BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/03 p. 3-4
  • Preche epi bay yon temwayaj konplè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Preche epi bay yon temwayaj konplè
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Fè konnen bèl kalite Jewova yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Yon bèl objektif pou nouvo ane sèvis la
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Èske ou menm w ap pyonye oksilyè?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • “ Preche Pawòl Bondye a nèt ”
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 2/03 p. 3-4

Preche epi bay yon temwayaj konplè

1 Antanke “ gid ” e antanke “ kòmandan ”, Jezi te fòme disip li yo pou gwo travay yo t apral gen pou yo fè an rapò ak predikasyon (Iza. 55:4 ; Lik 10:1-12 ; Tra. 1:8). Men ki jan apot Pyè te pale de misyon Jezi te konfye yo a : ‘ Li te òdone nou pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè, pou nou fè konnen se li menm Bondye nome pou jije vivan yo ak mò yo. ’ ​(Tra. 10:42). Ki jan nou ka rive bay yon temwayaj konplè ?

2 Egzanp apot Pòl ka aprann nou anpil bagay. Nan reyinyon li te fè ak ansyen yo nan kongregasyon Efèz, men ki sa li te fè yo sonje : “ M pa t pè pou m anonse nou tout bagay ki te pwofitab, ni pou m anseye nou an piblik, ni pou m anseye nou kay an kay. Men, m te bay yon temwayaj konplè, ni devan Juif ni devan Grèk, konsènan repantans devan Bondye e konsènan lafwa nan Jezi, Seyè nou an. ” Kwak Pòl li menm t ap rankontre gwo eprèv, li te fè tout sa l kapab pou l pèmèt yon maksimòm moun jwenn bon nouvèl la. Li pa t kontante l pou l annik bay moun ki t ap koute l yo verite elemantè yo, men li te fè efò pou l transmèt yo “ tout enstriksyon Bondye bay ”. Pou l te atenn objektif sa a, li te dispoze bay tout li menm, wi, li te dispoze sakrifye tèt li. Men ki sa l te di kèk tan apre sa : “ Mwen pa bay nanm mwen okenn enpòtans, kòmsi li te gen valè pou mwen, depi m rive tèmine kous mwen ak ministè sa a mwen resevwa nan men Seyè a, Jezi : bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl bonte Bondye, bonte nou pa merite a. ” — Travay 20:20, 21, 24, 27.

3 Jodi a, ki jan nou menm nou ka imite Pòl (1 Kor. 11:1) ? Menm si nou anba gwo eprèv, nou ka imite l lè nou chèche moun ki diy e lè nou fè tout sa nou kapab pou bon nouvèl la rive jwenn moun tout kalite ras ak moun tout kalite lang. Nou ka imite l tou lè nou pran dispozisyon pou nou ede moun ki enterese yo san nou pa pèdi tan (Mat. 10:12, 13). Sa mande tan, sa mande efò e sa mande pou nou renmen moun n ap preche yo.

4 Èske w ka pyonye oksilyè ? Mas ak avril ap ba ou bèl okazyon pou w pyonye oksilyè, sa k ap pèmèt ou bay yon temwayaj konplè. Èske ou pa t kontan ane pase lè w te wè tout moun sa yo ki te fè efò pou yo pyonye oksilyè ?

5 Gen yon sè ki gen 80 an. Apre l te fin tande ankourajman òganizasyon Jewova a te bay, li te santi li pa ka pa fè anyen. Men sa l te ekri : “ Depi lontan, m te toujou anvi pran sèvis pyonye. Ankourajman sa a te fè m vin pi chofe toujou e sa te fè m santi m pa ka pa pyonye oksilyè omwen yon lòt fwa ankò. ” Li te bay tèt li objektif pou l pran sèvis la an mas. Li di : “ Premye bagay m te fè, m te chita e m te kalkile depans lan. M te pale de pwojè m ak yon pitit fi m, paske m t ap bezwen èd li. M te sezi lè m te wè li menm tou li pran yon fich pyonye pou l ranpli. ” Pandan mwa sa a, sè aje a te pase 52 èdtan nan predikasyon. Li di : “ Chak fwa m santi m pa kapab ankò, m priye Jewova pou l reban m fòs. Nan fen mwa a, m te kontan anpil e m te satisfè. M pa ka konte konbyen fwa m te di Jewova mèsi dèske li te ede m. M ta renmen rekòmanse ankò. ” Kè kontan sè sa a te jwenn grasa efò li te fè ka ankouraje lòt moun ki gen gwo pwoblèm sante e ki ta byen renmen sèvi kòm pyonye oksilyè.

6 Gen yon frè yo te revoke nan travay li, san l pa t atann li a sa. Frè a te pwofite de sitiyasyon an pou l te ka pyonye oksilyè. Ofiramezi mwa a t ap pase, li te vin pi zele nan predikasyon e, anvan mwa a te fini, li te kòmanse yon etid biblik. Etan l ap reflechi sou sa l te viv pandan mwa sa a, li te di : “ Ala yon bèl mwa papa ! ” Se pa ti kontan l te kontan dèske Jewova te gide l, dèske l te ede l ! Wi, se vide Jewova vide benediksyon sou li pou gwo efò li te fè pou l preche plis, e l ap fè menm bagay la pou ou tou. — Mal. 3:10.

7 Pou anpil moun, pran sèvis pyonye oksilyè se pa yon bagay ki fasil. Men, gen anpil frè ak sè ki rive fè sa, kwak yo gen fanmi pou yo okipe, kwak y ap travay e yo gen pwoblèm y ap rankontre. Pou nou bay yon temwayaj konplè, souvan sa mande pou nou sakrifye nan tan nou ak enèji nou. Men, pou benediksyon n ap jwenn, sa vrèman vo lapenn. — Pwo. 10:22.

8 Mas ak avril se de bon mwa nan ane a pou moun pyonye oksilyè. Mwa mas la gen senk wikenn ladan l. Anpil moun k ap travay a plen tan ka rive pyonye oksilyè si yo pwofite de avantaj sa a, e si yo pwofite preche nan aprèmidi. Mete sou sa, ou ka pwofite de jou konje k ap genyen ann avril. Petèt gen nan nou k ap gen vakans nan lekòl nou oubyen k ap gen konje nan travay nou. Sa ka pèmèt nou atenn objektif 50 èdtan an. Si ou ta renmen bay 50 èdtan an mas oubyen ann avril, gade pou w wè si gen youn nan pwogram yo sijere nan atik sa a k ap bon pou ou. Si ou pale de pwogram ou chwazi a ak lòt pwoklamatè, san dout sa ap ankouraje yo pou yo akonpaye w nan predikasyon. Si ou pa kapab pyonye oksilyè, bay tèt ou yon objektif pou mwa sa yo epi kolabore ak lòt frè ak sè ki kapab pran sèvis la. Depi kounye a, kòmanse planifye w pou w ka preche plis an mas ak ann avril.

9 Montre rekonesans ou nan epòk Memoryal la : Chak ane, nan epòk Memoryal la, rekonesans pou ranson an pouse anpil moun ‘ pwofite okazyon ’ pou yo pyonye oksilyè (Efe. 5:15, 16). Ane pase, ann Ayiti, te gen 2 203 pyonye oksilyè an mas e te gen 490 pyonye oksilyè ann avril. Sa bay yon mwayèn 1 347 pyonye pou chak mwa sa yo. Chif sa a pi wo lontan pase 278 pyonye oksilyè ki te genyen an mwayèn chak mwa nan menm ane sèvis la. Ane sa a ankò, Memoryal la ban nou yon bèl okazyon pou nou montre jan nou kontan toutbonvre dèske Kris te sakrifye tèt li pou nou. Nou ka montre sa lè nou patisipe plis nan predikasyon.

10 Tout pandan 16 avril ap pwoche, reflechi pou ou wè ki sa Memoryal la vle di pou ou. Reflechi sou evènman ki te abouti nan lanmò Kris la. Medite sou sa k t ap pase nan tèt li ak sa li te santi nan kè li e ki te enkyete l anpil. Reflechi tou sou jwa ki t ap tann Jezi e sou fason sa te ede l andire move tretman li te sibi yo. Panse a pozisyon li gen jodi a antanke chèf kongregasyon an, li menm k ap sipèvize ni aktivite predikasyon an, ni aktivite fè disip la (1 Kor. 11:3 ; Ebre 12:2 ; Rev. 14:14-16). Apre sa, patisipe otank posib nan predikasyon. Konsa, w ap demontre rekonesans ou pou tout sa Kris la fè pou ou.

11 Ankouraje lòt moun pou yo bay yon temwayaj konplè : Si ansyen yo ak asistan ministeryèl yo pran sèvis pyonye oksilyè, y ap plis kapab ankouraje lòt pwoklamatè yo fè menm jan an. Predikasyon ak vizit pastoral ap ba yo bèl opòtinite pou ankouraje frè ak sè yo pou yo patisipe san rezèv nan aktivite espesyal sa a. Se pou nou tout priye sou sa. Sa ap motive nou pou nou fè plis efò toujou, nan tèt ansanm, pou nou bay yon temwayaj konplè.

12 Tout ansyen ak tout asistan ministeryèl dwe soutni dispozisyon kongregasyon an pran pou pwoklamatè yo preche plis nan mwa mas ak avril. Men, se sitou siveyan sèvis la ki dwe fè aranjman ki apwopriye pou predikasyon. Se li ki dwe prevwa ki kote reyinyon pou predikasyon ap fèt, nan jou ak lè ki pi bon pou pifò pwoklamatè yo. E li dwe veye pou yo anonse randevou sa yo regilyèman nan reyinyon sèvis. Petèt yo ka òganize plizyè randevou predikasyon nan divès moman nan jounen an. Sa ap bay tout moun nan kongregasyon an posiblite pou yo patisipe nan divès aspè aktivite predikasyon an, tankou predikasyon nan zòn komèsyal, nan lari, kay an kay, predikasyon nan telefòn ak nouvèl vizit. Anplis de sa, siveyan sèvis la dwe pran dispozisyon pou gen yon bon kantite piblikasyon, peryodik ak tèritwa ki disponib pandan mwa sa yo.

13 An mas, n ap ofri liv Konesans lan e n ap fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a, nou jwenn plizyè bèl prezantasyon nou ka itilize pou nou ofri liv sa a. Ann avril, n ap ofri Toudegad ak Réveillez-vous !, e n ap fè efò pou nou sèvi ak sijesyon yo bay nan ribrik “ Jan pou nou prezante peryodik yo ”. Se pou nou tout pran tan pou nou byen prepare nou pou nou ka bay yon temwayaj konplè.

14 Ala kontan nou kontan dèske se Jezi Kris, chèf kongregasyon an, k ap dirije travay n ap fè a ! Ala kontan nou kontan dèske nou gen privilèj preche bon nouvèl la ! Mas ak avril prèt pou rive. Annatandan, annou bat, ane sa a ankò, pou de mwa sa yo se pi bon mwa nou pase, etan n ap obeyi lòd Kris la ban nou pou nou preche e pou nou bay yon temwayaj konplè.

[Kare nan paj 4]

Divès fason nou ka òganize nou pou nou pyonye oksilỳe an mas ak avril 2003

Jou Èdtan

Lendi 1  2  — — 2  —

Madi 1  — 3  — — —

Mèkredi 1  2  — 5  — —

Jedi 1  — 3  — — —

Vandredi 1  2  — — — —

Samdi 5  4  3  5  6  7

Dimanch 2  2  3  2  2  3

Mas 56 56 54 55 50 50

Avril 50 50 51 53 — —

Èske gen youn nan pwogram sa yo k ap bon pou ou ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje