Èske w konn sèvi ak bwochi Bondye vle a pou w kòmanse etid biblik ?
1 Si w toujou sèvi ak Bib la pou w pale ak yon moun ki enterese, ou egzamine yon pati nan youn nan piblikasyon nou yo avèk li, menm si se yon konvèsasyon tou kout ou fè, se kondui w ap kondui yon etid biblik. Èske w te konn sa ? Kit se nan papòt kay moun nan w ap pale, kit se nan telefòn, sa pa anpeche se yon etid biblik w ap fè. Enben, poukisa w pa fè yon efò espesyal nan mwa me ak nan mwa jen, pou w kòmanse yon etid biblik ak bwochi Bondye vle a ?
2 Fè preparasyon pou w ka jwenn bon rezilta : Lè w ap ofri bwochi Bondye vle a, chèche byen konnen alavans sou ki sa w pral pale. Si se yon vizit w ap fè, reflechi sou dènye konvèsasyon ou te genyen ak moun nan. Mande tèt ou : “ Ak ki paragraf nan bwochi a mwen pral sèvi pou m kontinye dènye konvèsasyon an e pou m fè l tounen yon etid biblik ? ” Si w ap preche kay an kay, reflechi sou ki sijè ki ka enterese yon jèn, yon granmoun, yon gason oswa yon fi. Fè yon koudèy sou tit leson yo, e chwazi yon sijè ki ka enterese moun nan. Apre w fin deside sa w pral di a, fè plizyè repetisyon. Se youn nan kle pou w jwenn bon rezilta.
3 Paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a, te bay uit ‘ Sijesyon pou nou ofri bwochi Bondye vle a ’. Kare “ Metòd dirèk ” la te montre nou ki jan nou ka sèvi ak bwochi a pou nou kòmanse fè etid biblik. Ou ta ka adapte premye sijesyon an konsa :
◼ “ Èske w konnen, nan kèk minit sèlman, ou kapab jwenn repons yon kesyon enpòtan ki soti nan Bib la ? Pa egzanp, poukisa gen yon pakèt relijyon ki pretann se Kris y ap suiv ? Èske w te janm reflechi sou sa ? ” Apre moun nan fin reponn, ale nan leson 13 la, epi pale sou de premye paragraf yo. Si gen tan pou sa, li youn oswa de vèsè, epi fè kòmantè sou yo. Annapre, li dènye kesyon ki anlè tèt paj la, epi di moun nan : “ Nan rès leson an, nou jwenn senk fason ki pèmèt nou idantifye vrè relijyon an. Mwen t a byen kontan retounen pou m egzamine pwen sa yo avèk ou. ”
4 Pèsevere : Pwofite tout okazyon pou w montre nenpòt moun ki jan l ka fè yon etid biblik nan bwochi Bondye vle a. Mande Jewova pou l beni aktivite w (Mat. 21:22). Lè w pèsevere nan efò w ap fè, ou ka jwenn kè kontan ki genyen nan ede yon moun byen reyaji devan bon nouvèl la !