BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 16 p. 135-p. 138 par. 5
  • Demontre w gen asirans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Demontre w gen asirans
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Entwodiksyon ki kapte atansyon moun
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Mete vi nan sa w ap di
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Gade moun w ap pale avèk yo a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 16 p. 135-p. 138 par. 5

LESON 16

Demontre w gen asirans

Ki sa pou w fè?

Kanpe, fè mouvman epi pale yon fason ki kalm e ki demontre respè, yon fason ki demontre ou metrize w.

Poukisa sa enpòtan?

Si w gen asirans, moun k ap koute w yo ap plis ka konsantre sou sa w ap di yo olye yo konsantre sou ou.

AN JENERAL, yon oratè toujou santi l strese lè l pral pale, sitou si l pa bay diskou souvan. Yon pwoklamatè ka santi l yon ti jan strese devan premye moun li rankontre nan predikasyon yo. Lè Jewova te bay Jeremi misyon pou l vin pwofèt la, men sa Jeremi te reponn: “M pa konn pale, paske se yon timoun mwen ye.” ​(Jer. 1:5, 6). Jewova te ede Jeremi, e l ap ede w tou. Ofiramezi tan ap pase, ou ka vin gen asirans.

Yon oratè ki gen asirans se yon oratè ki kalm e ki gen metriz. Sa parèt nan fason l metrize kò l. Li kenbe kò l yon fason ki natirèl e ki apwopriye pou okazyon an. Mouvman li fè ak men l yo gen sans. Li itilize vwa l pou l eksprime santiman li vle l eksprime epi li kontwole vwa l.

Se vre w ka santi fason yo dekri yon oratè ki gen asirans lan pa sanble avè w, men, ou ka amelyore. Ki jan? Annou egzamine rezon ki fè yon oratè santi l strese e li manke asirans. Pwoblèm nan gendwa yon pwoblèm fizik.

Lè w ap fè fas ak yon pwoblèm e w vle tout bagay pase byen, men ou pa sèten si y ap pase byen, ou santi w strese. Lè sa a, sèvo w mande kò w pou l ogmante kantite adrenalin (yon sibstans chimik) li pwodui. Sa ka fè kè w vin bat pi rapid, sa ka fè respirasyon w chanje, sa ka fè w tonbe swe, oswa menm, men w, jenou w ak vwa w ka ap tranble. Kò w ap goumen pou l ede w fè fas ak sitiyasyon an lè l chèche ba w plis enèji. Pwoblèm nan kounye a se ki jan w ap sèvi ak enèji sa a pou w byen reflechi e pou w fè yon diskou ki chofe.

Sa pou w fè pou w diminye strès. Ou dwe sonje sa nòmal pou w santi w gen yon ti strès. Men, pou w gen asirans, ou bezwen anmezi pou w diminye kantite strès ou genyen an epi fè fas ak sitiyasyon an yon fason ki kalm e ki demontre diyite. Ki jan w ap fè sa?

Fè bonjan preparasyon. Pran tan pou w prepare diskou w la. Asire w ou byen konprann sijè a. Si se ou k ap chwazi ide w ap egzamine nan diskou a, reflechi sou sa moun k ap koute w yo deja konnen sou sijè a e sou objektif ou genyen nan diskou w ap fè a. Sa ap ede w chwazi enfòmasyon ki pi enpòtan yo. Toudabò, si w wè sa difisil, pale sou pwoblèm nan avèk yon oratè ki gen eksperyans. Li ka ede w byen egzamine enfòmasyon yo e li ka ede w byen reflechi sou sitiyasyon moun ki pral koute w yo twouve yo. Lè w sèten enfòmasyon w pral bay yo ap pwofitab pou moun yo e w genyen yo byen klè nan tèt ou, dezi w genyen pou w pataje enfòmasyon sa yo avèk yo ap kòmanse diminye strès ou santi dèske w pral bay diskou a.

Byen veye sou entwodiksyon w ap fè a. Chèche byen konnen fason w ap kòmanse diskou a. Yonfwa w kòmanse fè diskou a, sandout, strès ou genyen an ap diminye.

Se menm bagay la pou w fè tou lè w ap prepare pou predikasyon. Nonsèlman ou bezwen egzamine sijè w prevwa pale sou li a, men tou, ou bezwen reflechi sou kalite moun ou pral bay temwayaj la. Byen prepare entwodiksyon w lan. Byen pwofite eksperyans pwoklamatè ki gen matirite yo.

Lè w pral fè yon diskou devan yon gwoup moun, ou ka santi w ap gen plis asirans si w ekri tout sa w pral di yo nèt. Anfèt, si w pran abitid fè sa, sa ka ba w plis strès chak fwa w ap fè diskou. Se vre, gen kèk oratè ki sèvi ak anpil nòt, men tou, gen lòt oratè ki pa sèvi ak anpil nòt. Sepandan, sa k ap ede w sonje ide w yo e k ap ede w diminye kantite strès ou genyen an se pa mo ki nan nòt ou yo, se pito lefètke w gen konviksyon enfòmasyon w prepare yo ap vrèman itil moun ki pral koute w yo.

Repete diskou w la awotvwa. Lè w repete yon diskou w pral fè, sa ap fè w gen konfyans w ap jwenn mo pou w eksprime ide yo. Toutpandan w ap repete diskou a, lespri w ap memorize ide yo, e lè w ap fè diskou a, ou ka vin sonje yo san pwoblèm. Repete diskou a tankou se diskou a w ap fè toutbon. Imajine moun yo ki devan w k ap koute w. Fè repetisyon an kanpe oswa chita, selon jan w pral fè diskou a.

Priye Jewova pou l ede w. Èske l ap reponn yon priyè konsa? Men sa Pawòl li a di: “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” ​(1 Jan 5:14). Donk, si w vle onore Bondye e w vle ede moun yo byen pwofite sa ki di nan Pawòl li a, pa gen dout l ap reponn priyè w fè l nan sans sa a. Asirans sa a ou genyen an ka ba w anpil fòs pou w ranpli responsablite w la. Anplis, ofiramezi w ap chèche gen kalite ki fè pati fwi lespri a, tankou lanmou, lajwa, lapè, dousè ak metriz, w ap vin gen etadespri ou bezwen an pou w fè fas ak sitiyasyon ou rankontre yo avèk asirans. — Gal. 5:22, 23.

Chèche gen eksperyans. Tank ou pase plis tan nan predikasyon, se tank w ap gen mwens strès. Tank ou fè plis kòmantè nan reyinyon kongregasyon an, se tank l ap fasil pou w pale devan lòt moun. Ofiramezi w ap bay plis diskou nan kongregasyon an, petèt kantite strès ou konn santi anvan w fè chak diskou ap diminye. Èske w vle gen plis okazyon pou w pale devan kongregasyon an? Donk, fè konnen ou dispoze ranplase elèv ki pa kapab vin fè diskou yo nan lekòl la.

Apre w fin egzamine pwen nou sot mansyone yo, w ap wè li bon pou w egzamine siy oswa pwoblèm ki montre aklè ou manke asirans. Lè w idantifye siy sa yo e w aprann ki jan pou w fè fas ak yo, sa ap ede w pale avèk asirans. Siy sa yo ka parèt nan jès w ap fè oswa nan vwa w.

Siy ki ka parèt nan jès w ap fè. Lè w gen asirans oswa lè w manke asirans, sa gen yon enfliyans sou fason ou kenbe kò w e sou fason w itilize men w. Ann pale sou men w anvan. Men kèk bagay ou ka fè avèk men w ki montre w manke asirans: ou ka kwaze yo dèyè do w, ou ka kite yo pandye byen rèd, ou ka kenbe pipit la byen di, ou ka mete yo nan pòch ou plizyè fwa, ou ka ap boutonnen epi deboutonnen vès ou tanzantan, ou ka ap manyen figi w, nen w, linèt ou san rezon, ou ka ap jwe nan mont ou, ou ka ap jwe ak yon plim, ak yon bag oswa ak fèy ki gen nòt ou yo. Jès san kontwòl ou fè ak men w oswa jès ou kòmanse fè san w pa fin fè yo ka montre sa.

Ou ka parèt manke asirans tou si w ap plede jwe pye w atè a, si w ap balanse kò w de bò, si w kanpe byen dwat oswa si w mal kanpe, si w ap plede pase lang ou sou po bouch ou, si w ap vale saliv ou san nesesite e si w ap respire yon fason rapid, sa ki vin fè souf ou kout.

Ou kapab kontwole siy sa yo si w fè bonjan efò. Travay sou yo youn apre lòt, pa travay sou de siy ansanm. Idantifye pwoblèm nan, epi egzamine alavans ki sa w bezwen fè pou w anpeche sa rive ankò. Si w fè travay sa a, w ap montre w gen asirans nan fason w ap metrize kò w.

Siy ki ka parèt nan vwa w. Ou ka remake nan vwa yon moun li strese, si vwa l vin pike oswa si vwa l ap tranble. Petèt li ka ap netwaye gòj li souvan oswa li ka pale twò rapid. Li ka venk pwoblèm sa yo oswa move abitid sa yo si l fè bonjan efò pou l kontwole vwa l.

Si w santi w strese, pran yon ti tan pou w byen respire anvan w monte sou estrad la. Pa ret konsantre, mete w alèz. Olye w panse sou strès ou genyen an, konsantre w pito sou enfòmasyon w te prepare pou w al pataje ak moun k ap koute w yo. Anvan w kòmanse pale, pran yon ti tan pou w gade moun yo, chèche yon vizaj ki amikal, epi fè yon ti souri. Pale dousman lè w ap fè entwodiksyon an, ansuit antre nan diskou a.

Sa pou w atann. Pa panse tout ti tras strès ou genyen ap disparèt nèt. Anpil oratè ki gen eksperyans santi yo strese anvan yo kanpe devan yon gwoup moun pou yo pale. Men, yo aprann metrize strès yo genyen an. Men sa youn nan yo te di: “Mwen toujou santi m strese, men kounye a, mwen kontwole m.”

Si w fè efò toutbonvre pou w venk siy ki montre w strese yo, moun k ap koute w yo ap konsidere w kòm yon oratè ki gen asirans. Ou ka toujou santi w yon ti jan strese, men yo gendwa pa menm wè sa.

Pa bliye, adrenalin ki nan kò w la, ki lakòz ou prezante yon seri siy ki montre w strese a, ba w enèji tou. Sèvi ak enèji sa a pou w pale avèk santiman.

Ou pa oblije tann se jis lè w monte sou yon estrad pou w fè yon diskou pou w aplike tout pwen sa yo. Chak jou nan lavi w, chèche gen asirans, chèche metrize w e chèche pale avèk santiman ki apwopriye. Si w fè sa, sa ap ede w anpil pou w gen asirans ni lè w sou estrad la ni lè w nan predikasyon, kote sa pi enpòtan toujou.

FASON POU W VIN GEN ASIRANS

  • Fè bonjan preparasyon.

  • Repete diskou w gen pou w fè a awotvwa.

  • “Lage fado w yo sou Jewova” nan lapriyè. — Sòm 55:22.

  • Preche regilyèman, fè kòmantè souvan nan reyinyon e fè konnen ou dispoze ranplase elèv ki pa kapab vin fè diskou yo nan lekòl la.

  • Idantifye siy ki montre w manke metrize tèt ou, epi aprann ki jan pou w evite yo oswa pou w kontwole yo.

EGZÈSIS: Pandan yon mwa, chak semèn, fè efò pou w fè plis pase yon sèl kòmantè nan etid Toudegad la ak nan etid biblik kongregasyon an. W ap rann ou kont strès la ap kòmanse diminye depi nan dezyèm oswa nan twazyèm kòmantè w ap fè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje