewova, nou menm diktatè* nan vil Sodòm yo+.
Byen koute pawòl ki nan lalwa* Bondye nou an, nou menm moun Gomò+.
11 Men sa Jewova di: “Ki sa tout pil sakrifis nou yo itil mwen+?
Mwen bouke ak mal mouton nou boule nèt kòm sakrifis yo+ ansanm ak grès bèt ki byen gra yo+,
E mwen pa pran okenn plezi nan san+ jenn towo bèf yo+, ti mouton yo ak kabrit yo+.
13 Sispann pote manje angren ki pa gen okenn valè kòm ofrann.
Lansan nou an ban m degoutans+.
Nou obsève fèt nouvèl lin+, saba+ e nou fè gwo rasanbleman+,
Mwen bouke wè maji+ n ap fè nan gwo rasanbleman nou yo.
14 Mwen* rayi fèt nouvèl lin nou yo ak lòt fèt nou yo.
Yo tounen yon pwa lou pou mwen,
Mwen bouke, mwen pa ka pote yo ankò.
15 Epi, lè n ouvè men nou,
Mwen bare je m pou m pa wè nou+.
Malgre n ap fè anpil priyè+,
Mwen pap koute nou+.
Men nou chaje ak san+.
16 Se pou nou benyen, se pou n pirifye tèt nou+!
Retire move aksyon nou yo devan je m.
Sispann fè sa ki mal+.
17 Aprann fè sa ki byen, chèche fè sa ki dwat+.
Korije moun k ap fè moun abi yo.
Defann dwa timoun ki pa gen papa yo*.
Plede kòz vèv yo+.”
18 Epi, Jewova di: “Kounye a, vini, annou ranje bagay yo+.
Menmsi peche nou yo tankou twal wouj,
Y ap vin blan kou nèj+,
Menmsi yo tankou yon twal wouj fonse,
Y ap vin blan kou lenn mouton.
19 Si nou dispoze koute,
N ap manje bon bagay ki gen nan peyi a+.
20 Men, si nou refize koute e n ap fè rebèl,
Y ap devore nou ak kout epe+.
Paske, se Jewova ki di sa ak bouch li.”
21 Gade ki jan vil+ ki te fidèl la vin tounen yon pwostitye+!
Te gen jistis toupatou nan vil la+.
Se moun k ap fè sa ki jis ki te konn abite ladan l+,
Men kounye a, se asasen ki gen ladan l+.
23 Chèf nou yo gen tèt di e se ak vòlè yo fè zanmi+.
Yo tout renmen kado anba anba e y ap kouri dèyè kado+.
Yo pa fè timoun ki pa gen papa yo* jwenn jistis,
E yo pa janm kite pwosè vèv yo rive devan yo+.
24 Se sa k fè, men sa vrè Seyè a, Jewova, Chèf lame yo,
Bondye ki pisan an, Bondye Izrayèl la, di:
“Sa twòp atò! M ap retire advèsè m yo sou mwen,
E m ap tire revanj sou ènmi yo+.
25 M ap frape nou ak men m,
M ap pwòpte* nou pou m retire tout salte ki nan nou
E m ap retire tout sa ki pa pwòp nan nou+.
26 M ap ban nou jij ankò, menm jan sa te ye anvan,
E m ap fè nou vin gen moun k ap ban nou konsèy, menm jan sa te ye lontan+.
Apre sa, y ap rele nou Vil Jistis, Vil Fidèl+.
27 Vil Siyon ap sove paske Bondye fè sa ki jis+,
E pèp Bondye a ki retounen an ap sove paske Bondye fè sa ki dwat.
28 Y ap kraze moun ki rebèl yo ak moun k ap viv nan peche yo ansanm+,
E moun ki kite Jewova yo ap peri+.
29 Paske, tout moun ki te renmen gwo pyebwa nou te renmen yo ap wont+,
30 Paske, n ap vin tankou yon gwo pyebwa fèy li fennen+,
Tankou yon jaden ki pa gen dlo.
31 Moun ki gen fòs la ap vin tankou yon fil*,
E travay li fè ap tankou ti dife k ap vole.
Yo toule de ap pran dife ansanm,
E pèsonn pap etenn yo.”
2 Men sa Ezayi, pitit gason Amòz la, te wè nan yon vizyon li te fè pou Jida ak Jerizalèm+:
2 Nan dènye jou yo,
Mòn kote kay Jewova a ye a
Ap tabli byen djanm, e l ap vin pi wo pase lòt mòn yo+.
L ap vin pi wo pase ti mòn yo,
E tout nasyon yo ap vin an foul sou li+.
3 Epi, moun nan anpil pèp va ale e yo va di:
“Vini, annou monte sou mòn Jewova a,
Ann al kay Bondye Jakòb la+.
L ap fè nou konnen wout li yo,
E n ap mache nan chemen l yo+.”
Paske, lalwa* ap soti Siyon,
E pawòl Jewova a ap soti Jerizalèm+.
4 Bondye ap aji antanke jij nan mitan nasyon yo
E l ap met lòd* nan mitan anpil pèp.
Y ap bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè
E y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt+.
Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò,
E yo pap aprann fè lagè ankò+.
5 Nou menm, desandan Jakòb, vini!
Annou mache nan limyè Jewova a+.
6 Bondye, ou abandone pèp ou a, desandan Jakòb yo+,
Poutèt yo te vin chaje ak bagay ki soti nan Lès.
Yo fè maji+ menm jan ak moun Filisti yo
E yo chaje ak pitit moun lòt nasyon lakay yo.
7 Peyi yo a plen ajan ak lò,
E pa gen kote ankò pou yo met tout trezò yo genyen yo.
Peyi yo a chaje ak cheval,
E pa gen kote ankò pou yo met charyo yo genyen yo+.
8 Peyi yo a chaje ak dye ki san valè+.
Yo pwostène devan travay yo fè ak men yo,
Devan sa yo reyalize ak dwèt yo.
9 Se konsa, lòm desann ba, li vin pa vo anyen,
E ou pa ka padone yo menm.
10 Se pou yo antre nan twou wòch e se pou yo kache anba tè
Paske yo pè Jewova
E paske li gen yon glwa ki estrawòdinè+.
11 L ap fè moun ki gen ògèy yo bese je yo,
E moun ki awogan yo ap bese tèt yo.
Se sèl Jewova k ap jwenn glwa jou sa a.
12 Paske jou sa a se pou Jewova, Chèf lame yo+.
Jou sa a ap vini sou tout moun ki gen ògèy e ki awogan,
Sou tout moun, kit se zotobre, kit se malere+,
13 Sou tout gwo pye sèd byen wo ki nan Liban yo
E sou tout pye bwadchèn ki nan Bazan yo,
14 Sou tout tèt mòn ki byen wo yo
E sou tout tèt ti mòn ki wo yo,
15 Sou tout fòtrès ki byen wo e sou tout miray ki byen solid,
16 Sou tout bato Tasis yo+
E sou tout bèl bato yo.
17 L ap desann moun ki gen ògèy yo byen ba,
E moun ki awogan yo ap bese tèt yo.
Se sèl Jewova k ap jwenn glwa jou sa a.
18 Pakèt dye ki san valè yo pral disparèt+.
19 Moun yo ap antre nan twou wòch
Ak nan twou anba tè+
Paske y ap pè Jewova
E paske l ap gen yon glwa ki estrawòdinè+
Lè l ap leve kanpe pou l fè moun sou tè a tranble ak laperèz.
20 Jou sa a, moun ap pran dye ann ajan ak dye annò ki san valè yo genyen yo,
Yon seri dye yo te fè pou yo pwostène devan yo,
Y ap voye yo jete bay sourit ak chovsouri+,
21 Pou yo ka antre nan twou wòch
Ak nan fant mas wòch yo,
Paske y ap pè Jewova
E paske l ap gen yon glwa ki estrawòdinè
Lè l ap leve kanpe pou l fè moun sou tè a tranble ak laperèz.
22 Sispann met konfyans nou nan lòm, e sa ap bon pou nou.
Li fèb menm jan ak souf k ap sot nan twou nen l*.
Ki sa l ka fè pou nou?
3 Paske, gade! vrè Seyè a, Jewova, Chèf lame yo,
Ap retire tout kalite èd ak tout kalite pwovizyon Jerizalèm ak Jida genyen,
Tout manje ak tout dlo+,
2 Ansanm ak gason vanyan yo ak mesye ki konn fè lagè yo,
Jij yo ak pwofèt yo+, divinò yo ak ansyen yo,
3 Chèf 50 moun yo+, mesye ki nan gwo pozisyon yo ak konseye yo,
Gwo majisyen yo ak moun ki maton nan chame sèpan yo+.
4 Se timoun m ap fè vin chèf sou yo,
E se moun ki pa konn sa yo vle* k ap dirije yo.
5 Nan pèp la, youn ap fè lòt abi,
Yo chak ap fè youn lòt abi+,
Timoun ap derespekte granmoun,
E moun yo pa bay valè ap manke moun lòt moun respekte dega+.
6 Chak moun ap met men sou frè yo lakay papa yo e y ap di yo:
“Ou gen yon rad, se ou ki pou kòmande nou.
Se pou w responsab pil dekonm sa a.”
7 Men, jou sa a, li pap dakò e l ap di:
“Mwen pap panse blese nou yo*.
Mwen pa gen ni manje ni rad lakay mwen.
Pa mete m kòmande pèp la.”
8 Paske, Jerizalèm kilbite,
E Jida tonbe,
Paske yo kont Jewova nan pawòl yo ak nan aksyon yo.
9 Figi yo trayi yo,
Epi yo plede di peche yo fè, menm jan ak moun Sodòm yo+.
Yo pa chèche kache yo.
Malè pou yo*, paske y ap rale kalamite sou tèt yo!
10 Fè moun ki dwat yo konnen bagay yo pral mache byen pou yo.
11 Malè pou mechan yo!
Kalamite pral tonbe sou yo,
Paske menm sa yo te fè lòt moun ak men yo, se sa yo pral fè yo tou.
12 Moun k ap fè pèp mwen an travay yo se maltrete y ap maltrete l,
E se fi k ap dirije l.
Pèp mwen an, moun k ap dirije w yo fè w pèdi wout ou.
Yo fè w pa konn ki wout pou w fè+.
13 Jewova kanpe pou l fè konnen sa yo fè,
E li kanpe pou l bay pèp yo santans yo.
14 Jewova ap jije ansyen yo ak moun ki chèf pami pèp li a, l ap di yo:
“Nou boule jaden rezen an,
E sa nou vòlè nan men pòv malere yo lakay nou+.
15 Kiyès ki ban nou dwa kraze pèp mwen an?
Epi, kiyès ki ban nou dwa fè moun ki malere yo bann abi n ap fè yo a+?” Se sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di.
16 Jewova di: “Piske medam ki nan Siyon yo awogan,
Y ap mache tèt* anlè,
Y ap fè je dou, y ap mache sou pòz yo
E yo fè bijou nan pye yo fè kleng kleng,
17 Jewova pral fè tèt medam Siyon yo fè gal
E Jewova pral fè fontenn tèt yo kale+.
18 Jou sa a, Jewova ap fè yo pa bèl ankò, l ap retire goumèt yo konn met nan pye yo,
Bando yo ak bijou ki gen fòm lalin yo+,
19 Zanno* yo, braslè yo ak vwal yo,
20 Mouchwa yo konn mare tèt yo, chèn yo konn met nan pye yo ak senti yo konn met nan ren yo*,
Veso yo konn met pafen yo ak meday yo,
21 Bag yo ak zanno yo konn met nan nen yo,
22 Wòb long yo konn met nan okazyon espesyal yo, manto yo ak bous yo,
Gwo mouchwa yo konn vlope tèt yo ak gwo vwal yo.
24 Nan plas luil ki santi bon+, y ap gen sant yon bagay ki pouri.
Nan plas senti pou mare nan ren yo, y ap gen kòd.
Olye yo gen bèl kwafi, tèt yo ap chòv+.
Olye yo gen rad moun rich, y ap gen rad sak+,
E olye yo bèl, y ap gen mak* sou kò yo.
25 Y ap touye mesye w yo ak kout epe,
E gason vanyan w yo ap mouri nan lagè+.
4 Jou sa a, sèt medam pral met men sou yon sèl gason+, y ap di l:
“N ap manje manje nou genyen
E n ap mete pwòp rad nou.
Sèl sa n ap mande w, kite nou pot non w
2 Jou sa a, plant Jewova fè pouse yo ap bèl anpil, y ap ba yo anpil valè, e sa peyi a bay yo ap fè moun ki ret vivan ann Izrayèl yo fyè, e se ap yon bèl bagay pou yo+. 3 Y ap deklare tout moun ki rete nan Siyon yo ak tout moun yo kite nan Jerizalèm yo sen, tout moun yo anrejistre non yo nan Jerizalèm kòm moun k ap jwenn lavi+.
4 Lè Jewova lave salte* moun Siyon yo e li netwaye san ki koule nan Jerizalèm yo+, l ap montre jan l fache kont* Jerizalèm e l ap jije l+. 5 Epi, Jewova ap fè yon nyaj ak yon lafimen parèt lajounen e l ap fè yon gwo dife parèt aswè tout kote nan Mòn Siyon e tout kote yo konn fè gwo rasanbleman yo+, paske ap gen yon tant ki kouvri tout peyi a, yon peyi ki bèl. 6 Pral gen yon tonèl pou bay lonbray lè gen chalè lajounen+ e pou moun jwenn refij ak pwoteksyon lè gen gwo van ak lapli+.
5 Tanpri, kite m chante pou moun mwen renmen an,
Yon chante ki pale de moun mwen renmen an ansanm ak jaden rezen l lan+.
Moun mwen renmen an gen yon jaden rezen nan ren yon ti mòn ki bay anpil rannman.
2 Li vire tè a e li retire wòch ladan l.
Li plante yon bon kalite rezen wouj ladan l,
Li fè yon gerit nan mitan l
E li fouye yon basen pou l kraze rezen+.
Apre sa, li gen espwa jaden an ap donnen bon rezen,
Men, se move kalite rezen sèlman li bay+.
3 Se sa k fè li di: “Kounye a, nou menm moun ki rete Jerizalèm e nou menm mesye Jida yo,
Tanpri, fè yon jijman ant mwen menm ak jaden rezen m nan+.
4 Ki sa ankò mwen te ka fè
Pou jaden rezen m nan mwen pa t fè+?
Poukisa lè m te gen espwa m ap jwenn bon kalite rezen
Se move kalite rezen sèlman li te fè?
5 Kounye a, tanpri, kite m di nou
Sa m pral fè nan jaden rezen m nan:
M ap retire lantouray li a,
E y ap boule l nèt+.
M ap kraze miray an wòch li a,
Epi, moun ap mache sou li.
6 M ap fè l tounen yon savann ki fin depafini+.
Yo pap netwaye l e yo pap sekle l.
L ap vin chaje ak pikan ak move zèb+,
E m ap bay nyaj yo lòd pou yo pa fè lapli tonbe sou li+.
7 Paske, jaden rezen Jewova, Chèf lame yo, se pèp Izrayèl la+.
Moun Jida yo se plantasyon* li renmen an.
Li t ap tann jistis+,
Men, gade! Se enjistis ki genyen.
Li t ap tann sa ki dwat,
Men, gade! Se rèl moun yo ap fè pou mande sekou+.”
8 Malè pou moun ki gen kay sou kay+
E pou moun ki gen tè sou tè+
Jiskaske pa gen kote ankò
E jiskaske yo ret ap viv poukont yo nan peyi a!
9 Jewova, Chèf lame yo, fè sèman nan zòrèy mwen,
Li fè konnen gen anpil kay, byenke yo gwo e yo bèl,
K ap vin nan yon eta k ap fè moun sezi,
E yo pap gen pèsonn ladan yo+.
11 Malè pou moun ki leve granmmaten pou yo bwè bwason ki gen alkòl+
E ki kontinye bwè diven rive byen ta nan aswè jiskaske yo sou!
12 Yo gen hap* ak enstriman mizik ki gen kòd,
Yo gen tanbouren ak flit, e gen diven nan fèt y ap fè yo.
Men, yo pa reflechi sou travay Jewova,
E yo pa wè travay li fè ak men l.
13 Se sa k fè pèp mwen an pral ann egzil,
Paske yo pa konnen m+.
Gwo potanta yo pral grangou+,
E tout moun pa yo ap depafini tèlman y ap swaf.
14 Se sa k fè Tonm nan* ouvè kò l* byen laj,
E li ouvri bouch li byen laj, san limit+.
Moun enpòtan nan peyi a, foul moun li genyen k ap fè bri yo ak moun k ap banboche yo
Ap desann ladan l san mank.
15 Epi, moun ap vin ba,
Y ap rabese moun,
E y ap fè moun ki awogan yo bese je yo.
16 Jewova, Chèf lame yo, ap jwenn anpil glwa pou jijman* li fè a.
Vrè Dye a, Bondye ki sen an+, ap montre jan li sen paske li fè sa ki dwat+.
17 E ti mouton yo ap manje zèb kòmsi yo te nan patiraj yo.
Epi, etranje yo ap manje nan zòn ki fin depafini yo, kote bèt byen gra yo te rete yon lè.
18 Malè pou moun k ap bay manti yo! Sa fè yo trennen sa ki mal ak peche dèyè yo
Tankou bèt k ap rale charyo ki mare ak kòd.
19 Moun k ap di: “Se pou l travay pi vit!
Se pou travay la fèt vit pou nou ka wè l!
Se pou objektif* Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, reyalize
Pou nou ka konn objektif li+!”
20 Malè pou moun ki di sa k bon an pa bon e ki di sa k pa bon an bon+,
Pou moun ki met fènwa nan plas limyè e ki met limyè nan plas fènwa,
Pou moun ki met sa ki anmè nan plas sa ki dous e ki met sa ki dous nan plas sa ki anmè!
21 Malè pou moun ki pran tèt yo pou moun ki gen sajès
E ki panse yo entèlijan+!
22 Malè pou moun ki lage kò yo nan bwè diven,
Pou moun ki fò nan prepare bwason ki gen alkòl+,
23 Pou moun ki di mechan an pa koupab paske mechan an ba yo kado anba anba+,
E ki refize fè moun ki dwat la jwenn jistis+!
24 Konsa, menm jan yon ti dife boule pay ki atè
E zèb sèch yo boule nan dife,
Rasin yo ap pouri
E boujon yo ap gaye tankou poud,
Paske yo meprize lwa* Jewova, Chèf lame yo,
E yo pa gen respè pou pawòl Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.
25 Se sa k fè, Jewova ap fache anpil kont pèp li a,
E l ap lonje men l pran yo pou l pini yo+.
Mòn yo ap tranble,
E kadav moun yo ap tankou fatra nan lari+.
Akoz tout bagay sa yo, kòlè l pa bese,
E men l ret lonje pou l pini yo.
26 Li met yon siy* kanpe pou yon nasyon ki byen lwen+.
Li soufle pou l rele moun k ap viv nan dènye bout tè a+.
Epi, gade! Y ap vini byen vit+.
27 Pa gen youn ladan yo ki bouke oswa ki kilbite.
Pa gen youn k ap kabicha oswa k ap dòmi.
Senti yo pa demare nan ren yo,
E lasèt sandal yo pa kase.
29 Moun sa yo gwonde tankou lyon.
Y ap gwonde e y ap pran sa yo vle a,
Y ap pote l ale san pèsonn pa retire l nan men yo.
30 Jou sa a, y ap gwonde sou yo
Kòmsi se lanmè a k ap gwonde+.
Nenpòt moun ki voye je gade peyi a ap wè yon fènwa ki bay laperèz.
Menm syèl la vin tou nwa akoz nyaj yo ki bare limyè solèy la+.
6 Nan ane wa Ozyas te mouri a+, mwen te wè Jewova ki chita sou yon gwo twòn byen wo+, e ke wòb long ki te sou li a te plen tanp lan. 2 Te gen serafen* ki te kanpe toutotou l. Yo chak te gen sis zèl. Yo chak te kouvri figi yo ak de zèl, yo te kouvri pye yo ak de zèl e yo t ap vole ak de zèl.
4 Bri yo t ap fè a* te fè chanbrann pòt yo tranble, epi kay la te plen lafimen+.
5 Apre sa, mwen di: “Malè pou mwen!
Mwen deja mouri*,
Paske se yon moun mwen ye, pawòl ki sot nan bouch mwen pa pwòp,
Epi, pawòl ki sot nan bouch pèp m ap viv nan mitan l lan pa pwòp+.
Paske mwen wè Wa a menm, Jewova, Chèf lame yo, ak je m!”
6 Menm kote a, youn nan serafen yo vole vin kote m, e nan men l+, li te gen yon chabon dife tou limen li te pran ak yon pensèt sou lotèl la+. 7 Li touche bouch mwen avè l e li di:
“Gade! Mwen touche bouch ou ak sa a.
Ou pa koupab ankò,
E Bondye padone peche w.”
8 Apre sa, mwen tande vwa Jewova ki di: “Kiyès m ap voye, e kiyès ki prale pou nou+?” Lè sa a, mwen reponn: “Men mwen! Voye m+!”
9 Epi, li di m: “Ale, epi di pèp sa a:
‘N ap tande, e n ap tande ankò,
Men, nou pap konprann anyen.
N ap wè, e n ap wè ankò,
Men, nou pap konn anyen+.’
10 Se pou w fè kè pèp sa a vin di+,
Se pou w bouche zòrèy yo+
E se pou w fèmen je yo
Pou yo ka pa wè ak je yo
E pou yo ka pa tande ak zòrèy yo,
Yon fason pou yo pa konprann anyen,
Pou yo pa kase tèt tounen pou yo jwenn gerizon.”
11 Menm kote a, mwen di: “Konbyen tan sa ap dire, o Jewova?” Lè sa a, li di:
“Jiskaske vil yo kraze tounen dekonm san okenn moun ladan yo,
Jiskaske kay yo pa gen moun ladan yo
E jiskaske peyi a fin depafini e pa ret anyen ladan l+,
12 Jiskaske Jewova voye moun yo ale byen lwen+,
E jiskaske pifò kote nan peyi a vin tounen yon dezè.
13 “Men, sou chak dis moun ap ret youn, e y ap boule peyi a ankò, tankou yon gwo pyebwa e tankou yon pyebwa ki chaje branch, yon seri pyebwa apre yo fin koupe yo, yo kite yon chouk, e gen yon boujon* ki sakre k ap pouse nan chouk sa a.”
7 Twouve, nan epòk Ahaz+, pitit gason Jotam, pitit gason Ozyas, wa peyi Jida, Rezin, wa peyi Siri, ansanm ak Peka+, wa peyi Izrayèl, pitit gason Remalya a, te monte vin fè lagè ak moun Jerizalèm yo, men yo* pa t ka pran peyi a+. 2 Gen moun ki te vin bay moun lakay David yo yon nouvèl, yo te di yo: “Siri met ansanm ak lame Efrayim nan*.”
Epi, kè wa Ahaz ak kè pèp la t ap bat, yo te pran tranble kou fèy bwa van ap souke nan yon forè.
3 Apre sa, Jewova di Ezayi: “Tanpri, soti al rankontre Ahaz, ou menm ansanm ak Cheyajachoub*+, pitit gason w lan, nan dènye bout kanal ki sot nan basen ki anwo a+, bò wout ki mennen nan teren mesye ki konn fè lesiv la. 4 Men sa pou w di l: ‘Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm. Ou pa bezwen pè, e pinga w pèdi fòs poutèt de chouk bwa sa yo k ap boule, akoz Rezin, wa peyi Siri a, ak pitit gason Remalya a an kòlè anpil+. 5 Paske, Siri ak Efrayim fè konplo ak pitit gason Remalya a pou yo fè w mal. Yo di: 6 “Ann monte al fè lagè ak Jida, ann al dechire l* e ann al mache pran l*. Annou met pitit gason Tabeyèl la wa sou li+.”
7 “‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:
“Sa pap mache
E sa pap fèt.
8 Paske tèt Siri se Damas,
E tèt Damas se Rezin.
Nan 65 an sèlman,
Efrayim ap kraze nèt e li pap yon pèp ankò+.
9 Tèt Efrayim se Samari+,
E tèt Samari se pitit gason Remalya a+.
Si w pa gen yon lafwa ki djanm,
Ou pap an sekirite.”’”
10 Jewova kontinye pale ak Ahaz, li di l: 11 “Mande m, mwen menm, Jewova, Bondye w la+, pou m ba w yon siy, yon siy ki fon tankou Tonm nan* oswa ki wo tankou syèl la.” 12 Men, Ahaz di: “Mwen pap mande anyen, e mwen pap pase Jewova anba eprèv.”
13 Lè sa a, Ezayi di: “Tanpri, koute, nou menm moun lakay David. Èske sa pa ase pou n ap fè moun pèdi pasyans? Èske nou dèyè fè Bondye pèdi pasyans tou+? 14 Se sa k fè, men yon siy Jewova menm ap ba ou: Gade! Jèn fi a ap vin ansent, l ap fè yon pitit gason+ e l ap rele l Emànyèl*+. 15 Distans pou tigason an konn jan pou l evite sa ki mal e pou l chwazi sa ki byen, l ap manje bè e l ap bwè siwo myèl. 16 Paske anvan l konn ki jan pou l evite sa ki mal e pou l chwazi sa ki byen, peyi toule de wa sa yo ou pè anpil yo pap gen yon moun ladan yo+. 17 Jewova ap fè ou menm ak pèp ou a ansanm ak moun lakay papa w yo viv yon tan nou pa t janm viv depi lè Efrayim te separe ak Jida+, paske l ap voye wa Asiri a vin atake nou+.
18 “Jou sa a, Jewova pral soufle pou l rele mouch k ap soti byen lwen nan tout branch Rivyè Nil la nan peyi Ejip e l ap rele myèl ki nan peyi Asiri yo. 19 Yo tout ap vini, y ap poze nan vale yo, nan fant wòch yo, sou tout ti touf pikan ak tout kote ki byen wouze yo.
20 “Jou sa a, Jewova ap sèvi ak razwa Ahaz te lwe nan zòn Rivyè a*, l ap sèvi ak wa Asiri a+ pou l kale tèt peyi Jida, pou l retire plim nan pye l, e razwa a ap fè bab li tou.
21 “Jou sa a, yon moun ap sove yon jenn manman bèf ak de mouton nan twoupo bèt li yo. 22 E piske ap gen anpil lèt, l ap manje bè, paske tout moun ki rete nan peyi a se bè ak siwo myèl sèlman y ap gen kòm manje.
23 “Jou sa a, kote ki te konn gen 1 000 pye rezen ki te koute 1 000 pyès ann ajan, se pikan ak move zèb sèlman k ap genyen. 24 Mesye yo prale nan peyi sa a avèk banza*, avèk flèch, paske tout peyi a ap vin chaje pikan ak move zèb. 25 Epi, ou pa pral pre okenn mòn yo te konn netwaye ak wou, paske w ap pè pikan ak move zèb yo, y ap tounen yon kote pou yo mennen towo bèf al manje ak yon kote pou yo lage mouton.”
8 Jewova di m: “Pran yon gwo moso planch+, ekri ‘Mayèchalalachbaz*’ byen klè sou li ak yon plim*. 2 Epi, se pou Ouri+, prèt la, ak Zakari, pitit gason Jeberekya a, yon seri temwen ki fidèl, ekri* sa pou mwen kòm prèv.”
3 Apre sa, mwen te antre nan relasyon ak* dam* ki pwofèt la, li te vin ansent, e li te fè yon pitit gason+. Epi, Jewova di m: “Rele l Mayèchalalachbaz, 4 paske anvan tigason an konn di ‘papa’ ak ‘manman’, y ap pote tout sa ki nan Damas ak sa moun pran nan Samari yo ale devan je wa Asiri a+.”
5 Jewova pale avè m ankò, li di:
6 “Piske pèp sa a meprize dlo Siloye* a k ap koule byen dousman+,
E yo kontan ak Rezin ak pitit gason Remalya a+,
7 Ebyen, gade! Jewova ap voye
Wa Asiri a+, yon wa ki pisan anpil,
Vin batay ak yo.
L ap vin byen vit avèk gwo lame l la,
Tankou lè gwo dlo Rivyè a* debòde
8 E li kouvri tout peyi Jida.
L ap anvayi l e l ap pase tout kote, l ap rive ra kou+.
Zèl li ap blayi sou tout lajè peyi w la,
9 Nou menm pèp, nou mèt fè moun mal, men y ap kraze nou fè miyèt moso.
Koute, nou tout ki sot nan zòn ki byen lwen sou tè a!
Nou mèt prepare nou pou lagè*, men y ap kraze nou fè miyèt moso+!
Nou mèt prepare nou pou lagè, men y ap kraze nou fè miyèt moso!
10 Nou mèt fè plan, men y ap kraze l.
Nou mèt di sa nou vle, men sa pap mache,
11 Pandan Jewova te met men l ki pisan sou mwen, men sa l te di m pou l avèti m pou m pa suiv chemen pèp sa a:
12 “Sa pèp sa a rele konplo, ou menm, pinga w rele l konplo.
Ou pa dwe pè sa yo pè.
Pinga sa fè w tranble.
13 Ou dwe sonje se Jewova, Chèf lame yo, sèlman ki sen+.
Se pou li sèlman ou dwe gen lakrentif,
E se li menm sèl ki dwe fè w tranble+.”
14 L ap vin tankou yon kote ki sakre,
Men, l ap vin tankou yon wòch moun ka frape ladan l
E tankou yon mas wòch pou fè moun bite+
Pou moun nan toule de kay ann Izrayèl yo,
Tankou yon pèlen e tankou yon pyèj
Pou moun ki rete Jerizalèm yo.
15 Anpil ladan yo ap bite, y ap tonbe e y ap blese grav.
Y ap pran yo nan pyèj e y ap kenbe yo.
17 M ap ret tann* Jewova+ ki kache figi l pou desandan Jakòb yo+, e m ap met espwa m nan li.
18 Gade! Mwen menm ansanm ak pitit Jewova ban mwen yo+, nou tankou yon seri mèvèy+ ak mirak Jewova, Chèf lame yo, ki ret sou Mòn Siyon, bay ann Izrayèl.
19 Si yo di w: “Mande moun ki konn chèche pale ak mò yo oswa divinò yo k ap chwichwichwichwi e k ap pale tou ba yo”, èske se pa ak Bondye pa l yon pèp dwe pale? Èske li dwe pale ak mò pou ede moun ki vivan+? 20 Olye l fè sa, li dwe fouye nan lwa a ak nan dokiman ki ekri kòm prèv la*.
Lè sa moun yo di yo pa ann amoni ak pawòl sa a, yo pa gen limyè*+. 21 Chak moun ap pase nan peyi a tou tris, tou grangou+. Piske yo grangou e yo fache, y ap gad anlè, epi y ap pale wa yo a ak Bondye yo a mal. 22 Apre sa, y ap gade atè, e sèl bagay y ap wè se malè ak fènwa, gwo fènwa ak tan difisil, fènwa pwès san pa gen okenn limyè.
9 Men, fènwa a pap menm ak fènwa ki te gen nan peyi a lè peyi a te nan lapenn, menm jan sa te ye nan tan lontan lè yo pa t pran tèritwa Zabilon an ak tèritwa Neftali a pou anyen+. Men annapre, Bondye ap fè yo bay wout ki bò lanmè a valè, sa vle di wout ki nan zòn Jouden an, nan Galile kote moun lòt nasyon yo rete a.
2 Moun ki t ap mache nan fènwa yo
Wè yon gwo limyè.
Kanta pou moun k ap viv nan tèritwa ki gen fènwa pwès la,
Limyè klere yo+.
3 Ou fè nasyon an vin gen anpil moun.
Ou fè kè moun yo vin kontan anpil.
Yo kontan devan w,
Menm jan ak moun ki kontan lè y ap fè rekòt,
Menm jan ak moun ki kontan separe sa yo pran.
4 Paske w kase jouk yo t ap pote chay yo a, ou fè l fè plizyè moso,
E w kase baton ki te sou zepòl yo a, baton moun ki t ap fòse yo travay la,
Tankou lè Madyan te pèdi lagè a+.
5 Tout bòt moun k ap pile tè a lè y ap mache
Ak tout rad ki benyen ak san
Ap vin tounen bwa pou limen dife.
6 Paske, gen yon timoun ki vin fèt pou nou+.
Yo ban nou yon pitit gason.
Y ap rele l gran Konseye+, Dye pisan+, Papa ki la pou toutan, Prens lapè.
7 Gouvènman l lan ap kontinye gen plis pouvwa
E lapè ap kontinye blayi nètale+
Sou twòn David la+ e sou wayòm li an,
Pou wayòm nan ka byen tabli+ e pou l ret djanm
Grasa sa ki jis+ ak sa ki dwat+,
Depi kounye a e pou toutan.
Jewova, Chèf lame yo, byen deside fè sa.
8 Jewova bay yon mesaj kont Jakòb,
Yon mesaj kont Izrayèl+.
9 Epi, tout pèp la ap vin konn mesaj sa a,
Anpalan de moun Efrayim yo ak moun ki rete Samari yo.
Piske moun sa yo gen ògèy e yo awogan, y ap di:
10 “Se kay brik ki te kraze,
Men, se kay ki fèt ak wòch ki byen taye n ap bati+.
Se pye sikomò yo te koupe,
Ebyen, se pyebwa sèd n ap met nan plas yo.”
11 Jewova ap fè advèsè Rezin yo leve kont Efrayim
E l ap fè ènmi l yo aji.
12 L ap fè Siri leve nan lès e l ap fè moun peyi Filisti yo leve nan lwès*+.
Y ap ouvè bouch yo pou yo devore Izrayèl+.
Akoz tout bagay sa yo, kòlè l pa bese,
E men l ret lonje pou l pini yo+.
13 Paske pèp la pa retounen vin jwenn Sila a ki frape yo a.
Yo pa chèche Jewova, Chèf lame yo+.
15 Tèt la se granmoun gason yo respekte anpil yo,
E ke a se pwofèt k ap bay fo ansèyman yo+.
16 Moun k ap dirije pèp sa a fè l pèdi wout li,
E moun y ap dirije yo pa konn sa pou yo fè.
17 Se sa k fè, Jewova pap kontan ak jèn moun yo ki nan pèp sa a,
Li pap gen pitye pou timoun ki pa gen papa* ak fi ki pèdi mari yo ki nan pèp sa a,
Paske yo tout vire do bay Bondye, yo se moun k ap fè sa ki mal+,
E yo tout ap pale pawòl ki pa gen sans.
Akoz tout bagay sa yo, kòlè l pa bese,
E men l ret lonje pou l pini yo+.
18 Paske, move aksyon tankou dife ki tou limen
K ap boule pikan ak move zèb.
Y ap boule zòn ki chaje pyebwa nan forè a,
E sa ap fè gwo lafimen monte.
19 Akoz kòlè Jewova, Chèf lame yo,
Yo met dife nan peyi a,
E kò moun yo ap vin menm jan ak bwa pou fè dife a ret limen.
Pèsonn pap ka sove menm frè l.
20 Yon moun ap koupe vyann sou bò dwat,
Men, l ap toujou grangou.
E yon moun ap manje vyann sou bò goch,
Men, vant li pap plen.
Chak moun ap manje vyann ponyèt yo.
21 Manase ap devore Efrayim,
Efrayim ap devore Manase.
Yo toule de pral leve ansanm kont Jida+.
Akoz tout bagay sa yo, kòlè l* pa bese,
E men l ret lonje pou l pini yo+.
10 Malè pou moun k ap fè lwa pou bay lòt moun pwoblèm+,
Ki toujou ap fè dekrè pou fè moun abi,
2 Pou yo pa tande malere k ap defann dwa yo,
Pou yo anpeche piti yo ki nan pèp mwen an jwenn jistis+.
Yo piye byen fi ki pèdi mari yo
3 Ki sa nou pral fè jou yo pral regle avèk* nou an+,
Lè y ap sot byen lwen pou yo vin detwi nou+?
Kot kiyès n ap kouri al chèche èd+,
E ki kote n ap kite richès* nou yo?
4 Pa gen anyen k ap rete, sof moun ki pou akoupi pami prizonye yo
Oswa moun ki dwe tonbe pami moun yo touye yo.
Akoz tout bagay sa yo, kòlè l* pa bese,
E men l ret lonje pou l pini yo+.
5 Men sa l di: “Gade! Men moun Asiri a+!
Li se baton m ap itilize pou m montre kòlè m+,
E m ap itilize baton ki nan men l lan pou m bay pinisyon.
6 M ap voye l kont yon nasyon ki vire do ban mwen+,
Kont pèp ki fè m an kòlè a.
M ap ba l lòd pou l met men sou anpil byen, pou l piye anpil bagay
E pou l mache sou yo kòmsi se sou labou ki nan lari+.
7 Men, se pa entansyon sa a l ap genyen nan tèt li,
E li pap gen plan konsa nan kè l.
Paske, li gen nan kè l pou l kraze brize,
E pou l detwi anpil nasyon, pa bann e pa pakèt.
8 Paske, men sa l di:
‘Èske moun k ap sèvi m antanke prens yo se pa wa yo ye tou+?
10 Mwen te met men sou wayòm k ap adore dye ki san valè yo,
Yon seri wayòm ki te gen plis zidòl pase Jerizalèm ak Samari+.
11 Menm sa m te fè Samari ak dye ki san valè li te genyen yo,
Èske se pa sa m ap fè Jerizalèm ak zidòl ki ladan l yo tou+?’
12 “Mwen menm, Jewova, lè m fin fè tout travay mwen t ap fè sou Mòn Siyon ak nan Jerizalèm yo, m ap pini wa Asiri a pou radiyès li, pou ògèy li e pou fason li awogan lè l ap gade moun+. 13 Paske, men sa l di:
‘Se ak fòs ponyèt mwen, m ap fè sa
E m ap fè sa ak sajès mwen, paske mwen gen sajès.
M ap retire fwontyè pèp yo+,
M ap piye trezò yo genyen yo+,
Epi, menm jan ak yon gason vanyan, m ap fè moun nan peyi sa yo soumèt devan m+.
14 Menm jan ak yon moun k al nan yon nich zwazo,
M ap pran sa pèp yo genyen.
Menm jan ak yon moun k ap ranmase ze zwazo kouri kite,
M ap pran tout tè yo genyen!
Pèsonn pap ouvri zèl yo, ni ouvè bouch yo pou yo di krik.’”
15 Èske yon rach ap pran pòz li se yon pakèt afè devan moun k ap koupe bwa avè l la?
Èske yon goyin ap met tèt li pi wo pase moun k ap itilize l la?
Èske yon bout bwa+ yon moun leve anlè ka balanse moun nan pasipala?
Oubyen èske yon baton ka leve yon moun ki kenbe l?
16 Se sa k fè, vrè Seyè a, Jewova, Chèf lame yo,
Ap fè mesye ki gra nan peyi Asiri yo fin depafini+,
E l ap limen yon gwo flanm dife anba glwa peyi Asiri+.
17 Limyè pèp Izrayèl la+ ap tounen yon dife+,
E Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, ap tounen yon flanm dife.
Dife a ap boule move zèb ak pye pikan Asiri yo yon sèl jou e l ap kankannen yo.
18 Bondye ap elimine bèl forè Asiri a ak bèl jaden l genyen yo nèt*,
Tankou lè yon moun malad ap depafini+.
19 Kantite pyebwa k ap ret nan forè l la
Ap tèlman piti, menm yon timoun ap ka ekri kantite ki rete a.
20 Jou sa a, kantite moun k ap rete ann Izrayèl yo
Ak desandan Jakòb k ap chape yo
Pap chèche èd nan men moun ki te fè yo mal la ankò+.
Men, y ap chèche èd nan men Jewova,
Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, e y ap fè sa ak tout kè yo.
22 Paske, byenke pèp ou a, o Izrayèl,
Tankou grenn sab bò lanmè,
Se sèlman yon ti rès ladan yo k ap retounen+.
Bondye deja deside detwi pèp sa a+,
E l ap lage pinisyon sou yo avèk jistis+.
23 Wi, se Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, ki deside detwi pèp la,
E sa pral fèt nan tout peyi a nèt+.
24 Se sa k fè, men sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di: “Nou menm pèp mwen ki abite Siyon, nou pa bezwen pè akoz moun Asiri a ki te konn bat nou ak baton+ e ki te konn ban nou kout makak menm jan Ejipsyen yo te konn fè nou+. 25 Paske, nan yon tikras tan ankò, pap gen kondanasyon ankò, e se sou yo m ap an kòlè pou m detwi yo+. 26 Jewova, Chèf lame yo, ap rale yon fwèt pou l bat moun Asiri a+, jan l te fè lè l te pot laviktwa sou Madyan bò mas wòch ki nan Orèb la+. Epi, l ap leve baton l sou lanmè a, jan l te fè sa ann Ejip la+.
29 Li janbe pas dlo a.
Li pase nuit Geba+.
Moun nan Rama pran tranble, moun Gibeya+, vil Sayil la, pran kouri+.
30 Nou menm moun Galim, fè rèl, rele byen fò!
Nou menm moun Layich, veye kò nou!
O moun Anatòt+! Sa fè m mal pou nou!
31 Moun Madmena yo kouri ale.
Moun Gebim yo al chèche yon kote pou yo abrite yo.
32 Jou sa a menm, l ap fè yon kanpe nan Nòb+.
L ap mare pwen l pou l menase moun ki ret sou Mòn Siyon yo,
Mòn Jerizalèm nan.
33 Gade! Vrè Seyè a, Jewova, Chèf lame yo,
Ap koupe yon seri branch k ap fè gwo bri lè yo tonbe+.
L ap koupe pyebwa ki pi wo yo
E l ap lage gwo pyebwa yo atè.
34 L ap kraze zòn ki gen anpil pyebwa nan forè a ak yon zouti ki fèt an fè*,
E yon gason vanyan ap lage pyebwa Liban yo atè.
11 Gen yon ti branch+ k ap pouse nan chouk Jese a+,
Gen yon boujon+ k ap soti nan rasin li e k ap bay fwi.
2 Epi, lespri Jewova ap poze sou li*+,
Se sa k fè l ap gen sajès+, l ap gen anpil bon konprann,
L ap bay bon konsèy, l ap gen fòs+,
L ap gen anpil konesans e l ap gen lakrentif pou Jewova.
3 L ap pran plezi montre li gen lakrentif pou Jewova+.
Li pap jije moun selon sa je l ba li,
Ni li pap korije moun sèlman sou sa zòrèy li tande+.
4 L ap jije malere yo san paspouki*,
E l ap korije moun yon fason ki jis poutèt moun ki gen imilite sou tè a.
L ap frape moun sou tè a ak baton ki nan bouch li a+,
6 Lou ap rete pandan yon tan bò kot ti mouton+.
Leyopa ap ret kouche ansanm ak jenn kabrit.
Ti bèf ak lyon* ansanm ak bèt ki byen gra, yo tout ap ansanm*+,
E se yon tigason k ap mennen yo.
8 Timoun ki nan tete ap jwe sou twou kobra,
E timoun ki sevre ap mete men yo sou bouch twou sèpan ki gen pwazon.
Ni okenn ravaj okenn kote sou mòn mwen an ki sakre+,
Paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova
Menm jan lanmè a plen dlo+.
10 Jou sa a, rasin Jese a+ ap kanpe tankou yon siy pou pèp yo+.
Nasyon yo ap chèche direksyon nan men l*+,
E kote l rete a ap vin gen anpil glwa.
11 Jou sa a, Jewova ap lonje men l ankò, yon dezyèm fwa, pou l pran rès pèp li a ki nan Asiri+, Ejip+, Patwòs+, Etyopi*+, Elam+, Chineya*, Amat ak nan zile ki nan lanmè yo+. 12 L ap mete yon siy* kanpe pou nasyon yo e l ap rasanble moun Izrayèl ki te gaye yo+, e l ap fè moun Jida ki te gaye nan kat kwen tè a reyini ansanm+.
13 Jalouzi Efrayim genyen an ap fini+
Epi, y ap detwi moun ki kont Jida yo.
Efrayim pap jalou sò Jida,
E Jida pap kont Efrayim+.
14 Y ap desann byen vit sou pant mòn ki nan peyi* moun Filisti yo nan lwès,
Y ap met ansanm pou yo piye moun ki nan Lès yo.
Y ap met men yo sou* Edòm+ ak Mowab+,
E desandan Amon yo ap vin anba lòd yo+.
15 Jewova ap fann* yon pati nan* lanmè peyi Ejip la+,
E l ap lonje men l pou l frape Rivyè a*+.
L ap soufle yon van* cho sou sèt branch Rivyè a*,
E l ap fè moun yo travèse l ak sandal nan pye yo.
16 Pral gen yon gwo wout+ k ap sot Asiri pou rès pèp li a pase+,
Menm jan te gen youn pou pèp Izrayèl jou yo t ap kite peyi Ejip la.
12 Jou sa a, se sèten nou chak ap di:
“O Jewova, mwen di w mèsi.
Paske, malgre w te fache kont mwen,
Kòlè w te vin bese tikras pa tikras e w te konsole m+.
2 Se Bondye ki delivrans mwen+.
M ap met konfyans mwen nan li e mwen pap pè anyen+.
Paske Ja*, Jewova, se fòs mwen, li se pisans mwen
E li se delivrans mwen+.”
3 Se ak kè kontan n ap pran dlo
Nan sous delivrans lan+.
4 Jou sa a n ap di:
“Se pou n di Jewova mèsi, se pou n envoke non l!
Se pou n fè pèp yo konnen aksyon l fè yo+!
Se pou n fè konnen jan non l gran+!
5 Se pou n chante pou nou fè louwanj*+ pou Jewova, paske li fè anpil bagay estrawòdinè+!
Se pou nou fè moun tout kote sou tè a konn sa!
6 Nou menm moun* Siyon, se pou nou rele, se pou n fè rèl pou n montre jan n kontan!
Paske, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, gen pisans nan mitan nou.”
13 Men yon mesaj Ezayi+, pitit gason Amòz, te tande kont Babilòn+ nan vizyon li te fè:
2 “Mete yon siy*+ kanpe sou yon mòn kote se wòch ase ki genyen.
Rele sòlda yo, voye men ba yo
Pou yo ka antre nan pòtay vil la, kote gwo potanta yo konn pase yo.
3 Mwen bay moun mwen chwazi yo*+ lòd.
Mwen rasanble sòlda m yo, yon seri sòlda ki fyè e ki gen kè kontan,
Pou m montre jan m an kòlè.
4 Koute! Gen yon foul moun nan mòn yo.
Yo tankou yon gwo pèp k ap fè bri.
Koute! Gen bri nan wayòm yo,
Nan nasyon ki reyini ansanm yo+.
Jewova, Chèf lame yo, ap prepare yon lame pou l fè lagè+.
5 Yo sot nan yon peyi ki byen lwen+,
Nan dènye bout tè a*,
Jewova ap sèvi ak yo kòm zam li paske l an kòlè,
Pou l lage malè sou tout tè a+.
6 Se pou n rele, paske jou Jewova a toupre rive!
Jou sa a, Toupisan an ap detwi tout sa k nan peyi nou an+.
7 Se sa k fè, men tout moun ap vin pòk,
E laperèz ap anvayi kè tout moun+.
8 Moun yo ap boulvèse anpil+.
Y ap tòde e y ap soufri
Tankou fi ki gen tranche.
Youn ap gade lòt, y ap gen yon gwo laperèz,
Y ap tèlman pè, sa ap parèt sou figi yo.
9 Gade! Jou Jewova a rive.
Se yon jou kote l ap san pitye, l ap fache anpil e l ap an kòlè anpil,
Pou l fè moun sezi wè eta peyi a+,
E pou l efase tout moun k ap fè peche ladan l.
10 Paske zetwal yo nan syèl la ak gwoup zetwal ki bò kote yo*+
Ap sispann klere.
Solèy la ap vin tou nwa lè l leve
E lalin nan pap klere.
11 M ap mande moun ki abite sou tè a regleman pou bagay mal yo fè+,
E m ap mande mechan yo regleman pou peche yo fè.
M ap fè moun ki pran dwa ki pa pou yo sispann gen ògèy,
E m ap rabese chèf ki mechan yo ki gen ògèy+.
13 Se poutèt sa, mwen menm, Jewova, Chèf lame yo, m ap fè syèl la tranble
E m ap fè tè a tranble kòmsi li t ap kite plas li+,
Paske jou sa a m ap an kòlè e m ap move anpil.
14 Menm jan ak yon gazèl* k ap kouri pou chasè e menm jan ak yon twoupo bèt ki pa gen moun pou rasanble yo,
Chak moun ap tounen al jwenn pèp yo,
Chak moun ap kouri al nan peyi yo+.
15 Tout moun ènmi yo jwenn, y ap pike yo,
E tout moun yo pran, y ap touye yo ak kout epe+.
18 Avèk banza* yo, y ap fè jèn gason yo fè miyèt moso+,
Yo pap gen pitye pou tibebe nan vant,
E yo pap gen konpasyon pou timoun.
19 Epi, Babilòn, wayòm ki gen plis glwa a*+,
Bèl wayòm ki fè moun Kalde yo fyè a+,
Ap vin tankou Sodòm ak Gomò lè Bondye te detwi yo a+.
20 Pap janm gen moun ki abite ladan l,
E jenerasyon apre jenerasyon, moun pap janm ka ret kote sa a+.
Okenn Arab pap monte tant li nan peyi sa a
E okenn bèje pap mennen twoupo mouton yo pran repo la.
21 Se bèt ki viv nan dezè k ap kouche la.
Kay moun yo te genyen yo ap plen frize.
Se otrich k ap rete la+,
E se kabrit mawon* k ap sote ponpe la.
22 Se lou k ap rele nan gerit li yo,
E se chen sovaj k ap jape nan bèl palè l yo.
Lè jijman l lan toupre rive, e yo pap ba l yon jou anplis+.”
14 Paske, Jewova ap fè Jakòb mizèrikòd+ e l ap chwazi Izrayèl ankò+. L ap tabli yo* nan peyi yo+. Etranje yo pral vin jwenn yo e y ap ret ansanm ak desandan Jakòb yo+. 2 Gen moun lòt nasyon k ap pran yo e k ap mennen yo lakay yo, e pèp Izrayèl la ap pran yo e l ap fè yo tounen sèvitè ak sèvant nan peyi Jewova a+. Y ap fè moun ki te fè yo vin prizonye yo tounen prizonye tou e y ap gen pouvwa sou moun ki t ap fòse yo travay yo.
3 Jou Jewova soulaje nou anba soufrans ak tribilasyon nou yo e li retire nou anba gwo esklavaj yo te mete nou an+, 4 n ap pase wa Babilòn nan nan rizib, n ap di:
“Gade ki jan moun ki t ap fòse moun travay di a fini!
Gade ki jan pa gen abi ak zak maspinay ankò+!
5 Jewova kase baton mechan yo,
Baton moun ki chèf yo+,
6 Moun ki te fache e ki t ap bat pèp yo san rete a+,
Moun ki t ap dirije nasyon yo avèk kòlè a e ki t ap pèsekite yo san rete a+.
7 Kounye a, tout tè a trankil, pa gen pèsonn k ap kraze brize ankò.
Moun ap fè rèl tèlman yo kontan+.
8 Menm pye jenevriye yo kontan pou sa k rive w la,
E pye sèd ki nan Liban yo kontan tou.
Yo di: ‘Depi lè w tonbe a,
Pa gen pèsonn ki konn koupe bwa ki vin koupe nou lage atè.’
9 Menm Tonm nan* ki anba a pran vole anlè
Lè l ap vin resevwa w.
Kou w vini, li reveye moun ki mouri yo,
Tout diktatè* ki te sou tè a.
Li fè tout wa nasyon yo leve kanpe sou twòn yo.
10 Yo tout kòmanse pale avè w e y ap di w:
‘Èske ou menm tou, ou vin fèb tankou nou?
Èske w vin menm jan ak nou?
11 Ògèy ou te genyen an desann nan Tonm nan*
Ansanm ak mizik moun yo te konn jwe pou ou yo+.
Vè gaye anba do w, yo tounen kabann ou,
E vè kouvri w tankou yon dra.’
12 Gade ki jan w sot nan syèl la ou tonbe!
O zetwal k ap klere, ou menm pitit douvanjou!
Gade ki jan w tonbe atè,
Ou menm ki te konn pot laviktwa sou nasyon yo+!
13 Ou te di nan kè w: ‘M ap monte nan syèl la+.
M ap leve twòn mwen met anlè zetwal Bondye yo+,
E m ap chita sou mòn kote ki konn gen reyinyon an,
Kote nan nò ki pi lwen yo+.
14 M ap monte anlè nyaj yo.
M ap fè tèt mwen vin sanble ak Sila a ki nan pi gwo pozisyon an.’
15 Men, se desann y ap fè w desann nan Tonm nan*,
Kote ki pi fon nan twou a.
16 Moun ki wè w yo ap ret ap gade w.
Y ap pwoche pou yo byen gade w, y ap di:
‘Se pa nonm sa a ki t ap souke tè a,
Ki t ap fè wayòm yo tranble a+,
17 Ki te fè tè a vin tankou yon dezè a,
Ki te met vil yo tèt anba sou tè a+
E ki te refize kite prizonye l yo al lakay yo+?’
19 Men, ou menm, san yo pa ba w yon tonm, yo voye w jete
Tankou yon boujon* yo pa vle wè.
Se kadav moun yo pike ak epe ki vin tounen rad sou ou,
Yon seri kadav k ap desann nan yon twou ki gen anpil wòch,
Tankou kadav yo pilonnen anba pye.
20 Ou pa pral jwenn yo nan tonm nan,
Paske ou te detwi peyi w la,
E w te touye pèp ou a.
Yo pap janm site non pitit moun k ap fè sa ki mal yo ankò.
21 Piske zansèt li yo koupab,
Prepare nou pou n touye pitit li yo
Pou yo pa leve kanpe, pou yo pa pran tè a kòm byen pa yo
E pou yo pa plen peyi a ak vil pa yo.”
22 Jewova, Chèf lame yo, di: “M ap leve kont yo+,
E m ap disparèt non moun, rès moun ki rete yo ak desandan yo nan Babilòn+.” Se sa Jewova di.
23 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “M ap fè l tounen yon kote pòkepik* rete ak yon kote ki gen marekaj, e m ap elimine l nèt, menm jan yon moun bale pou l retire fatra+.”
24 Jewova, Chèf lame yo, fè sèman, li di:
“Sa m te vle a, se sa k ap rive,
E sa m te deside a, se sa k ap fèt.
25 M ap kraze moun peyi Asiri a nan peyi m nan
E m ap pilonnen l sou mòn mwen yo+.
Jouk li a ap sot sou kou pèp mwen an,
E chay li a ap sot sou zepòl yo+.”
26 Se sa ki deside* kont tout tè a,
E li lonje men l pou l frape tout nasyon yo.
27 Piske Jewova, Chèf lame yo, pran desizyon l,
Ki moun ki ka anpeche l fè sa l deside a+?
Li lonje men l,
Ki moun ki ka desann li+?
28 Nan ane wa Ahaz mouri a+, Bondye te voye yon mesaj. Men sa l di:
29 “Nou menm, moun peyi Filisti, pinga nou youn kontan
Poutèt yo kase baton moun k ap bat nou an.
Paske ze sèpan an+ ap kale yon sèpan ki gen pwazon+,
E pitit li a ap tounen yon sèpan ki rapid* e ki gen yon pwazon ki boule.
30 Pandan premye pitit malere yo ap manje,
E pandan pòv la kouche byen trankil,
M ap fè grangou touye moun ou yo,
E y ap touye ti rès nan nou ki rete yo+.
31 O pòtay, ou mèt rele anmwe! Ou menm vil, ou mèt pete yon rèl!
Nou menm moun peyi Filisti, nou tout ap pèdi fòs,
Paske, gen yon lame ki tankou yon lafimen k ap soti nan nò,
E pa gen youn nan sòlda ki ladan l yo ki febli.”
32 Ki sa pou yo reponn moun k ap pot mesaj pou nasyon an?
Se pou yo di yo: se Jewova ki fè fondasyon Siyon+,
E moun ki pi ba yo ki nan pèp li a ap pran refij ladan l.
15 Men yon mesaj kont Mowab+:
Paske yo ravaje l nan yon sèl nuit,
Yo fè moun nan vil A+ yo nan peyi Mowab fèmen bouch yo.
Paske yo ravaje l nan yon sèl nuit,
Yo fè moun nan vil Ki+ yo nan peyi Mowab fèmen bouch yo.
2 Mowab monte al nan tanp lan e li monte Dibon+,
L al kote ki wo yo pou l kriye.
3 Nan ri ki ladan l yo, moun yo met rad sak sou yo.
Yo tout pran rele sou do kay yo ak sou plas piblik yo,
Yo desann ak dlo nan je+.
4 Esbon ak Eleyale+ pran rele,
Moun tande vwa yo jis Jahaz+.
Se sa k fè sòlda Mowab yo kontinye ap rele.
Moun nan nasyon an pran tranble.
5 Mwen kriye nan kè m pou Mowab.
Moun ki kouri kite l yo rive jis Sowa+ ak Eglatchelichiya+.
Yo monte pant Loukit ak dlo nan je,
Yo pran kriye byen fò nan wout ki mennen Owonayim nan akoz dezas ki rive a+.
6 Paske, dlo Nimrim nan seche nèt,
Zèb yo vin sèch,
Zèb yo disparèt, e pa gen okenn plant vèt ki rete.
7 Se sa k fè yo pote sa k ret nan depo yo ak richès yo genyen yo ale.
Yo travèse vale ki gen pye pepliye yo.
9 Dlo Dimon an plen san,
E men sa m sere ankò pou Dimon:
Yon lyon ap atake moun Mowab ki chape yo
Ak moun ki rete nan peyi a+.
16 Voye yon mouton bay chèf peyi a,
Soti Sela, travèse dezè a,
Pou al nan mòn vil Siyon an.
3 “Bay konsèy, pran desizyon.
Fè lonbray nou ki parèt a midi a vin menm jan ak aswè.
Kache moun ki gaye yo e pinga n trayi moun k ap kouri pou yo chape yo.
4 Mowab, se pou moun ki gaye yo ret lakay ou.
Se pou w vin tounen yon kote pou yo kache akoz moun k ap touye moun nan+.
Moun k ap toupizi moun nan ap pèdi lavi l,
Kraze brize a ap fini,
E moun k ap pilonnen lòt moun anba pye yo ap peri sou tè a.
5 Lè sa a, gen yon twòn k ap tabli byen djanm grasa lanmou ki fidèl+.
Moun ki chita sou li nan tant David la ap fidèl,
L ap jije san paspouki, li pap pèdi tan pou l fè sa ki jis+.”
6 Nou tande pale de ògèy Mowab genyen, li gen anpil ògèy+.
Nou tande yo di li awogan, li gen ògèy e li an kòlè+,
Men, pawòl san valè l ap di yo pap itil anyen.
7 Se sa k fè moun Mowab yo pral kriye pou malè ki tonbe sou yo.
Yo tout pral kriye+.
Moun yo bat yo pral plenn pou gato rezen Kiraresèt yo+.
8 Jaden Esbon yo+ fennen,
Pye rezen Sibma a seche+,
Moun ki chèf nasyon yo pilonnen bèl branch ki gen* grap rezen yo.
Yo rive jis Jazè+.
Yo rive nan dezè a.
Branch rezen yo rive jis nan lanmè a.
9 Se sa k fè m ap kriye pou pye rezen Sibma a menm jan m kriye pou Jazè.
M ap mouye Esbon ak Eleyale nèt ak dlo nan je m+,
Paske yo sispann rele pou* fwi ou genyen ki bon nan sezon ete yo ak rekòt ou yo.
10 Pa gen fèt ak kè kontan ankò nan jaden an.
Pa gen okenn chante ki bay kè kontan, e pa gen moun k ap rele byen fò nan jaden rezen yo+.
Moun ki konn kraze rezen yo pap kraze rezen nan basen yo pou yo fè diven ankò,
Paske mwen fè yo sispann rele+.
11 Se sa k fè tout anndan m ap tranble pou Mowab+,
Tankou kòd yon hap* y ap jwe,
E zantray mwen ap rache pou Kiraresèt+.
12 Menmsi moun Mowab yo ap kraze kò yo nan kote ki wo yo konn fè adorasyon an e y al priye nan kote ki sakre yo genyen an, sa pap itil yo anyen+.
13 Se sa Jewova te anonse pou Mowab. 14 Kounye a, men sa Jewova di: “Nan twazan egzakteman*, Mowab pral pèdi glwa li akoz tout kalite dezòd k ap fèt ladan l, epi se yon tikras moun ki pa vo anyen k ap ret ladan l+.”
17 Men yon mesaj kont Damas+:
“Gade! Damas pap yon vil ankò,
L ap tounen yon pil dekonm+.
2 Moun ap kite vil ki nan Awoyè yo+.
Y ap vin tounen kote pou twoupo bèt kouche,
E pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè.
3 Pap ret okenn vil ki byen pwoteje nan Efrayim+,
E wayòm nan ap disparèt nan Damas+.
Glwa moun ki rete nan Siri yo
Ap disparèt tankou glwa Izrayelit* yo.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.
4 “Jou sa a, glwa Jakòb ap depafini,
E Jakòb pap gra ankò.
5 Jakòb ap tankou yon ti ponyen manje angren yo kite
Pou moun vin ranmase apre rekòt
Nan jaden ki nan Plèn Refayim nan+.
6 Se sèl yon ti rès y ap kite pou moun vin ranmase,
Tankou lè yo fin bat yon pye oliv.
Se sèlman de twa grenn oliv mi ki rete nan branch ki pi wo a,
E se sèlman kat ou senk grenn ki rete nan branch ki te donnen yo+.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.
7 Jou sa a, lòm ap met espwa l nan Kreyatè l la, e je l ap ret gade Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an. 8 Li pap gade lotèl yo+, travay li fè ak men l yo+. Epi, li pap ret ap gade ni sa l te fè ak dwèt li ni poto sakre ki fèt an bwa* yo ni lotèl yo konn boule lansan yo.
9 Jou sa a, vil ki byen pwoteje li genyen yo ap vin tankou zòn ki abandone nan rak bwa+,
Tankou yon branch yo voye jete akoz Izrayelit yo.
L ap vin tankou yon dezè.
10 Paske, nou bliye Bondye+ ki te delivre nou an.
Nou pa sonje Mas Wòch+ ki te pwoteje nou an.
Se poutèt sa nou fè bèl plantasyon
E nou met plant ki sot nan pepinyè yon etranje* ladan l.
11 Lajounen, nou byen bare plantasyon nou an,
Nan maten, nou travay tè pou n fè semans nou yo leve,
Men, n ap pèdi rekòt la jou nou malad la e jou nou gen doulè ki pap pase a+.
12 Koute! Gen yon pakèt pèp k ap fè deblozay,
K ap fè bri tankou lanmè ki move.
Nasyon yo fè yon gwo eskonbrit,
Bri yo tankou bri gwo dlo.
13 Nasyon yo pral fè bri ki tankou bri yon pakèt dlo.
Bondye ap blame yo, e y ap kouri al byen lwen.
Yo fè yo kouri tankou pay van pran nan mòn pote ale,
Tankou yon ti touf pikan k ap woule nan van tanpèt.
14 Nan aswè, vin gen yon gwo laperèz.
Anvan l jou, yo pa la ankò.
Se sa moun k ap piye sa n genyen yo ap jwenn,
E se sa k ap tann moun k ap dechèpiye nou yo.
18 Malè pou peyi ki chaje ak bri zèl ti bèt k ap vole,
Peyi ki nan zòn ki toupre rivyè Etyopi+ yo!
2 Peyi sa a voye mesaje sou lanmè,
Li voye yo travèse dlo sou bato ki fèt ak papiris, li di yo:
“Ale, nou menm, mesaje ki rapid,
Al kot yon nasyon ki gen moun ki wo e ki gen po swa*,
Kot yon pèp moun tout kote pè+,
Kot yon nasyon ki gen fòs e ki pot laviktwa sou lòt nasyon,
Yon nasyon dlo rivyè fin pote tè peyi l la ale.”
3 Nou tout ki moun peyi a, e nou menm ki abite sou tè a,
Sa n ap wè a ap tankou yon siy* yo met kanpe sou tèt mòn yo,
E n ap tande yon bri ki tankou son yon kòn.
4 Paske men sa Jewova di m:
“M ap ret byen trankil e m ap ret nan plas mwen an pou m gade,
Menm jan ak reyon solèy la ki fè gen gwo chalè,
E menm jan ak lawouze ki tonbe lè gen chalè nan sezon rekòt.
5 Paske anvan rekòt la,
Lè pye rezen yo fin fleri e flè yo tounen grap rezen ki vin byen mi,
Y ap koupe branch yo ak sèpèt,
Y ap koupe ti lyann ki nan branch yo e y ap retire yo.
6 Y ap kite yo tout pou zwazo ki konn chase ki nan mòn yo
Ak bèt ki sou tè a.
Zwazo ki konn manje vyann yo ap pase sezon chalè a ap manje yo,
E bèt yo sou tè a ap pase sezon rekòt la ap manje yo.
7 Lè sa a, Jewova, Chèf lame yo, ap resevwa yon kado
Nan men yon nasyon ki gen moun ki wo e ki gen po swa,
Nan men yon pèp moun tout kote pè,
Nan men yon nasyon ki gen fòs e ki pot laviktwa sou lòt nasyon,
Yon nasyon dlo rivyè fin pote tè peyi l la ale
Nan Mòn Siyon, kote ki pote non Jewova, Chèf lame yo+.”
19 Men yon mesaj kont Ejip+:
Gade! Jewova monte sou yon nyaj ki rapid e l ap antre ann Ejip.
Pakèt dye san valè Ejip genyen yo pral tranble devan l+,
Ejipsyen yo ap pè anpil.
2 “M ap fè Ejipsyen leve kont Ejipsyen,
E youn ap batay ak lòt.
Chak moun ap batay ak frè l e avèk pwochen l.
Vil ap kont vil e wayòm ap kont wayòm.
3 Epi, lespri moun peyi Ejip yo ap vin boulvèse.
M ap bwouye plan yo genyen yo+.
Yo pral chèche sekou nan men dye san valè yo,
Nan men moun ki maton nan chame sèpan yo ak moun ki konn chèche pale ak mò yo ansanm ak divinò yo+.
4 M ap lage Ejip anba men yon mèt ki rèd,
E se yon wa ki di k ap dirije l+.” Se sa vrè Seyè a, Jewova, Chèf lame yo, di.
5 Dlo lanmè a ap seche,
Rivyè a ap bese nèt e l ap vin sèch+.
6 Rivyè yo ap vin gen move sant.
Dlo kanal ki sot nan Rivyè Nil nan peyi Ejip yo ap bese e y ap sèch.
Wozo yo ak jon yo ap pouri+.
7 Tout plant ki arebò Rivyè Nil la, nan lanbouchi a,
Ak tout tè yo konn fè jaden ki arebò Rivyè Nil la+ ap vin sèch+.
Van ap pote yo ale e yo pap egziste ankò.
8 Pechè pwason yo ap nan gwo lapenn,
Moun k ap voye zen pou kenbe pwason nan Rivyè Nil la ap plenyen,
E moun k ap lage filè yo nan dlo a ap depafini.
9 Moun k ap demele len pou yo fè twal+
Ak moun k ap fè twal blan sou kad yo ap wont.
10 Travayè nan peyi Ejip ki konn fè twal yo ap santi yo kraze.
Tout travayè yo peye pou travay yo ap nan lapenn*.
11 Chèf Sowan yo+ sòt.
Moun ki gen plis sajès ki konn bay Farawon konsèy yo ba l move konsèy+.
Ki jan w fè di Farawon:
“Mwen se desandan moun ki gen sajès,
Desandan wa ki te la nan tan lontan yo”?
12 Ki kote moun ou genyen ki gen sajès yo ye menm+?
Se pou yo di w ki sa Jewova, Chèf lame yo, deside fè ak Ejip, si yo konnen!
13 Chèf Sowan yo aji tankou moun sòt.
Chèf tout gwoup moun ki gen nan peyi Ejip yo lakòz nasyon an pèdi wout li.
14 Jewova lage konfizyon nan mitan moun Ejip yo+.
Chèf yo fè moun yo pa konn ki wout pou yo fè nan tout sa y ap fè,
Tankou yon moun ki sou k ap glise sou vomi l.
15 Ejip pap ka fè anyen,
Ni tèt ni ke, ni boujon ni zèb ki byen wo* pap ka fè anyen.
16 Jou sa a, Ejip ap vin tankou fi, l ap tranble e l ap pè anpil paske Jewova, Chèf lame yo, ap menase l ak men l+. 17 Peyi Jida ap bay Ejip laperèz. Moun Ejip yo ap annik tande pale de peyi Jida, y ap pè, akoz desizyon Jewova, Chèf lame yo, pran kont yo+.
18 Jou sa a, ap gen senk vil nan peyi Ejip ki pale lang moun peyi Kanaran yo+ e moun nan vil sa yo ap fè sèman y ap fidèl ak Jewova, Chèf lame yo. Gen yon vil y ap rele Vil Destriksyon.
19 Jou sa a, ap gen yon lotèl pou Jewova nan mitan peyi Ejip e y ap met yon poto kanpe pou Jewova nan fwontyè peyi a. 20 Sa ap yon siy k ap fè moun sonje Jewova, Chèf lame yo, nan peyi Ejip. Paske y ap rele pou yo mande Jewova sekou akoz moun k ap fè yo abi, e l ap voye yon moun vin delivre yo, yon moun enpòtan pou vin sove yo. 21 Epi, Ejipsyen yo ap vin konnen Jewova, y ap konnen Jewova jou sa a, y ap fè sakrifis pou Jewova, y ap ba l kado, y ap fè yon ve e y ap respekte ve a. 22 Jewova ap frape Ejip+, l ap frape l epi l ap geri l. Moun yo ap retounen vin jwenn Jewova k ap reponn priyè yo e k ap geri yo.
23 Jou sa a, ap gen yon gwo wout+ ki sot Ejip al Asiri. Epi, moun Asiri yo pral ann Ejip, moun Ejip yo pral Asiri, e moun Ejip yo ap sèvi Bondye ansanm ak moun Asiri yo. 24 Jou sa a, Izrayèl ap met ansanm ak Ejip ak Asiri+, l ap yon benediksyon pou tout tè a, 25 paske Jewova, Chèf lame yo, ap beni l, l ap di: “Benediksyon pou Ejip, pèp mwen an, pou Asiri, travay mwen fè ak men m nan, e pou Izrayèl, eritaj mwen an+.”
20 Nan ane Sagon, wa Asiri, te voye Tatan an* al Achdòd la+, li te fè lagè ak Achdòd e li te pran l+. 2 Nan epòk sa a, Jewova te bay Ezayi+, pitit gason Amòz, yon mesaj. Men sa l te di l: “Ale, retire rad sak ki mare nan senti w la e retire sandal nan pye w.” Epi, li te fè sa. Li te ret prèske san rad sou li* e li te mache pye atè.
3 Apre sa, Jewova di: “Menm jan Ezayi, sèvitè m nan, te ret prèske san rad sou li e li te mache pye atè pandan twazan kòm yon siy+ e yon avètisman pou Ejip+ ak Etyopi+, 4 se konsa tou wa Asiri a prale avèk moun l ap pran kòm prizonye nan peyi Ejip yo+ ansanm ak moun l ap pran nan peyi Etyopi pou l mennen ann egzil yo, timoun kou granmoun, y ap prèske toutouni, y ap pye atè ak po dèyè yo deyò. L ap mete Ejip toutouni. 5 Moun yo ap vin pè anpil e y ap wont paske yo te met espwa nan peyi Etyopi e paske yo te fyè de* peyi Ejip. 6 Jou sa a, moun ki rete nan zòn sa a ki arebò lanmè a ap di: ‘Gade sa k rive peyi nou te met espwa nan li a, peyi nou te kouri al chèche èd nan men l pou n delivre anba men wa Asiri a! Ki jan n ap fè pou n chape kounye a?’”
21 Men yon mesaj kont dezè ki nan lanmè a*+:
Gen yon bagay k ap vini tankou van tanpèt k ap pote tout sa l jwenn ale nan zòn sid,
Sot depi nan dezè a al nan yon peyi ki bay laperèz+.
2 Mwen te resevwa yon vizyon ki fè m pè, yo te di m:
Nasyon ki trèt la ap aji yon fason ki trèt,
Y ap detwi nasyon k ap detwi lòt nasyon yo.
O Elam! Monte non. O Medi+! Vin ansèkle yon vil.
M ap fè tout mizè li t ap fè moun pase yo fini+.
3 Se sa k fè m boulvèse anpil*+.
Mwen pran tòde,
Tankou fi k ap akouche.
Sa twò tris pou m tande.
Tèt mwen twò chaje, m pa ka wè.
4 Kè m vin febli. M ap tranble tèlman m pè.
Lè l prèske fè nwa, lè solèy la pral kouche, mwen tranble.
5 Prepare tab la, epi ranje chèz yo!
Manje, epi bwè+!
Nou menm chèf yo, leve kanpe, vide luil sou boukliye a!
6 Paske, men sa Jewova te di m:
“Ale, al met yon moun fè pòs pou l ka di w sa l wè.”
7 Epi, li te wè yon charyo ak yon gwoup cheval k ap rale l,
Li te wè yon charyo ki gen bourik k ap rale l,
E li te wè yon charyo ki gen chamo k ap rale l.
Li te kontinye byen gade, li te pran san l pou l gade.
8 Apre sa, li fè yon rèl tankou yon lyon, li di:
“O Jewova, mwen pase tout jounen m kote m ap fè pòs la,
E mwen ret nan pòs mwen tout lannuit+.
9 Men sa m wè k ap vini:
Mwen wè sòlda ki sou yon charyo yo konn al nan lagè ak yon gwoup cheval k ap rale charyo a+!”
Apre sa, Bondye pale byen klè, li di:
“Babilòn tonbe! Li tonbe+!
Tout estati fo dye l yo kraze tonbe atè+!”
10 O pèp mwen, nou menm yo bat tankou manje angren,
Nou menm ki se manje angren* ki kote m konn bat manje angren m yo+,
Mwen di nou sa m tande Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di.
11 Men yon mesaj kont Douma*:
Gen yon moun nan Seyi+ k ap rele m, li di m:
“Veyè, ki jan nuit lan ye?
Veyè, ki jan nuit lan ye?”
12 Veyè a di:
“Li prèske jou, apre sa lannuit ap rive.
Si w vle chèche konnen, ou mèt chèche konnen.
Retounen ankò!”
13 Men yon mesaj kont plèn ki nan dezè a:
Nou menm vwayajè ki sou chamo nan Dedan yo+,
N ap pase nuit lan nan forè ki nan plèn ki nan dezè a.
14 Pote dlo pou n al rankontre moun ki swaf yo,
Nou menm moun ki ret nan peyi Tema+,
E pote manje pou moun ki nan kouri yo.
15 Paske, yo kouri pou epe, pou epe yo rale sou yo,
Yo kouri pou banza* e pou lagè a ki rèd anpil.
16 Paske, men sa Jewova di m: “Nan ennan egzakteman*, tout glwa peyi Keda+ ap disparèt. 17 Kantite sòlda ki rete nan peyi Keda ki konn sèvi ak banza yo pap anpil. Paske, se Jewova, Bondye Izrayèl la, ki di sa.”
22 Men yon mesaj yo bay pou Vale Vizyon an*+:
Ki sa k pase w ki fè tout moun monte sou tèt kay yo?
2 Ou se yon vil ki te chaje bri,
Yon vil ki te chofe, yon vil ki te gen anpil kè kontan.
Se pa ak epe yo te touye moun lakay ou yo,
E yo pa t mouri nan lagè+.
3 Tout diktatè w yo chape poul yo ansanm+.
San yon banza*, yo te fè yo tounen prizonye.
Tout moun yo te jwenn, yo te fè yo vin prizonye+,
Menm lè yo te fin chape al byen lwen.
4 Se sa k fè mwen di: “Retire je w sou mwen,
Pou m ka kriye règ kriye m+.
Pa plede konsole m
Akoz pèp mwen an yo fin detwi+.
5 Paske Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an,
Fè jou sa a tounen yon jou latwoublay, yon jou yo pèdi batay ak yon jou laperèz+
Nan Vale Vizyon an.
Y ap kraze miray la nèt+,
E ap gen rèl nan mòn nan.
6 Moun Elam yo+ pran sak flèch yo,
Yo monte sou charyo yo e sou cheval yo.
Moun nan vil Ki yo+ pare boukliye yo.
7 Pi bèl plèn nou yo
Ap vin chaje ak charyo yo konn fè lagè,
E cheval* yo ap kanpe nan pòtay vil la,
8 Y ap retire rido ki te bare* Jida a.
Epi, men sa k ap rive: “Jou sa a, n ap met espwa nou nan depo zam ki nan Kay Forè a+ 9 e n ap wè gen yon pakèt twou nan miray Vil David la+. Epi, n ap konsève dlo nan basen ki pi ba a+. 10 N ap konte kay nan Jerizalèm yo e n ap kraze kay pou n repare miray la pou l vin pi solid. 11 N ap fè yon rezèvwa ant de miray yo pou dlo ki nan ansyen basen an. Men, nou pap vire gade Gran Dye a ki fè sa e nou pap vire gade Sila a ki te prepare sa depi lontan an.
12 Jou sa a, Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an,
Ap mande pou nou kriye e pou nou nan lapenn+,
Pou nou kale tèt nou e pou n met rad sak sou nou.
13 Men, olye de sa, se fèt n ap fè, kè nou ap kontan,
N ap touye bèf ak mouton,
N ap manje vyann e n ap bwè diven+.
N ap di: ‘Ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri+.’”
14 Epi, men sa Jewova, Chèf lame yo, fè m konnen: “‘Nou pap jwenn padon pou peche sa a jiskaske nou mouri+.’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di.”
15 Men sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di: “Al kot Chebna+, administratè ki responsab kay wa a*, di l: 16 ‘Ki sa w gen isit la e ki moun ou gen isit la ki fè w bay fouye yon tonm pou ou isit la?’ Misye bay fouye yon tonm pou li nan yon ti mòn. Li fè fouye yon tonm pou li* nan yon mas wòch. 17 ‘Gade monchè! Jewova ap lage w atè byen fò e l ap pran w ak tout fòs. 18 Wi, l ap plòtonnen w byen di tankou yon boul e l ap voye w jete nan yon gwo peyi. Se la w ap mouri e se la bèl charyo w yo ap ye. Se pral yon wont pou moun lakay mèt ou. 19 M ap desann ou sot nan pozisyon w ye a e m ap retire w nan travay ou ye a.
20 “‘Jou sa a, m ap rele Elyakim+, sèvitè m nan, pitit gason Ilkya a, 21 m ap met rad long ou an sou li, m ap mare senti w la nan tay li+ byen sere e m ap ba l pouvwa w genyen an. Epi, l ap vin yon papa ni pou moun Jerizalèm yo ni pou moun Jida yo. 22 M ap ba l responsab kle kay David la*+. Pèsonn pap fèmen pòt li ouvri e pèsonn pap ouvri pòt li fèmen. 23 M ap kloure l byen di tankou yon klou ki nan yon miray ki byen solid, e l ap vin tankou yon twòn ki pote glwa pou moun lakay papa l yo. 24 Y ap pandye tout glwa* moun lakay papa l yo ladan l, glwa desandan l yo ak pitit pitit li yo* ak glwa tout ti veso yo, veso ki tankou bòl yo, ansanm ak tout gwo krich yo.
25 “‘Jou sa a,’ se sa Jewova, Chèf lame yo, di, ‘m ap retire klou mwen te kloure nan miray ki byen solid la+, m ap kase l lage atè, chay ki te pandye ladan l yo ap tonbe e y ap kraze nèt, paske se Jewova menm ki di sa.’”
23 Men yon mesaj pou vil Ti+:
Nou menm ki nan bato ki nan Tasis yo, se pou nou rele+!
Paske yo kraze waf la, e bato pa ka antre ladan l ankò.
Se moun nan peyi Kitim yo+ ki vin fè yo konn sa.
2 Pe bouch nou, nou menm ki ret bò lanmè a!
Komèsan ki travèse lanmè a sot Sidon yo+ fè nou vin rich.
3 Manje angren* ki sot Chiyò*+ yo ki travèse anpil dlo,
Wi, rekòt Rivyè Nil la, se sa vil Ti rantre,
Nan avantaj nasyon yo+.
4 O nou menm moun Sidon, se pou n wont, nou menm ki se fòtrès lanmè a,
Paske men sa lanmè a di:
“Mwen pa t gen tranche e m pa t fè pitit,
5 Menm jan moun yo te ye lè yo te tande sa k te rive Ejip la+,
Se konsa moun yo pral boulvèse lè yo tande sa k rive vil Ti+.
6 Travèse al Tasis!
Nou menm ki ret bò lanmè a, se pou nou rele!
7 Èske se vil nou an sa, vil ki te gen kè kontan depi lontan an, depi byen lontan an?
Li abitye mache al abite nan peyi ki byen lwen.
8 Kiyès ki pran desizyon sa a kont vil Ti,
Vil ki konn kouwone moun nan,
Vil se chèf ki te komèsan ladan l lan,
Vil tout moun sou tè a te respekte negosyan l yo+?
9 Se Jewova, Chèf lame yo, ki pran desizyon sa a,
Pou l kraze ògèy vil Ti genyen an e pou l fè bote l la pa itil anyen,
Pou l rabese tout moun yo te respekte toupatou sou tè a+.
10 Nou menm moun Tasis, se pou nou travèse peyi nou an menm jan yo travèse Rivyè Nil la.
12 Epi, li di: “Ou pap kontan ankò+,
Ou menm pitit fi Sidon an ki vyèj y ap fè pase mizè a.
Leve, travèse al Kitim+.
Menm lè w lòtbò a, ou pap gen repo.”
13 Gade! Men peyi moun Kalde yo+.
Se pèp sa a mwen t ap pale w la, se pa pèp Asiri a+.
Yo fè l tounen yon kote pou moun ki rete nan dezè yo abite.
Yo fè barikad pou yo atake vil la.
Yo kraze gwo fò ki nan vil la+,
Yo fè vil la vin tounen yon pil dekonm.
14 Nou menm, bato ki nan Tasis yo, se pou nou rele!
Paske yo kraze fò nou yo+.
15 Jou sa a, y ap bliye vil Ti pandan 70 an+, menm kantite tan* yon wa viv. Nan fen 70 an an, vil Ti ap vin tankou yon pwostitye yo fè yon chante pou li ki di:
16 “Pran yon hap*, al fè wonn vil la, ou menm pwostitye tout moun bliye a.
Jwe hap ou a byen.
Chante anpil chante
Pou yo ka sonje w.”
17 Nan fen 70 an an, Jewova ap vire gade vil Ti, e vil Ti ap retounen al fè yo peye l e l ap aji tankou yon pwostitye ak tout wayòm ki gen nan monn nan sou tè a. 18 Men, sa l rantre yo ak sa yo peye l la ap vin yon bagay ki sakre pou Jewova. Li pap ka ni sere sa yo ba li yo ni voye yo jete, paske sa yo peye l la ap pou moun ki devan fas Jewova yo, yon fason pou yo ka manje vant plen e pou yo ka met bèl rad sou yo+.
24 Gade! Jewova fè peyi* a vin vid e li fè l depafini+.
Li chavire l tèt anba+ e li fè moun ki ret ladan l yo gaye+.
2 Se menm bagay la k ap rive tout moun,
Ni pèp la ni prèt la,
Ni sèvitè a ni mèt li,
Ni sèvant lan ni mètrès li,
Ni moun k ap achte a ni moun k ap vann nan,
Ni moun k ap prete moun nan ni moun ki mande prete a,
Ni moun k ap prete moun lajan ak enterè a ni moun ki dwe a+.
4 Peyi a nan lapenn*+. Li kraze nèt.
Tè ki konn bay rannman an vin sèch, li fin depafini.
Gwo zotobre ki nan peyi a ap pèdi fòs.
5 Moun ki abite nan peyi a fin sal li+,
Paske yo pa respekte lalwa+.
Yo chanje dekrè yo+,
E yo pa respekte alyans ki la depi byen lontan an+.
6 Se sa k fè malediksyon fini ak peyi a+,
E moun ki ret nan peyi a koupab.
Se sa k fè vin pa gen anpil moun nan peyi a,
E se de twa gason ki ret ladan l+.
8 Tanbouren yo pa fè kè moun kontan ankò.
Moun k ap banboche yo sispann fè bri.
9 Y ap bwè diven san mizik,
E bwason ki gen alkòl yo anmè nan bouch moun k ap bwè yo.
10 Vil ki pa gen moun ladan l lan kraze+.
Tout kay fèmen, konsa pèsonn pa ka antre ladan yo.
11 Nan tout lari, moun ap rele mande pou diven.
Pa gen okenn fèt ankò.
Pa gen kè kontan ankò nan peyi a+.
12 Yo kraze vil la rapyetè.
Pòtay vil la kraze, li tounen yon pil dekonm+.
13 Paske, men ki jan pèp mwen an ap ye nan peyi a, pami lòt pèp yo:
L ap tankou grenn oliv yo kite nan yon pye oliv+,
E l ap tankou rès rezen yo kite nan jaden apre rekòt+.
14 Y ap rele byen fò,
Y ap rele tèlman yo kontan.
Depi nan direksyon lanmè a*, y ap fè konnen jan Jewova gran+.
15 Se sa k fè, y ap bay Jewova glwa nan zòn limyè a*+.
Sou zile ki nan lanmè yo, y ap louwe non Jewova, Bondye Izrayèl la+.
16 Nou tande moun k ap chante jis nan dènye bout tè a k ap di:
“Glwa* pou Bondye, Sila a ki jis la+!”
Men, mwen di: “Mwen fin depafini! Mwen fin depafini!
Malè pou mwen! Moun ki trèt la fè kou trèt.
Moun ki trèt la gen riz e li fè kou trèt+.”
17 Nou menm ki rete nan peyi a, n ap gen laperèz, n ap tonbe nan twou e n ap pran nan pyèj+.
18 Nenpòt moun ki kouri akoz bri ki bay laperèz la ap tonbe nan twou a,
E nenpòt moun ki sot nan twou a ap pran nan pyèj la+.
Paske vàn dlo ki nan syèl la ap ouvri,
E peyi a ap tranble depi nan fondasyon l.
20 Peyi a ap balanse de bò tankou yon moun ki sou.
L ap balanse sot devan al dèyè tankou yon kay pay van ap souke.
Peche l yo lou sou do l+.
L ap tonbe e li pap ka leve ankò.
21 Jou sa a, Jewova ap vire gade lame ki anwo nan syèl la,
E l ap vire gade wa yo sou tè a.
22 Y ap rasanble yo ansanm,
Menm jan ak prizonye ki rasanble nan yon twou,
Y ap fèmen yo nan kacho.
E apre anpil jou, yo pral gade ki jan yo ye.
23 Lalin nan ki byen won ap jennen,
E solèy la ki byen klere ap wont+,
Paske Jewova, Chèf lame yo, vin Wa+ sou Mòn Siyon+ ak nan Jerizalèm.
25 O Jewova, ou se Bondye mwen.
M ap ba w glwa, m ap louwe non w,
Paske w fè yon pakèt bagay estrawòdinè+,
Yon seri bagay ou te vle fè* depi nan tan lontan+,
Ou fè yo yon fason ki montre ou fidèl+ e ou merite pou moun fè w konfyans.
2 Paske w fè yon vil tounen yon pil wòch,
Ou fè yon vil ki byen pwoteje tounen yon pil dekonm.
Ou fè fò etranje yo pa la ankò,
Yo pap janm rebati vil la ankò.
3 Se poutèt sa, yon pèp ki djanm ap ba w glwa.
Vil ki chaje ak moun ki san pitye ladan l yo ap gen lakrentif pou ou+.
4 Paske w tounen yon fò pou moun ki piti yo,
Yon fò pou malere k ap soufri yo+,
Yon refij lè gen gwo lapli
E yon lonbray anba solèy cho+.
Lè moun ki san pitye yo vin an kòlè tankou yon gwo lapli k ap frape yon miray,
5 E tankou chalè k ap frape sou yon tè ki sèk,
Ou fè etranje yo sispann fè bri.
Menm jan lonbray yon nyaj fè chalè solèy la bese,
Se konsa ou fè moun ki san pitye yo sispann chante.
6 Nan mòn sa a*+, Jewova, Chèf lame yo, ap fè yon gwo resepsyon pou tout pèp yo,
Yon resepsyon ki gen bon manje+,
Yon resepsyon ki gen bon diven*,
Ki gen bon manje ak vyann ki chaje ak mwèl,
E ki gen diven bon kalite yo kite byen poze.
8 Jewova, Seyè ki Souvren an, ap anglouti* lanmò pou toutan+.
L ap siye dlo nan je tout moun+,
L ap retire imilyasyon pèp li a sou tout tè a.
Se Jewova menm ki di sa.
9 Jou sa a, moun yo pral di:
“Gade! Men Bondye nou an+!
Se nan li nou met espwa nou+,
E l ap sove nou+.
Se li ki Jewova a.
Se nan li nou met espwa nou.
Se pou nou kontan e se pou nou rejwi, paske l delivre nou+.”
10 Paske, men Jewova ap sou mòn sa a+,
Epi, y ap pilonnen Mowab kote l ye a+,
Menm jan yo pilonnen pay ki nan yon pil fimye.
11 L ap lonje men l pou l frape Mowab,
Menm jan yon moun k ap naje bat dlo ak men l pandan l ap naje,
L ap kraze ògèy Mowab+
Ak mouvman li fè ak men l avèk ladrès.
12 L ap kraze vil ki byen pwoteje a
Ansanm ak miray byen wo ki ba l sekirite yo.
L ap lage yo atè e l ap voye yo nan pousyè.
26 Jou sa a, men ki chante y ap chante+ nan peyi Jida+:
2 Ouvè pòtay vil yo+ byen laj pou nasyon k ap fè sa ki dwat la ka antre,
Pou nasyon ki fidèl la.
3 W ap pwoteje moun ki konte sou ou nèt yo*.
W ap ba yo lapè nètale+,
Paske, se nan ou yo met konfyans yo+.
5 Li rabese moun ki abite kote ki wo a, nan vil ki kote ki byen wo a.
Li desann vil la byen ba,
Li bese l jis atè.
Li voye l jete atè nan pousyè.
6 Moun ki malere yo ap pilonnen l anba pye,
Wi, moun ki piti yo ap mache sou li.”
8 O Jewova, kòm n ap mache nan chemen moun k ap fè sa ki dwat yo,
Se nan ou nou met espwa nou.
9 Lannuit, m ap tann ou ak tout nanm* mwen.
Wi, ou toujou nan lespri m+.
Paske, lè w ap jije moun sou tè a,
Se sa ki dwat moun ki abite nan peyi a ap aprann+.
10 Menmsi yo fè mechan an favè,
Li pap aprann fè sa ki dwat+.
Menm nan peyi kote moun ap fè sa ki dwat*, se sa ki mal l ap fè+,
E li pap wè jan Jewova gran+.
11 O Jewova, ou leve men w, men yo pa wè l+.
Y ap wè jan w gen anpil lanmou pou pèp ou a e y ap wont.
Wi, dife w la ap kankannen advèsè w yo.
13 O Jewova, Bondye nou an, apa ou menm, gen lòt mèt ki t ap dirije nou+,
Men, se non w sèlman n ap nonmen+.
14 Yo mouri. Yo pap viv ankò.
Piske yo mouri, yo pap leve+.
Paske, ou te vire je gade yo
Pou w elimine yo e pou w fè yo pa pale de yo ankò menm.
15 O Jewova, ou fè nasyon an vin gen anpil moun ladan l.
Ou fè nasyon an vin gen anpil moun ladan l.
Ou leve tèt ou byen wo+.
Ou deplase tout bòn peyi a al met byen lwen+.
16 O Jewova, lè yo nan malè, se ou yo rele.
Lè w ba yo disiplin, yo vide kè yo ba ou nan priyè yo fè tou ba+.
17 Menm jan yon fi ansent ki prèske akouche
Gen tranche e l ap rele tèlman l ap soufri,
Se konsa nou vin ye akoz ou menm, o Jewova.
18 Nou te vin ansent, nou te gen tranche,
Men, se kòmsi se van nou te akouche.
Nou pa t pot delivrans pou peyi a,
E pa gen yon moun ki fè yon pitit pou abite nan peyi a.
19 “Moun pa nou ki mouri yo ap vin vivan.
Se pou nou reveye e se pou n rele tèlman nou kontan,
Nou menm ki rete nan pousyè+!
Paske, lawouze nou yo tankou lawouze nan maten*,
E tè a ap kite moun ki mouri yo vin gen lavi ankò*.
21 Paske, gade! Jewova ap sot kote l ye a
Pou l vin mande moun ki abite nan peyi a regleman pou peche yo fè.
Peyi a ap kite yo wè san ki koule ladan l yo
E li pap kache moun yo touye yo ankò.”
27 Jou sa a, Jewova ap sèvi ak gwo epe l la ki byen file e ki bay laperèz+
Pou l touye Levyatan*, sèpan ki rapid la,
Sèpan ki konn fofile a.
L ap touye gwo bèt ki nan lanmè a.
3 Se mwen menm, Jewova, k ap pwoteje l+.
Mwen wouze l toutan+.
Mwen pwoteje l lajounen kou lannuit
Pou pèsonn pa fè l anyen ki mal+.
4 Mwen pa fache sou li ankò+.
Si yon moun met pikan ak move zèb devan m,
M ap mache sou yo, m ap boule yo tout ansanm e m ap batay ak moun sa a.
5 Si l pa vle sa rive, se pou l vin nan fò mwen an
Pou l fè lapè avè m.
Wi, se pou l fè lapè avè m.”
6 Nan jou k ap vini yo, Jakòb ap pouse rasin e l ap vin djanm tankou yon pyebwa.
Izrayèl ap tankou yon pyebwa ki fin grandi e ki chaje ak flè+.
Y ap bay fwi sou tout tè a+.
7 Èske yo dwe bat nasyon Izrayèl la rèd konsa?
Èske yo dwe touye l jan y ap touye l la?
8 W ap fè yon gwo rèl lè w ap diskite avè l pou w voye l ale.
W ap voye l ale ak yon gwo van ki tankou van lès k ap soufle+.
9 Se konsa Jakòb ap jwenn padon pou bagay mal li fè yo+,
E men sa l ap jwenn kòm rezilta lè yo efase peche l yo:
Bondye ap fè tout wòch lotèl la
Vin tankou wòch kalkè yo fè tounen poud,
E pap ret ni poto sakre ki fèt an bwa* ni lotèl kote yo boule lansan+.
10 Paske, vil ki byen pwoteje a pap ret moun ladan l.
Y ap bliye kote yo konn gade bèt yo e y ap abandone yo tankou yon dezè+.
Se la ti bèf yo ap manje zèb, se la y ap kouche
E se la y ap manje branch bwa li genyen yo+.
11 Lè branch li yo fin sèch nèt,
Gen medam k ap vin kase yo,
Y ap fè dife avè yo.
Paske, pèp sa a san konprann+.
Se poutèt sa Kreyatè yo a pap fè yo mizèrikòd,
E Sila a ki te fè yo a pap fè yo favè+.
12 O nou menm, pèp Izrayèl, menm jan yon moun ap keyi fwi nan yon pyebwa, epi li ranmase yo youn pa youn, se konsa Jewova ap ranmase nou+, nou menm ki gaye nan zòn ki sot depi nan Rivyè* k ap koule a rive nan Ravin Ejip la+. 13 Jou sa a, y ap sonnen yon gwo kout twonpèt+, e moun ki pral mouri nan peyi Asiri yo+ ak moun ki te gaye nan peyi Ejip yo+ ap vin bese byen ba devan Jewova nan mòn ki sakre a, nan Jerizalèm+.
28 Malè pou kouwòn* ki fè bwasonyè Efrayim yo fyè a+,
Ak flè ki fennen ki te fè yo bèl anpil la,
Ki anlè tèt vale ki bay rannman an, kote moun ki sou ak diven yo ye a!
2 Gade! Jewova pral voye yon moun ki gen fòs e ki gen kouraj.
L ap pimpe kouwòn nan sou tè a ak tout fòs,
Tankou yon tanpèt lagrèl, yon tanpèt k ap fè ravaj,
Tankou yon gwo siklòn ki vin ak anpil dlo.
3 Y ap pilonnen
Kouwòn ki fè bwasonyè Efrayim yo fyè a anba pye+.
4 Epi, flè ki fennen ki te fè yo bèl anpil la,
Ki sou tèt vale ki bay rannman an,
Ap vin tankou yon fig frans ki bon anvan lè, anvan sezon chalè.
Lè yon moun wè l, li manje l kou l tonbe nan men l.
5 Jou sa a, Jewova, Chèf lame yo, ap vin tounen yon bèl kouwòn ak yon bèl kouwòn flè pou rès moun ki rete nan pèp li a+. 6 Epi, l ap fè jij yo jije moun avèk jistis e l ap bay moun k ap repouse ènmi ki vin atake yo nan pòtay la fòs+.
7 Diven fè prèt yo ak pwofèt yo pèdi wout yo tou.
Bwason ki gen alkòl fè yo balanse de bò.
Bwason ki gen alkòl fè yo pèdi wout yo.
Diven fè yo pa konn sa pou yo fè.
Bwason ki gen alkòl fè yo balanse de bò.
Vizyon yo fè yo fè yo pèdi wout yo,
E yo pa ka pran bon desizyon+.
8 Paske, tab yo chaje vomisman ki bay kè plen,
Pa gen yon kote ki pa gen vomi.
9 Moun yo di: “Kiyès yo pral ede gen konesans,
E kiyès yo pral esplike mesaj la?
Èske se timoun yo fèk sevre,
Timoun ki fèk sot nan tete?
10 Paske, se lòd sou lòd, lòd sou lòd,
Yon tikras isit, yon tikras lòtbò.”
11 Se sa k fè se moun ki bege ak moun ki pale yon lòt lang Bondye ap voye vin pale ak pèp sa a+. 12 Men sa l te di yo yon lè: “Se la a kote pou moun repoze a ye. Se pou moun ki fatige a repoze. Se kote sa a pou moun repran fòs.” Men, yo te refize koute+. 13 Men sa Jewova ap di yo ankò:
“Se lòd sou lòd, lòd sou lòd,
Yon tikras isit, yon tikras lòtbò.”
Konsa, lè y ap mache,
Y ap bite, y ap tonbe sou do,
Y ap pote laviktwa sou yo, y ap pran yo nan pèlen e y ap kenbe yo+.
14 Se sa k fè, nou menm grandizè, se pou n tande pawòl Jewova,
Nou menm k ap dirije pèp sa a nan Jerizalèm,
15 Paske nou di:
“Nou fè yon alyans ak Lanmò+,
Nou fè yon antant* ak Tonm nan*.
Lè gwo dlo k ap desann byen rapid la ap pase,
Li pap rive sou nou,
Paske nou fè manti vin tounen refij nou,
E nou kache kò nou nan manti+.”
16 Se sa k fè, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:
“M ap poze yon wòch kòm fondasyon nan Siyon, yon wòch yo teste+,
Wi, m ap poze wòch ki gen anpil valè a+ nan kwen yon fondasyon ki byen solid+.
Pa gen moun ki demontre yo gen lafwa nan li k ap pè+.
17 E m ap fè sa ki jis tounen fisèl pou pran mezi+,
Se sa ki dwat k ap sèvi kòm nivo*+.
Lagrèl ap kraze refij manti a,
E dlo ap anvayi kote moun kache a.
18 Y ap elimine alyans nou fè ak Lanmò a,
E antant nou te fè ak Tonm nan* pap kenbe+.
Lè gwo dlo k ap desann byen rapid la ap pase,
L ap kraze nou.
19 Chak fwa l pase,
L ap pote nou ale+.
Paske l ap pase chak maten,
L ap pase lajounen e l ap pase lannuit.
Se laperèz sèl k ap fè yo konprann mesaj la*.”
20 Paske, kabann nan twò kout pou moun detire sou li
E dra a twò jis pou moun vlope kò yo avè l.
21 Paske Jewova ap leve kanpe jan l te fè sa sou Mòn Perazim nan.
L ap leve jan l te fè sa nan vale* ki toupre Gabawon an+,
Pou l ka fè sa l ap fè a, bagay etranj l ap fè a,
E pou l ka fè travay li, yon travay moun pa abitye wè+.
22 Kounye a, pinga nou plede ri+
Pou yo pa mare nou pi sere,
Paske Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, fè m konnen
23 Ouvè zòrèy nou pou n koute m.
Pran san nou pou n koute sa m ap di.
24 Èske moun k ap pike tè a ap pase tout jounen ap fè sa san l pa simen semans?
Èske l ap ret ap kraze bit yo e l ap raboure tè a san rete+?
25 Lè l fin egalize tè a,
Èske li pap simen grenn epis* ladan l?
Èske li pap plante ble, pitimi ak lòj* ladan l, yo chak kote pa yo?
27 Paske, gen yon kalite grenn epis yo pa pase planch yo konn separe grenn ak pay la sou li+
E gen yon lòt kalite grenn epis yo pa pase wou yon charyo sou li.
Okontrè, gen youn se ak yon baton yo bat li,
E lòt la, yo bat li ak yon bout bwa.
28 Lè yon moun bat manje angren kote li konn bat manje angren an pou l fè pen,
Li pa bat li nètale+,
E lè l pase wou charyo li sou li ak cheval li,
Li pa kraze l+.
29 Bagay sa yo tou, se Jewova, Chèf lame yo, ki fè yo konnen pou yo fè yo,
Li menm ki gen bèl objektif
29 “Malè pou Ariyèl*! Malè pou Ariyèl, vil kote David te konn monte kan l lan+!
Se pou nou kontinye fè fèt+ nou yo
Ane apre ane!
2 Men, m ap lage malè+ sou Ariyèl,
Pral gen gwo lapenn, moun pral plenn+.
Pou mwen, l ap vin tankou yon lotèl pou Bondye+.
3 M ap monte kan m toutotou w pou m atake w,
M ap pike poto toutotou w pou m ansèkle w,
E m ap met barikad toutotou w+.
4 Y ap desann ou byen ba.
Lè w ap pale, se nan tè a vwa w ap soti,
E pousyè ap toufe sa w ap di.
Vwa w ap sot anba tè+
Tankou vwa moun ki konn chèche pale ak mò.
Pawòl ou yo ap sot nan pousyè a tankou yon chwichwichwichwi.
5 Foul moun ki ènmi w* yo ap tankou poud ki byen fen+,
Pakèt chèf ki mechan yo ap tankou pay van ap pote+.
E sa ap rive byen vit, sanzatann+.
6 Jewova, Chèf lame yo, ap delivre nou.
L ap fè sa ak loray, tranblemanntè ak yon bri ki fò anpil,
Ak van tanpèt, siklòn ak gwo flanm dife+.”
7 Lè sa a, foul moun lòt nasyon k ap fè lagè ak Ariyèl yo+,
Tout moun k ap goumen avè l yo,
E ki met barikad toutotou l yo
Ak moun ki fè malè tonbe sou li yo
Pral vin tankou yon vizyon moun fè lannuit.
8 Wi, se pral tankou yon moun ki grangou ki reve l ap manje,
Men, lè l leve nan dòmi, li toujou grangou*,
E se pral tankou yon moun ki swaf ki reve l ap bwè,
Men, lè l leve nan dòmi, li toujou fatige e li toujou swaf*.
Se sa k pral rive foul moun nan tout nasyon yo
K ap fè lagè ak moun nan Mòn Siyon yo+.
9 Se pou n pantan! Se pou n sezi+!
Fèmen je nou pou n pa wè+.
Yo sou san yo pa bwè diven.
Y ap balanse de bò, men se pa alkòl ki fè yo sa.
10 Paske, Jewova fè yon gwo dòmi pran nou+.
Li fèmen je nou, nou menm pwofèt yo+,
E li kouvri tèt nou, nou menm moun k ap fè vizyon yo+.
11 Tout vizyon yo vin tankou pawòl nan yon liv yo fèmen ak so+. Lè yo lonje l bay yon moun ki konn li e yo di moun nan: “Tanpri, li l byen fò”, moun nan ap di: “Mwen pa kapab, paske yo fèmen l nèt ak so.” 12 Epi, lè yo lonje liv la bay yon moun ki pa konn li, epi yo di l: “Tanpri, li sa”, l ap di: “Mwen pa konn li.”
13 Jewova di: “Se nan bouch pèp sa a pwoche kote m,
E se nan bouch yo onore m+,
Men, kè yo byen lwen m.
Epi, lakrentif yo di yo gen pou mwen an chita sou kòmandman yo resevwa nan men lèzòm+.
14 Se sa k fè mwen pral fè pèp sa a yon seri bagay estrawòdinè ankò+,
Se pral mèvèy sou mèvèy.
Sajès moun ki saj yo ap peri,
E moun ki gen bonsans yo pap gen bon konprann+.”
15 Malè pou moun ki fè tout sa yo kapab pou yo kache plan yo fè* yo pou Jewova+.
Yo fè sa y ap fè yo nan fènwa,
Pandan y ap di: “Ki moun ki wè nou?
Ki moun ki konnen sa n ap fè+?”
16 Gad ki jan nou tòde bagay yo*!
Èske yon moun dwe konsidere atizan ki konn travay ak ajil la menm jan ak ajil la+?
Èske yon bagay yon moun fè ka di moun ki fè l la:
“Se pa ou ki te fè m+”?
Epi, èske yon bagay yo bay fòm ka di moun ki ba l fòm nan:
“Ou pa konprann anyen+”?
18 Jou sa a, moun ki soud yo ap tande pawòl ki nan liv la,
E je moun ki avèg yo ap wè nan fènwa ki pwès+.
19 Moun ki met tèt yo toupiti yo ap kontan anpil grasa Jewova.
E moun ki pòv pami lèzòm yo ap kontan grasa Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.
20 Paske, chèf k ap fè mechanste yo pap la ankò,
Grandizè yo ap disparèt nèt.
Y ap elimine tout moun ki toujou pare pou yo fè sa ki mal+,
21 Moun k ap bay manti pou fè lòt moun parèt koupab yo,
Moun ki tann pyèj pou moun k ap defann* lòt moun nan pòtay vil la+
Ak moun k ap lage fo akizasyon sou moun ki dwat pou anpeche yo jwenn jistis+.
22 Se sa k fè, men sa Jewova, Bondye ki te sove Abraram nan+, di desandan Jakòb yo:
23 Paske, lè l wè pitit li yo bò kote l,
Yo menm ki se travay mwen fè ak men m+,
Lè sa a, y ap onore non m,
Wi, y ap onore Bondye Jakòb la, Bondye ki sen an,
E y ap gen lakrentif pou Bondye Izrayèl la+.
24 Moun ki gen ide dwategòch yo ap vin gen bon konprann,
E moun k ap plenyen yo ap kite yo anseye yo.”
30 Men sa Jewova di: “Malè pou pitit ki gen tèt di yo+,
Ki fè plan ki pa plan pa m+,
Ki fè yon seri alyans*, san se pa lespri m ki te gide yo,
Pou yo mete peche sou peche.
2 Yo desann ann Ejip+ san yo pa mande m konsèy*+
Pou y al anba pwoteksyon Farawon*,
E pou y al pran refij anba lonbray Ejip.
3 Men, pwoteksyon Farawon an ap vin yon wont pou nou,
E refij n al chèche anba lonbray Ejip la ap fè n jwenn imilyasyon+.
4 Paske, se nan Sowan chèf li yo ye+,
E mesaje l yo rive Anès.
5 Ejipsyen yo, ki pa ka fè anyen pou yo,
Ki pa ede yo e ki pa ba yo okenn avantaj,
Ap fè yo tout wont.
Se sèl lawont ak imilyasyon l ap fè yo jwenn+.”
6 Men yon mesaj kont bèt ki nan sid yo:
Mesaje yo travèse zòn ki gen malè ak traka a,
Yon zòn ki gen lyon, yon seri lyon k ap gwonde,
E ki gen vipè ak sèpan ki rapid* e ki gen yon pwazon ki boule,
Pou yo pote richès yo genyen yo sou do bourik,
Ak pwovizyon yo genyen yo sou do chamo.
Men, pèp la pap jwenn okenn avantaj nan bagay sa yo.
8 “Kounye a, ale, ekri sa sou yon moso planch devan yo,
Epi, ekri l nan yon liv+
Pou sa ka sèvi pi devan
Kòm yon temwayaj ki la pou toutan+.
10 Yo di moun ki konn fè vizyon yo: ‘Pinga nou wè anyen’,
E yo di pwofèt yo: ‘Pa rakonte nou vizyon ki verite+.
Rakonte nou bagay ki fè nou plezi*, imajine bagay ki pa reyèl pou n di nou+.
11 Kite wout la. Vire kite chemen an.
Sispann mete Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, devan nou+.’”
12 Se sa k fè, men sa Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di:
“Piske nou rejte pawòl mwen+,
Nou kwè nan magouy ak nan manti,
E nou konte sou bagay sa yo+,
13 Peche sa a ap pou nou tankou yon miray ki fann,
Tankou yon miray byen wo ki gonfle e ki prèt pou tonbe.
L ap kraze bridsoukou, nan yon ti moman.
14 L ap kraze tankou yon gwo kannari atizan ki konn travay ak ajil fè,
L ap tèlman kraze fen, pap ret yon ti moso
Pou moun ranmase dife nan yon fwaye dife
Oswa pou moun pran dlo nan yon ma dlo*.”
15 Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di:
“Lè nou retounen vin jwenn mwen e nou ret trankil, n ap sove.
Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou+.”
Men, nou pa t vle fè sa+.
16 Okontrè, nou di: “Non, n ap kouri ale sou cheval!”
Se sa k fè nou pral kouri.
Nou di: “N ap monte cheval ki rapid+!”
Se sa k fè moun k ap kouri dèyè nou yo ap rapid+.
17 Rèl yon sèl moun ap fè 1 000 moun pran tranble+,
Rèl senk moun ap fè nou kouri,
Jiskaske kantite moun ki rete pami nou an vin tankou yon poto sou tèt yon mòn,
Tankou yon poto yo met kanpe kòm yon siy sou yon ti mòn+.
18 Men, Jewova ap tann avèk pasyans* pou l fè nou favè+,
L ap leve kanpe pou l fè nou mizèrikòd+.
Paske Jewova se yon Dye ki gen jistis lakay li+.
19 Lè pèp la abite nan Siyon, nan Jerizalèm+, ou pap kriye menm+. W ap annik rele pou w mande sekou, Bondye ap vin ede w kanmenm. L ap annik tande rèl ou, l ap reponn ou+. 20 Byenke Jewova, Gran Pwofesè nou an, ap fè nou manje mizè+ e l ap fè nou pase tray tankou se dlo n ap bwè, Gran Pwofesè+ nou an pap kache ankò e n ap wè l ak pwòp je nou. 21 Si nou kite bon wout la pou n fè adwat oswa agoch+, n ap tande yon vwa dèyè nou k ap di: “Men chemen an+. Mache ladan l.”
22 Nou dwe detwi zidòl nou genyen nou soufle ajan sou yo a ak estati nou genyen nou plake lò sou yo a*+. N ap voye yo jete tankou twal lenj sal e n ap di yo: “Retire nou la*+!” 23 Epi, Bondye ap fè lapli tonbe pou semans nou plante nan tè a ka leve+, e manje tè a ap bay yo ap anpil e y ap bon*+. Jou sa a, twoupo bèt nou yo ap manje nan gwo patiraj+. 24 Bèf ak bourik nou sèvi pou travay tè yo ap manje bon manje, manje yo vire ak pèl ak fouch. 25 Sou tout mòn ki wo yo ak tout ti mòn yo ap gen sous dlo ak dlo k ap koule+, nan jou kote y ap touye yon pakèt moun nan, lè kote moun yo fè pòs yo tonbe. 26 Limyè lalin nan lè l plenn ap vin tankou limyè solèy la, e limyè solèy la ap vin sèt fwa pi klere+ tankou limyè sèt jou met ansanm, jou Jewova ap bande kote pèp li a+ genyen ki kase* yo e l ap geri gwo blese li genyen akoz baton li te pran yo+.
27 Gade! Jewova* ap sot byen lwen
Pandan l an kòlè e l ap vini ak gwo nyaj pwès.
Bouch li chaje ak kòlè,
Epi, lang li tankou yon gwo dife+.
28 Lespri l* tankou yon gwo dlo k ap desann ki bay moun jis nan kou
Pou l souke nasyon yo nan yon krib jiskaske anyen pa rete,
E pèp yo ap gen yon brid nan machwè+ yo k ap fè yo pèdi wout yo.
29 Men, chante n ap chante a ap tankou chante nou chante lannuit
Lè n ap prepare n* pou yon fèt+,
Epi kè n ap kontan tankou kè yon moun
K ap mache pandan l ap jwe flit
Etan l sou wout pou l al nan mòn Jewova a, pou l al kot Mas Wòch Izrayèl la+.
30 Jewova ap fè yo tande vwa li ki pisan+,
E l ap fè yo wè bra l+ k ap desann ak gwo kòlè+,
Ak gwo flanm dife+,
33 Li deja prepare yon kote*+ pou l detwi l.
Li prepare l tou pou wa a+.
Li plen yon kote ki fon e ki laj ak pil bwa l yo.
Li met yon pakèt dife ak yon pakèt bwa ladan l.
Van ki sot nan nen Jewova, ki tankou yon gwo rivyè souf,
Ap met dife ladan l.
31 Malè pou moun ki desann nan peyi Ejip pou y al chèche èd+,
Moun ki konte sou cheval yo+,
Moun ki met konfyans yo nan charyo yo konn fè lagè yo paske yo anpil,
Ki met konfyans yo nan cheval yo konn al nan lagè yo* paske yo gen anpil fòs,
Men, yo pa vire gade Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an,
E yo pa chèche Jewova.
2 Epoutan, li gen sajès e l ap lakòz malè.
Li pap chanje pawòl.
L ap leve kont bann mechan yo,
E l ap leve kont moun k ap ede moun k ap fè sa ki mal yo+.
3 Men, Ejipsyen yo se moun yo ye, yo pa Bondye.
Cheval yo genyen yo se chè yo ye, yo pa espri+.
Lè Jewova lonje men l,
Nenpòt moun ki vin pote sekou a ap bite,
E nenpòt moun ki resevwa èd la ap tonbe.
Yo tout ap peri ansanm.
4 Paske, men sa Jewova di m:
“Menm jan yon lyon, yon jenn lyon ki gen fòs*, gwonde lè l fin pran yon bèt,
Lè yon gwoup bèje reyini ansanm pou yo atake l,
Men, vwa yo pa fè l pè,
Ni bri yo fè pa panike l,
Se konsa Jewova, Chèf lame yo, ap desann vin fè lagè
Pou Mòn Siyon e pou ti mòn ki nan Siyon an.
5 Menm jan yon zwazo k ap pike desann pou l pwoteje pitit li, se konsa Jewova, Chèf lame yo, ap defann Jerizalèm+.
L ap defann li e l ap sove l.
L ap pwoteje l e l ap delivre l.”
6 L ap di l: “Retounen vin jwenn Sila a ou pa t pè revòlte kont li a, o pèp Izrayèl+. 7 Paske jou sa a, nou chak ap jete dye san valè ann ajan nou yo ak dye san valè annò nou yo, dye nou te fè ak pwòp men nou. Sa nou te fè a se yon peche.
8 Moun Asiri a ap tonbe anba kout epe, men se pa epe yon moun.
E gen yon epe k ap touye l, men se pa epe lòm+.
Epe a ap fè l kouri,
E y ap fòse jèn mesye l yo fè travay di.
9 Moun ki tankou yon mas wòch pou li a ap kouri tèlman l pè,
E chèf li yo ap pè anpil akoz poto yo met kanpe kòm siy lan.” Se sa Jewova di,
Li menm ki gen limyè* l nan Siyon e ki gen founèz dife l nan Jerizalèm.
32 Gade! Gen yon wa+ ki pral dirije pou sa ki jis fèt+,
E gen prens ki pral dirije yon fason ki dwat.
2 Yo chak ap vin tankou yon kote pou moun kache* lè gen van,
Yon kote pou moun abrite yo* lè gen gwo lapli,
Tankou rivyè dlo k ap koule nan yon tè ki sèk+,
Tankou lonbray yon gwo mas wòch nan yon tè ki sèk.
3 Lè sa a, je moun k ap gade yo pap fèmen ankò,
E zòrèy moun k ap tande yo ap byen koute.
4 Moun ki gen kè cho yo ap pran san yo pou yo reflechi sou sa konesans ye.
Moun ki bege yo ap pale byen klè, san pwoblèm+.
5 Moun ap sispann di moun ki pa gen bonsans lan se yon moun ki donan,
E yo pap di moun ki san prensip la se yon moun debyen.
6 Paske, moun ki pa gen bonsans lan ap di pawòl ki pa gen sans.
L ap kalkile move bagay nan kè l+
Pou l fè moun vire do bay Bondye* e pou l bay manti sou Jewova,
Pou l fè moun ki grangou a* ale san manje,
E pou l anpeche moun ki swaf la jwenn yon bagay pou l bwè.
7 Plan moun ki san prensip la ap fè yo pa bon+.
L ap ankouraje moun gen konduit ki fè moun wont
E li sèvi ak manti pou l fini ak moun k ap soufri a+,
Menm lè malere a ap di sa ki dwat.
8 Men, moun ki renmen bay la bay moun konsèy pou yo renmen bay,
E li toujou renmen bay.
9 “Nou menm medam kè pòpòz yo, leve kanpe pou n koute vwa m.
Nou menm pitit fi ki pouryanis yo+, byen tande sa m ap di.
10 Nan yon tikras plis pase ennan, nou menm ki pouryanis, n ap tranble,
Paske moun pap ranmase okenn fwi lè rekòt rezen an fini+.
11 Nou menm medam kè pòpòz yo, se pou n tranble!
Nou menm pouryanis, se pou n gen latranblad!
Retire tout rad sou nou,
E mare ren nou ak twal sak+.
12 Se pou n bat lestomak nou paske nou nan lapenn
Akoz sa k rive jaden ki donnen anpil yo ak jaden rezen ki bay rannman yo.
13 Paske, tè pèp mwen an ap chaje ak tout kalite pye pikan,
Y ap kouvri tout kay ki te gen kè kontan ladan yo,
Wi, y ap kouvri vil ki te gen gwo kè kontan ladan l lan+.
14 Paske, moun yo kite fò ki byen pwoteje a.
Yo abandone vil ki gen anpil bri ladan l lan+.
Ofèl*+ ak kote yo konn fè pòs la tounen yon savann k ap toujou dezole.
Bourik mawon yo alèz ladan l,
E li se yon patiraj pou twoupo bèt yo+,
15 Jiskaske Bondye vide lespri l sou nou+,
E dezè a vin tounen yon jaden,
Epi yo konsidere jaden an kòm yon forè+.
16 Lè sa a, se sa ki jis k ap toujou la nan dezè a,
E se sa ki dwat k ap ret nan jaden an+.
17 Grasa bagay ki dwat toutbon moun yo ap fè, ap gen lapè+.
Grasa bagay ki dwat toutbon moun yo ap fè, ap gen kè poze ak sekirite nètale+.
18 Pèp mwen an ap rete yon kote ki gen lapè, yon kote yo an repo,
Y ap abite kote ki gen sekirite e ki trankil+.
19 Men, lagrèl ap kraze forè a plat atè,
Epi, vil la ap kraze rapyetè.
20 Nou menm ki simen semans arebò tout dlo, nou mèt kontan,
33 Malè pou nou, nou menm k ap fè ravaj, alòske yo pa ravaje nou+,
Nou menm k ap trayi moun, alòske yo pa trayi nou!
Lè nou fin fè ravaj, y ap ravaje nou+.
Lè nou fin trayi moun, y ap trayi nou.
2 O Jewova, fè nou favè+.
Se ou ki espwa nou.
Soutni nou ak bra w*+ chak maten,
Wi, se ou ki delivrans nou lè nou nan malè+.
3 Kou pèp yo tande w k ap gwonde, yo pran kouri.
Lè w leve kanpe, nasyon yo gaye+.
4 Menm jan ak krikèt voras ki rasanble, se konsa y ap rasanble sa nou pran yo.
Moun ap kouri al sou yo tankou lame krikèt.
5 Jewova ap jwenn anpil glwa,
Paske li abite anwo nan syèl la.
L ap fè sa ki jis ak sa ki dwat blayi toupatou nan Siyon.
6 E nan jou sa yo, se fidelite, sajès, konesans ak lakrentif pou Bondye
K ap fè yon moun jwenn gwo delivrans+.
Lakrentif pou Jewova+ se byen ki gen plis valè pou li.
7 Gade! Gason vanyan yo genyen yo* pran rele byen fò nan lari.
Mesaje k ap anonse lapè yo ap kriye anpil.
8 Pa gen pèsonn k ap pase nan gwo wout yo ankò.
Pa gen moun k ap vwayaje nan chemen yo ankò.
Li* kraze alyans lan.
Li voye vil yo jete.
Li pa respekte pèsonn+.
9 Peyi a nan lapenn* e li fin depafini.
Liban wont+. Li fin pouri.
Chawon vin tankou dezè a,
Bazan ak Kamèl vin tankou pyebwa k ap jete fèy+.
10 Men sa Jewova di: “Kounye a, m ap leve kanpe.
Kounye a, m ap leve tèt mwen byen wo+.
Kounye a, m ap met tèt mwen byen wo.
11 Nou ansent, men se zèb sèch ki nan vant nou, e se pay nou akouche.
Tandans nou genyen ap tounen yon dife pou kankannen nou+.
12 Pèp yo ap vin tankou wòch yo boule pou fè lacho.
Y ap met dife ladan yo tankou pye pikan yo koupe+.
13 Nou menm ki lwen, tande sa m pral fè!
E nou menm ki toupre, se pou nou rekonèt mwen gen pisans!
14 Moun k ap benyen nan peche nan Siyon yo pè anpil+.
Moun ki vire do bay Bondye yo pran tranble, y ap di:
‘Kiyès ki ka viv yon kote ki gen gwo dife+?
Kiyès nan nou ki ka viv ak flanm yon dife ki pa ka etenn?’
15 Se moun ki kontinye fè sa ki dwat yo+,
Ki pale sa ki kòrèk+,
Ki pa nan move zafè, ki pa nan magouy,
Ki refize pran kado anba anba+,
Ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande plan moun ap fè pou fè san koule
E ki fèmen je yo pou yo pa wè sa ki mal.
16 Se moun sa yo k ap rete sou mòn ki wo yo.
Yo pral kache nan fò ki fèt ak wòch, kote ki gen bonjan sekirite*.
Y ap ba yo manje,
E yo pap janm pa gen dlo+.”
17 N ap wè yon wa ki nan glwa li ak de je nou.
N ap wè yon peyi ki lwen.
18 N ap sonje* sa ki te fè nou pè a, n ap di nan kè nou:
“Kote sekretè a ye?
Kote moun ki t ap peye a+?
Kote moun ki t ap konte konbyen fò ki genyen an?”
19 Nou pap wè moun ki awogan yo ankò,
Moun pawòl yo twò difisil* pou moun konprann.
Nou pa ka konprann sa y ap di paske se bege y ap bege+.
20 Gade Siyon, vil nou te konn fè fèt ladan l lan+.
Lè n ap gade Jerizalèm, l ap tankou yon kote ki trankil pou moun rete,
Yon tant yo pap retire nan plas li+.
Yo pap janm rache pikèt li yo,
E yo pap kase youn nan kòd li yo.
21 Men, Jewova, Bondye ki gran an,
Ap vin tankou yon kote ki gen rivyè ak gwo kanal dlo pou nou,
Yon kote okenn kannòt
E okenn gwo bato pap pase.
22 Paske, Jewova se Jij nou+.
Jewova se Sila a ki ban nou lwa pou nou suiv+.
Jewova se Wa nou+.
Se li menm k ap sove nou+.
23 Kòd bato ènmi yo ret pandye.
Yo pa ka kenbe ma batiman yo e yo pa ka monte vwal yo.
Nan moman sa a, y ap pataje pakèt bagay yo pran yo.
Menm moun ki enfim nan pye yo ap pran yon pakèt bagay+.
24 Pa gen yon moun* nan peyi a k ap di: “Mwen malad+.”
Moun ki abite nan peyi a ap jwenn padon pou peche yo fè+.
34 Nou menm nasyon, pwoche pou nou tande.
E nou menm pèp, se pou nou byen koute.
Se pou tè a ak tout sa li gen ladan l koute,
Wi, tè a ak tout sa k ap viv sou li.
2 Paske, Jewova fache anpil kont tout nasyon yo+
E li an kòlè kont tout lame yo genyen yo+.
L ap detwi yo.
L ap touye yo+.
3 Kadav yo ap ret blayi atè,
E move sant kadav yo ap monte+.
4 Tout lame nan syèl la ap pouri,
E y ap woule syèl la tankou yon woulo yo fin li ladan l.
Tout lame ki ladan l lan ap tonbe,
Tankou fèy sèch k ap sot nan pye rezen tonbe atè
E tankou fig frans chode ki sot sou pye tonbe atè.
5 “Paske, epe m nan ki nan syèl la ap benyen ak san+.
L ap desann sou Edòm pou l ba l santans li+.
L ap desann sou pèp mwen deside detwi a.
6 Mwen menm, Jewova, mwen gen yon epe k ap kouvri ak san.
L ap kouvri ak grès+
Ak san jenn mal mouton yo ak kabrit yo
Ansanm ak grès ki nan grenn vant mal mouton yo.
Paske, Jewova ap fè yon sakrifis nan Bozra,
L ap touye anpil moun nan peyi Edòm+.
7 L ap vide towo bèf sovaj yo atè ansanm ak yo,
Ni ti towo bèf yo ni gwo towo bèf yo.
Peyi yo a ap plen san,
E pousyè li gen ladan l ap chaje grès.”
8 Paske, Jewova gen yon jou pou l fè vanjans+,
Yon ane pou l fè ènmi Siyon yo peye pou mal yo te fè Siyon+.
9 Rivyè l yo* ap tounen goudwon,
Pousyè ki nan peyi a ap tounen souf pou fè dife
E tè a ap vin tankou goudwon ki gen dife ladan l.
10 Dife a pap etenn lannuit kou lajounen,
Lafimen k ap sot ladan l ap kontinye monte pou toutan.
Jenerasyon apre jenerasyon, peyi a ap ret san anyen ladan l.
Pèsonn pap janm pase ladan l pou tout tan gen tan+.
11 Se pou grangozye ak pòkepik* l ap ye,
Se chwèt ak kaw k ap ret ladan l.
Bondye ap mezire peyi sa a ak fisèl
Ansanm ak filaplon* pou l montre jan l ap vin vid, e l ap detwi l.
12 Pa gen youn nan gwo potanta l yo k ap vin wa.
Tout chèf li yo ap disparèt.
13 Se pye pikan k ap pouse nan fò li genyen yo,
E se raje ak move zèb k ap pouse nan fòtrès li yo.
L ap vin tounen yon kote pou chen sovaj viv+
Ak yon kote pou otrich rete.
14 Se la bèt ki nan dezè yo ap vin rankontre ak chen k ap viv nan dezè yo,
E se la kabrit mawon* yo ap vin rele kabrit mawon parèy yo.
Wi, se la zwazo ki konn vole lannuit yo ap rete e se la y ap jwenn yon kote pou yo repoze.
15 Se la koulèv ki rapid la ap fè nich li e se la l ap ponn ze,
L ap kouve yo e l ap rasanble pitit li yo anba l.
Wi, se la malfini yo ap rasanble, yo chak ak parèy yo.
16 Chèche nan liv Jewova a epi li ladan l byen fò.
Pa gen youn nan bèt sa yo k ap manke.
Pa gen youn ladan yo ki pap gen parèy.
Paske se Jewova ki bay lòd la ak bouch li,
E se lespri l ki rasanble yo ansanm.
17 Se li menm ki fè tiraj osò pou yo,
E se li ki mezire kote li ba yo rete a ak pwòp men l*.
Kote sa a ap pou yo pou toutan.
Y ap rete ladan l jenerasyon apre jenerasyon.
35 Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil+,
E plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran+.
2 San mank, l ap chaje ak flè+.
L ap kontan, e l ap rele tèlman l kontan.
Y ap ba l glwa peyi Liban an+,
Y ap fè l bèl tankou Kamèl+ ak Chawon+.
Moun yo ap wè glwa Jewova. Y ap wè jan Bondye nou an gran.
3 Se pou nou bay men moun ki fèb yo fòs,
Se pou nou fè jenou moun k ap tranble yo vin djanm+.
4 Se pou nou di moun k ap viv ak kè sote yo:
“Met kouraj sou nou. Pinga nou pè.
Gade! Bondye nou an ap vin vanje sou ènmi nou yo.
Bondye ap vin fè yo peye sa yo fè+.
L ap vin sove nou+.”
6 Lè sa a, moun ki enfim nan pye yo ap vòltije tankou jenn ti kabrit+,
E lang moun ki bèbè yo ap fè rèl kè kontan+.
Epi, sous dlo pral pete nan dezè a,
Dlo pral koule nan plèn ki nan dezè a.
7 Tè ki sèch e ki cho anpil la ap tounen yon kote ki plen dlo ak wozo,
E dlo ap ponpe sot nan tè ki pa gen dlo a+.
Kote chen sovaj yo te rete a+
Ap vin gen zèb vèt ak wozo ansanm ak papiris.
8 Epi, ap gen yon gwo wout nan zòn sa a+,
Wi, yon wout y ap rele Wout Sakre.
Moun ki pa pwòp* pap pase ladan l+.
Se moun k ap mache nan chemen an ki ka pase ladan l.
Moun ki pa respekte bagay ki sakre yo pa gen dwa pase ladan l.
9 Pap gen lyon ladan l
E pap gen bèt bwa ki mechan k ap vin ladan l.
Yo pap ladan l+.
Se sèlman moun Bondye rachte yo k ap mache ladan l+.
10 Moun Jewova sove yo ap retounen+ e y ap rele lè y ap antre nan vil Siyon tèlman y ap kontan+.
Y ap kontan nètale+.
Y ap fè fèt e y ap gen anpil kè kontan.
Yo pap nan chagren e yo pap plenn ankò+.
36 Nan 14yèm ane Ezekyas te wa a, Senakerib, wa Asiri+, te vin atake tout vil nan Jida ki te byen pwoteje yo e li te pran yo+. 2 Lè sa a, wa Asiri a te voye Rabchake a*+ ak yon gwo lame sot Lakis+ pou l al kot wa Ezekyas nan Jerizalèm. Yo t al kanpe bò kot kanal ki sot nan basen ki anwo a+, ki bò wout ki mennen nan teren mesye ki konn fè lesiv la+. 3 Epi, Elyakim+, pitit gason Ilkya, ki te responsab kay la*, ansanm ak Chebna+, sekretè a, ak Jowa, pitit gason Asaf, ki te la pou l ekri tout sa k ap pase, te soti al kote l.
4 Lè sa a, Rabchake a di yo: “Tanpri, di Ezekyas: ‘Men sa gran wa a, wa Asiri a, voye di w: “Ki sa k fè w gen asirans ou genyen an+? 5 Ou di: ‘Mwen gen yon plan e mwen ka batay.’ Men, tout sa se pawòl. Nan kiyès ou met konfyans ou ki fè w pèmèt ou fè rebèl avè m konsa a+? 6 Gade! Ou met konfyans ou nan wozo ki kraze yo bay pou Ejip la. L ap antre nan pla men nenpòt moun ki apiye sou li e l ap pèse pla men l. Se sa k rive tout moun ki met konfyans yo nan Farawon, wa Ejip la+. 7 Petèt w ap di m: ‘Se nan Jewova, Bondye nou an, nou met konfyans nou.’ Men, èske se pa kote ki wo pou moun adore l yo ak lotèl li yo Ezekyas te kraze+ e èske Ezekyas pa t di moun Jida yo ak moun Jerizalèm yo: ‘Se pou nou pwostène devan lotèl sa a+’?”’ 8 Kounye a, men defi wa Asiri a ba ou+: M ap ban nou 2 000 cheval. Fè m wè si nou kapab jwenn ase moun pou nou mete sou yo. 9 Ki jan w ap rive bat menm youn nan gouvènè ki gen mwens enpòtans pami sèvitè mèt mwen an lè se sou Ejip ou konte pou l ba w charyo ak kavalye? 10 Èske se san otorizasyon Jewova mwen monte nan peyi sa a pou m kraze l? Se Jewova menm ki te di m: ‘Monte al atake peyi sa a, epi kraze l.’”
11 Lè sa a, Elyakim, Chebna+ ak Jowa di Rabchake a+: “Tanpri, pale ak sèvitè w yo nan lang arameyen*+, paske, nou konprann lang sa a, men pa pale avèk nou nan lang Juif yo pou moun ki sou miray yo pa tande+.” 12 Men, Rabchake a di yo: “Èske se avèk nou ansanm ak mèt nou an sèlman mèt mwen an voye m vin pale? Èske li pa voye m pale ak moun ki chita sou miray la tou, moun ki gen pou yo manje pwòp poupou yo e ki gen pou yo bwè pwòp pipi yo menm jan ak nou?”
13 Lè sa a, Rabchake a leve, li pale nan lang Juif yo, li di byen fò+: “Koute pawòl gran wa a, wa Asiri a+. 14 Wa a di: ‘Pa kite Ezekyas twonpe nou, paske li pa ka delivre nou anba men m+. 15 Pa okipe Ezekyas k ap di nou: “Se sèten Jewova ap delivre nou, e vil sa a pap tonbe anba men wa Asiri a.” Pa kite l fè nou met konfyans nou nan Jewova+. 16 Pa koute Ezekyas, paske men sa wa Asiri a di: “Fè lapè avè m epi rann tèt nou*. Konsa, nou chak ap kapab manje rezen nan pye rezen pa nou, n ap kapab manje fig frans nan pye fig frans pa nou e n ap kapab bwè dlo nan sitèn pa nou, 17 jiskaske m vini e m mennen nou nan yon peyi ki tankou peyi pa nou an+, yon peyi ki gen manje angren ak diven, yon peyi ki gen pen ak jaden rezen. 18 Pa koute Ezekyas k ap di nou: ‘Jewova ap delivre nou’. Se twonpe l ap twonpe nou. Èske gen yon dye pami dye lòt nasyon yo ki te rive delivre peyi nasyon sa yo anba men wa Asiri a+? 19 Kote dye Amat ak dye Apad yo+? Kote dye Sefavayim yo+? Èske yo te delivre Samari anba men m+? 20 Kiyès nan tout dye moun nan nasyon sa yo ap sèvi yo ki te anpeche m pran peyi nasyon sa yo nan men yo ki fè nou panse Jewova ka delivre Jerizalèm anba men m+?”’”
21 Men, moun yo te ret an silans, yo pa t di yon mo pou yo reponn li, paske wa a te di yo: “Nou pa dwe reponn li+.” 22 Men, Elyakim, pitit gason Ilkya a, ki te responsab kay la*, Chebna+, sekretè a, ak Jowa, pitit gason Asaf, ki te la pou l ekri tout sa k ap pase, t al jwenn Ezekyas ak rad yo chire epi yo te di l pawòl Rabchake a te di yo.
37 Kou Ezekyas tande sa, li chire rad sou li, li met twal sak sou li epi l antre nan kay Jewova a+. 2 Apre sa, li voye Elyakim, moun ki te responsab kay* wa a, Chebna, sekretè a, ak prèt ki te pi granmoun yo, ak twal sak sou yo, kot pwofèt Ezayi+, pitit gason Amòz la. 3 Yo di l: “Men sa Ezekyas voye di w: ‘Jodi a se yon jou tètchaje, yon jou imilyasyon* ak lawont, paske lè a rive pou timoun yo fèt*, men pa gen fòs pou pouse yo+. 4 Petèt Jewova, Bondye w la, ap tande pawòl Rabchake a di yo, pawòl mèt li a, wa Asiri a, te voye l di pou l manke Bondye vivan an dega+, e Jewova, Bondye w la, ap fè l peye pou pawòl sa yo li tande a. Se sa k fè, se pou w priye+ pou rès moun ki rete nan mitan pèp la+.’”
5 Vrèmanvre, sèvitè wa Ezekyas yo al kot Ezayi+, 6 epi Ezayi di yo: “Men sa pou nou di mèt nou an: ‘Jewova di: “Pinga w pè+ poutèt pawòl ou te tande yo, pawòl sèvitè wa Asiri yo+ te di pou yo manke m dega yo. 7 M ap mete yon lide nan tèt li*, l ap tande yon nouvèl e l ap tounen nan peyi l+. M ap fè yo touye l ak kout epe nan pwòp peyi l+.”’”
8 Lè Rabchake a tande wa Asiri a kite Lakis, li tounen al kote l e li jwenn li k ap fè lagè ak moun Libna yo+. 9 Twouve, wa a te tande yo di Tiraka, wa Etyopi a, te vin fè lagè avè l. Lè l aprann sa, li voye moun kot Ezekyas ankò+. Li di yo: 10 “Men sa pou nou di Ezekyas, wa Jida a: ‘Pinga w kite Bondye w la ou met konfyans nan li a twonpe w lè l di w: “Jerizalèm pap tonbe anba men wa Asiri a+.” 11 Gade! Ou te tande sa wa Asiri yo te fè tout peyi yo, jan yo te detwi yo+. Èske w panse ou menm w ap chape? 12 Èske dye nasyon zansèt mwen yo te detwi yo te delivre nasyon sa yo+? Kote Gozan, Aran+, Rezèf ak moun Edenn ki te nan Tèlasa yo? 13 Kote wa Amat la, wa Apad la ak wa vil Sefavayim yo+, kote wa Ena a ak wa Iva a?’”
14 Ezekyas pran lèt yo nan men moun yo epi li li yo. Lè l fini, li monte al nan kay Jewova a epi li ouvri yo* devan Jewova+. 15 Apre sa, Ezekyas te tonbe priye Jewova+, li di: 16 “O Jewova, Chèf lame yo+, Bondye Izrayèl la, ou menm ki chita sou twòn ou anlè* cheriben yo, se ou menm sèl ki vrè Dye tout wayòm ki sou tè a. Se ou menm ki fè syèl la ak tè a. 17 O Jewova, panche zòrèy ou pou w koute+! O Jewova, ouvri je w pou w wè+! Tande tout pawòl Senakerib voye di pou l manke w dega, o Bondye vivan an+. 18 Vrèmanvre, o Jewova, wa Asiri yo ravaje tout peyi yo+ e yo ravaje pwòp peyi pa yo. 19 Yo lage dye peyi sa yo nan dife+, paske se pa dye yo te ye vre, men yo se travay lèzòm fè ak men yo+, yo se wòch ak bwa. Se sa k fè yo te kapab detwi yo. 20 Men, kounye a, o Jewova, Bondye nou an, sove nou anba men l, yon fason pou moun nan tout wayòm ki sou tè a ka konnen se ou menm sèl ki Bondye, o Jewova+.”
21 Apre sa, Ezayi, pitit gason Amòz la, voye mesaj bay Ezekyas, li di l: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Paske ou te priye m konsènan Senakerib, wa Asiri a+, 22 men sa mwen menm, Jewova, mwen di kont li:
23 Kiyès w ap manke dega konsa a+? Kiyès w ap derespekte konsa a?
Kont ki moun w ap leve vwa w konsa a+?
Kiyès ou leve je gade avèk awogans konsa a?
Se kont Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, w ap aji konsa+.
24 Ou itilize sèvitè w yo pou w manke Jewova dega+ e ou di:
‘Avèk pakèt charyo mwen genyen pou m fè lagè yo,
M ap monte sou tèt mòn yo+,
Kote ki pi lwen nan Liban yo.
M ap koupe pye sèd li genyen ki byen wo yo ak pi bèl pye jenevriye l yo.
M ap antre kote li genyen ki pi wo e ki pi lwen yo, nan forè li genyen ki gen plis pyebwa yo.
25 M ap fouye pi e m ap bwè dlo yo.
M ap seche rivyè* Ejip yo ak pla pye m.’
26 Èske nou pa t tande sa? Mwen te pran desizyon sa a* depi lontan.
Mwen gen lontan depi mwen planifye sa+.
Kounye a, m ap fè sa m te deside a+.
W ap fè vil ki byen pwoteje yo tounen pil dekonm+.
27 Moun ki rete nan vil sa yo pap gen pèsonn pou pote yo sekou.
Y ap pè anpil e y ap vin wont,
Y ap vin tankou plant ki nan savann, tankou zèb vèt,
Tankou zèb ki sou do kay van lès la seche.
29 Paske, mwen tande jan w an kòlè anpil kont mwen+ e jan w ap fè bri+.
Se sa k fè m ap mete kwòk mwen an nan nen w+, m ap mete baboukèt mwen an nan bouch ou,
E m ap fè w tounen kote w soti a.”
30 “‘Men yon siy k ap montre w* sa ap fèt: Ane sa a, w ap manje bagay ki pouse poukont yo. Ane apre a, grenn ki pouse yo ap fè w jwenn manje angren pou w manje. Men, nan twazyèm ane a, w ap simen semans e w ap rekòlte, w ap plante pye rezen e w ap manje fwi yo bay+. 31 Moun Jida ki chape yo, sa k rete yo+, ap pouse rasin pa anba e y ap bay fwi pa anlè. 32 Paske, ap gen yon rès moun k ap soti Jerizalèm ak moun k ap chape soti nan Mòn Siyon+. Jewova, Chèf lame yo, byen deside fè sa+.
33 “‘Se sa k fè, men sa Jewova di konsènan wa Asiri a+:
“Li pap antre nan vil sa a+,
Li pap tire yon flèch nan vil la,
Li pap leve yon boukliye pou l mache sou vil la,
Ni li pap fè yon ranp pou l atake l+.”’
34 ‘Menm wout li te pran pou l vini an, se ladan l l ap tounen.
Li pap antre nan vil sa a.’ Se sa Jewova di.
36 Epi, zanj Jewova a soti e li touye 185 000 gason nan kan moun Asiri yo. Nan demen, lè moun yo leve byen bonè, yo wè tout kadav yo+. 37 Se sa k fè, Senakerib, wa Asiri a, t al fè wout li, li te retounen Niniv+ e li te rete la+. 38 Pandan li t ap pwostène nan kay* Niswòk, dye l t ap sèvi a, pwòp pitit gason l, Adramelèk ak Charezè, touye l ak kout epe+. Apre sa, yo sove al nan peyi Arara+. Epi, Esaradon, yon pitit gason l+, vin wa nan plas li.
38 Nan epòk sa a, Ezekyas te vin malad e li te prèske mouri+. Pwofèt Ezayi+, pitit gason Amòz la, te vin kote l e li di l: “Men sa Jewova voye di w: ‘Fè moun lakay ou konnen sa pou yo fè, paske w ap mouri. Ou pap refè+.’” 2 Lè Ezekyas tande sa, li vire fas li bay mi kay la e li pran priye Jewova. Li di l: 3 “O Jewova, mwen sipliye w, tanpri+, sonje jan m te mache devan w ak fidelite e ak tout kè m+. Mwen te fè sa ki byen nan je w.” Epi, Ezekyas tonbe kriye.
4 Apre sa, Jewova pale ak Ezayi. Li di l: 5 “Tounen kot Ezekyas+, e men sa pou w di l: ‘Jewova, Bondye David, zansèt ou a, voye di w: “Mwen tande priyè w la+. Mwen wè dlo ki nan je w+. M ap ajoute 15 an sou lavi w+ 6 e m ap delivre ni ou menm ni vil sa a anba men wa Asiri a. M ap defann vil sa a+. 7 Men siy Jewova bay pou montre w Jewova ap fè sa l di a+: 8 Pandan solèy la ap desann, m ap fè lonbray ki sou mach eskalye* Ahaz la fè bak sou dis mach+.”’” Vrèmanvre, solèy la te fè bak sou dis mach li te gentan desann yo.
9 Men sa Ezekyas, wa Jida a, te ekri lè l te malad e li te leve anba maladi l la.
10 Mwen te di: “Nan mwatye lavi m,
Fò m antre nan pòtay Tonm nan*.
M ap pèdi rès ane m ret pou m viv yo.”
11 Mwen te di: “Mwen pap wè Ja* ankò, mwen pap wè Ja nan peyi moun ki vivan yo+.
Mwen pap wè okenn moun ankò
Lè m ansanm ak moun ki rete kote tout bagay fini an.
12 Kote m rete a tankou tant yon bèje,
Yo rache l epi y al avè l+.
Mwen vlope lavi m tankou yon twal moun ki konn fè twal yo fin fè e yo vlope l.
L ap kase m tankou fil l ap retire nan yon kad yo konn fè twal.
Soti maten rive aswè, ou kontinye fini avè m+.
13 Mwen rete dousman jis demen maten.
Menm jan ak yon lyon, Bondye kontinye kraze tout zo m.
Soti maten rive aswè, ou kontinye fini avè m+.
14 Mwen kontinye rele tankou yon pipirit oswa yon wosiyòl+,
Mwen kontinye plenn tankou pijon+.
Je m bouke ret ap gade anwo+.
Mwen di: ‘O Jewova, m ap soufri anpil.
Ede m+!’
15 Ki sa pou m di?
Li pale avè m e li aji.
M ap mache byen trankil pandan tout lavi m
Paske m ap soufri anpil*.
16 Mwen te di: ‘O Jewova, se bagay sa yo* ki fè moun viv
E se nan yo fòs lavi m ye.
W ap fè m refè e w ap fè m kontinye viv+.
17 Gade! Olye m te jwenn lapè, se nan gwo soufrans mwen te ye.
Men, paske w renmen m*,
Ou pa t kite m ale nan twou kote moun fini an+.
18 Paske, Tonm nan* pa ka ba w glwa+,
Lanmò pa ka fè louwanj pou ou+.
Moun ki desann nan twou a pa ka gen espwa nan fidelite w+.
19 Se moun ki vivan, wi, se moun ki vivan ki kapab fè louwanj pou ou,
Tankou jan m ap fè sa jodi a.
Yon papa ka aprann pitit li jan w fidèl+.
20 O Jewova, sove m,
E n ap chante chante m yo avèk enstriman ki gen kòd+
Pandan tout lavi nou nan kay ou a, o Jewova+.’”
21 Apre sa, Ezayi di: “Pote fig frans yo seche e yo byen peze ansanm yo, epi mete yo sou gwo bouton an pou wa a ka refè+.” 22 Lè sa a, Ezekyas mande: “Ki siy k ap fè m konnen m ap monte al nan kay Jewova a+?”
39 Nan epòk sa a, Mewodakbaladan, wa Babilòn, pitit gason Baladan, te voye yon lèt ak yon kado bay Ezekyas+ paske li te tande Ezekyas te malad e li te refè+. 2 Ezekyas te kontan resevwa* moun yo e li te montre yo kay kote ki gen trezò yo+. Li te montre yo ajan, lò, luil santi bon, lòt luil ki gen anpil valè, tout zam li te genyen ak tout sa li te genyen nan trezò l yo. Pa t gen anyen Ezekyas te gen lakay* li ak nan tout wayòm li an li pa t montre yo.
3 Apre sa, pwofèt Ezayi al kot wa Ezekyas e li mande l: “Ki sa mesye sa yo te di, e ki kote yo soti?” Ezekyas di l: “Yo soti nan yon peyi ki byen lwen, yo soti Babilòn+.” 4 Epi, Ezayi mande l: “Ki sa yo te wè nan kay* ou a?” Ezekyas reponn li: “Yo te wè tout sa k gen nan kay* mwen an. Pa gen anyen mwen pa t montre yo nan trezò m yo.”
5 Lè sa a, Ezayi di Ezekyas: “Tande sa Jewova, Chèf lame yo, di: 6 ‘Gade! Gen jou k ap vini kote y ap pran tout sa k nan kay* ou a ak tout sa zansèt ou yo te sere pou jis jodi a, e y ap pote yo Babilòn. Yo pap kite anyen+.’ Se sa Jewova di+. 7 ‘Mete sou sa, y ap pran kèk nan pitit gason w ap genyen yo e y ap mete yo nan gwo pozisyon nan palè wa Babilòn nan+.’”
8 Lè sa a, Ezekyas di Ezayi: “Mesaj Jewova ba w ban mwen an bon.” Epi, li di: “Paske, ap gen lapè ak sekirite* pandan m vivan an*+.”
40 Men sa Bondye nou an di: “Konsole pèp mwen an, konsole l+.
2 Pale yon fason pou w touche kè* moun Jerizalèm yo.
Fè yo konnen travay yo t ap fòse yo fè a fini.
Yo fin peye pou sa yo fè+.
Se nan men Jewova yo resevwa tout pinisyon* pou tout peche yo fè yo+.”
3 Gen vwa yon moun k ap di byen fò nan dezè a:
“Prepare wout la pou Jewova+!
4 Se pou yo leve tout vale met byen wo,
E se pou yo fè tout gwo mòn ak tout ti mòn vin byen ba.
Tè ki gen douk la dwe vin swa,
E tè ki gen bit la dwe vin yon plèn ki byen plat+.
5 Moun ap fè konnen glwa Jewova+,
E tout moun ansanm ap wè glwa l+.
Paske, se Jewova ki di sa ak bouch li.”
6 Koute! Gen yon moun k ap di: “Rele!”
Gen yon lòt ki mande: “Ki sa pou m rele a?”
“Tout moun tankou zèb vèt.
Tout lanmou fidèl yo genyen an tankou flè ki nan savann+.
7 Zèb vèt yo vin sèch,
Flè yo fennen+,
Paske Jewova soufle sou yo ak souf* li+.
Vrèmanvre, se zèb vèt moun yo ye.
9 Monte sou yon tèt mòn ki wo,
Ou menm fi k ap pote bon nouvèl pou Siyon+.
Pale byen fò,
Ou menm fi k ap pote bon nouvèl pou Jerizalèm.
Pale fò, pinga w pè.
Di moun ki nan vil Jida yo: “Men Bondye nou an+!”
10 Gade! Jewova, Seyè ki Souvren an, ap vini avèk pisans.
Li pral dirije avèk men l+.
Gade! L ap vin ak tout rekonpans li,
E rekonpans l ap bay la devan l+.
11 L ap pran swen twoupo l la menm jan ak yon bèje+.
L ap rasanble ti mouton yo ak bra l,
E l ap pote yo sou lestomak li.
L ap pran swen sa ki gen pitit nan tete yo avèk tandrès+.
12 Kiyès ki rive kenbe tout dlo ki nan lanmè nan men l+?
E kiyès ki pran mezi syèl la ak lajè men l*?
Kiyès ki rasanble pousyè ki sou tè a met nan yon mezi+?
Oswa kiyès ki peze mòn yo nan balans?
E kiyès ki peze ti mòn yo nan balans?
14 Ak kiyès li te pale pou l ka gen bon konprann?
Oubyen kiyès ki montre l mache nan chemen ki dwat la?
Oubyen kiyès ki fè l gen konesans?
Oubyen kiyès ki montre l wout ki mennen nan bon konprann toutbon+?
15 Gade! Nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit,
E li wè yo tankou kouch pousyè sou balans+.
Gade! Li leve zile yo tankou yon ti pousyè.
16 Menmsi yo ta koupe tout pyebwa ki nan Liban yo pou boule yo sou yon lotèl,
E menmsi yo ta boule tout bèt bwa ki nan Liban yo nèt kòm sakrifis, yo pap ase pou li.
17 Tout nasyon yo tankou yon bagay ki pa egziste devan l+.
Li konsidere yo pa anyen, yo tankou bagay ki pa gen okenn valè+.
20 Li chwazi yon pyebwa pou l bay kòm ofrann+,
Yon pyebwa ki pap pouri.
Li chèche yon atizan ki konn travay byen
Pou ba l fè yon zidòl ki pap tonbe+.
21 Èske se konnen nou pa konnen?
Èske se tande nou pa tande?
Èske se di yo pa t di nou sa depi nan kòmansman?
Èske se konprann nou pa t konprann sa depi lè yo t ap fè fondasyon tè a+?
22 Gen yon Bondye ki abite anlè boul* tè a+,
E moun ki abite sou tè a tankou krikèt.
Li ouvè syèl la tankou yon twal fen,
E li ouvè l tankou yon tant pou l abite+.
23 Li retire pouvwa moun ki nan gwo pozisyon yo,
E li fè jij* yo sou tè a pa gen okenn valè.
24 Yo poko menm fin plante yo,
Yo poko menm fin simen yo,
Rasin yo poko menm fin pran nan tè,
Yo soufle sou yo e yo seche,
Epi, van pote yo ale tankou pay+.
25 Men sa Bondye ki sen an di: “Ak kiyès nou ka konpare m pou n fè m egal avè l?
26 Leve je nou nan syèl la epi gade.
Kiyès ki kreye bagay sa yo+?
Se Sila a ki dirije yo tankou yon lame, selon kantite yo ye.
Li rele yo tout nan non yo+.
Grasa pakèt fòs li genyen ak pisans li genyen ki fè moun gen lakrentif pou li+,
Pa gen youn ladan yo ki manke.
27 O Jakòb, poukisa w di sa a? O Izrayèl, poukisa w deklare:
‘Jewova pa wè wout mwen,
E Bondye pa fè m jwenn jistis+’?
28 Èske se konnen nou pa konnen? Èske se tande nou pa tande?
Jewova, Kreyatè tout kote ki sou tè a, se Bondye pou tout tan gen tan+.
Li pa janm fatige, ni li pa janm faya+.
30 Tigason yo ap fatige e y ap vin faya,
Jèn gason yo ap bite e y ap tonbe,
31 Men, moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs.
Y ap vole byen wo kòmsi yo te gen zèl tankou èg+.
Y ap kouri, men yo pap faya.
Y ap mache, men yo pap fatige+.”
41 “Nou menm zile yo, ret an silans pou nou koute m*.
Se pou nasyon yo repran fòs.
Se pou yo pwoche e se pou yo pale+.
Annou pwoche pou jijman an.
2 Kiyès ki fè yon moun ki sot nan direksyon solèy leve* kanpe+,
Ki rele moun nan vin fè sa ki jis devan pye l*,
Pou l lage nasyon yo nan men l
E pou l fè l fè wa yo soumèt devan l+?
Kiyès ki fè yo tounen pousyè devan epe l la,
E ki fè yo vin tankou pay van pote ale devan banza* l la?
3 Li kouri dèyè yo, san pèsonn pa bloke l.
Li pase nan chemen li pa t konn pase.
4 Kiyès ki aji konsa e ki fè sa,
Ki rele jenerasyon yo youn apre lòt depi nan kòmansman?
Mwen menm Jewova, se mwen an premye ki te la+,
E m ap toujou ret menm jan an pou dènye jenerasyon k ap egziste yo+.”
5 Zile yo wè sa e yo vin pè.
Dènye bout tè a te pran tranble.
Moun yo te rasanble.
6 Youn ede lòt,
Epi, youn di lòt: “Mete kouraj sou ou.”
7 Konsa, atizan an ankouraje òfèv la+.
Bòs fòjon k ap plati metal ak mato a
Ankouraje moun k ap plati metal sou fè ki la pou sa a.
Li wè soudi bòs la fè a, li di: “Sa a bon.”
Apre sa, yo kloure estati a byen kloure pou l pa tonbe.
8 “Men ou menm, o Izrayèl, ou se sèvitè m+.
O Jakòb, ou menm, moun mwen chwazi a+,
Ki se desandan* Abraram, zanmi m nan+,
9 Ou menm, mwen t al pran jis nan dènye bout tè a+,
Ou menm, mwen rele pou w sot kote ki pi lwen yo,
Mwen te di w: ‘Ou se sèvitè m+.
Se ou mwen chwazi, mwen pa voye w jete+.
10 Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w+.
Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w+.
M ap ba w fòs, wi, m ap ede w+.
Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.’
11 Gade! Y ap fè tout moun ki fache anpil kont ou yo vin wont e y ap imilye yo+.
Y ap detwi moun k ap fè lagè avè w yo, yo pap egziste ankò+.
12 W ap chèche moun k ap batay avè w yo, men ou pap jwenn yo.
Moun k ap fè lagè avè w yo ap vin tankou yon bagay ki pa egziste, yo pap anyen ditou+.
13 Paske, mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen kenbe men dwat ou,
E mwen se Sila a k ap di w: ‘Ou pa bezwen pè, m ap ede w+.’
14 Ou pa bezwen pè, ou menm Jakòb ki se yon vètè*+.
Nou menm moun Izrayèl, m ap ede nou.” Se sa Jewova, Sovè* nou an+, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di.
15 “Gade! Mwen fè n tounen yon planch pou yo bat manje angren+,
Yon zouti tounèf ki gen dan toude bò pou yo bat manje angren.
N ap pilonnen mòn yo, n ap kraze yo,
E n ap fè ti mòn yo vin tankou pay.
16 N ap vannen yo,
E van ap pote yo ale.
Yon van tanpèt ap gaye yo.
N ap kontan grasa Jewova+,
E n ap fè elòj pou tèt nou grasa Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.”
17 “Moun ki nan nesesite yo ak moun ki malere yo ap chèche dlo, men yo pa jwenn.
Lang yo sèch tèlman yo swaf+.
Mwen menm, Jewova, m ap reponn priyè yo+.
Mwen menm, Bondye Izrayèl la, mwen pap abandone yo+.
18 M ap fè rivyè koule nan ti mòn ki pa gen okenn plant sou yo+,
E m ap fè sous dlo koule nan vale yo+.
M ap fè dezè a tounen yon kote ki plen dlo ak wozo,
E m ap fè tè ki sèch la tounen yon kote ki chaje sous dlo+.
19 M ap plante pye sèd nan dezè a,
E m ap plante pye akasya, pye mit* ak pyebwa ki bay luil+.
Nan plèn ki nan dezè a, m ap plante pye jenevriye
Ansanm ak pye frenn ak pye sapen+
20 Pou tout moun ka wè e pou yo ka konnen,
Pou yo ka byen koute e pou yo ka konprann
Se Jewova ki fè sa ak men l,
E se Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, ki fè sa fèt+.”
21 Jewova di: “Prezante ka w la.”
Wa Jakòb la di: “Bay prèv ou genyen yo.
22 Bay prèv ou yo epi di nou bagay ki pral rive yo.
Fè n konnen ansyen* bagay yo
Pou nou ka reflechi sou yo* e pou nou ka konnen ki jan y ap fini.
Oubyen fè n konnen bagay k ap vini yo+.
23 Di nou ki sa k pral rive nan tan k ap vini yo
Pou nou ka konnen se dye nou ye+.
Wi, fè yon bagay, kit li bon, kit li pa bon,
Pou nou ka sezi lè nou wè sa+.
24 Gade! Nou se yon bagay ki pa egziste,
E sa nou fè yo pa vo anyen+.
Moun ki chwazi sèvi nou bay repiyans+.
25 Mwen fè yon moun leve sot nan nò, e l ap vini+,
Yon moun ki sot nan direksyon solèy leve*+ k ap fè louwanj pou non m.
L ap pilonnen chèf yo anba pye l tankou se ajil yo ye+,
Menm jan yon atizan ki konn travay ak ajil ap pilonnen ajil ki mouye.
26 Kiyès ki te rakonte sa depi nan kòmansman oswa depi nan tan pase yo
Pou nou ka konnen l, pou nou ka di: ‘Li gen rezon+’?
Vrèmanvre, pa gen pèsonn ki te anonse bagay sa a!
Pa gen pèsonn ki te di sa!
Pa gen pèsonn ki te tande nou di anyen+!”
27 Se mwen an premye ki te di moun Siyon yo: “Men sa k pral rive+.”
E se mwen ki te di moun Jerizalèm yo m ap voye yon moun pot bon nouvèl ale+.
28 Men, mwen te kontinye gade, e pa t menm gen youn.
Pa t gen youn pami yo ki ka bay konsèy.
Mwen te kontinye mande yo pou yo reponn.
29 Gade! Yo youn pa vo anyen*.
Travay moun sa yo pa vo anyen.
Estati yo genyen ki fèt ak metal* yo menm jan ak van e yo pa gen okenn valè+.
42 Gade! Men sèvitè m nan+, moun m ap ede a!
Men moun mwen chwazi a+, moun mwen* pran plezi nan li a+!
Mwen mete lespri m sou li+,
E l ap fè nasyon yo konnen sa k rele jistis+.
3 Li pap kase wozo ki pliye a,
E li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an+.
L ap fè gen jistis toutbon+.
4 Li pap faya e li pap kraze jiskaske li met jistis sou tè a+,
E zile yo kontinye ret tann lòd* l ap bay.
5 Men sa Jewova, vrè Dye a, di,
Kreyatè syèl la, Gran Dye ki blayi syèl la+,
Sila a ki mete tè a kote l ye a e ki fè tout sa ki sou li+,
Sila a ki bay moun k ap viv sou tè a souf+,
E ki bay moun k ap mache sou li yo lavi+:
6 “Mwen menm, Jewova, ki aji avèk jistis, mwen rele w.
Mwen kenbe men w.
M ap pwoteje w e m ap fè w vin yon alyans ant mwen menm ak pèp yo+.
E w ap vin tankou yon limyè pou nasyon yo+,
7 Pou w ouvè je moun ki avèg yo+,
Pou w fè prizonye yo sot nan kacho,
E pou w fè moun ki chita nan fènwa yo sot nan prizon+.
8 Mwen se Jewova. Se non pa m.
Mwen pa bay pèsonn glwa ki pou mwen an*,
E mwen pa bay zidòl louwanj ki pou mwen an+.
9 Gade! Premye bagay yo fin fèt.
Kounye a, m ap anonse nouvo bagay.
Anvan yo parèt, m ap fè w konnen yo+.”
10 Chante yon nouvo chante pou Jewova+,
Fè louwanj pou li jis nan dènye bout tè a+,
Nou menm k ap vwayaje sou lanmè e nou tout k ap viv nan lanmè,
Nou menm zile ak moun k ap viv sou nou yo+.
11 Se pou dezè a ak vil ki ladan l yo+
Ansanm ak kan kote Keda abite a+ leve vwa yo.
Se pou moun k ap viv kote ki gen mas wòch yo rele tèlman yo kontan.
Se pou yo rele sou tèt mòn yo.
12 Se pou yo bay Jewova glwa,
E se pou yo mache fè louwanj pou li nan zile yo+.
13 Jewova ap soti tankou yon gason vanyan+.
L ap vin chofe tankou yon sòlda ki nan lagè+.
L ap rele, wi, l ap fè yon gwo rèl tankou bri moun ki nan lagè.
L ap montre jan li gen plis fòs pase ènmi l yo+.
14 Li di: “Sa fè lontan depi m ret dousman.
Mwen te ret an silans e mwen te kontwole tèt mwen.
Menm jan ak yon fi k ap akouche,
Mwen pral plenn, m ap respire fò e souf mwen ap kout.
15 M ap ratibwaze gwo mòn yo ak ti mòn yo,
E m ap seche tout plant ki ladan yo.
M ap fè rivyè yo tounen zile,
E m ap seche kote ki plen dlo ak wozo yo+.
16 M ap mennen avèg yo al nan yon wout yo pa konnen+,
E m ap fè yo mache nan chemen yo pa abitye mache+.
M ap fè fènwa ki devan yo tounen limyè+,
E m ap fè tè ki gen douk la vin plat+.
Se sa m ap fè pou yo e mwen pap abandone yo.”
17 Y ap fè moun ki met konfyans yo nan zidòl yo retounen,
E y ap fè yo wont nèt,
Yo menm ki di estati ki fèt ak metal* yo: “Nou se dye nou+.”
18 Nou menm ki soud, se pou nou koute.
Nou menm ki avèg, gade byen pou nou wè+.
19 Kiyès ki avèg tankou sèvitè m nan,
Ki soud menm jan ak moun mwen voye a?
Kiyès ki avèg tankou moun mwen bay rekonpans lan,
E ki avèg tankou sèvitè Jewova a+?
20 Nou wè anpil bagay, men nou pa t bay sa valè.
Nou ouvè zòrèy nou, men nou pa koute+.
21 Piske Jewova renmen sa ki jis,
Li kontan fè lalwa* vin gen anpil valè e li fè l bèl anpil.
22 Men, se yon pèp yo piye, e yo pran tout sa l genyen+.
Yo met yo tout nan twou e yo fèmen yo nan prizon+.
Yo piye yo, e pa gen pèsonn pou delivre yo+.
Yo pran tout sa yo genyen, e pa gen pèsonn ki di: “Remèt yo afè yo!”
23 Kiyès nan nou k ap koute sa?
Kiyès k ap pran san yo pou yo koute pou sa ka itil yo demen?
24 Kiyès ki bay Jakòb pou yo piye l
E ki livre pèp Izrayèl la pou yo pran tout sa l genyen?
Èske se pa Jewova, Sila a nou peche kont li a?
Yo te refize mache nan wout li yo
25 Se sa k fè li kontinye lage gwo kòlè sou Izrayèl,
Li kontinye lage kòlè l sou li e li fè moun kontinye fè gwo lagè avè l+.
Flanm dife lagè kankannen tout sa ki bò kote l, men li pa t koute+.
Dife a boule l nèt, men li pa t bay sa enpòtans+.
43 Kounye a, men sa Jewova, Kreyatè w la, di, o Jakòb,
Sila a ki fè w la, o Izrayèl+:
“Ou pa bezwen pè, paske mwen delivre w+.
Se mwen ki ba w non.
Se byen m ou ye.
2 Lè w ap janbe dlo, m ap avè w+.
Lè w ap travèse rivyè, dlo pap kouvri w+.
Lè w ap mache nan dife, ou pap boule,
E flanm dife pap kankannen w.
3 Paske, mwen se Jewova, Bondye w la,
Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, Sovè w la.
Mwen te bay Ejip,
Etyopi ak Seba kòm ranson pou ou.
4 Paske w vin gen anpil valè pou mwen+,
Ou enpòtan pou mwen, mwen renmen w+.
M ap bay anpil moun ak anpil nasyon
Pou m ka sove lavi w*.
5 Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w+.
M ap fè pitit ou yo* sot nan lès,
E m ap fè yo rasanble sot nan lwès+.
6 M ap di zòn nò a: ‘Kite yo ale!+’
E m ap di zòn sid la: ‘Pa anpeche yo ale.
Fè pitit gason m yo sot byen lwen e fè pitit fi m yo sot nan dènye bout tè a+,
7 Sa vle di tout moun ki pote non m yo+,
Moun mwen te kreye pou glwa m yo,
Moun mwen te fè yo+.’
8 Fè pèp la soti. Yo gen je, men yo avèg,
Yo gen zòrèy, men yo soud+.
9 Se pou tout nasyon rasanble yon sèl kote,
E se pou pèp yo reyini ansanm+.
Kiyès pami dye yo ki ka di sa?
Oubyen èske yo ka fè nou tande premye bagay yo*+?
Se pou yo vin ak temwen yo pou yo montre se yo ki gen rezon!
Oubyen se pou yo tande e se pou yo di: ‘Sa se laverite+!’”
10 Men sa Jewova di: “Nou se temwen m+,
Wi, nou se sèvitè m mwen chwazi+,
Pou nou ka konnen m, pou nou ka gen lafwa nan mwen*,
E pou nou ka konprann mwen se menm Moun nan+.
Anvan m, pa t gen okenn dye ki te fèt,
E apre m, pa menm gen youn+.
11 Mwen menm, mwen se Jewova+, e apa mwen menm, pa gen okenn sovè+.”
12 Men sa Jewova di: “Mwen se Sila a ki pale a, ki te sove nou an e ki te fè nou konnen sa k pral rive
Lè pa t gen okenn lòt dye nan mitan nou+.
Se sa k fè nou se temwen m, e se mwen ki Bondye+.
13 Epitou, mwen toujou menm Moun nan+.
Pèsonn pa ka rache anyen nan men m+.
Lè m ap aji, kiyès ki ka bloke m+?”
14 Men sa Jewova, Sovè* w la+, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di+:
“Poutèt ou menm, m ap voye al kraze tout ba fè yo konn fèmen pòtay ki nan Babilòn yo+,
E moun Kalde ki nan bato yo ap rele pou yo mande sekou+.
15 Mwen se Jewova, Bondye w la ki sen+, Bondye ki kreye Izrayèl la+, Wa w la+.”
16 Men sa Jewova di,
Sila a ki fè yon wout travèse lanmè a
E ki fè yon chemen pase menm nan mitan dlo ki move yo+,
17 Sila a ki fè charyo yo konn fè lagè yo soti ansanm ak cheval yo+,
Ki fè lame a soti ansanm ak sòlda ki vanyan yo:
“Yo pral kouche, men yo pap leve+.
Y ap etenn souf yo tankou flanm yon lanp yo kouvri.”
18 “Pinga nou sonje ansyen bagay yo,
E pinga nou ret ap reflechi sou tan ki pase yo.
19 Gade! M ap fè yon bagay tounèf+.
Li parèt kounye a menm.
Ou pa konn ki sa l ye?
M ap fè yon wout travèse dezè a+,
E m ap fè rivyè pase nan dezè a+.
20 Bèt sovaj yo ap gen respè pou mwen,
Chen sovaj yo ak otrich yo tou,
Paske mwen bay dlo nan dezè a,
Mwen mete rivyè dlo nan dezè a+,
Pou pèp mwen an, pèp mwen chwazi a+, ka bwè,
21 Pèp mwen te fè pou mwen an,
Pou yo ka fè konnen glwa mwen+.
23 Ou pa t pote mouton pou w fè sakrifis y ap boule nèt pou mwen,
E ou pa t fè sakrifis pou mwen pou w ban m glwa.
Mwen pa t fòse w ban m kado,
E mwen pa t fè w bouke avè m nan plede mande w boule lansan blan pou mwen+.
24 Ou pa t achte wozo santi bon pou mwen ak lajan w,
E ou pa t fè kè m kontan ak grès sakrifis ou yo+.
Olye de sa, ou fè peche w yo tounen yon chay pou mwen,
E ou fè m bouke ak bagay mal ou fè yo+.
25 Mwen menm, mwen se Sila a k ap efase sa nou fè ki mal* yo+ poutèt non mwen+
E mwen pap sonje peche nou yo+.
26 Fè m sonje. Annou vin jije youn ak lòt.
Vin rakonte sa k te pase pou w ka montre ou gen rezon.
28 Se sa k fè, m ap rabese chèf yo ki nan kote ki sakre a.
M ap kite yo detwi Jakòb,
E m ap kite yo di Izrayèl vye pawòl pou yo manke l dega+.
44 “Kounye a, o Jakòb, sèvitè m nan,
O Izrayèl, ou menm mwen chwazi a, koute+.
3 Paske m ap bay moun ki swaf la* dlo pou l bwè+,
E m ap fè rivyè koule nan tè ki pa gen dlo a.
M ap vide lespri m sou pitit ou yo*+,
E m ap vide benediksyon sou desandan w yo.
4 Epi y ap pouse tankou zèb+,
Tankou pye pepliye ki bò kanal dlo.
5 Youn pral di: “Mwen se byen Jewova+.”
Yon lòt pral bay tèt li non Jakòb,
E yon lòt ankò ap ekri sou men l: “Byen sa a se pou Jewova.”
E l ap fè yo rele l Izrayèl.’
6 Men sa Jewova,
Sila a ki Wa Izrayèl la+, Sovè l la+, Jewova, Chèf lame yo, di:
‘Mwen se premye a e mwen se dènye a+.
Apa mwen menm, pa gen Bondye+.
7 Kiyès ki tankou m+?
Se pou l pale byen fò, se pou l vin di sa e se pou l ban m prèv ki montre sa+!
Menm jan m te fè depi lè m te chwazi pèp ki la depi lontan an,
Se pou yo rakonte ni sa k gen pou rive,
Ni sa ki poko ap rive.
8 Nou pa bezwen tranble,
Pinga nou kite laperèz anvayi nou+!
Èske mwen pa t di nou sa davans? Èske m pa t fè nou konn sa?
Nou se temwen m+.
Èske gen yon lòt Bondye apa mwen menm?
Non, pa gen yon lòt Mas Wòch+. Mwen pa konn okenn lòt.’”
9 Tout moun k ap fè zidòl yo pa vo anyen.
Bagay yo renmen yo pap itil anyen+.
Menm jan ak moun ki temwen moun k ap fè zidòl yo, yo* pa wè anyen e yo pa konn anyen+,
Se sa k fè, y ap lage lawont sou moun ki fè zidòl yo+.
11 Gade! Y ap fè tout moun ki fè bagay sa yo wont+!
Atizan yo se moun yo ye.
Se pou yo rasanble e se pou yo ret kanpe nan plas yo.
Y ap fè yo pè e y ap fè yo tout wont ansanm.
12 Bòs fòjon an mete fè a sou chabon dife pou l travay li ak zouti l.
Li ba l fòm ak mato,
Li travay li ak fòs ponyèt li+.
Apre sa, li vin grangou e li vin pèdi fòs.
Li pa bwè dlo, li vin fatige.
13 Moun k ap travay bwa a pran mezi bwa a, li trase yon fòm sou li ak lakrè wouj.
Li pase galè sou li e li trase l ak yon konpa.
Li fè l pòtre yon moun+,
Li fè l vin tankou yon bèl moun
14 Gen yon moun travay li se koupe pye sèd.
Li chwazi yon kalite pyebwa, yon pye bwadchèn,
E li kite l vin yon gwo pyebwa pami pyebwa ki nan forè a+.
Li plante yon pye pichpen, e lapli fè l grandi.
15 Epi, yon moun fè dife ak bwa a.
Li pran yon pati ladan l pou l chofe kò l.
Li fè yon dife pou l fè manje.
Men, li fè yon dye tou e li adore l.
Li fè yon zidòl avè l, epi li bese byen ba devan l+.
16 Li fè dife ak mwatye ladan l.
Li sèvi avè l pou l boukannen vyann pou l manje, epi vant li plen.
Li chofe kò l tou, epi li di:
“O! Mwen byen chofe kò m pandan m ap gade dife a.”
17 Men, li fè yon dye ak rès bwa a, li fè l tounen zidòl li.
Li koube byen ba devan l e li adore l.
Li priye l, epi li di l:
“Sove m, paske se ou ki bondye m+.”
18 Moun k ap fè zidòl yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen+,
Paske je yo bouche e yo pa ka wè,
E eta kè yo anpeche yo gen bon konprann.
19 Pa gen youn ki di nan kè l
Oswa ki gen konesans ak bon konprann pou l di:
“Mwen boule mwatye ladan l nan dife,
Sou chabon dife a, mwen kuit manje e mwen boukannen vyann.
Bon, èske m ta dwe pran rès la pou m fè yon vye bagay avè l+?
Èske m ta dwe adore yon bout bwa ki soti nan yon pyebwa?”
20 Li tankou yon moun k ap manje sann dife.
Piske li kite kè l twonpe l, sa fè l pèdi wout li.
Li pa ka delivre tèt li*, ni li pa di:
“Apa m gen yon bagay nan men m ki pa vo anyen!”
21 “O Jakòb, ou menm Izrayèl, sonje bagay sa yo,
Paske w se sèvitè m.
Mwen te fè w, e se sèvitè m ou ye+.
O Izrayèl, mwen pap bliye w+.
22 M ap efase sa w fè ki mal yo tankou se ak nyaj mwen kouvri yo+,
E m ap efase peche w yo tankou se ak nyaj pwès mwen kouvri yo.
Retounen vin jwenn mwen, paske, m ap fè w sot ann egzil+.
23 Ou menm syèl, se pou w rele tèlman w kontan,
Paske se Jewova k ap aji!
Ou menm kote ki fon nan tè a, se pou w rele tèlman w kontan!
Nou menm mòn yo, se pou n rele tèlman nou kontan+,
Ni ou menm forè ak tout pyebwa w genyen yo.
Paske, Jewova fè Jakòb sot ann egzil,
E li montre glwa li sou Izrayèl+.”
24 Men sa Jewova, Sovè* w la+,
Sila a ki te ba w fòm depi lè w te nan vant lan, di:
“Mwen se Jewova, Sila a ki fè tout bagay la.
Se mwen poukont mwen ki te blayi syèl la tankou yon dra+,
E se mwen ki te met tè a kote l ye a+.
Kiyès ki te avè m pou ede m?
25 Moun k ap di pawòl ki san valè yo* ap bay siy, e mwen fè siy sa yo pa reyalize.
Mwen se Sila a ki fè divinò yo aji tankou moun sòt+,
Sila a ki lage moun ki gen sajès yo nan konfizyon,
E ki fè konesans yo genyen tounen bagay moun sòt+.
26 Mwen se Sila a ki fè sa sèvitè l la di a reyalize
E ki fè tout sa mesaje l yo anonse yo reyalize+.
Mwen se Sila a ki di sou Jerizalèm: ‘Pap ret yon moun ladan l+’,
E ki di sou vil Jida yo: ‘Y ap rebati yo+,
E m ap repare sa k te kraze ladan l yo+.’
28 Mwen se Sila a ki pale de Siris e ki di+: ‘Li se bèje m nan.
L ap fè tout sa m vle nèt+.’
Mwen se Sila a ki pale de Jerizalèm e ki di: ‘Y ap rebati l’,
E ki pale de tanp lan e ki di: ‘Y ap fè fondasyon w+.’”
45 Men sa Jewova di Siris, moun li chwazi a+,
Moun li kenbe men dwat li a+
Pou l fè nasyon yo soumèt devan l+,
Pou l dezame* wa yo,
Pou l ouvri pòtay ki gen de batan yo devan l
Yon fason pou pòtay vil la pa fèmen:
E m ap fè ti mòn yo vin plat.
M ap kraze pòt an kuiv yo fè miyèt moso,
E m ap kase ba fè yo konn fèmen pòtay yo+.
3 M ap ba w trezò ki nan fènwa yo
Ak trezò yo sere kote ki kache yo+
Pou w ka konnen mwen se Jewova,
Bondye Izrayèl la, Sila a ki ba w non w genyen an+.
4 Poutèt sèvitè m nan, Jakòb, poutèt Izrayèl, nasyon m chwazi a,
Se mwen ki ba w non.
Mwen ba w yon gran non, byenke ou pa t konnen m.
5 Mwen se Jewova, e pa gen lòt.
Apa mwen menm, pa gen lòt Bondye+.
Byenke ou pa t konnen m, m ap ba w fòs*
6 Yon fason pou moun ka konnen,
Depi kote solèy la leve a rive jis kote l kouche a*,
Pa gen okenn Dye apa mwen menm+.
Mwen se Jewova, e pa gen lòt ankò+.
7 Se mwen ki fè limyè+ e se mwen ki fè fènwa+.
Mwen fè gen lapè+ e mwen fè malè rive+.
Mwen menm, Jewova, mwen fè tout bagay sa yo.
8 Ou menm syèl, se pou w fè lapli tonbe+!
Se pou sa ki jis sot nan nyaj yo tankou lapli k ap tonbe!
Se pou tè a ouvè pou l bay anpil delivrans!
Anmenmtan, se pou l fè sa ki dwat sot ladan l+!
Se mwen menm, Jewova, ki fè sa.”
9 Malè pou moun k ap fè kont* ak Sila a ki fè l la*,
Paske li se yon senp moso veso ann ajil
Pami lòt moso veso ann ajil ki atè.
Èske ajil la ta dwe di Atizan k ap ba l fòm nan: “Ki sa w ap fè la a+?”
Oubyen èske yon travay w ap fè ta dwe di w: “Ou pa gen men”?*
10 Malè pou moun ki di yon papa: “Ki mòd pitit ou gen la a?”
E ki mande yon manman: “Ki pitit ou fè la a?*”
11 Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+, Sila a ki te ba l fòm nan, di:
“Èske w ap poze m kesyon sou bagay k ap rive yo,
E w ap ban m lòd pou w di m sa pou m fè ak pitit mwen yo+ oswa ak travay mwen fè?
12 Mwen te fè tè a+, mwen te kreye lòm sou li+.
Mwen te blayi syèl la tankou yon dra ak pwòp men m+,
E mwen bay tout lame l genyen an lòd+.”
13 “Piske m fè sa ki dwat+, mwen met yon moun kanpe,
E m ap fè tout wout li yo vin dwat.
Se li menm ki pral bati vil mwen an+
E ki pral libere moun mwen yo ki ann egzil+, san l pa peye anyen pou sa e san l pa bay anyen anba anba+.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.
14 Men sa Jewova di:
“Byen* Ejipsyen yo ak machandiz* Etyopyen yo ansanm ak moun Seba yo, yon seri moun ki wo anpil,
Ap vin jwenn ou e y ap pou ou.
Moun k ap mache dèyè w yo ap nan chenn.
Y ap vin bese byen ba devan w+.
Y ap priye w, y ap di: ‘Vrèmanvre, Bondye ansanm avè w+,
E pa gen lòt ankò. Pa gen lòt Bondye.’”
15 Vrèmanvre, ou se yon Bondye ki pa toujou di tout sa w ap fè,
O Bondye Izrayèl la, Sovè a+.
16 Y ap fè tout moun wont e y ap rabese yo.
Tout moun k ap fè zidòl yo pral fè wout yo tou wont+.
17 Men, Jewova ap sove w pou toutan, o Izrayèl+.
Yo pap fè w wont, ni yo pap imilye w ankò pou tout tan gen tan+.
18 Paske, Jewova, vrè Dye a,
Sila a ki te kreye syèl la+, Sila a ki te bay tè a fòm nan,
Sila a ki te fè tè a e ki fè l rete byen djanm nan+,
Sila a ki pa t annik kreye l pou granmesi a*, men ki te fè l pou moun rete sou li a, di+:
“Mwen se Jewova, pa gen lòt ankò.
19 Mwen pa t ret kache yon kote+, nan yon peyi ki fè nwa, pou m pale.
Mwen pa t di desandan Jakòb yo*:
‘Nou mèt chèche m, men se pou granmesi n ap fè sa.’
Mwen se Jewova. Mwen di sa ki dwat e mwen fè konnen sa ki jis+.
20 Rasanble, epi vini.
Nou menm ki chape anba men nasyon yo, se pou n pwoche ansanm+!
Moun k ap pote zidòl yo pa konn anyen,
E y ap priye yon dye ki pa ka sove yo+.
21 Vin pale, vin bay prèv nou genyen yo.
Se pou youn pale ak lòt nan tèt ansanm!
Kiyès ki te anonse sa depi byen lontan
E ki te fè konn sa nan tan ki pase yo?
Èske se pa mwen menm, Jewova?
Apa mwen menm, pa gen lòt Bondye.
Mwen se Bondye ki dwat la e mwen se yon Sovè+. Apa mwen menm, pa gen lòt+.
22 Retounen vin jwenn mwen pou nou ka sove+, nou tout ki toupatou sou tè a,
Paske mwen se Bondye, e pa gen lòt+.
23 Mwen fè sèman.
Pawòl ki sot nan bouch mwen se laverite,
E li pap pa reyalize+:
Tout jenou ap pliye devan m,
Tout moun ap fè sèman y ap fidèl avè m+,
24 E y ap di: ‘San mank, se nan Jewova sa ki dwat toutbon rete e se li ki gen fòs.
Tout moun ki an kòlè anpil kont li yo ap vin devan l tou wont.
46 Bèl koube+, Nebo panche.
Yo met zidòl fo dye sa yo sou do bèt ki konn pote chay+.
Yo tankou chay lou ki sou do bèt ki fin faya.
3 “O nou menm, desandan Jakòb, koute sa m ap di nou, nou tout rès moun nan fanmi Izrayèl la+,
Nou menm mwen t ap pote depi lè n te fèt, nou menm mwen t ap pran swen depi lè n nan vant+.
4 Jiskaske nou vin vye granmoun, m ap ret menm Moun nan+.
Jiskaske cheve nou vin blan, m ap kontinye soutni nou.
Menm jan m te fè sa, m ap pote nou, m ap soutni nou e m ap delivre nou+.
5 Kiyès nou di ki sanble avè m, kiyès n ap fè vin egal avè m e ak kiyès n ap konpare m+
Pou nou ka montre li sanble avè m+?
6 Gen moun ki pran pakèt lò yo gen nan bous yo,
Yo peze ajan nan balans,
Yo peye yon òfèv pou l fè yon dye avè l pou yo+,
7 Yo leve l met sou zepòl yo+,
Yo pote l met nan plas li, epi, li rete la.
Li pa deplase kote yo mete l la+.
Yo rele nan pye l, li pa reponn.
Li pa ka delivre pèsonn nan malè+.
8 Se pou nou sonje sa, epi se pou n met kouraj sou nou!
Se pou nou reflechi sou sa, nou menm k ap fè sa ki mal.
9 Sonje ansyen* bagay ki la depi lontan yo.
Sonje mwen se Bondye, e pa gen lòt.
Mwen se Bondye, e pa gen pèsonn tankou m+.
10 Depi nan kòmansman yon bagay, mwen di ki jan l ap fini,
E depi byen lontan, mwen anonse bagay ki poko rive yo+.
Mwen di: ‘Sa m deside*, se sa k ap fèt+,
E m ap fè nenpòt sa ki fè m plezi+.’
11 M ap rele yon èg pou l sot nan direksyon solèy leve*+.
M ap rele moun ki pral fè sa m deside* a sot nan yon peyi ki lwen+.
Mwen fin pale, e m ap fè sa m di a rive.
Mwen te deside l, e m ap fè l+.
12 Koute m, nou menm ki gen tèt di,
Nou menm ki lwen chemen ki dwat la.
13 Mwen pot jistis mwen met toupre.
Li pa twò lwen,
E mwen pap pran tan pou m delivre nou+.
M ap delivre Siyon, m ap met glwa m sou Izrayèl+.”
47 Desann, epi vin chita nan pousyè,
O vil Babilòn, ou menm fi ki vyèj la+.
Chita atè kote ki pa gen twòn+,
O pitit fi moun Kalde yo,
Paske, moun pap janm di w chèlbè ankò e yo pap janm di w bwòdè ankò.
2 Pran yon moulen pou w fè farin.
Retire vwal ou.
Monte ke rad ou, dekouvri janm ou.
Janbe rivyè yo.
3 W ap vin toutouni.
E moun ap wè wont ou pran.
M ap tire revanj+, e pa gen moun k ap ka kanpe nan wout mwen*.
6 Mwen te vin fache sou pèp mwen an+,
Mwen te meprize eritaj mwen an+,
E mwen te lage l nan men w+.
Men, ou pa t montre mizèrikòd pou yo+.
Menm sou moun ki granmoun yo, ou te met yon jouk ki lou+.
7 Ou te di: “M ap toujou Mètrès* nètale+.”
Ou pa t bay bagay sa yo valè.
Ou pa t menm chèche konnen ki jan sa t ap fini.
8 Kounye a, koute sa, ou menm ki renmen plezi+,
Ou menm ki chita byen trankil e ki di nan kè w:
“Apre m, pa gen lòt+.
Mwen pap pèdi mari m.
Mwen pap janm pèdi pitit mwen yo+.”
9 Men, gen de bagay k ap rive w sanzatann, nan yon sèl jou+:
W ap pèdi pitit ou yo e w ap pèdi mari w.
Malè sa yo ap frape w ak tout fòs+
10 Ou met konfyans ou nan bagay mal w ap fè yo.
Ou di: “Pèsonn pa wè m.”
Se sajès ak konesans ou genyen ki fè w pèdi wout ou.
Epi, ou di nan kè w: “Apre m, pa gen lòt.”
11 Men, malè ap tonbe sou ou,
Okenn nan maji w ap fè yo pap anpeche sa rive*.
Malè ap tonbe sou ou. Ou pap ka fè anyen pou w evite sa.
W ap kraze bridsoukou, yon bagay ki potko janm rive w+.
12 Ou mèt kontinye fè wanga w yo ak pakèt maji w yo+,
Bagay ou t ap redi fè depi lè w te jèn nan.
Petèt w a jwenn yon avantaj nan sa,
Petèt w a fè moun pè.
13 Ou bouke ak pil moun k ap ba w konsèy yo.
Se pou moun sa yo leve kanpe kounye a pou yo sove w,
Moun k ap adore bagay ki nan syèl yo*, k ap gade zetwal yo+,
Moun ki tann nouvèl lin yo
Pou yo fè konnen sa ki gen pou rive w.
14 Gade! Yo tankou pay.
Gen yon dife ki pral boule yo.
Yo pa ka sove tèt yo* anba gwo flanm dife a.
Dife sa a se pa chabon dife pou moun chofe kò yo,
E se pa yon dife moun ka chita devan l.
15 Se sa moun k ap fè maji lakay ou yo ap ye pou ou,
Moun ou t ap redi travay avèk yo depi w jèn nan.
Y ap monte desann, yo chak nan wout* pa yo.
Pap gen pèsonn pou sove w+.
48 O nou menm, desandan Jakòb, koute sa,
Nou menm ki bay tèt nou pote non Izrayèl+
E ki sot nan fanmi* Jida yo,
Nou menm ki fè sèman nan non Jewova+,
Nou menm k ap priye Bondye Izrayèl la,
Byenke nou pa fè sa ak laverite e ann amoni ak sa ki dwat+.
2 Paske, yo di yo se moun k ap viv nan vil ki sakre a+
E y ap chèche èd nan men Bondye Izrayèl la+
Ki rele Jewova, Chèf lame yo.
3 “Mwen te di nou ansyen* bagay yo depi lontan.
Se ak bouch pa m mwen te di yo
E mwen te fè konnen yo+.
Bridsoukou, mwen te aji, e yo te fèt+.
4 Paske, mwen te konnen jan tèt nou di,
Kou nou fèt an fè e fwon nou fèt an kuiv+.
5 Mwen te pale avèk nou depi lontan.
Anvan sa te fèt, mwen te fè nou tande sa,
Pou nou pa di: ‘Se zidòl nou yo ki te fè sa,
Se zidòl nou yo ak estati nou genyen ki fèt ak metal* yo ki te bay lòd pou sa fèt.’
6 Nou te tande tout bagay sa yo e nou te wè yo.
Èske nou pap fè lòt moun konn sa+?
Depi kounye a, m ap anonse nou nouvo bagay+,
Sekrè nou pa t konnen ki te byen kache.
7 Se kounye a menm m ap kreye bagay sa yo, se pa depi lontan mwen te fè yo.
Anvan jodi a, nou potko janm tande yo,
Konsa, nou pa ka di: ‘Gade! Nou deja konnen yo.’
8 Non, nou pa t vle koute+, nou pa t konprann,
E nan tan lontan, zòrèy nou pa t ouvri.
Paske, mwen konnen nou trèt anpil+,
E depi lè nou fèt nou se moun k ap fè sa ki mal+.
9 Men, poutèt non mwen, m ap kontwole kòlè m+,
Pou glwa mwen, m ap kontwole tèt mwen devan nou,
E mwen pap elimine nou+.
10 Gade! Mwen fè nou vin pwòp, men mwen pa fè sa jan yo pwòpte ajan+.
Mwen te kite nou soufri pou m rafine* nou, menm jan yo met metal nan founèz dife pou yo fonn yo+.
11 Poutèt non mwen, wi, poutèt non mwen pote a, mwen pral aji+.
Paske, ki jan pou m ta fè kite yo sal non m+?
Mwen pap bay pèsonn glwa ki pou mwen an*.
12 O Jakòb, ou menm Izrayèl, ou menm mwen te rele a, koute m.
Mwen se menm Moun nan+. Mwen se premye a. Epitou, mwen se dènye a+.
13 Se ak men pa m mwen te fè fondasyon tè a+,
E se ak men dwat mwen mwen te blayi syèl la tankou yon dra+.
Lè m rele yo, yo parèt ansanm.
14 Se pou nou tout rasanble pou n koute.
Kiyès nan dye yo ki te anonse bagay sa yo?
Gen yon moun Jewova renmen+
K ap fè sa l vle fè Babilòn nan+,
E moun sa a ap leve men l pou l frape moun Kalde yo+.
16 Pwoche toupre m, epi tande sa.
Depi okòmansman, mwen pa t pale an kachèt+.
Lè sa te rive, mwen te la.”
Kounye a, Jewova, Seyè ki Souvren an, voye m e li mete lespri l sou mwen.
17 Men sa Jewova, Sovè* w la, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di+:
“Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w,
Sila a k ap anseye w pou byen w lan+,
Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a+.
18 Si w te annik suiv kòmandman m yo+!
Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche+,
E aksyon ki dwat ou t ap fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman+.
19 Pitit ou yo* t ap vin anpil
Tankou grenn sab bò lanmè+.
Non w pa t ap janm disparèt ni efase devan m.”
20 Sot nan Babilòn+!
Kouri sot anba men moun Kalde yo!
Anonse sa ak kè kontan! Fè moun konn sa+!
Fè konn sa sou tout kò tè a+.
Se pou nou di: “Jewova delivre Jakòb, sèvitè l la+.
21 Lè li t ap gide yo nan dezè a, yo pa t swaf+.
Li te fè dlo koule sot nan mas wòch pou yo.
Li te fann yon mas wòch e li te fè dlo soti ladan l ak tout fòs+.”
22 Jewova di: “Pa gen lapè pou mechan yo+.”
49 Nou menm zile yo, koute m,
E nou menm nasyon ki lwen yo, byen koute sa m ap di+.
Jewova te rele m depi anvan m te fèt*+.
Depi lè m nan vant manman m, li te fè konn non m.
2 Li fè bouch mwen vin tankou yon epe ki file.
Li te kache m anba* men l pou l pwoteje m+.
Li te fè m tankou yon flèch ki byen lis.
Li te sere m nan sak li pot flèch li yo.
4 Men, mwen te di: “Mwen te travay di pou granmesi.
Mwen te gaspiye fòs mwen pou granmesi, pou bagay ki san valè.
Vrèmanvre, se Jewova k ap jije m*,
5 Kounye a, Jewova, Sila a ki te ban m fòm depi nan vant pou m vin sèvitè l la,
Di pou m mennen Jakòb tounen vin jwenn li,
Yon fason pou pèp Izrayèl la ka rasanble bò kote l+.
M ap jwenn glwa devan Jewova.
Bondye m nan ap vin tounen fòs mwen.
6 Epi, li di: “Ou pa sèvitè m sèlman
Pou w met tribi Jakòb yo kanpe ankò,
E pou w mennen moun nan pèp Izrayèl la ki chape yo tounen,
Mwen fè w tounen yon limyè pou nasyon yo tou+,
Pou m ka sove moun jis nan dènye bout tè a+.”
7 Men sa Jewova, Sovè* Izrayèl la, Bondye ki sen an+, di moun yo meprize a*+, moun nasyon an rayi a, sèvitè chèf yo:
“Wa yo pral wè e yo pral leve kanpe,
E prens yo pral koube byen ba,
Paske yo gen respè pou Jewova ki fidèl+,
Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, Sila a ki te chwazi w la+.”
8 Men sa Jewova di:
“Nan moman mwen t ap fè w favè a, mwen te reponn ou+,
E nan jou delivrans lan, mwen te ede w+.
Mwen te kontinye pwoteje w pou m fè w vin yon alyans ant mwen menm ak pèp yo+,
Pou peyi a ka vin fre ankò,
Pou yo ka pran eritaj yo te genyen ki te fin kraze yo+,
9 Pou m di prizonye yo: ‘Sot deyò+!’
E pou m di moun ki nan fènwa yo+: ‘Parèt pou yo wè nou!’
Yo pral manje sou wout yo.
Bèt yo genyen yo pral manje sou tout chemen yo*.
10 Yo pap ni grangou ni swaf ankò+,
E gwo chalè oswa gwo solèy pap bat yo ankò+.
Paske, Sila a ki montre mizèrikòd pou yo a ap gide yo+
E l ap mennen yo bò sous dlo yo+.
11 M ap fè tout mòn mwen yo vin tounen yon wout,
E gwo wout mwen yo ap vin wo+.
12 Gade! Bagay sa yo ap sot byen lwen+.
Epi, gade! Genyen k ap sot nan nò ak nan lwès,
E genyen k ap sot nan peyi Sinim+.”
13 Ou menm syèl, se pou w rele tèlman w kontan! Ou menm tè, se pou w kontan+!
Se pou mòn yo fè yon gwo rèl pou yo montre jan yo kontan+,
Paske, Jewova konsole pèp li a+,
E li montre mizèrikòd pou moun pa l yo k ap soufri+.
15 Èske yon manman kapab bliye pitit li ki nan tete?
Oubyen, èske li pap gen pitye pou pitit ki sot nan vant li?
Menmsi manman sa yo ta bliye, mwen pa t ap janm ka bliye w+.
16 Gade! Mwen ekri non w nan pla men m.
Miray ou yo toujou devan m.
17 Pitit ou yo tounen byen vit.
Moun ki te devore w yo e ki te fini avè w yo ap kite w.
18 Leve je w epi gade toutotou w.
Yo tout reyini ansanm+,
Y ap vin jwenn ou.
Men sa Jewova di: “Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman,
Ou pral mete yo tout sou ou tankou bijou,
E ou pral kole yo sou ou tankou lamarye yo konn fè a.
19 Aktout yo te fin ravaje tèritwa w yo, aktout yo pa t kite pèsonn ladan yo e peyi w la te fin kraze+,
Peyi a vin twò piti kounye a pou moun ki ret ladan l yo+,
20 Pitit ki vin fèt lè w te fin pèdi tout pitit ou yo ap di w:
‘Kote sa a twò piti pou mwen.
Prepare yon kote pou mwen pou m ka ret isit la+.’
21 Epi, w ap di nan kè w:
‘Kiyès ki papa pitit mwen wè la yo,
Piske m se yon fi ki pèdi tout pitit mwen e mwen pa ka fè pitit,
M ap viv nan prizon e mwen ann egzil?
Ki moun ki te leve pitit sa yo+?
Gade! Yo te kite m poukont mwen+.
Bon, ki kote pitit sa yo soti+?’”
22 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:
“Gade! M ap leve men m pou nasyon yo ka wè l,
M ap leve siy mwen an* pou pèp yo ka wè l+.
Yo pral pote pitit gason w yo sou bra* yo
E y ap pote pitit fi w yo sou zepòl yo+.
23 Se wa k ap vin pran swen w+,
E se pitit fi wa sa yo k ap vin okipe w.
Y ap koube devan w e y ap bese figi yo jis atè+.
Y ap niche pousyè ki nan pye w+,
E w ap konnen mwen se Jewova.
Moun ki met espwa nan mwen yo pap wont+.”
24 Èske yo ka retire yon moun anba men yon gason vanyan?
Oubyen, èske yo ka delivre moun ki anba men yon chèf ki mechan?
25 Okontrè, men sa Jewova di:
“Y ap retire menm moun gason vanyan an fin pran an anba men l+,
E y ap delivre moun chèf ki mechan an te pran an+.
M ap kont moun ki kont ou yo+
E m ap sove pitit ou yo.
26 M ap fè moun k ap maltrete w yo manje vyann kò yo.
Y ap bwè pwòp san yo e y ap sou tankou moun ki bwè tafya*.
E tout moun* ap konnen mwen se Jewova+,
Sovè w la+, Sila a ki delivre w la+,
Bondye ki pisan an, Bondye Jakòb la+.”
50 Men sa Jewova di:
“Èske m te bay manman w papye divòs+ lè m te voye l ale a?
Oubyen bay kiyès nan moun mwen dwe yo mwen te vann ou?
Gade! Se bagay mal ou te fè+ ki fè m te vann ou,
E se peche manman w te fè yo ki fè m te voye l ale+.
2 Bon, kòman fè pa t gen pèsonn isit la lè m te vini an?
Poukisa pèsonn pa t reponn lè m te rele a+?
Èske men m twò kout pou m sove w?
Oubyen, èske se pouvwa mwen pa genyen pou m delivre w+?
Gade! Lè m bay lòd, lanmè a seche+.
Mwen fè rivyè yo tounen dezè+.
Pwason ki ladan yo mouri paske yo pa jwenn dlo,
E yo pouri paske pa gen dlo.
3 Mwen abiye syèl la ak fènwa+,
E mwen met rad sak sou li.”
4 Jewova, Seyè ki Souvren an, ban m fòmasyon*+
Pou m ka konn ki jan pou m di pawòl ki kòrèk* pou m reponn* moun ki fatige a+.
Li leve m chak maten
Pou l ban m fòmasyon+.
5 Se Jewova, Seyè ki Souvren an, ki te fè m gen bon konprann.
Mwen pa t fè rebèl+.
Mwen pa t fè sa m vle+.
6 Mwen te bay moun k ap bat mwen yo do m pou yo bat mwen,
E mwen te bay moun k ap rache bab mwen yo figi m.
Mwen pa t kache figi m lè yo t ap joure m e lè yo t ap krache nan figi m+.
7 Men, Jewova, Seyè ki Souvren an, ap ede m+.
Se sa k fè mwen pap wont.
Se sa k fè mwen fè figi m di kou wòch+,
E mwen konnen pèsonn pap ka fè m wont.
8 Sila a ki deklare m jis la toupre.
Ann kanpe ansanm*.
Ki moun ki gen yon plent kont mwen?
Se pou l pwoche kote m.
9 Gade! Jewova, Seyè ki Souvren an, ap ede m.
Ki moun ki ka di m koupab?
Yo tout ap fini tankou yon rad.
Yon mit ap fini ak yo nèt.
10 Kiyès pami nou ki gen lakrentif pou Jewova
E ki koute vwa sèvitè l la+?
Kiyès ki mache nan fènwa pwès, san limyè?
Se pou l met konfyans li nan non Jewova, epi se pou l apiye* sou Bondye l la.
11 Men sa l di: “Gade! Nou tout k ap limen dife,
E k ap fè zèklè dife vole,
Se pou nou mache nan limyè dife nou an,
Nan zèklè dife n ap fè vole yo.
Men sa n ap jwenn nan men m:
Nou pral kouche ak gwo doulè.
51 “Nou menm k ap chèche fè sa ki dwat, koute m,
Wi, nou menm k ap chèche Jewova.
Sonje mas wòch yo te taye pou yo fè nou an,
Ak min yo te fouye pou yo pran nou an.
2 Sonje Abraram, papa nou,
Paske, li te yon sèl moun lè m te rele l la+,
Epi, mwen beni l, mwen fè l vin gen anpil pitit+.
3 Paske, Jewova pral konsole Siyon+.
L ap repare* tout kote l genyen ki fin kraze yo+.
L ap fè dezè l la vin tankou jaden Edenn+,
Wi, l ap fè dezè li gen nan plèn nan vin tankou jaden Jewova a+.
Se lajwa ak kè kontan k ap genyen nan Siyon,
Ak priyè pou di Bondye mèsi ansanm ak bèl chante+.
4 Pran san nou pou nou koute m, o pèp mwen.
Koute sa m ap di, o nasyon pa m nan+.
Paske, m ap bay yon lwa+,
E m ap met jistis mwen tankou yon limyè pou pèp yo+.
5 Jistis mwen pa lwen rive+.
Mwen pral pote delivrans+,
E mwen pral jije pèp yo ak fòs ponyèt mwen+.
Zile yo ap met espwa nan mwen+,
E y ap konte sou ponyèt* mwen.
6 Leve je nou gade syèl la,
Epi gade tè a ki anba a.
Paske, syèl la pral gaye tankou lafimen.
Tè a pral fini tankou yon rad,
E moun ki abite sou li yo ap mouri tankou moustik.
Men, delivrans m ap bay la ap la pou toutan+,
7 Koute m, nou menm ki konnen sa ki dwat,
Nou menm pèp ki gen lwa m* nan kè nou an+.
Pinga nou pè moun k ap pase nou nan rizib,
E pinga n tranble paske y ap joure nou.
8 Paske, yon mit ap fin ak yo menm jan ak yon rad.
Mit* ki konn manje rad yo ap manje yo menm jan yo manje twal lenn+.
Men, jistis mwen ap toujou la,
E delivrans m ap bay la ap la jenerasyon apre jenerasyon+.”
9 Se pou Jewova leve ponyèt li!
Wi, se pou l leve ponyèt li pou l montre fòs li+!
Se pou l leve l menm jan l te konn fè sa nan tan lontan, tankou l te konn fè sa nan jenerasyon ki pase yo.
Èske se pa ou menm ki te kraze Rahab*+ pak an pak,
Ki te pike gwo bèt ki nan lanmè a+?
10 Èske se pa ou menm ki te seche lanmè a, gwo dlo ki fon anpil yo+?
Èske se pa ou ki te fè fon lanmè a vin tounen yon wout pou moun ou delivre yo pase+?
11 Moun Jewova delivre yo pral retounen+.
Lè y ap retounen Siyon, y ap rele tèlman y ap kontan+.
Kè kontan y ap genyen an pap janm fini, l ap tankou yon kouwòn sou tèt yo+.
Se lajwa ak kè kontan y ap genyen.
Yo pap tris e yo pap plenn ankò+.
12 “Se mwen menm k ap konsole nou+.
Poukisa nou bezwen pè yon moun ki gen pou l mouri+,
Yon moun ki gen pou l fennen tankou zèb?
13 Poukisa nou bliye Jewova, Sila a ki fè nou an+,
Sila a ki te blayi syèl la tankou yon dra+ e ki te fè fondasyon tè a?
Se tout lajounen nou t ap tranble akoz kòlè ènmi ki t ap toupizi nou an*,
Kòmsi li te kapab fini avèk nou nèt.
Bon, kounye a, kot kòlè sila a ki t ap toupizi nou an pase?
14 Talè konsa, yo pral retire moun ki pliye an de a nan chenn+.
Li pap mouri, li pa pral nan twou,
E li pap manke manje pou l manje.
15 Men, se mwen menm, Jewova, Bondye nou an,
Ki brase lanmè a e ki fè lanm li yo fè gwo bri+.
Non m se Jewova, Chèf lame yo+.
16 M ap met pawòl mwen nan bouch ou,
E m ap kouvri w anba lonbray men m+,
Pou m met syèl la nan plas li, pou m fè fondasyon tè a+
E pou m di moun Siyon yo: ‘Nou se pèp mwen+.’
17 Leve! Leve! O Jerizalèm, leve non+!
Ou menm ki te bwè nan gode kòlè Jewova gen nan men l lan,
Ou bwè tout sa k nan gode a,
Ou fè gode ki fè moun balanse de bò a vin vid+.
18 Epi, pa gen youn nan tout pitit li te fè yo ki la pou gide l,
E pa gen youn nan tout pitit li te leve yo ki kenbe men l.
19 Gen de bagay k ap rive w.
Kiyès k ap pran lapenn pou ou?
Y ap kraze w e y ap ravaje w, w ap grangou e w ap pran kout epe+!
Kiyès k ap konsole w+?
20 Pitit ou yo endispoze+.
Yo blayi nan tout kafou*
Tankou bèt ki pran nan pèlen.
Jewova vide tout kòlè l sou yo e li blame yo byen blame.”
21 Se sa k fè, tanpri, koute sa,
Ou menm fi k ap soufri e ki sou malgre w pa t bwè diven.
22 Men sa Jewova, Seyè w la, Bondye w la k ap defann pèp li a, di:
“Gade! M ap pran koup ki fè moun balanse de bò a nan men w+,
Gode a, koup ki gen kòlè m nan.
Ou pap janm bwè ladan l ankò+.
23 M ap mete l nan men moun k ap fè w pase tray yo+,
Moun ki di w*: ‘Bese kò w byen ba pou n mache sou ou!’
Konsa, ou te fè do w vin menm jan ak tè a,
Menm jan ak yon wout pou yo mache.”
52 Leve! Leve! Met kouraj sou ou+, o Siyon+!
Abiye ak bèl rad ou genyen yo+, o Jerizalèm, vil ki sen an.
Paske, moun ki pa sikonsi e ki pa pwòp* yo pap antre lakay ou ankò+.
2 O Jerizalèm, leve, souke pousyè ki sou ou yo, epi al chita.
Retire chenn ki nan kou nou yo, nou menm moun Siyon yo ki nan prizon+.
4 Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:
“Toudabò, pèp mwen an te desann al viv ann Ejip kòm etranje+.
Annapre, moun peyi Asiri yo te maltrete yo san rezon.”
5 Men sa Jewova di: “Ki sa m dwe fè la a menm?”
Epi, Jewova di: “Paske, yo te pran pèp mwen an san yo pa peye anyen.
Chèf yo te genyen yo te kontinye ap fè bri paske yo te pot laviktwa+.
Se toutan, tout lajounen, y ap montre jan yo pa gen respè pou non m+.
6 Se poutèt sa, pèp mwen an pral konn non m+.
E se pou rezon sa a, jou sa a, y ap konnen mwen se Sila a k ap pale a.
Gade! Se mwen menm menm!”
7 Ala bèl pye moun k ap pot bon nouvèl la bèl sou mòn yo+,
Moun k ap pwoklame lapè a+,
Moun k ap pot bon nouvèl sou yon bagay ki pi bon an,
Moun k ap anonse delivrans lan,
Moun k ap di moun Siyon yo: “Bondye nou an vin Wa+!”
8 Koute! Moun k ap veye nou yo rele byen fò.
Yo tout rele ansanm, tèlman yo kontan.
Paske, y ap wè byen klè* lè Jewova rasanble moun Siyon yo ankò.
9 Se pou kè nou kontan! Se pou n rele ansanm, tèlman nou kontan, nou menm zòn ki kraze nan Jerizalèm yo+!
10 Jewova montre ponyèt li ki sen pou tout nasyon yo ka wè l+.
Tout moun sou tè a pral wè sa Bondye nou an fè pou l delivre pèp li a*+.
11 Retounen! Retounen! Soti la a+! Pa manyen anyen ki sal+!
Soti ladan l+! Rete pwòp,
Nou menm k ap pote veso Jewova yo+.
12 Paske, nou pap gen pou n pati nan tèt cho
E nou pap gen pou n kouri,
Paske, Jewova ap pran devan nou+,
Bondye Izrayèl la ap dèyè nou pou l pwoteje nou+.
13 Gade! Sèvitè m nan+ ap aji ak bon konprann.
Y ap leve l byen wo.
Y ap mete l byen wo e y ap fè anpil lwanj pou li+.
14 Menm jan anpil moun te fè sezisman lè yo t ap gade l,
Paske, li te fin defigire nèt, pa gen moun ki te pi mal pase l,
E li te tèlman chanje, pa gen moun ki te nan eta l.
15 Konsa tou, anpil nasyon ap pantan lè yo wè l+.
Wa yo ap fèmen bouch yo* devan l+,
Paske, yo pral wè bagay yo pa t rakonte yo,
E yo pral reflechi sou bagay yo pa t konn tande+.
2 L ap parèt tankou yon ti boujon+ devan l*, tankou yon rasin ki soti nan yon tè ki sèch.
Li pa gen bèl prestans e li pa sanble anyen+.
Lè nou gade l, aparans li pa atire nou*.
3 Moun te meprize l e yo te demake l+.
Se yon moun ki te konn sa yo rele soufrans e li te konn sa maladi ye.
Se kòmsi yo te kouvri figi l pou nou pa wè l*.
Moun te meprize l, epi nou pa t pran l pou anyen+.
4 Vrèmanvre, li te pote maladi nou yo+,
E li te pote doulè nou yo+.
Men, nou te pran l pou yon moun ki gen malediksyon, yon moun Bondye pini e k ap pase tray.
5 Epoutan, yo te pèse l+ pou bagay mal nou fè yo+.
Yo te kraze l pou peche nou yo+.
Li te pran pinisyon an pou nou ka gen lapè+,
E se grasa blese li yo nou geri+.
6 Nou tout t ap monte desann tankou mouton ki gaye+,
Nou chak te fè wout pa nou,
E Jewova te fè peche nou tout tonbe sou li+.
7 Yo te maltrete l+ e li te kite yo fè l soufri+,
Epoutan li pa t ouvè bouch li di yon mo.
Yo te mennen l labatwa tankou yon mouton+,
E tankou yon manman mouton ki pa fè bri pandan l devan moun k ap tonn li,
Li pa t ouvè bouch li di yon mo+.
8 Yo te maltrete l* e yo te retire lavi l* san yo pa t jije l kòmsadwa.
Ki moun ki pral enterese nan detay ki montre nan ki fanmi l* soti?
Paske, yo te retire l pami moun ki vivan yo+.
9 Yo te ba l yon kavo* bò kot mechan yo+,
Byenke li pa t fè anyen ki mal,
E yo pa t jwenn okenn twonpri nan bouch li+.
10 Men, se Jewova ki te vle* kraze l, e li te kite l soufri.
Bondye, si w ap bay lavi* sèvitè w la kòm yon sakrifis ki montre moun koupab+,
11 Akoz soufrans li yo*, l ap kontan pou sa l pral wè.
Grasa konesans sèvitè m nan, sila a ki dwat la, genyen+,
L ap fè yon pakèt moun vin fè sa ki dwat+,
E l ap pote peche yo+.
12 Se pou rezon sa a, m ap ba l yon pòsyon bò kot anpil moun,
E l ap pataje sa l pran nan lagè ak sòlda ki vanyan yo,
E yo te konsidere l menm jan ak moun k ap fè peche yo+.
Li te pot peche anpil moun+,
E li te plede kòz moun ki peche yo+.
54 “Ou menm madanm ki pa t janm fè pitit la, se pou w rele tèlman w kontan+!
Se pou w kontan e se pou w rele tèlman w kontan+, ou menm ki pa t janm gen doulè tranche+!
Paske, madanm mari l rejte l la gen plis pitit
2 “Fè tant ou an vin pi laj+.
Laji twal gwo tant ou an.
Pa met okenn limit. Fè kòd tant ou yo vin pi long,
E fè pikèt tant ou yo vin djanm+.
3 Paske w pral laji fwontyè w yo ni adwat ni agoch.
Pitit ou yo pral pran anpil nasyon,
E yo pral abite nan vil ki pa gen pèsonn ladan yo+.
4 Ou pa bezwen pè+, paske yo pap fè w wont+.
Ou pa bezwen santi w imilye, paske ou pap regrèt.
Paske, w ap bliye wont ou te pran lè w te jèn nan,
E ou pap sonje wont ou te pran lè w te pèdi mari w la.”
5 “Paske, Gran Kreyatè w la+ tankou yon mari* pou ou+,
Non l se Jewova, Chèf lame yo.
Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, se Sovè* w+.
Y ap rele l Bondye tout tè a+.
6 Paske, Jewova te rele w kòmsi w te yon fi yo abandone e k ap soufri*+,
Tankou yon fi ki te marye jèn, epi mari l kite l.” Se sa Bondye w la di.
7 “Se pou yon ti moman mwen te abandone w,
Men, m ap fè w retounen avèk anpil mizèrikòd+.
8 Piske m te fache anpil*, mwen te kache figi m pou ou pandan yon moman+.
Men, m ap gen mizèrikòd pou ou paske lanmou ki fidèl mwen genyen an pap janm fini+.” Se sa Jewova, Sovè* w la, di+.
9 “Pou mwen menm, se tankou epòk Noye a+.
Menm jan mwen te fè sèman dlo delij nan tan Noye a pap kouvri tè a ankò+,
Se konsa tou mwen fè sèman mwen pap fache ankò kont ou e mwen pap blame w+.
10 Paske, gwo mòn yo ka deplase,
E ti mòn yo ka souke,
Men, lanmou ki fidèl mwen gen pou ou a ap rete byen djanm+,
E alyans mwen fè pou m ba w lapè a pap brannen+.” Se sa Jewova, Sila a ki gen mizèrikòd pou ou a, di+.
11 “Ou menm madanm k ap soufri+, ou menm van tanpèt fin sakaje e ki pa gen pèsonn pou konsole w+,
M ap poze wòch ou yo ak yon mòtye ki gra,
E m ap fè fondasyon w lan ak safi+.
12 M ap fè tèt miray ou yo ak ribi,
M ap fè pòtay ou yo ak wòch ki klere*,
E m ap fè tout bòn fwontyè w yo ak pyè ki gen anpil valè.
14 W ap tabli byen djanm paske w fè sa ki dwat+.
Y ap mete w byen lwen moun k ap fè moun abi yo+,
Ou pap pè anyen e pa gen anyen k ap fè w pè,
Paske, bagay sa yo pap vin pre w+.
15 Si yon moun ta atake w,
Se pa mwen k ap ba l lòd fè sa.
Nenpòt moun ki vin batay avè w, w ap pote laviktwa sou li+.”
16 “Gade! Se mwen menm ki kreye atizan
K ap soufle chabon dife a.
Grasa travay li, li fè yon zam.
Epitou, se mwen menm ki kreye moun ki konn touye moun nan pou l kraze brize+.
17 Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen+,
E w ap kondane tout moun ki leve kont ou lè y ap jije w.
Bagay sa yo se eritaj sèvitè Jewova yo,
E mwen konsidere yo kòm moun ki jis.” Se sa Jewova di+.
55 Nou tout ki swaf+, vini, vin pran dlo+!
Nou menm ki pa gen lajan, vini, vin achte manje pou nou manje.
Wi, nou mèt vini, vin achte diven ak lèt+ san lajan, san peye+.
2 Poukisa nou kontinye peye lajan nou pou bagay ki pa manje vre?
E poukisa n ap depanse lajan nou* pou bagay ki pap fè anyen pou nou?
Koute m byen, epi manje sa ki bon+,
3 Panche zòrèy nou pou n koute, epi vin jwenn mwen+.
Koute, epi n* ap ret vivan.
M ap byen kontan fè yon alyans avèk nou pou toutan+,
Yon alyans ki chita sou lanmou fidèl mwen te demontre pou David la, yon lanmou ki sensè*+.
5 Gade! W ap rele yon nasyon ou pa konnen,
E moun nan yon nasyon ki pa konnen w ap kouri vin jwenn ou
Poutèt Jewova, Bondye w la, Bondye Izrayèl la+, Bondye ki sen an.
Paske, l ap fè w jwenn glwa+.
7 Se pou moun ki mechan an kite wout li ladan l lan+,
E se pou moun k ap fè sa k mal la retire lide li gen nan tèt li yo.
Se pou l retounen vin jwenn Jewova k ap fè l mizèrikòd+,
E se pou l vin jwenn Bondye nou an, paske l ap padone l nèt*+.
8 Men sa Jewova di: “Fason m panse pa fason nou panse+,
E wout mwen yo pa wout pa nou.
9 Menm jan syèl la pi wo pase tè a,
Se konsa tou wout mwen yo pi wo pase wout pa nou yo
E fason m panse depase fason nou panse+.
10 Menm jan lapli ak nèj tonbe sot nan syèl la
E yo pa retounen nan syèl la toutotan yo pa fin byen mouye tè a pou fè plant yo pouse e pou yo donnen,
Pou moun k ap fè jaden yo jwenn semans e pou moun jwenn manje pou yo manje,
11 Se konsa, pawòl ki sot nan bouch mwen ap ye+.
Li pap retounen vin jwenn mwen san l pa bay rezilta+.
Men, san mank, l ap fè sa ki fè m plezi*+,
E wè pa wè, l ap fè sa m voye l fè a.
12 Paske n ap soti ak kè kontan+,
E y ap mennen nou tounen anpè+.
Gwo mòn yo ak ti mòn yo ap kontan lè nou rive, y ap rele tèlman y ap kontan+,
E tout pyebwa nan savann nan ap bat men yo+.
13 Se pye jenevriye ki pral pouse nan plas pye pikan yo+
E se pye mit* ki pral pouse nan plas plant ki gen fèy ki gen pikan yo.
Sa ap fè Jewova gen gwo renome+.
E se yon siy k ap la pou toutan e ki pap janm disparèt.”
56 Men sa Jewova di:
“Suiv prensip ki jis yo+, epi fè sa ki dwat,
Paske, delivrans m ap bay la ap rive talè konsa,
E m ap fè jistis mwen parèt aklè+.
2 Byennere moun ki fè bagay sa yo
Ak moun ki kenbe yo djanm,
Ki obsève saba, ki respekte l+
E ki rale men yo pou yo pa fè anyen ki mal.
3 Etranje ki vin jwenn Jewova a+ pa ta dwe di:
‘Se sèten Jewova ap retire m nan pèp li a.’
E moun ki chatre a pa ta dwe di: ‘Gade! Mwen se yon pyebwa ki sèch.’”
4 Paske, men sa mwen menm, Jewova, mwen di moun ki chatre k ap obsève saba m yo, ki chwazi fè sa ki fè m plezi e ki respekte alyans mwen an:
5 “M ap ba yo yon kote nan kay mwen an e m ap sonje non yo,
Sa pi bon pase pitit gason ak pitit fi.
M ap ba yo yon non k ap la pou toutan,
Yon non ki pap disparèt.
6 Kanta pou etranje ki vin jwenn Jewova pou yo travay pou li,
Pou yo renmen non Jewova+
E pou yo vin sèvitè l,
Tout moun ki obsève saba, ki gen respè pou saba
E ki kenbe alyans mwen an byen fèm,
7 M ap mennen yo nan mòn mwen an ki sakre+,
E m ap fè kè yo kontan anndan kay mwen an, kote moun konn priye m nan.
M ap aksepte sakrifis yo boule nèt yo ak tout kalite sakrifis yo fè sou lotèl mwen an.
Paske, y ap rele kay mwen an yon kay pou tout pèp vin lapriyè+.”
8 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, Sila a k ap rasanble moun Izrayèl ki te gaye yo+, di:
“M ap rasanble lòt moun ansanm avèk yo, anplis moun ki te deja rasanble yo+.”
9 Nou tout bèt nan bwa ki nan savann yo, vin manje,
Wi, nou tout bèt nan bwa ki nan forè yo+.
10 Moun k ap veye yo avèg+, pa gen youn ki remake anyen+.
Yo tout se yon pakèt chen ki pa ka fè bri e ki pa ka jape+.
Souf yo anlè, yo kouche atè e yo renmen kabicha.
11 Yo se yon bann chen saf*.
Vant yo pa janm plen.
Yo se bèje ki pa gen bon konprann+.
Yo tout al nan wout pa yo.
Yo tout nèt ap chèche jwenn avantaj pa yo nan move kondisyon, epi yo di:
12 “Vini! Kite m pran yon ti diven,
E annou bwè jis nou sou+.
Demen ap menm jan ak jodi a, e l ap pi bon lontan!”
57 Moun ki fè sa ki dwat la disparèt,
Men, pa gen pèsonn ki bay sa valè.
Yo touye moun ki fidèl yo+,
E pa gen moun ki rive konprann rezon ki fè moun ki fè sa ki dwat la mouri
Se pou l pa wè* malè.
2 L ale anpè.
Tout moun ki fè sa ki dwat al repoze nan tonm* yo.
3 “Men, nou menm, vin pi pre,
Nou menm pitit madanm k ap fè maji a,
Nou menm pitit madanm ki nan adiltè a, madanm ki pwostitye a:
4 Ki moun n ap pase nan rizib la a?
Kont kiyès nou ouvri bouch nou byen laj konsa a e sou kiyès nou file lang nou la a?
Èske se pa pitit moun k ap pratike peche
Ak moun k ap bay manti nou ye+,
5 Moun ki chofe nan sèvis y ap bay yon pakèt dye nan mitan gwo pyebwa yo+,
Anba tout kalite bèl pyebwa+,
Moun k ap masakre pitit yo nan vale yo+,
Nan fant gwo mas wòch yo?
6 Nou te chwazi wòch lis ki nan vale a+.
Wi, se yo menm n ap jwenn.
Menm yo menm nou vide bwason kòm ofrann pou yo e nou ba yo kado+.
Èske m ta dwe aksepte* bagay sa yo?
8 Nou met yon siy* dèyè pòt nou yo ak nan papòt nou yo.
Nou kite m e nou retire rad sou nou.
Nou monte al fè kabann nou yo vin pi laj.
Nou fè yon alyans ak fo dye yo.
Nou te renmen ret sou kabann avèk yo+
E nou te ret ap gade pati entim gason*.
9 Nou te desann al jwenn Melèk* ak luil nan men nou,
Ak anpil pafen.
Nou voye moun al byen lwen pou nou.
Konsa, nou te desann nan Tonm nan*.
10 Nou te fè anpil efò pou nou suiv tout chemen nou yo,
Men, nou pa t di: ‘Pa gen okenn espwa!’
Nou te vin repran fòs.
Se sa k fè nou pa bay legen*.
11 Kiyès nou te pè
Ki fè nou te kòmanse ap bay manti a+?
Nou pa t sonje m+.
Nou pa t bay anyen enpòtans+.
Èske m pa t ret an silans, epi m rale kò m*+?
Se poutèt sa nou pa t montre nou gen lakrentif pou mwen.
13 Lè n ap rele pou n mande sekou,
Pil zidòl nou rasanble yo pap ka delivre nou+.
Yon gwo van ap pote tout ale,
Yon ti soufle ap voye yo ale,
Men, moun ki chèche pwoteksyon nan men m ap resevwa peyi a kòm eritaj.
E mòn sakre m nan ap vin pou yo+.
14 Gen yon moun ki pral di: ‘Se pou nou fè yon wout! Se pou nou prepare chemen an+!
Retire tout sa ki ka fè pèp mwen an tonbe sou wout la.’”
15 Paske, men sa Sila a ki gran e ki nan pozisyon ki pi wo a,
Sila a k ap viv* pou toutan an+ e ki gen yon non ki sen an+, di:
“Mwen rete kote ki wo e ki sakre a+,
Men, mwen rete tou ak moun ki montre yo gen imilite, moun ki tris,
Pou m fè moun ki piti yo sispann tris
E pou m bay moun ki kraze yo fòs ankò+.
16 Paske mwen pap nan jije toutan avè nou
E mwen pap toujou fache+.
Paske moun t ap fin faya nèt akoz mwen menm+,
Wi, menm sa ki ka respire mwen te fè yo.
17 Mwen te fache pou peche yo te fè a, yo t ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon+,
Se sa k fè mwen te pini yo, mwen te kache pou yo, e mwen te an kòlè.
Men, yo te kontinye aji tankou rebèl+, yo te fè sa lide yo di yo.
18 Mwen te wè fason y ap aji yo,
Men, m ap geri yo+, m ap gide yo+
E m ap ba yo konsolasyon+ ansanm ak moun yo genyen ki nan lapenn yo+.”
19 “M ap fè yo fè louwanj pou mwen.
Moun ki lwen yo ak moun ki pre yo ap gen yon lapè ki pap janm fini+.” Mete sou sa, Jewova di:
“M ap geri yo.”
20 “Men, mechan yo tankou lanmè ki move ki pa ka kalme,
E dlo lanmè sa a pa sispann voye zèb ak labou deyò.
21 Pa gen lapè pou mechan yo+.” Se sa Bondye m nan di.
58 Li di m: “Rele byen fò, mezi w kapab.
Fè vwa w sonnen tankou yon kòn.
Fè pèp mwen an konnen derespektan yo fè a+,
Fè desandan Jakòb yo konnen peche yo fè yo.
2 Yo chèche m chak jou,
E yo di yo ta renmen konnen wout mwen yo,
Kòmsi yo te yon nasyon ki t ap obeyi kòmandman m yo
E ki pa t sispann fè sa ki dwat nan je Bondye yo a+.
Yo mande m pou m fè jijman ki jis,
Kòmsi yo pran plezi pou yo pwoche bò kote Bondye+.
3 Yo di: ‘Poukisa w pa wè lè n ap fè jèn*+?
E poukisa w pa remake lè nou montre nou* nan lapenn poutèt peche nou fè+?’
Paske, nan jou n ap fè jèn yo, se zafè pa nou n ap regle*,
E nou toupizi moun k ap travay pou nou yo+.
4 Se nan diskisyon ak nan batay jèn nou yo fini,
E n ap voye gwo kout pwen.
Nou pa ka ap fè jèn fason n ap fè jodi a, epi pou n ta fè m tande vwa nou nan syèl la!
5 Èske se konsa jèn mwen te mande nou fè a ta dwe ye,
Tankou yon jou pou yon moun annik montre l* nan lapenn poutèt peche l fè,
Pou l bese tèt li menm jan ak yon pye wozo,
Pou l kouche sou twal sak ak sann dife?
Èske se sa nou rele jèn, jou ki fè Jewova plezi a?
6 Non. Men jèn ki fè m plezi:
Se pou nou retire chenn mechanste yo,
Se pou nou lage kòd ki mare jouk la+,
Se pou nou bay moun n ap toupizi yo libète+,
E se pou nou kase tout jouk fè de bout.
7 Se pou nou pataje manje nou genyen ak moun ki grangou+,
Pou n mennen moun ki malere ak moun ki pa gen kote pou yo rete lakay nou,
Pou n bay moun ki pa gen rad la rad pou l mete lè nou wè l+,
E pou n pa vire do bay fanmi nou.
8 Konsa, limyè nou ap klere tankou lè solèy ap leve+,
E n ap refè byen vit.
Se sa ki dwat k ap devan nou,
9 N ap rele, Jewova ap reponn.
N ap rele mande sekou, l ap di nou: ‘Men mwen!’
Si nou retire jouk yo nan mitan nou,
Nou sispann lonje dwèt sou moun* e nou sispann pale moun mal+,
10 Si nou bay moun ki grangou bagay nou menm nou renmen*+,
E si nou ede moun y ap fè soufri yo*,
Lè sa a, limyè nou ap klere menm nan fènwa,
E lannuit ap klere tankou gwo midi pou nou+.
11 Jewova ap toujou gide nou,
E l ap ban nou* sa nou bezwen menm nan yon tè ki sèch+,
L ap fè zo nou vin solid,
E n ap vin tankou yon jaden ki byen wouze+,
Tankou yon sous ki pa janm seche.
12 Y ap rebati kote ki te devaste nan tan lontan yo pou nou+,
E n ap repare fondasyon ki te kraze depi plizyè jenerasyon yo+.
Y ap rele nou moun k ap repare miray ki kraze*+,
Moun k ap ranje wout nan zòn pou moun rete yo.
13 Si nou sispann* regle zafè pa nou* nan jou ki apa pou mwen an poutèt se jou saba+,
E si nou di jou saba a se yon jou ki bay anpil kè kontan, yon jou ki sakre pou Jewova, yon jou pou moun bay anpil valè+,
E si nou ba l valè olye nou regle zafè pa nou e nou ret ap pale pawòl ki pa gen enpòtans,
14 Enben, se grasa mwen menm, Jewova, n ap jwenn tout plezi nou,
E m ap fè nou monte kote ki byen wo sou tè a+.
M ap fè nou manje nan* eritaj Jakòb, zansèt nou an+,
Paske, se Jewova ki di sa ak bouch li.”
2 Okontrè, se bagay mal nou fè yo ki separe nou ak Bondye nou an+.
Se peche nou yo ki fè li kache figi l pou nou
E ki fè l refize tande nou+.
3 Paske, men nou sal ak san+,
E dwèt nou yo sal ak peche.
Se manti ki sot nan bouch nou+ e se sa ki pa jis n ap di tou ba ak lang nou.
4 Pa gen yon moun ki di anyen pou defann sa ki dwat+,
E pa gen pèsonn k al nan tribinal pou l di laverite.
Yo met konfyans yo nan sa ki pa gen okenn valè*+, e y ap pale pawòl ki pa itil anyen.
Yo gen move panse nan tèt yo e yo toujou ap fè lòt moun mechanste+.
5 Yo kale ze sèpan ki gen pwazon,
E yo fè twal ak fil arenyen+.
Nenpòt moun ki manje ze sèpan yo ap mouri,
E nenpòt ze ki kraze ap gen yon vipè ki sot ladan l.
6 Twal yo fè yo pap sèvi yo rad,
E sa yo fè yo pap itil yo anyen+.
Travay yo se fè sa ki mal,
E se zak maspinay yo fè ak men yo+.
7 Yo* kouri al fè sa ki mal,
E yo prese pou y al fè san moun ki inosan koule+.
Se bagay mal ki nan lespri yo.
Se destriksyon ak mizè yo kite sou wout yo+.
8 Yo pa konn wout lapè a,
E pa gen jistis kote yo met pye yo+.
Wout yo fè yo kwochi.
Pa gen moun ki pase ladan yo k ap gen lapè+.
9 Se sa k fè pa gen anyen ki dwat kote nou,
E jistis pa rive sou nou.
Nou kontinye ap tann limyè, men gade! se fènwa ki genyen.
Nou t ap tann klète, men nou kontinye mache nan fènwa pwès+.
10 N ap tatonnen nan mi pou n chèche wout nou tankou avèg.
Nou kontinye ap tatonnen tankou moun ki pa gen je+.
Nou bite gwo midi tankou se nan fènwa nou te ye.
Pami moun ki djanm yo nou tankou moun ki mouri.
11 Nou tout kontinye gwonde tankou lous,
E nou kontinye ap plenn tankou pijon.
N ap tann jistis, men se pou granmesi.
N ap tann delivrans, men li lwen nou nèt.
12 Paske, nou te fè yon pakèt move bagay devan w+.
Chak peche nou fè sèvi temwen kont nou+.
Nou konnen byen sa nou fè ki mal.
Nou konnen byen peche nou fè yo+.
13 Nou peche e nou nye Jewova.
Nou vire do bay Bondye nou an.
Se toupizi moun ak rebelyon ase ki nan pawòl n ap di+.
Nou imajine yon bann manti e pawòl ki pa verite n ap bougonnen yo se nan kè nou yo soti+.
14 Jistis fè bak+,
E sa ki dwat kanpe byen lwen nou+.
Paske, laverite* bite sou plas piblik
E sa ki dwat pa ka antre.
E yo dechèpiye nenpòt moun ki vire do bay sa ki mal.
Jewova te wè sa e sa pa t fè l plezi*,
Paske, pa t gen jistis+.
16 Li te wè pa t gen moun ki t ap ede moun,
E li te sezi wè pa t gen pèsonn ki te vin defann pèsonn.
Se sa k fè li te delivre moun* ak fòs ponyèt li,
E se sou jistis pa l li te apiye.
17 Apre sa, li te met jistis sou li tankou yon jile ki gen yon seri ti plak an metal,
E li te met kas delivrans lan* nan tèt li+.
Li te met jistis sou li tankou yon rad pou l bay ènmi l yo pinisyon yo merite+.
E gwo dezi li genyen pou l met bagay yo nan lòd te tankou rad* li vlope kò l.
18 L ap ba yo sa yo merite pou sa yo fè+:
L ap vide kòlè l sou moun ki kont li yo e l ap fè ènmi l yo peye sa yo fè+.
Epi, l ap bay zile yo sa yo merite.
19 Moun nan zòn kote solèy la kouche a ap gen respè pou non Jewova,
E moun nan zòn kote solèy la leve a ap gen respè pou glwa li,
Paske, Jewova ap vini tankou yon rivyè k ap desann ak tout fòs,
Yon rivyè lespri l ap pouse.
21 “Kanta pou mwen, men alyans mwen fè avèk yo+.” Se sa Jewova di. Li di yo: “Pèsonn pap ka retire lespri m ki sou nou an e pèsonn pap ka retire pawòl mwen met nan bouch nou yo nan bouch nou, nan bouch pitit nou e nan bouch pitit pitit nou, depi kounye a e pou toutan.” Se sa Jewova di.
2 Paske, men fènwa pral kouvri tè a,
E fènwa pwès pral kouvri nasyon yo.
Men, Jewova ap klere w,
E moun ap wè glwa li sou ou.
4 Leve je w, epi gade toutotou w!
Yo tout rasanble e y ap vin jwenn ou.
Pitit gason w yo kontinye ap sot byen lwen pou yo vin jwenn ou+,
E moun kontinye pran swen pitit fi w yo toutpandan y ap pote yo bò ranch yo+.
5 Lè sa a, w ap wè e w ap kontan+.
Kè w ap kontan e lajwa ap anvayi kè w,
Paske, y ap voye richès lanmè a ba ou.
Tout sa nasyon yo genyen ap vin jwenn ou+.
6 Yon pakèt chamo ap kouvri peyi w la*,
Yon seri jenn mal chamo ki sot Madyan ak Efa+.
Tout moun ki sot Cheba yo ap vini,
Y ap pote lò ak lansan blan,
E y ap fè konnen glwa Jewova+.
7 Tout twoupo bèt ki nan Keda yo+ ap rasanble pou ou.
Mal mouton ki Nebayòt yo+ ap la pou fè sèvis ou.
Y ap vin sou lotèl mwen an e m ap aksepte yo+.
8 Kiyès sa yo k ap vole tankou nyaj,
Ki tankou pijon k ap vole al nan kalòj yo*?
9 Zile yo pral met espwa yo nan mwen+.
Bato ki sot Tasis yo devan*,
Pou yo pote pitit ou yo sot byen lwen+,
Ansanm ak ajan ak lò yo pote yo,
Pou yo louwe non Jewova, Bondye w la, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an,
10 Se etranje k ap bati miray ou yo,
Wa yo genyen yo ap travay pou ou+,
Paske, se fache m te fache ki fè m te frape w.
11 Pòtay vil ou yo ap toujou ret ouvri+.
Yo pap fèmen yo ni lajounen ni lannuit,
Pou yo ka pote richès nasyon ba ou.
Epi, wa yo genyen yo ap dirije travay sa a+.
12 Paske, nenpòt nasyon ak nenpòt wayòm ki pa sèvi w ap detwi,
E y ap ravaje nasyon yo nèt+.
13 Se ou k ap jwenn glwa ki pou Liban an+
Ansanm ak pye jenevriye, pye frenn ak pye sapen+
Pou m fè tanp mwen an vin bèl.
M ap fè kote m met pye m nan gen anpil glwa+.
14 Pitit moun ki t ap toupizi w yo ap vini e y ap bese byen ba devan w.
Tout moun ki te derespekte w yo dwe vin bese nan pye w,
E yo pral oblije rele w vil Jewova a,
Siyon, vil Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.
15 Olye pou yo abandone w, pou yo rayi w e pou pèsonn pa pase lakay ou+,
M ap fè yo fyè de ou pou toutan,
E m ap fè w fè moun kontan jenerasyon apre jenerasyon+.
16 E vrèmanvre, ou pral bwè lèt nasyon yo+.
Se tete wa yo ki pral nouri w+.
E san mank w ap konnen se mwen menm, Jewova, ki Sovè w la,
E se mwen menm, Bondye Jakòb la, Bondye ki gen pisans lan, ki delivre w+.
17 Nan plas kuiv, m ap fè vin gen lò,
E nan plas fè, m ap fè vin gen ajan.
Nan plas bwa, m ap fè vin gen kuiv,
E nan plas wòch, m ap fè vin gen fè.
Se lapè m ap mete kòm siveyan nou,
E se jistis m ap met kòm moun k ap ban nou travay+.
18 Yo pap tande vyolans ap fèt nan peyi w la ankò,
E yo pap tande kraze brize ak ravaj anndan limit tèritwa w yo ankò+.
Epi, w ap rele miray ou yo Delivrans+ e w ap rele pòtay vil ou yo Louwanj.
19 Solèy la pap yon limyè pou ou lajounen ankò,
E lalin nan pap klere w ankò,
Paske Jewova ap tounen yon limyè pou ou pou toutan+,
E Bondye w la ap fè w vin bèl+.
20 Solèy ou a pap kouche ankò,
E lalin ou an pap disparèt ankò,
Paske Jewova ap tounen yon limyè pou ou pou toutan+,
E jou lapenn ou yo ap fini+.
21 Epi, tout moun ou yo ap fè sa ki dwat.
Peyi a ap pou yo pou toutan.
Yo se ti plant mwen te plante,
22 Sa ki pa anpil la ap tounen 1 000
E sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon.
Mwen menm, Jewova, m ap akselere travay sa a nan lè l gen pou l fèt la.”
61 Lespri Jewova, Seyè ki Souvren an, sou mwen+,
Paske Jewova chwazi m pou m anonse moun ki gen imilite yo bon nouvèl la+.
Li voye m pou m panse moun kè yo ap fann yo,
Pou m fè prizonye yo konnen y ap lib,
E pou m ouvri je prizonye yo byen ouvri+.
2 Li voye m pou m fè konnen ane Jewova ap fè moun favè a
Ak jou vanjans Bondye nou an+,
Pou m konsole tout moun ki nan lapenn+,
3 Pou m bay moun ki nan lapenn pou Siyon yo sa yo bezwen,
Pou m ba yo yon foula pou yo met sou tèt yo nan plas sann dife,
Pou m ba yo luil yon fason pou yo ka gen kè kontan olye yo nan lapenn
E pou m ba yo yon rad yo ka mete pou yo fè louwanj pou mwen olye yo kite tristès anvayi yo.
Epi, moun ap rele yo gwo pyebwa k ap donnen sa ki dwat,
Jaden Jewova plante, pou l ka jwenn glwa+.
4 Y ap rebati kote ki te fin kraze nan tan lontan yo.
Y ap mete kote ki te devaste nan tan pase yo kanpe+,
E y ap repare vil ki te kraze yo+,
Sa vle di kote ki te ret san moun jenerasyon apre jenerasyon yo+.
5 “Se etranje k ap vin pran swen twoupo nou yo,
E se moun lòt nasyon+ k ap vin fè jaden pou nou e k ap okipe jaden rezen nou yo+.
6 Nou menm, y ap rele nou prèt Jewova+,
E y ap rele nou sèvitè Bondye.
N ap manje richès nasyon yo+,
E n ap mache fè konnen bèl bagay* nou resevwa nan men yo.
7 Olye pèp mwen an nan lawont, y ap gen de fwa lavalè nan eritaj la,
E olye yo jwenn imilyasyon, y ap rele byen fò ak kè kontan pou sa yo resevwa a.
Wi, y ap gen de fwa lavalè nan peyi yo a+.
Y ap gen kè kontan pou toutan+.
8 Paske, mwen menm, Jewova, mwen renmen jistis+.
Mwen rayi moun k ap vòlè ak moun ki pap fè sa ki dwat+.
Mwen fidèl, e m ap bay pèp mwen an rekonpans yo.
M ap fè yon alyans avèk yo pou toutan+.
9 Moun ap konnen pitit pèp mwen an pami nasyon yo+,
E y ap konnen desandan l yo* pami pèp yo.
Tout moun ki wè yo ap rekonèt yo,
10 M ap kontan anpil grasa Jewova.
Se ak tout mwen menm* m ap rejwi grasa Bondye m nan+.
Paske, li abiye m ak rad delivrans+,
Li met wòb long* ladwati a sou mwen,
Tankou yon lemarye ki gen yon gwo mouchwa nan tèt li menm jan ak prèt yo+,
E tankou yon lamarye ki met bèl bagay sou li pou fè l bèl.
11 Paske, menm jan tè a fè plant yo pouse,
E menm jan sa yo plante nan yon jaden pouse,
Se konsa tou Jewova, Seyè ki Souvren an,
62 Poutèt Siyon, mwen pap rete san m pa pale+,
Poutèt Jerizalèm, mwen pap ret san m pa fè anyen,
Jiskaske jistis li parèt tankou yon limyè ki byen klere+,
E jiskaske delivrans li limen tankou yon flanbo+.
2 “O madanm! Nasyon yo ap wè sa ki dwat w ap fè+,
E tout wa yo ap wè valè w+.
Epi, y ap ba w yon lòt non+,
Yon non Jewova bay ak bouch pa l.
3 W ap vin yon bèl kouwòn nan men Jewova,
Yon gwo mouchwa ki konn vlope tèt wa yo nan pla men Bondye nou an.
4 Moun pap kontinye di w ou se yon madanm yo abandone+,
E yo pap rele peyi w la peyi ki devaste ankò+.
Men, y ap rele w Plezi m se nan li+,
E y ap rele peyi w la Madan marye a.
Paske, w ap fè Jewova plezi,
E peyi w la ap tankou yon moun marye.
5 Paske, menm jan yon jèn gason marye ak yon fi ki vyèj,
Moun ki abite nan peyi a ap marye avè w.
Menm jan yon lamarye fè kè yon lemarye kontan,
Se konsa w ap fè kè Bondye kontan+.
6 O Jerizalèm, mwen met moun veye sou tèt miray ou yo,
Tout lajounen, tout lannuit, yo pa dwe sispann di sa yo wè.
Nou menm k ap fè louwanj pou Jewova,
Pinga nou pran repo,
7 E pa kite l an repo, jiskaske li met Jerizalèm kanpe byen djanm,
Wi, jiskaske li fè l tounen yon glwa pou tout tè a+.”
8 Jewova leve men dwat li ki gen fòs, li fè yon sèman, li di:
“Mwen pap kontinye bay ènmi nou yo manje angren nou yo pou yo manje,
E mwen pap bay etranje bwè diven nou yo, bagay nou travay di pou n genyen+.
9 Men, moun k ap ranmase manje angren yo ap manje yo e y ap fè louwanj pou Jewova.
Epi, moun k ap konsève diven yo ap bwè yo nan lakou kay mwen an ki sen+.”
10 Pase non, pase nan pòtay vil yo.
Prepare wout la pou pèp la+.
Se pou nou fè yon gwo wout, wi, fè yon gwo wout.
Retire wòch ki ladan l yo+.
11 Gade! Men sa Jewova fè konnen jis nan dènye bout tè a:
“Di vil Siyon:
‘Gade! Delivrans ou ap vini+.
Gade! Bondye ap vin ak tout rekonpans li,
E rekonpans l ap bay la devan l+.’”
12 Y ap rele yo pèp ki sen an, moun Jewova delivre yo+,
E y ap rele w Vil y ap chèche a, yon Vil ki pa abandone+.
63 Kiyès sa a k ap sot Edòm nan+,
K ap sot Bozra+ ak rad li byen klere*,
Sila a ki gen bèl rad
E k ap mache ak tout fòs li?
“Se mwen menm, Sila a k ap pale sa ki dwat la,
Sila a ki gen anpil pouvwa pou l sove moun nan.”
2 Poukisa rad ou wouj konsa?
Poukisa rad ou tankou rad moun k ap kraze rezen ak pye yo nan près diven+?
3 “Mwen kraze yo anba pye m poukont mwen tankou rezen ki nan basen yo konn fè diven.
Pa gen okenn moun nan pèp yo ki te avè m.
Mwen te kontinye kraze yo ak kòlè.
Piske m te an kòlè anpil, mwen te kontinye pilonnen yo anba pye m+.
San yo te vole sou rad mwen,
E mwen te tache tout rad mwen.
4 Paske, mwen chwazi yon jou pou m fè vanjans+,
E ane pou moun mwen yo delivre a rive.
5 Mwen te gade, men mwen pa t wè okenn moun pou vin ede m.
Sa te fè m mal dèske okenn moun pa t vin ede m.
Se sa k fè, se bra m ki te fè m pot laviktwa+,
E se kòlè m ki te ede m.
6 Mwen te pilonnen pèp yo anba pye m, tèlman m te an kòlè.
Mwen te fè yo sou ak kòlè m+,
E mwen te vide san yo atè.”
7 M ap fè konnen aksyon Jewova fè ki montre lanmou fidèl li genyen.
M ap fè louwanj pou Jewova pou aksyon li fè yo,
Pou tout sa Jewova fè pou nou+,
Tout bon bagay li fè pou moun Izrayèl yo,
Paske, li gen mizèrikòd, li gen anpil lanmou.
8 Paske li te di: “Vrèmanvre, yo se pèp mwen, yo se yon seri pitit k ap ret fidèl*+.”
Se sa k fè li te vin yon Sovè pou yo+.
9 Pandan tout tan yo t ap soufri a, sa te fè l soufri+.
Se mesaje pa l* ki te sove yo+.
Grasa lanmou ak pitye li genyen, li te fè yo sot ann egzil+,
Li te leve yo anlè e li te pote yo pandan tout tan ki te pase yo+.
10 Men, yo te fè rebèl+ e yo te fè lespri sen l lapenn+.
Lè sa a, li te vin tounen ènmi yo+
E li te fè lagè ak yo+.
11 Yo te sonje tan lontan yo,
Epòk Moyiz, sèvitè l la, e yo te di:
“Kote Sila a ki te fè pèp li a pase lanmè a+ ansanm ak bèje pèp li a+?
Kote Sila a ki te met lespri sen l sou Moyiz la*+,
12 Sila a ki te sèvi ak ponyèt li ki gen fòs pou l dirije men dwat Moyiz+,
Sila a ki te fann dlo yo devan yo+,
Pou l fè moun pale de non l pou toutan+,
13 Sila a ki te fè yo pase nan mitan gwo dlo*,
Pou l fè yo mache san yo pa bite,
Tankou yon cheval ki nan yon savann*?
14 Menm jan yon twoupo bèt desann nan yon plèn pou y al pran repo,
Lespri Jewova fè yo jwenn repo+.”
Se konsa ou te dirije pèp ou a,
15 Detan w nan syèl la, kote w rete ki wo e ki sen an e kote ki gen glwa a*,
Gade anba pou w wè.
Kote devouman ak pisans ou te genyen yo?
Epi, kote tout konpasyon*+ ak mizèrikòd ou te genyen yo+?
Ou pa itilize yo pou w ede m ankò.
16 Paske, ou se Papa nou+.
Byenke Abraram ka pa konnen nou
E Izrayèl ka pa rekonèt nou,
Ou menm, o Jewova, ou se Papa nou.
17 O Jewova, poukisa w kite* nou ale lwen wout ou yo?
Poukisa w kite* kè nou vin di jiskaske nou vin pa gen lakrentif pou ou+?
Retounen, poutèt sèvitè w yo,
Poutèt tribi ou genyen yo+.
18 Pèp ou a ki sen te gen peyi a kòm byen pa yo pou yon ti tan.
Advèsè nou yo pilonnen tanp ou an+.
19 Nou te pase twòp tan tankou moun ou pa t janm ap dirije,
Tankou moun ki pa t janm pote non w.
64 Si w te annik ouvè syèl la de bò epi w desann,
Pou mòn yo ka tranble devan w
2 Tankou lè yon dife pran nan kèk ti moso bwa,
E dife a fè dlo bouyi,
Lè sa a, advèsè w yo t ap konn non w,
E nasyon yo t ap tranble devan w.
3 Lè w te fè yon seri bagay ki te fè moun gen lakrentif pou ou, bagay nou pa t menm espere+,
Ou te desann, e mòn yo te pran tranble poutèt ou menm+.
4 Depi nan tan lontan, pa gen pèsonn ki te ni tande ni koute yon Dye,
Ni pa gen yon moun ki te wè yon Dye tankou w,
5 Ou mache ak moun ki kontan fè sa ki jis+,
Moun ki sonje w e k ap suiv wout ou yo.
Gade! Ou vin fache anpil pandan nou kontinye ap fè peche+.
Nou te fè anpil tan ap fè sa.
Èske nou merite pou yo delivre nou?
6 Nou tout vin tankou moun ki pa pwòp,
E tout sa ki dwat nou fè tankou twal lenj+.
Nou tout ap fennen tankou fèy bwa,
Epi, peche nou yo ap pote nou ale tankou van.
7 Pa gen yon moun k ap louwe non w,
Pa gen pèsonn ki fè efò pou l chèche w e pou l kenbe w djanm.
Paske, ou kache figi w pou nou+,
8 Men, kounye a, o Jewova, ou se Papa nou+.
Nou se ajil, e ou se Atizan ki ban nou fòm nan+,
Nou tout se travay ou fè ak men w.
9 Pa fache twòp, o Jewova+,
E pa sonje peche nou fè yo nètale.
Tanpri, voye je gade nou, paske nou tout se pèp ou.
10 Vil sakre w yo vin tounen yon dezè.
Siyon vin tounen yon dezè.
Jerizalèm vin tounen yon zòn ki dezole+.
11 Yo te met dife
Nan kay* nou an ki sakre e ki gen glwa*,
Kote zansèt nou yo te konn fè louwanj pou ou a+,
E tout sa nou te renmen yo tounen dekonm.
12 Akoz tout bagay sa yo, o Jewova, èske w ap rete san w pa fè anyen?
Èske w ap ret san w pa di anyen e w ap kite yo fè nou pase tout mizè sa a+?
65 “Mwen te ofri tèt mwen bay moun ki pa t mande pou mwen.
Mwen te kite moun ki pa t ap chèche m jwenn mwen+.
Mwen te di yon nasyon ki pa t ap fè louwanj pou non m: ‘Men mwen! Men mwen+!’
2 Mwen te pase tout jounen ap lonje men m bay yon pèp ki gen tèt di+,
Bay moun k ap mache nan move chemen+,
Moun k ap fè sa lide yo di yo+,
3 Yon pèp k ap manke m dega toutan nan figi m+,
K ap fè sakrifis nan jaden+ e k ap fè sakrifis sou brik* pou lafimen monte.
4 Yo chita nan mitan yon seri tonm+,
Yo pase nuit kote ki kache*,
Yo manje vyann kochon+,
E se bouyon ki fèt ak bagay ki pa pwòp ki nan veso yo genyen yo+.
5 Yo chak ap di: ‘Ret poukont ou. Pa pwoche kote m,
Paske m pi pwòp pase w*.’
Pèp sa a fè lafimen soti nan nen m, tout lajounen yo fè m fache.
6 Gade! Bagay sa yo ekri devan m.
Mwen pap ret san m pa fè anyen,
Men, m ap fè yo peye sa yo fè+.
M ap fè yo peye nèt* pou sa yo fè,
7 Pou peche yo fè e pou peche zansèt yo te fè.” Se sa Jewova di+.
“Paske, yo te fè lafimen sakrifis monte sou mòn yo,
E yo te derespekte m sou ti mòn yo+.
Pou kòmanse, mwen pral fè yo peye m sa nèt*.”
8 Men sa Jewova di:
“Menm jan lè yon moun ap fè diven ak yon grap rezen,
Gen moun ki di: ‘Pa kraze l, paske gen bon bagay* ladan l,’
Se sa m pral fè pou sèvitè m yo tou.
Mwen pap detwi yo tout+.
9 M ap fè Jakòb vin gen yon desandan*,
E m ap fè moun k ap eritye mòn mwen yo sot nan ren Jida+.
Moun mwen chwazi yo ap pran peyi a kòm byen pa yo,
E se sèvitè m yo k ap ret ladan l+.
10 Chawon+ ap vin tounen yon kote yo gade mouton,
E Vale* Akò+ ap vin yon kote pou pèp mwen an k ap chèche m
Mennen bèf yo al repoze.
11 Men, nou pami moun ki bliye Jewova+,
Moun ki bliye mòn sakre m nan+,
Moun ki prepare yon tab pou dye Chans lan,
Ak moun ki plen vè yo ak diven ki byen konpoze pou dye Desten an.
12 Se sa k fè m ap bay nou pou yo touye nou ak kout epe+,
E nou tout pral koube byen ba pou yo touye nou+.
Paske, mwen te rele, men nou pa t reponn.
Mwen te pale, men nou pa t koute+.
Nou te kontinye fè sa ki mal devan je m,
E nou te chwazi fè sa ki pa fè m plezi+.”
13 Se poutèt sa, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:
“Gade! Sèvitè m yo ap manje, men nou menm, n ap ret grangou+.
Gade! Sèvitè m yo ap bwè+, men nou menm, n ap ret swaf.
14 Gade! Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon,
Men nou menm, n ap kriye akoz tristès nou gen nan kè nou,
E n ap plenn paske nou nan lapenn.
15 Moun mwen chwazi yo pral sèvi ak non n ap kite dèyè a tankou yon malediksyon,
E mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen pral touye nou grenn pa grenn,
Men, m ap bay sèvitè m yo yon lòt non+.
16 Konsa, nenpòt moun k ap chèche jwenn benediksyon nan peyi a,
Bondye verite a* ap beni l,
E nenpòt moun ki fè yon sèman nan peyi a,
L ap fè sèman an nan non Bondye verite a*+.
Paske, yo pral bliye malè* ki te rive nan tan lontan yo.
Mwen pap wè bagay sa yo ankò+.
17 Paske, gade! m ap kreye yon syèl tounèf ak yon tè tounèf+.
Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo*,
E yo pap gen bagay konsa nan kè yo+.
18 Se sa k fè, se pou nou rejwi e se pou kè nou kontan pou toutan pou sa m ap kreye yo.
Paske, gade! m ap fè Jerizalèm vin yon kote ki fè kè moun kontan,
E pèp li a ap fè kè moun kontan+.
19 M ap kontan pou Jerizalèm e m ap rejwi pou pèp mwen an+.
Yo pap tande bri moun k ap kriye oswa ki nan malè la a ankò+.”
20 “Pap janm gen yon timoun piti kote sa a ki viv yon ti tan sèlman,
E pap gen yon granmoun ki pap fin viv tout tan l.
Paske, yon moun ki gen 100 an ki mouri, y ap di li se yon timoun,
E malediksyon ap tonbe sou yon moun ki peche, menmsi l gen 100 an*.
22 Yo pap bati pou lòt moun abite,
E yo pap plante pou lòt moun manje.
Paske, pèp mwen an ap viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa+,
E moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo.
23 Yo pap kraze kò yo travay* pou granmesi+,
Ni yo pap fè pitit ki pral tonbe nan malè,
Paske yo menm ansanm ak desandan* yo+,
Yo se pitit Jewova beni+.
24 Menm anvan yo rele, m ap reponn.
Yo pap menm fin pale, m ap gentan tande.
25 Lou ak mouton ap manje ansanm,
Lyon ap manje pay tankou towo bèf+,
E sèpan ap manje pousyè.
Yo pap fè okenn mal ni okenn ravaj okenn kote sou mòn sakre m nan+.” Se sa Jewova di.
66 Men sa Jewova di:
“Syèl la se twòn mwen, e tè a se ti ban kote m met pye m+.
Ki kote menm n ap bati yon kay pou mwen+?
Epi, ki kote nou ka ban m pou m repoze+?”
2 “Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m,
E se konsa yo tout vin egziste.” Se sa Jewova di+.
“M ap voye je gade moun ki gen imilite yo,
3 Moun k ap touye towo bèf la sanble ak yon moun ki touye moun+.
Moun k ap sakrifye mouton an sanble ak yon moun ki kase kou yon chen+.
Moun k ap fè ofrann nan sanble ak yon moun k ap ofri san kochon+.
Moun ki ofri lansan blan an+ sanble ak yon moun ki bay benediksyon ak pawòl maji*+.
Yo chak chwazi wout pa yo,
E yo pran plezi* nan bagay ki bay repiyans.
4 Se sa k fè m ap chwazi fason pou m pini yo+,
E se bagay yo pè yo menm m ap fè vin sou yo.
Paske lè m t ap rele, yo youn pa t reponn.
Lè m t ap pale, pa gen youn ki te koute m+.
Yo te kontinye fè sa ki mal devan je m,
E yo te chwazi fè sa ki pa fè m plezi+.”
5 Koute pawòl Jewova, nou menm k ap tranble devan* pawòl li:
“Frè nou yo, ki rayi nou e ki mete n deyò poutèt non m, te di: ‘Glwa pou Jewova+!’
Ebyen, Bondye ap vini e l ap fè nou gen kè kontan,
Men yo menm, l ap fè yo wont+.”
6 Gen yon eskonbrit nan vil la, yon bri nan tanp lan.
Se bri Jewova k ap bay ènmi l yo sa yo merite.
7 Anvan tranche pran Siyon, li gentan akouche+.
Anvan l gen doulè tranche, li gentan pouse yon pitit gason.
8 Kiyès ki te janm tande yon bagay konsa?
Kiyès ki te wè bagay konsa?
Èske yon peyi ap fèt nan yon sèl jou?
Oswa èske yon nasyon ap vin egziste bridsoukou?
Poutan, kou Siyon gen tranche, li fè pitit li yo.
9 Men sa Jewova di: “Èske m ap ouvri matris li, epi pou m pa kite l fè pitit la?
Oubyen èske m ap kite pitit la prèske soti, epi pou m fèmen matris li?” Se sa Bondye w la di.
10 Nou tout ki renmen Jerizalèm, se pou nou rejwi avè l+ e se pou n gen kè kontan bò kote l+.
Nou tout ki nan lapenn pou li, se pou nou kontan anpil bò kote l.
11 Paske, menm jan yon manman bay pitit li tete jiskaske vant pitit la plen, se konsa Jerizalèm pral pran swen nou.
Wi, n ap gen tout sa n bezwen e n ap kontan anpil paske li resevwa anpil glwa.
12 Paske, men sa Jewova di:
“M ap fè l gen lapè tankou dlo nan rivyè+,
E l ap jwenn glwa grasa richès nasyon yo, tankou gwo dlo k ap desann+.
N ap souse glwa nasyon yo, y ap pote nou bò ranch yo,
E y ap pran swen nou avèk tandrès sou janm yo.
13 Menm jan yon manman konsole pitit li,
Se konsa tou, m ap kontinye konsole nou+,
E Jerizalèm ap yon konsolasyon pou nou+.
14 N ap wè sa, e n ap gen kè kontan.
Zo nou ap anfòm tankou zèb ki fèk ap pouse.
Epi, sèvitè Jewova yo ap wè men* l,
Sepandan, l ap denonse ènmi l yo+.”
15 “Paske, Jewova ap vini tankou yon dife+,
E charyo l yo tankou yon van tanpèt+,
Pou l ka ba yo sa yo merite avèk gwo kòlè,
Pou l ka pini yo ak flanm dife+.
16 Paske, Jewova ap sèvi ak dife pou l bay tout moun* santans yo,
Wi, l ap fè sa ak epe l la.
E moun Jewova ap touye yo ap anpil.
17 “Moun ki prepare yo e ki pirifye tèt yo pou yo antre nan jaden yo*+, ki kanpe dèyè zidòl ki nan mitan an e k ap manje vyann kochon+ ak bagay ki bay repiyans ansanm ak sourit+ ap peri ansanm.” Se sa Jewova di. 18 “Piske m konn sa yo fè ak sa k nan panse yo, m ap vin rasanble moun nan tout nasyon, moun tout lang, e y ap vin wè glwa m.”
19 “M ap fè yon gwo aksyon kòm yon siy pou yo e m ap voye kèk nan moun ki chape yo al nan nasyon yo, nan Tasis+, Poul ak Lou+, peyi moun ki konn tire flèch yo, nan Toubal ak Javan+ ansanm ak zile ki lwen yo, yon seri nasyon ki pa tande pale de mwen oswa ki pa wè glwa m. E y ap fè nasyon yo konn glwa m+. 20 Y ap pran tout frè n yo nan tout nasyon yo+ pou yo mennen yo bay Jewova kòm kado, e y ap mennen yo sou cheval, nan charyo, nan cha ki kouvri, sou milèt e sou chamo ki rapid pou yo monte nan mòn mwen an ki sakre, anpalan de Jerizalèm, tankou lè pèp Izrayèl la ap pote ofrann nan veso ki pwòp nan kay Jewova a.” Se sa Jewova di.
21 “Epitou, m ap pran kèk nan yo pou m fè yo sèvi kòm prèt e pou m fè yo sèvi kòm Levit.” Se sa Jewova di.
22 “Paske, menm jan syèl tounèf ak tè tounèf+ m ap fè a pral ret la devan m, se konsa tou, desandan nou yo* ak non nou ap rete la.” Se sa Jewova di+.
23 “Sot nan nouvèl lin rive nan nouvèl lin e sot nan saba rive nan saba,
Tout moun* ap vin koube byen ba devan* m+.” Se sa Jewova di.
24 “Epi, y ap soti pou yo gade kadav moun ki te fè rebèl avè m yo,
Paske vè ki sou kadav moun sa yo pap mouri,
Dife k ap boule yo a pap etenn+,
E kadav yo ap bay tout moun* repiyans.”
Sa vle di: “Delivrans Jewova bay”.
Oswa: “konnen mèt li”.
Oswa: “tonèl”.
Oswa: “chèf”.
Oswa: “enstriksyon”.
Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “dwa òfelen yo”.
Oswa: “byè ki fèt ak ble”.
Oswa: “pa fè òfelen yo”.
Anpalan de lè yo fonn fè pou yo retire salte ladan l.
Sanble se te pyebwa ak jaden ki te gen rapò ak kote yo te konn adore zidòl.
Yon kalite pay ki tankou fisèl ki boule fasil.
Oswa: “enstriksyon”.
Oswa: “l ap korije bagay yo”.
Oswa: “Se nan twou nen l li respire”.
Oswa: “moun de lide”.
Oswa: “Mwen pap geri nou”.
Lit.: “yon fason ki rebèl nan je glwa li”.
Oswa: “pou nanm yo”.
Lit.: “pral manje fwi sa yo fè”.
Lit.: “mache ak kou yo detire”.
Oswa: “Zanno pandan”.
Oswa: “ak echap yo”.
Oswa: “ak souvètman yo”.
Anpalan de mak yo te konn fè sou kò esklav oswa sou kò prizonye pou tanpe yo.
Sa vle di lawont yo genyen paske yo pa marye e yo pa gen pitit.
Lit.: “poupou”.
Oswa: “l ap retire sa k pa bon nan”.
Oswa: “jaden”.
Lit.: “Dis apan”. Yon apan se kantite tè de bèf ki anba menm jouk ka raboure nan yon jounen.
Oswa: “anviwon senk galon”. Yon bat egal 22 lit (5,81 gal). Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon 72 gwo mamit”. Yon homè egal 220 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon sèt gwo mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ouvè nanm li”.
Oswa: “jistis”.
Oswa: “desizyon; konsèy”.
Oswa: “lòd”.
Oswa: “yon poto ki sèvi kòm siy”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “yo pare pou yo tire”.
Oswa: “jenn lyon ki gen krinyè”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Vwa sa ki t ap rele lòt la”.
Lit.: “Yo fè m fè silans”.
Oswa: “desandans”.
Se kapab tou: “li”.
Anpalan de Izrayèl.
Sa vle di: “Se yon rès sèlman k ap tounen”.
Se kapab tou: “ann al fè l pè anpil”.
Oswa: “ann al fè yon twou nan miray li yo”. Lit.: “ann al fann li de bò”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Sa vle di: “Bondye avèk nou”.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Petèt sa vle di: “Kouri vin piye; Vin piye yo byen vit”.
Lit.: “ak plim moun konn ekri”.
Oswa: “temwaye; sètifye”.
Lit.: “te ale toupre”.
Anpalan de madanm Ezayi.
Siloye se te yon kanal dlo.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Gade Eza 7:14.
Oswa: “Mare senti nou”.
Oswa: “Vlope sètifika a”.
Oswa: “lòd la”.
Oswa: “Kè m cho pandan m ap tann”.
Oswa: “ak nan sètifika a”.
Lit.: “limyè douvanjou”.
Oswa: “gouvènman an; wayòm nan”.
Lit.: “leve pa dèyè”.
Se kapab tou: “branch palmye ak wozo”.
Oswa: “pou òfelen yo”.
Oswa: “kòlè Bondye”.
Oswa: “zafè òfelen yo”.
Oswa: “yo pral pini”.
Oswa: “glwa”.
Oswa: “kòlè Bondye”.
Oswa: “jaden l genyen yo depi nan nanm rive nan chè”.
Petèt se luil yo te konn itilize pou dife oswa luil yo te konn vide sou tèt moun yo te chwazi kòm wa yo.
Oswa: “ak yon rach”.
Anpalan de “ti branch” ansanm ak “boujon” ki nan vèsè 1 an.
Oswa: “malere yo avèk jistis”.
Oswa: “lespri”.
Oswa: “ak jenn lyon ki gen krinyè”.
Se kapab tou: “Ti bèf ak lyon ap manje ansanm”.
Oswa: “Nasyon yo ap chèche l”.
Oswa: “peyi Kouch”.
Anpalan de Babilòn.
Oswa: “yon poto ki sèvi kòm siy”.
Lit.: “sou zepòl”.
Oswa: “Y ap etann pouvwa yo sou”.
Oswa: “seche”.
Lit.: “ap fann lang”.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Oswa: “lespri”.
Se kapab tou: “yon van cho k ap fè Rivyè a fè sèt branch”.
“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Oswa: “Fè mizik”.
Lit.: “fi ki abite”. Y ap pale de tout popilasyon an tankou se yon fi.
Oswa: “yon poto ki sèvi kòm siy”.
Lit.: “moun mwen fè vin sen yo”.
Lit.: “Nan fen syèl la”.
Lit.: “ak Kesil yo genyen yo”. Petèt y ap pale de gwoup zetwal yo rele Oryon yo ak lòt gwoup zetwal ki ozalantou yo.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “dekorasyon wayòm yo”.
Se kapab tou: “se demon ki tankou kabrit”.
Oswa: “L ap fè yo jwenn repo”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “bouk kabrit”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “kay”.
Oswa: “yon branch bwa”.
Se yon bèt ki tankou yon gwo rat ki gen pikan sou kò l pou pwoteje l.
Lit.: “Se konsèy yo konseye”.
Lit.: “sèpan k ap vole”.
Oswa: “chaje”.
Se kapab tou: “Paske bri lagè a rive sou”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Nan twazan, dapre ane yon travayè yo te peye te pase ap travay”. Kantite tan yon travayè yo te peye te pase ap travay te fiks, konsa, sa te mete aksan sou presizyon ki genyen nan kantite tan an.
Lit.: “pitit gason Izrayèl”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “yon lòt dye”.
Lit.: “yon nasyon yo detire e yo foubi”.
Oswa: “yon poto ki sèvi kòm siy”.
Oswa: “ap nan lapenn nan nanm yo”.
Oswa: “Menmfis”.
Se kapab tou: “ni branch palmye ni wozo”.
Oswa: “kòmandan an”.
Lit.: “prèske toutouni”.
Oswa: “yo te admire bote”.
Sanble y ap pale de zòn kote Babilòn tan lontan an te ye a.
Lit.: “Se sa k fè tay mwen ap fè m mal anpil”.
Lit.: “se pitit gason”.
Sa vle di: “Silans”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Nan ennan, dapre ane yon travayè yo te peye te pase ap travay”. Kantite tan yon travayè yo te peye te pase ap travay te fiks, konsa, sa te mete aksan sou presizyon ki genyen nan kantite tan an.
Sanble y ap pale de Jerizalèm.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “kavalye”.
Oswa: “retire pwoteksyon”.
Oswa: “responsab palè a”.
Oswa: “yon kote pou l rete”.
Lit.: “M ap met kle kay David la sou zepòl li”.
Lit.: “pwa”.
Oswa: “ak branch li yo”.
Lit.: “Semans”.
Se yon branch Rivyè Nil la.
Lit.: “oswa fi ki vyèj”.
Se kapab tou: “Pa gen waf”.
Lit.: “jou”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “tè”.
Se kapab tou: “Peyi a vin sèch nèt”.
Se kapab tou: “Diven ki fèk fèt la vin sèch nèt”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nan lwès”.
Oswa: “nan lès”.
Oswa: “Bèl louwanj”.
Lit.: “devan ansyen l yo”.
Oswa: “Konsèy ou yo la”.
Sa vle di: “mòn Jewova a”.
Oswa: “ki gen diven yo kite poze ki gen ma anba l”.
Lit.: “vale”.
Oswa: “detwi”.
Se kapab tou: “moun ki dispoze rete djanm yo”.
“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Oswa: “Chemen moun ki jis la plat”.
Oswa: “Ak tout nanm nou, nou”.
Sa vle di se pou yo sonje ni Bondye ni non l e se pou yo fè moun konnen yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “onèt”.
Lit.: “Yon kadav ki pou mwen”.
Se kapab tou: “lawouze ki nan zèb yo”.
Oswa: “ap pouse moun ki mouri yo sot anndan l, tankou lè yon fi ap akouche”.
Oswa: “kondanasyon an”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Petèt, y ap pale de pèp Izrayèl la yo konpare ak yon jaden rezen.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Sanble y ap pale de kapital la, anpalan de Samari.
Lit.: “Fisèl yo pran mezi”.
Lit.: “Fisèl yo pran mezi”.
Se kapab tou: “fè yon vizyon ansanm”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “filaplon”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Se kapab tou: “Lè yo konprann, y ap santi yo pè anpil”.
Oswa: “plèn”.
Oswa: “tout tè a”.
Oswa: “grenn kimen nwa ak grenn kimen”. Se de kalite epis yo te konn plante ann Izrayèl ak nan kèk lòt peyi.
Se yon kalite manje angren.
Mo ebre a gen rapò ak yon ble ki pa bon kalite yo te konn plante nan peyi Ejip nan tan lontan.
Oswa: “disipline; pini”.
Oswa: “ki gen yon kokennchenn sajès”.
Petèt, sa vle di: “Fwaye lotèl Bondye a”. Sanble se de Jerizalèm y ap pale la a.
Lit.: “ki etranje”.
Oswa: “lè l leve nan dòmi, nanm li vid”.
Oswa: “e nanm li sèch”.
Oswa: “kache sa yo vle fè”.
Oswa: “Gad ki jan nou deprave”.
Lit.: “moun k ap blame”.
Akoz lawont ak desepsyon li te jwenn.
Lit.: “Ki vide yon bwason kòm ofrann”. Sa ka gen rapò ak lè moun ap fè yon antant.
Oswa: “san yo pa chèche jwenn pawòl nan bouch mwen”.
Lit.: “Pou y al pran refij nan fòtrès Farawon an”.
Lit.: “sèpan k ap vole”.
Oswa: “lòd”.
Lit.: “ki dous”.
Se kapab tou: “yon sitèn”.
Oswa: “ap kontinye ret tann”.
Oswa: “moun kè yo cho pandan y ap tann”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Se kapab tou: “e n ap rele yo salte”.
Lit.: “ap gra e y ap gen bonjan luil”.
Oswa: “fele”.
Lit.: “Non Jewova”.
Oswa: “Souf li”.
Oswa: “n ap pirifye tèt nou”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “yo”.
Lit.: “prepare Tofèt li”. Li reprezante kote bagay ap boule, sa vle di destriksyon.
Oswa: “nan kavalye yo”.
Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.
Oswa: “dife”.
Oswa: “yon abri”.
Oswa: “Yon refij”.
Oswa: “Pou l aji yon fason ki montre li pa gen respè pou Bondye”.
Oswa: “fè nanm moun ki grangou a”.
Sanble se yon ti mòn nan Jerizalèm.
Oswa: “ki kite towo bèf yo ak bourik yo lage”.
Oswa: “Se pou w vin fòs nou”.
Sanble se gason vanyan ki nan Jida yo.
Anpalan de ènmi an.
Se kapab tou: “Peyi a fin sèch”.
Oswa: “kote ki wo ki gen sekirite”.
Oswa: “N ap reflechi sou”.
Lit.: “fon”.
Oswa: “moun ki abite”.
Oswa: “ap koule desann ak”.
Petèt se rivyè Bozra yo, kapital peyi Edòm.
Se yon bèt ki tankou yon gwo rat ki gen pikan sou kò l pou pwoteje l.
Lit.: “wòch yo”.
Se kapab tou: “se la demon ki tankou kabrit”.
Lit.: “separe l pou yo ak yon fisèl”.
Oswa: “ki pa nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye”.
Oswa: “voye mesye ki alatèt moun ki konn sèvi wa a bwason yo”.
Oswa: “palè a”.
Oswa: “siryen”.
Lit.: “Fè m tounen yon benediksyon, epi soti vin jwenn mwen”.
Oswa: “palè a”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “yon jou kote yo manke n dega”.
Lit.: “paske timoun yo rive nan bouch matris la”.
Lit.: “yon espri nan li”.
Lit.: “li”.
Se kapab tou: “nan mitan”.
Lit.: “Pitit fi Siyon an ki vyèj”.
Lit.: “Pitit fi Jerizalèm nan”.
Oswa: “seche kanal Rivyè Nil”.
Lit.: “te fè sa”.
Anpalan de Ezekyas.
Oswa: “tanp”.
Petèt yo te konn itilize mach eskalye sa yo pou yo konn ki lè l ye, menm jan yo fè sa ak yon kadran solèy.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Oswa: “Paske nanm mwen anmè”.
Anpalan de pawòl Bondye ak fason l aji.
Oswa: “renmen nanm mwen”.
Oswa: “Ou retire tout peche m devan je w”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “kontan pou”.
Oswa: “gen nan palè”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “palè”.
Oswa: “laverite”.
Lit.: “pandan jou m yo”.
Oswa: “Pale yon fason pou konsole”.
Oswa: “resevwa de fwa lavalè”.
Oswa: “espri”.
Distans ki gen ant pwent gwo pous ak ti dwèt la lè men yon moun ouvè. Gade Apendis B14.
Se kapab tou: “konprann”.
Oswa: “yon estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “wonn”.
Oswa: “chèf”.
Oswa: “pa ka rive konprann”.
Oswa: “manke enèji k ap travay nan yo”.
Oswa: “ret an silans devan m”.
Oswa: “nan lès”.
Sa vle di pou l sèvi l.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “semans”.
Sa vle di moun ki pa gen moun pou defann li e ki piti.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Se yon plant fèy li klere e ki fè yon seri flè blan ki gen bon sant.
Lit.: “premye”.
Oswa: “Pou nou ka mete kè nou ladan yo”.
Oswa: “nan lès”.
Oswa: “Yo tout se bagay ki pa egziste”.
Oswa: “Estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “moun nanm mwen”.
Lit.: “lwa”.
Oswa: “Mwen pap pataje glwa ki pou mwen an ak pèsonn”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “lòd”.
Oswa: “lòd”.
Oswa: “sove nanm ou”.
Oswa: “desandan w yo”. Lit.: “semans ou”.
Petèt se premye bagay ki pral rive alavni yo.
Oswa: “pou nou ka kwè nan mwen”.
Oswa: “Sila a ki pral rachte”.
Oswa: “efase zak rebelyon nou”.
Petèt se moun ki t ap anseye Lalwa yo.
Oswa: “Sila a ki fè w e ki ba w fòm nan”.
Oswa: “depi lè w fèt la”.
Sa vle di: “Moun ki dwat la”. Se yon tit yo te bay Izrayèl.
Oswa: “bay tè ki swaf la”.
Oswa: “desandan w yo”. Lit.: “semans ou”.
Anpalan de zidòl yo.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “tanp”.
Oswa: “nanm li”.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Oswa: “siy fo pwofèt yo”.
Lit.: “Pou l demare senti”.
Lit.: “m ap mare senti w sere”.
Oswa: “soti nan lès rive nan lwès”.
Oswa: “fè diskisyon”.
Oswa: “ak Sila a ki ba l fòm nan”.
Se kapab tou: “Oubyen èske ajil la ta dwe di: ‘Travay ou a pa gen manch’?”
Oswa: “Ki sa k fè w gen doulè tranche konsa?”
Se kapab tou: “Travayè”.
Se kapab tou: “komèsan”.
Se kapab tou: “pou l vid la”.
Lit.: “semans Jakòb la”.
Lit.: “tout semans Izrayèl la”.
Anpalan de zidòl ki sou do bèt yo.
Oswa: “E nanm yo al”.
Lit.: “yo pwostène devan l”.
Lit.: “premye”.
Oswa: “Objektif mwen; Konsèy mwen”.
Oswa: “nan lès”.
Oswa: “fè objektif mwen reyalize; fè konsèy mwen reyalize”.
Se kapab tou: “e mwen pap vin rankontre pèsonn ak bonjan”.
Oswa: “Rèn”.
Oswa: “Rèn”.
Se kapab tou: “Malgre”.
Oswa: “Ou pap konnen ki maji pou w fè pou l fè l ale lwen”.
Se kapab tou: “Moun ki separe syèl la; Astwològ yo”.
Oswa: “sove nanm yo”.
Lit.: “yo chak al nan zòn”.
Lit.: “nan sous dlo”.
Lit.: “premye”.
Oswa: “estati nou genyen ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “egzamine”. Se kapab tou: “chwazi”.
Oswa: “Mwen pap pataje glwa ki pou mwen an ak pèsonn”.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Oswa: “Desandan w yo”. Lit.: “Semans ou”.
Lit.: “depi lè m nan vant.”
Lit.: “kache m nan lonbray”.
Oswa: “Jewova k ap fè m jwenn jistis”.
Oswa: “k ap ban m rekonpans”.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Oswa: “meprize jis nan nanm nan”.
Se kapab tou: “tout tèt ti mòn ki tou kale yo”.
Oswa: “leve yon poto ki sèvi kòm siy”.
Lit.: “lestomak”.
Lit.: “diven”.
Lit.: “tout chè”.
Oswa: “ban m yon lang ki byen antrene”.
Lit.: “di yon pawòl”.
Se kapab tou: “fòtifye”.
Oswa: “ka diskite avè”.
Oswa: “kanpe youn anfas lòt”.
Oswa: “konte”.
Oswa: “ki te pouse n soti nan doulè tranche”.
Lit.: “konsole”.
Oswa: “fòs”.
Oswa: “pap kraze”.
Oswa: “lòd mwen”.
Se kapab tou: “Vè”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “akoz moun ki t ap peze nou an”.
Lit.: “nan tèt tout ri”.
Oswa: “di nanm ou”.
Oswa: “ki pa nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye”.
Oswa: “wè ak pwòp je yo”.
Oswa: “pou l pote laviktwa”.
Oswa: “Wa yo pap ka di anyen”.
Se kapab tou: “nan sa nou tande a”.
“L” la ka gen rapò swa ak yon moun k ap gade, swa ak Bondye.
Oswa: “Lè nou gade l, li pa gen yon aparans espesyal ki pou ta fè n renmen l”.
Se kapab tou: “Li te tankou yon moun moun vire figi yo pou yo pa gade l.
Oswa: “te fè l abi”.
Lit.: “yo te retire l”.
Lit.: “detay konsènan jenerasyon l”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “Yon moun ap ba l kavo pa l”.
Lit.: “ak yon moun ki rich”.
Oswa: “Men Jewova te pran plezi”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “semans li”.
Oswa: “se volonte w”.
Oswa: “Akoz pwoblèm nanm li genyen”.
Lit.: “li te vide nanm li bay lanmò”.
Oswa: “ki gen mèt la”.
Oswa: “mèt”.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Lit.: “e ki blese nan lespri l”.
Oswa: “Ak yon kòlè ki tankou gwo dlo”.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Oswa: “wòch ki koulè dife”.
Oswa: “lajan nou fè nan di”.
Oswa: “E nanm nou”.
Lit.: “nan manje ki gra”.
Oswa: “epi nanm nou”.
Oswa: “ki merite pou moun kwè nan li”.
Oswa: “padone l ak tout kè l”.
Oswa: “ki volonte m”.
Se yon plant fèy li klere e ki fè yon seri flè blan ki gen bon sant.
Oswa: “chen ki gen nanm yo djanm”.
Se kapab tou: “pou l sove anba”.
Lit.: “nan kabann”.
Oswa: “Èske m ta dwe konsole m ak”.
Petèt se te yon siy ki gen rapò ak adorasyon zidòl.
Petèt yo te konn sèvi ak pòtre pati entim gason nan adorasyon y ap bay fo dye yo.
Petèt se te non oswa tit yo te bay yon wa yon peyi etranje oswa yon fo dye.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pa vin faya”.
Oswa: “epi èske m pa t kache bagay yo”.
Oswa: “Sila a ki la”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “montre nanm nou”.
Oswa: “se plezi pa nou n ap chèche”.
Oswa: “montre nanm li”.
Tankou yon gwoup sòlda ki rete pa dèyè yon lame pou pwoteje l.
Petèt se te pou pase moun nan rizib oswa pou akize yo.
Oswa: “bagay nanm nou renmen”.
Oswa: “ede nanm y ap fè soufri yo”.
Oswa: “l ap bay nanm nou”.
Lit.: “repare twou”.
Lit.: “nou rale pye nou pou nou pa”.
Oswa: “sispann fè sa ki fè nou plezi”.
Oswa: “fè nou jwi”.
Lit.: “E zòrèy li pa vin twò lou”.
Oswa: “ki vid”.
Lit.: “Pye yo”.
Oswa: “sa ki onèt”.
Oswa: “Sa ki onèt”.
Lit.: “e sa te mal nan je l”.
Oswa: “te pot laviktwa”.
Oswa: “kas laviktwa a”.
Oswa: “rad san manch”.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Oswa: “nan klète douvanjou w la”.
Lit.: “kouvri w”.
Oswa: “M ap fè bèl kay mwen an vin pi bèl”.
Oswa: “nan antre kalòj yo”.
Oswa: “yo an premye”.
Oswa: “fè w vin pi bèl”.
Oswa: “paske se sa m vle”.
Oswa: “fè konnen richès”.
Lit.: “semans li”.
Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.
Oswa: “ak nanm mwen”.
Oswa: “met rad san manch”.
Oswa: “yon poto ki sèvi kòm siy”.
Se kapab tou: “ak yon rad wouj vif”.
Oswa: “pitit ki pap ipokrit”.
Oswa: “Se zanj ki te sot devan fas li a”.
Lit.: “ki te met lespri sen l anndan l lan”.
Oswa: “mitan dlo ki fon”.
Oswa: “dezè”.
Oswa: “bèl”.
Oswa: “ki bèl la”.
Lit.: “tout ajitasyon ki t ap fèt anndan w yo”.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Lit.: “fè”.
Lit.: “fè”.
Oswa: “ret tann li avèk pasyans”.
Lit.: “fonn”.
Lit.: “anba men”.
Oswa: “tanp”.
Oswa: “ki bèl”.
Petèt se brik yo te itilize pou yo fè atè kote yo te konn fè sakrifis yo oubyen brik ki te kouvri do kay yo.
Se kapab tou: “yo pase nuit nan joupa moun fè pou yo veye”.
Se kapab tou: “Paske m ap fè w vin sen menm jan avè m”.
Lit.: “M ap menm ba yo rekonpans yo nan kòlèt yo”.
Lit.: “Pou kòmanse, m ap mezire sa m ap peye yo a nan kòlèt yo”.
Lit.: “gen yon benediksyon”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “Plèn”.
Oswa: “Bondye ki fidèl la”. Lit.: “Amèn”.
Oswa: “Bondye ki fidèl la”. Lit.: “Amèn”.
Oswa: “pwoblèm”.
Oswa: “Moun yo pap sonje ansyen bagay yo”.
Se kapab tou: “E yon moun ki pa rive viv 100 an, y ap di se madichon l genyen”.
Oswa: “travay di”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “ki bay tèt li pwoblèm pou”.
Se kapab tou: “yon moun k ap fè louwanj pou yon zidòl”.
Oswa: “E nanm yo pran plezi”.
Oswa: “nou menm ki bay tèt nou pwoblèm pou”.
Oswa: “pouvwa”.
Lit.: “tout chè”.
Se yon seri jaden espesyal yo te konn itilize pou yo adore zidòl.
Lit.: “semans nou”.
Lit.: “Tout chè”.
Oswa: “vin adore”.
Lit.: “tout chè”.