BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/2 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Fason lagè ak vyolans pral fini
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/2 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Èske n ap janm gen yon sèl gouvènman pou dirije monn nan?

Yon sèl gouvènman mondyal ki ini moun tout nasyon

Ki jan yon gouvènman mondyal ka ini moun tout nasyon? Izayi 32:1, 17; 54:13.

Imajine jan yon gouvènman mondyal ka pwofitab pou lèzòm. Jodi a, gen anpil moun k ap soufri paske yo pòv anpil, tandiske gen lòt moun ki rich anpil. Sepandan, yon gouvènman mondyal ki konprann bezwen lèzòm genyen ka fè tout moun jwenn sa yo bezwen. Èske w panse lèzòm ap janm gen yon gouvènman konsa? — Li Jeremi 10:23.

Pandan tout listwa, nan anpil sans, gouvènman yo echwe nan èd y ap bay moun y ap dirije yo, sitou moun ki pòv yo. Gen kèk gouvènman ki san pitye (Eklezyas 4:1; 8:9). Sepandan, Bondye Toupisan an pwomèt l ap etabli yon gouvènman k ap ranplase tout lòt gouvènman yo. Dirijan gouvènman sa a ap vrèman pran swen moun yo. — Li Izayi 11:4; Dànyèl 2:44.

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Jewova chwazi Jezi, Pitit li a, ki se yon dirijan ideyal pou dirije monn nan (Lik 1:31-33). Lè Jezi te sou tè a antanke òm, li te enterese nan ede moun. Antanke Wa, li pral ini moun tout nasyon e li pral soulaje yo anba tout soufrans. — Li Sòm 72:8, 12-14.

Èske tout moun ap aksepte Jezi kòm Dirijan? Non. Men, Jewova pasyan (2 Pyè 3:9). Li bay moun yo posiblite pou yo aksepte Jezi kòm Dirijan. Talè konsa, Jezi pral elimine mechan yo e li pral etabli lapè ak sekirite nan lemonnantye. — Li Mika 4:3, 4.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje