BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/02 p. 4
  • ‘ Toujou chèche fè sa ki byen ’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘ Toujou chèche fè sa ki byen ’
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • “ Pawòl pwofetik Bondye a ” Kongrè distri Temwen Jewova yo pou 1999
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Se pou nou bay egzanp nan fè bèl zèv
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2008
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • “ Se pou nou mete lanmou nan tout sa n ap fè ”
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 5/02 p. 4

‘ Toujou chèche fè sa ki byen ’

1 Viv kòm kretyen mande pou nou ‘ toujou chèche fè sa ki byen pou tout moun ’. (1 Tes. 5:15, Bib la.) Kongrè distri ban nou anpil okazyon pou nou fè byen pou lòt moun. Nan moman sa yo, moun ap obsève nou e fason nou boule ak yo pou bokou nan opinyon yo ka vin genyen sou nou. Pou nou konsève bèl repitasyon nou kòm Temwen Jewova, aksyon nou dwe montre nou “ onore tout kalite moun ”. (1 Pyè 2:17.) Sa mande pou nou pa ‘ chèche enterè pa nou ase, men pou nou chèche sa ki bon pou lòt yo tou ’. (Fil. 2:4, Bib la.) Ann egzamine ki rapò sa genyen ak dispozisyon yo pran pou lojman.

2 Ane sa a, nou ta renmen ankouraje tout moun k ap bezwen lojman pou yo wè si yo pa ta kapab aranje yo avèk manm fanmi yo oswa zanmi yo ki abite nan vil kote asanble a ap fèt la, pou yo ta loje lakay yo. Konsa, l ap pi fasil pou sèvis lojman an ede lòt kongresis ki pa gen mwayen jwenn lojman pou kont yo.

3 Nou voye fòmilè Mande lojman pou ka patikilye bay tout sekretè kongregasyon yo. Sekretè a ap ranpli fòmilè a sèlman pou kongresis ki gen bon repitasyon nan kongregasyon an e ki ta renmen sèvis lojman an fè yon jan pou yo. Li pa bon pou se lè nou fin rive nan vil kote asanble a ap fèt la pou n ap mande lojman. Sekretè a dwe voye demann yo omwen de mwa davans bay siveyan sèvis lojman an. Sèvis la pral fè tout sa li kapab pou li satisfè kongresis yo. Men, fòk yo menm bò kote pa yo, yo montre rekonesans ak kolaborasyon yo lè yo asepte lojman yo prevwa pou yo a. Epitou, yo ka montre konsiderasyon pou fanmi ki loje yo a lè yo veye sou konduit yo, lè yo montre yo gen bèl kalite.

4 Gen kongresis ki konn fè fanmi yo oswa zanmi yo vin jwenn yo pou yo ka rete menm kote avèk yo. Li pa byen pou nou aji konsa. Donk, lè yo ban nou lojman yon kote, pa depase kantite moun mèt kay la oubyen sèvis lojman an te prevwa. Si nou gen yon pwoblèm an rapò ak kote nou loje pandan kongrè a, se pou nou enfòme sèvis lojman an. Kèlkeswa difikilte nou rankontre anvan oubyen apre kongrè a, kontakte sèvis lojman an. Esplike pwoblèm nan an detay, e di ki sa nou te fè pou nou rezoud li. Konsa, frè yo ap anmezi pou yo ban nou èd nou bezwen.

5 Annou montre nou detèmine pou nou ‘ toujou chèche fè sa ki byen ’. Yon fason nou kapab montre detèminasyon sa a, se lè nou soutni tout dispozisyon yo pran pou lojman. Pou kongrè distri k ap vini la a, annou montre nou pa sèlman moun ki zele nan preche Wayòm nan, men tou nou zele nan fè tout sa ki byen.

[Kare nan paj 4]

Pa bliye:

■ Chèche jwenn lojman kay fanmi nou oswa zanmi nou ki abite nan vil kote asanble a ap fèt la.

■ Si nou vle sèvis lojman an chèche lojman pou nou, bay sekretè a non nou alavans.

■ Asepte lojman yo prevwa pou nou an ak rekonesans epi veye sou konduit nou.

■ Respekte kantite moun mèt kay la te prevwa loje.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje