BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/02 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Soutit
  • Semèn 13 me
  • Semèn 20 me
  • Semèn 27 me
  • Semèn 3 jen
Ministè Wayòm nan — 2002
km 5/02 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

NOTE SA : Pandan gran vakans lan, Ministè Wayòm nan ap gen pwogram pou yon reyinyon sèvis chak semèn. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Si nou twouve li apwopriye, rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis ki fèt anvan kongrè a, pou nou repale sou konsèy enpòtan nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm ki nan men nou an. Pandan mwa oktòb la, yo pral pran tout yon reyinyon sèvis pou yo repale sou pwen enpòtan nou te aprann nan kongrè a. Pou nou prepare nou pou sa, nou chak nou kapab pran bonjan nòt nan kongrè a. Nan nòt sa yo, kapab gen yon lis pwen nou deside mete an pratik, pwen ki gen rapò swa ak lavi nou an jeneral swa ak predikasyon. Annapre, nou ka esplike ki jan nou te deja kòmanse mete sijesyon sa yo an pratik depi lè nou sot nan kongrè a. Sa ap ankourajan pou youn tande lòt ap esplike ki jan yo te tire pwofi nan bonjan enstriksyon yo te resevwa.

Semèn 13 me

Kantik 37

15 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon tou kout sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 me ak Réveillez-vous ! 22 me. Baze demonstrasyon yo sou sijesyon nou jwenn nan paj 8 la. Nan chak demonstrasyon, montre ki jan nou ka reponn objeksyon sa a : “ M pa gen tan kounye a. ” ​(Gade nan liv Comment raisonner a, p. 19-20 “Je suis occupé”.) Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Yon okazyon espesyal pou youn ankouraje lòt. ” Diskou. Bay moun yo gou pou yo asiste kongrè distri a. Ankouraje tout moun pou yo pa rate yon sesyon, soti nan vandredi maten jis rive dimanch aprèmidi.

15 min : “ Toujou chèche fè sa ki byen. ”a Ensiste sou nesesite pou tout moun respekte dispozisyon yo pran pou kesyon lojman an. Se pou byen nou, yo pran dispozisyon sa yo. Esplike poukisa li enpòtan pou tout moun veye sou konduit yo.

Kantik 115 ak priyè final.

Semèn 20 me

Kantik 13

15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Repons kesyon w yo.

12 min : “ Annou konble bezwen espirityèl nou. ” Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Egzamine pou ki rezon tout moun ta dwe fè tout posib yo pou yo suiv pwogram kongrè a. Ensiste sou nesesite pou nou mete sa nou aprann yo an pratik olye pou nou annik al tande sa k ap di. Egzamine ti nòt ki nan kòmansman paj sa a, nòt ki konsène reyinyon sèvis ki pral genyen ann oktòb la, kote yo pral pale sou pwen enpòtan ki te parèt nan kongrè distri a. Ankouraje tout moun pou yo pran nòt. Mande oditwa a fè kèk kòmantè sou pwofi yo te tire nan pwogram ki te genyen ane pase a.

18 min : “ Annou chèche gen yon aparans respektab. ”b Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. L ap li chak paragraf yo fin egzamine. Ede tout moun pou yo reyalize nan ki pwen li enpòtan pou yo veye sou aparans yo lè y ap soti.

Kantik 169 ak priyè final.

Semèn 27 me

Kantik 208

12 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa me. Demonstrasyon : yon frè oubyen yon sè aje ap prezante La Tour de Garde 1ye jen, epi yon jèn pwoklamatè ap prezante Réveillez-vous ! 8 jen. Baze demonstrasyon yo sou sijesyon nou jwenn nan paj 8 la. Apre chak demonstrasyon, montre ki jan li fasil pou yon pwoklamatè antre yon pasaj biblik nan yon konvèsasyon. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Èske kongregasyon nou gen anpil tèritwa ? ” Siveyan sèvis la ap fè yon diskou avèk patisipasyon oditwa a. (Si gen yon kongregasyon ki pa gen anpil tèritwa, li kapab egzamine atik “ Bat pou tan w konte ” ki te parèt nan Ministè Wayòm jen 1999 la.) Di ki kantite tèritwa kongregasyon an genyen e ki pòsyon ladann nou te rive preche ane pase. Montre ki jan nou kapab mete sijesyon yo bay yo an pratik nan kongregasyon an. Fè yon ti pale sou dispozisyon yo pran pou preche tèritwa kongregasyon an pa preche souvan.

18 min : “ Èske w konn sèvi ak bwochi Bondye vle a pou w kòmanse etid biblik ? ” ​(Li ta bon, lè y ap fè patisipasyon sa a, pou tout moun vini ak paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a.) Pou kòmanse, mande yon pwoklamatè pou l fè yon demonstrasyon byen prepare sou fason nou kapab kòmanse yon etid. L ap sèvi ak egzanp ki nan paragraf 3 a. Apresa, montre kèk pwen enpòtan nan bwochi a. Lèfini, esplike poukisa se yon piblikasyon ki fèt toutespre pou kòmanse etid. Montre pou ki rezon li enpòtan pou nou toujou fè yon koudèy sou prezantasyon yo bay nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a. Mande moun nan oditwa a pou yo di ki sijesyon yo te twouve ki efikas nan ka pa yo. Pou fini, refè demonstrasyon an.

Kantik 93 ak priyè final.

Semèn 3 jen

Kantik 178

15 min : Anons lokal. Antann ou ak kèk pwoklamatè pou yo pale sou benediksyon yo te jwenn pandan yo t ap sèvi kòm pyonye oksilyè oswa pyonye pèmanan an mas, avril oswa me.

15 min : Liv Comment raisonner a pa sèvi sèlman ak Traduction du monde nouveau. Fè yon diskou tou kout, epi apresa, mande oditwa a fè kèk kòmantè. Li paragraf 2 nan paj 8 liv Comment raisonner a. Lèfini, esplike poukisa e ki jan, nan predikasyon, nou fèt pou nou sèvi ak Labib souvan. Montre lis abrevyasyon kèk tradiksyon Labib ki nan paj 6 la. Apresa, ede frè yo konprann pou ki rezon nou konn site vèsè nan lòt tradiksyon Labib. Fè yon ti pale sou prekosyon nou dwe pran, prekosyon yo mansyone nan La Tour de Garde 1ye oktòb 1997, p. 16, § 2, p. 20, § 15. Pou fini, envite moun nan oditwa a esplike ki jan sa kapab itil, nan ansèyman n ap transmèt la, pou nou konpare plizyè tradiksyon. Pou yo kapab fè sa, y ap sèvi ak sijè sa yo nou jwenn nan liv Comment raisonner a : “ Succession apostolique ”, “ Images ”, “ Trinité ”.

15 min : “ Lafwa pouse nou fè bèl aksyon. ”c Lè nou rive nan § 2 a, fè yon ti pale tou kout ak yon pwoklamatè zele. Mande l pou li rakonte ki jan predikasyon pèmèt li demontre li gen lafwa. Fè l di tou ki jan sa fòtifye lafwa l.

Kantik 56 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje