BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 15/6 p. 7-11
  • Ann apresye kalite Jewova yo pi plis toujou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann apresye kalite Jewova yo pi plis toujou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • JEWOVA ABÒDAB
  • YON KALITE KI GEN ANPIL VALÈ
  • LI ABÒDAB E LI DISPONIB
  • JEWOVA PA GEN PATIPRI
  • NOU KAPAB IMITE JEWOVA
  • “ Te gen gwo foul ki te pwoche bò kote l ”
    “Vin suiv mwen”
  • Ann imite Jewova ki pa gen patipri
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Ann imite Jewova ki pa nan patipri
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Annou imite Jewova, Bondye nou an ki pa gen patipri
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 15/6 p. 7-11

Ann apresye kalite Jewova yo pi plis toujou

“Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen.” — EFE. 5:1.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki jan n ka vin gen plis apresyasyon pou kalite Jewova yo?

  • Ki sa k fè yon moun abòdab?

  • Kòman n ka montre n pa gen patipri menm jan ak Jewova?

1. a) Ki kalite Jewova gen lakay li ki gendwa vin nan lespri yon kretyen? b) Lè n egzamine kalite Bondye yo ki jan sa ap pwofitab pou nou?

KI KALITE ki vin nan lespri w lè w ap panse ak pèsonalite Jewova? Anpil nan nou gendwa panse ak lanmou, jistis, sajès ak pisans. Sepandan, nou rann nou kont Jewova gen anpil lòt bèl kalite. Anfèt, nou ta ka fè yon lis ki gen plis pase 40 kalite Jewova gen lakay li, e nou deja pale de chak kalite sa yo nan piblikasyon nou yo. Annik imajine kantite bèl bagay nou ka aprann konsènan pèsonalite Jewova nan etid n ap fè an fanmi oswa nan etid pèsonèl nou! Ki fason yon etid konsa kapab pwofitab pou nou? Li ka fè n vin gen plis apresyasyon pou Papa nou ki nan syèl la. Kòm rezilta, plis nou gen apresyasyon pou Jewova, se plis n ap anvi pwòch avè l e n ap anvi imite l. — Joz. 23:8; Sòm 73:28.

2. a) Bay yon egzanp ki montre kòman nou ka vin gen plis apresyasyon pou kalite Jewova yo. b) Ki sa nou pral konsidere nan atik sa a ak nan de lòt atik ki vin apre yo?

2 Men, ki sa “apresye” yon bagay vle di? Nan kontèks nou pral itilize mo sa a, li vle di rekonèt vrè valè yon bagay. Apresyasyon yon moun gen pou yon bagay kapab ogmante tikras pa tikras. Ann pran yon egzanp pou n montre sa: Lè w pral manje yon manje ou pa t abitye manje, premye bagay k ap fè w apresye manje sa a se lè w fèk pran sant li, apre sa, se lè w kòmanse manje l e finalman ou vin apresye l pi plis toujou lè w rive fè manje sa a. Menm jan an tou, lè n aprann konnen yon kalite Jewova gen lakay li, nou reflechi sou kalite sa a epi n imite l, se plis n ap vin gen apresyasyon pou kalite sa a (Efe. 5:1). Objektif atik sa a ansanm ak de lòt atik ki vin apre yo se ede n vin gen plis apresyasyon pou kalite Bondye genyen, petèt nou pa panse avèk yo souvan kontrèman ak kalite prensipal li yo. Pou chak kalite nou pral egzamine, n ap konsidere kesyon ki vin apre yo: Ki sa kalite sa a vle di? Ki jan Jewova demontre l? Kòman nou ka imite Jewova nan fason n demontre kalite sa a?

JEWOVA ABÒDAB

3, 4. a) Ki jan w t ap dekri yon moun ki abòdab? b) Ki fason Jewova ban nou asirans li se yon Dye ki abòdab?

3 Ki jan w t ap dekri yon moun ki abòdab? Ou ta gendwa di: ‘Se yon moun ki janti, ki toujou disponib, e ki fasil pou moun pale avè l.’ Byen souvan, ou ka wè si wi ou non yon moun abòdab lè w koute sa l ap di ak lè w obsève jès l ap fè, ekspresyon vizaj li ak lòt siy ankò.

4 Ki jan Jewova montre l abòdab? Aktout se Jewova ki Kreyatè toupisan kokennchenn linivè nou an, li ban n asirans li dispoze koute priyè nou yo, li anvi koute yo epi reponn yo. (Li Sòm 145:18; Izayi 30:18, 19.) Nou ka pale ak Bondye kantite tan nou vle, nenpòt ki lè oswa nenpòt ki kote. Nou ka pwoche kote l san pwoblèm etandone nou konnen li pap janm repwoche n pou sa (Sòm 65:2; Jak 1:5). Pawòl Bondye a sèvi ak mo lèzòm ka konprann pou l pale de Jewova, sa ki montre Jewova vle n pwoche kote l. Pa egzanp, salmis David te di ‘je Jewova sou nou’ epi ‘men dwat li kenbe n fèm’. (Sòm 34:15, NW; 63:8, NW.) Pwofèt Izayi te konpare Jewova ak yon bèje, lè l te di: “Ak bra pa l l ap sanble ti mouton yo e l ap pote yo sou lestomak li.” ​(Iza. 40:11, NW). Nou imajine sa! Jewova vle nou vin pwòch avè l menm jan ak yon timouton ki kouche sou lestomak yon bèje k ap pran swen l. Se pa ti abòdab Papa nou genyen an abòdab! Kòman n ka imite Jewova nan sans sa a?

YON KALITE KI GEN ANPIL VALÈ

5. Poukisa l enpòtan pou ansyen yo abòdab?

5 Sa pa gen twò lontan, yo te poze kèk Temwen zele k ap viv nan plizyè kontinan kesyon sa a: “Ki kalite yo plis apresye lakay yon ansyen?” Pifò nan yo te reponn yo renmen “lè yon ansyen abòdab”. Se vre, chak kretyen bezwen demontre yo gen kalite sa a lakay yo pi plis toujou, men, li pi enpòtan toujou pou ansyen yo montre yo se moun ki abòdab (Iza. 32:1, 2). Pou yon sè esplike rezon ki fè l panse kalite sa a enpòtan anpil, li di: “Se sèlman si yon ansyen abòdab n ap kapab pwofite nenpòt lòt bèl kalite li gendwa gen lakay li.” Èske w wè lojik ki gen nan pawòl sa a? Men, ki sa k ka fè yon moun abòdab?

6. Ki bagay enpòtan k ap ede yon moun vin abòdab?

6 Yon bagay enpòtan k ap ede yon moun vin abòdab se lè l montre l enterese toutbon nan lòt moun. Si yon ansyen gen sousi pou lòt moun epi l dispoze bay tout li menm pou yo, sandout, frè ak sè yo, san wete jèn yo, ap wè sa (Mak 10:13-16). Men sa Carlos, yon jèn ki gen 12 an, fè konnen: “Mwen wè ansyen yo nan Sal la k ap souri epi yo janti, mwen renmen sa lakay yo.” Nòmalman, li pa sifi pou yon ansyen annik di li abòdab, li dwe demontre kalite sa a tou (1 Jan 3:18). Ki jan l ka fè sa?

7. Ki sa k fè ensiy kongrè nou yo konn fè n gen konvèsasyon ak lòt moun, e ki leson nou ka aprann nan sa?

7 Ann konsidere egzanp sa a: Sa pa gen twò lontan, gen yon frè ki te gen ensiy li sou li pandan l t ap vwayaje nan avyon pou l al lakay li apre l te fin asiste yon kongrè. Lè otès la te wè ensiy lan ki ekri “Se pou Wayòm Bondye a vini!”, li te di frè a: “Wi, se pou l vini. Fò n ta fè yon ti pale sou sa.” Annapre, yo te pale sou sa epi otès la te kontan aksepte kèk peryodik. Anpil nan nou te fè yon eksperyans konsa deja. Ki sa k fè ensiy kongrè nou yo konn fè n gen konvèsasyon ak lòt moun? Se paske, nan yon sans, se kòmsi l di moun yo: “Ou mèt santi w alèz pou w pwoche kote m. Ou mèt mande m kote m prale.” Yon ensiy se yon siy vizib ki fè moun yo konnen nou dispoze pataje kwayans nou ak yo. Menm jan an tou, ansyen yo dwe montre kwayan parèy yo kèk siy vizib ki di: “Ou mèt santi w alèz pou w pwoche kote m.” Ki kèk nan siy sa yo?

8. Ki fason ansyen yo montre yo enterese toutbonvre nan lòt moun, e ki efè sa gen sou kongregasyon an?

8 Koutim yo gendwa diferan selon peyi a, men, an jeneral, lè n bay frè ak sè nou yo yon bèl souri, yon bon lanmen, yon bèl salitasyon, se yon siy ki montre nou enterese toutbon nan yo. Ki moun ki dwe pran inisyativ la? Ann wè ki egzanp Jezi te bay nan sans sa a. Matye fè konnen, pandan yon reyinyon Jezi te gen ak disip yo, “Jezi pwoche, li pale avèk yo”. (Mat. 28:18.) Menm jan an tou, jodi a, ansyen yo pran inisyativ pou yo pwoche kot kwayan parèy yo epi pale ak yo. Ki efè sa kapab genyen sou kongregasyon an? Gen yon sè ki pyonye e ki gen 88 an ki di: “Bèl souri ak pawòl ankourajan mwen jwenn nan men ansyen yo lè m ap antre nan Sal Wayòm nan fè m santi yo renmen m.” Gen yon lòt sè ki fidèl ki di: “Yon moun gendwa wè sa kòm yon ti bagay, men, lè yon ansyen akeyi m ak yon souri nan reyinyon yo, sa vle di anpil bagay pou mwen.”

LI ABÒDAB E LI DISPONIB

9, 10. a) Ki bèl egzanp Jewova kite pou nou? b) Ki fason ansyen yo ka rann tèt yo disponib pou lòt moun?

9 Sa klè, si nou pa disponib, moun pap pwoche kote nou. Jewova kite yon bèl egzanp pou nou nan sans sa a. Labib di: “Li pa lwen okenn nan nou.” ​(Tra. 17:27). Youn nan fason ansyen yo rann tèt yo disponib pou lòt moun se lè yo rezève tan anvan epi apre reyinyon yo pou yo pale ak frè ak sè yo, kit yo jèn kit yo granmoun. Gen yon frè ki pyonye ki te di: “Lè yon ansyen mande m kòman m ye epi l ret koute m, mwen santi l apresye m.” Gen yon sè k ap sèvi Jewova depi prèske 50 an ki te di: “Ansyen ki pran yon ti tan pou yo pale avè m apre reyinyon yo fè m santi m gen valè.”

10 Nòmalman, kretyen ki bèje yo gen lòt bagay pou yo fè tou. Sepandan, yo ta dwe gen objektif pou yo bay brebi yo atansyon nan reyinyon yo anvan tout bagay.

JEWOVA PA GEN PATIPRI

11, 12. a) Ki sa pa gen patipri vle di? b) Ki jan Jewova kite yon egzanp pou nou antanke moun ki pa gen patipri?

11 Yon lòt bèl kalite Jewova gen lakay li sèke li pa gen patipri. Ki sa pa gen patipri vle di? Yon moun ki pa gen patipri se yon moun ki jis, ki pa gen prejije oswa ki pa nan paspouki. Pa gen patipri toutbon makònen ak de bagay: panse ak aksyon. Poukisa toule de nesesè? Se paske, se sèlman si yon moun pa gen patipri nan fason li panse l ap ka trete tout moun san patipri. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, ekspresyon “pa gen patipri” a vle di mo pou mo pa “gad sou figi”, sa vle di pa gad sou figi moun pou w fè paspouki (Tra. 10:34; Kingdom Interlinear). Kidonk, yon moun ki pa gen patipri se yon moun ki pa gad moun sou aparans oswa ki pa konsidere moun selon sitiyasyon yo. Olye de sa, se yon moun ki konsidere tout moun jan yo ye a.

12 Se Jewova ki bay pi gwo egzanp antanke moun ki pa gen patipri. Pawòl li a fè n konnen li “pa gen patipri” epi l “pa nan paspouki ak pèsonn”. (Li Travay 10:34, 35; Detewonòm 10:17.) Gen yon bagay ki te rive nan epòk Moyiz la ki montre sa.

Pitit fi Selofehad yo te kontan lefètke Bondye pa gen patipri. (Gade paragraf 13, 14.)

13, 14. a) Ak ki sitiyasyon senk pitit fi Selofehad yo te fè fas? b) Ki fason Jewova te montre l pa gen patipri nan ka sa a?

13 Yon ti tan anvan Izrayelit yo te antre nan Latè pwomiz, te gen senk sè chanèl ki pa t marye, ki te fè fas ak yon pwoblèm. Ki pwoblèm sa a? Yo te konnen fanmi pa yo te dwe resevwa pòsyon tè ki te pou papa yo a, menm jan ak tout lòt fanmi ann Izrayèl (Nonb 26:52-55). Sepandan, Selofehad, papa yo, ki te soti nan tribi Manase, te gentan mouri. Selon jan sa te konn fèt, se pitit gason Selofehad ki te gen dwa pou yo resevwa pòsyon tè papa yo a. Men, se pitit fi sèlman Selofehad te genyen (Nonb 26:33). Etandone Selofehad pa t gen pitit gason pou resevwa pòsyon tè li a, èske yo t ap bay lòt manm fanmi l tè a epi pou pitit fi l yo rete san eritaj?

14 Senk medam yo t al kot Moyiz epi yo di l: “Se pa paske papa nou pa t gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou.” Èske Moyiz te di yo ‘lwa se lwa, pa gen moun k ap epaye’? Non, okontrè, li t al “pale koze a avèk Senyè a”. (Nonb 27:2-5.) Ki repons Jewova te bay? Jewova te di Moyiz: “Pitit fi [Selofehad] yo gen rezon. W’a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W’a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a.” Jewova te fè plis pase sa toujou. Li te fè eksepsyon sa a tounen yon lwa. Men sa l te di Moyiz: “Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n’a renmèt pòsyon tè pa l la bay pitit fi li yo.” ​(Nonb 27:6-8; Joz. 17:1-6). Depi lè sa a, tout medam ann Izrayèl ki te nan menm sitiyasyon tètchaje sa a te jwenn pwoteksyon.

15. a) Ki jan Jewova trete moun ki fè pati pèp li a, sitou sa ki nan sitiyasyon ki pa nan avantaj yo? b) Ki lòt istwa nan Bib la ki montre Jewova pa gen patipri?

15 Ala yon bon desizyon Jewova te pran, yon desizyon ki montre l pa gen patipri! Jewova te trete medam sa yo, ki te nan yon sitiyasyon ki pa t nan avantaj yo, avèk diyite menm jan l te fè pou Izrayelit ki te nan pi bon pozisyon yo (Sòm 68:5). Istwa sa a se sèlman youn nan pakèt istwa ki nan Bib la ki aprann nou verite estrawòdinè sa a: Jewova trete tout sèvitè l yo san patipri. — 1 Sam. 16:1-13; Tra. 10:30-35, 44-48.

NOU KAPAB IMITE JEWOVA

16. Ki jan n ka montre n pa gen patipri epi demontre kalite sa a pi plis toujou?

16 Ki jan nou kapab montre n pa gen patipri menm jan ak Jewova? Pa bliye sa, pa gen patipri makònen ak de bagay. Se sèlman si nou pa gen patipri, n ap ka trete lòt moun san patipri. Se vre, nou tout renmen konsidere tèt nou tankou moun ki pa gen patipri e ki alèz ak tout kalite moun. Sepandan, petèt w ap dakò si n di li pa toujou fasil pou yon moun byen jije tèt li. Kidonk, ki sa w ka fè pou w konnen si lòt moun konnen w kòm moun ki pa gen patipri? Ebyen, lè Jezi te bezwen konnen ki sa lòt moun te panse de li, li te poze zanmi l fè konfyans yo kesyon sa a: “Kiyès moun yo di Pitit lòm nan ye?” ​(Mat. 16:13, 14). Poukisa w pa fè menm jan ak Jezi? Ou gendwa mande kèk zanmi w ka fè konfyans pou yo di w si wi ou non yo konnen w kòm moun ki pa gen patipri. Ki sa w ta dwe fè si zanmi sa yo ta di w sanble ou gen tandans montre w rasis, trete moun selon ran sosyal yo oswa mwayen ekonomik yo? Priye Jewova ak tout kè w konsènan tandans sa yo, sipliye l pou l ede w chanje atitid ou yon fason pou w rive montre w pa gen patipri pi plis toujou menm jan avè l. — Mat. 7:7; Kol. 3:10, 11.

17. Nan ki domèn nou kapab trete lòt moun san patipri?

17 Nou montre anvi nou genyen pou n montre n pa gen patipri menm jan ak Jewova lè n trete tout frè ak sè n yo nan kongregasyon an ak diyite epi lanmou. Pa egzanp, lè n ap demontre ospitalite, nou dwe envite tout kalite moun pami kwayan parèy nou yo. Sa gen ladan l, moun ki pa sot nan menm ras avè n, ki pa gen menm edikasyon ak kilti avè n, moun ki pòv, ki òfelen oswa ki vèv. (Li Galat 2:10; Jak 1:27.) Anplis de sa, nan travay predikasyon Wayòm nan, nou pataje bon nouvèl la san patipri ak tout kalite moun, san wete moun ki soti nan lòt peyi. Se pa ti kontan nou kontan dèske n gen posiblite pou n li piblikasyon ki baze sou Bib la nan anviwon 600 lang. Sa se yon prèv klè ki montre n pa gen patipri.

18. Lè w panse ak jan Jewova montre l abòdab e l pa gen patipri, ki jan w ka montre w apresye kalite sa yo?

18 Kidonk, tank nou pran tan pou n reflechi sou fason Jewova montre l abòdab epi l pa gen patipri, se tank n ap pi apresye l. Kòm rezilta, gwo apresyasyon sa a ap pouse n imite kalite Jewova yo pi plis toujou, e konsa, n ap demontre kalite sa yo nan fason n boule ak kwayan parèy nou yo ansanm ak moun n ap preche yo.

“Jewova pre tout moun ki envoke li.” — Sòm 145:18, NW. (Gade paragraf 9.)

“Jewova, Bondye nou an [...] pa nan paspouki ak pèsonn.” — Det. 10:17, NW. (Gade paragraf 17.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje