Plis aksan sou Bib la !
1. Okòmansman, pou kiyès yo te konn sitou pibliye La Tour de Garde, e pou kiyès yo te konn pibliye L’Âge d’Or ?
1 Nan dat 1ye oktòb 1919, yo te pibliye premye nimewo a nan peryodik yo te rele L’Âge d’Or la. Peryodik sa a te vin tounen yon zouti enpòtan nan travay predikasyon an. Poukisa ? Paske yo te fè l espesyalman pou piblik la. Se pa t menm bagay pou La Tour de Garde yo te konsidere pandan lontan kòm yon peryodik ki te fèt sitou pou “ ti twoupo ” a (Lik 12:32). Pwoklamatè Wayòm nan te tèlman reyaji avèk antouzyas anrapò ak nouvo piblikasyon an, sa te vin fè pandan plizyè ane kantite nimewo L’Âge d’Or yo te depase lontan kantite nimewo La Tour de Garde yo.
2. Ki jan yo rele peryodik L’Âge d’Or la jodi a, e nan ki objektif yo te pibliye l okòmansman ?
2 Yo te pibliye peryodik L’Âge d’Or la pou montre moun yo vrè solisyon pwoblèm lèzòm se Rèy Milenè Kris la ki pral gide nou toutbonvre nan yon laj d ò pou limanite. Nan ane ki vin apre yo, yon kantite chanjman te vin fèt nan peryodik L’Âge d’Or la pou yo te ka fè fas ak divès bezwen nan tan k ap chanje yo. Nan ane 1937, non l vin chanje, yo te rele l Consolation. Nan ane 1946, li vin pote non nou konnen jodi a, Réveillez-vous !
3. Nan akonplisman ki pwofesi, Réveillez-vous ! te toujou yon zouti pisan ?
3 Depi lè peryodik sa a te fèk parèt, li te pote yon kokenn èd nan gwo temwayaj n ap bay depi 1919 la (Mat. 24:14). Sepandan, fas ak ijans tan n ap viv la, sanble li saj pou yo fè kèk ajisteman anplis nan Réveillez-vous !
4. a) Ki sa yon moun bezwen fè si l vle jwenn pwoteksyon nan “ jou kòlè Jewova a ” ? b) Selon Revelasyon 14:6, 7, ki sa “ zanj ki t ap vole nan mitan syèl la ” t ap mande pou tout moun fè ?
4 Gen dè milyon moun ki renmen li Réveillez-vous ! paske li pale yon fason ki enteresan sou yon pakèt sijè ki pa relijye. Sandout, laplipa moun ki asiste Memoryal la chak ane, se moun ki li Réveillez-vous ! regilyèman. Malgre tou, si yon moun ta renmen jwenn pwoteksyon nan “ jou kòlè Jewova a ”, l ap bezwen èd pou l fè plis pase li piblikasyon nou yo regilyèman. — Sef. 2:3 ; Rev. 14:6, 7.
5. a) Apati Réveillez-vous ! janvye 2006, sou ki sa yo pral mete plis aksan ? b) Ki sa anpil moun ka motive pou yo fè, e se pral akonplisman ki pwofesi ?
5 Se sa k fè apati janvye 2006, Réveillez-vous ! pral mete plis aksan sou Wayòm Bondye a. Sa pral ankouraje lektè yo yon fason pi dirèk pou yo chèche èd nan Bib la pou yo jwenn solisyon anrapò ak pwoblèm yo. Li pral mete plis aksan sou esplikasyon Bib la bay sou evènman k ap pase yo. Konsa, lektè yo pral jwenn yon pi bon konpreyansyon kanta evènman k ap pase yo, e petèt, sa yo li a ka motive yo pou yo chèche aprann plis sou Jewova. — Zek. 8:23.
6, 7. a) Ki jan Réveillez-vous ! pral chèche ede anpil moun pou yo aplike 1 Tes. 2:13 ? b) Chak ki lè Réveillez-vous ! pral parèt, e ki kantite lang ki pral touche akoz chanjman sa a ?
6 Réveillez-vous ! pral kontinye pale sou sijè ki enterese tout kalite moun. Sepandan, li pral mete plis aksan sou Bib la (1 Tes. 2:13). Lefètke La Tour de Garde gen ladan l enfòmasyon biblik ki pwofon epi Réveillez-vous ! pral trete plis sijè ki baze sou Bib la, sanble li pap nesesè pou Réveillez-vous ! kontinye parèt de fwa pa mwa. Donk, apati nimewo mwa janvye 2006 la, Réveillez-vous ! pral parèt yon fwa chak mwa. Sa pral yon kokenn senplifikasyon pou preparasyon, tradiksyon ak ekspedisyon piblikasyon nou yo.
7 Chanjman sa yo pral touche anviwon karant pousan nan kantite lang Réveillez-vous ! konn parèt. Nan pifò lang yo, Réveillez-vous ! se deja yon peryodik ki parèt yon fwa chak mwa oswa yon fwa chak twa mwa. Pap gen chanjman nan fason La Tour de Garde konn parèt.
8. Ki jan pwoklamatè yo ka ofri Réveillez-vous ! ansanm ak Toudegad oubyen La Tour de Garde ?
8 Pwoklamatè yo ka ofri Réveillez-vous ! k ap parèt chak mwa ansanm ak Toudegad oubyen nenpòt nan de nimewo La Tour de Garde ki parèt nan menm mwa a. Pwoklamatè k ap prezante Réveillez-vous ! yo pral kapab sèvi ak menm nimewo a pandan tout mwa a. Y ap ka fè sa san yo pa oblije chanje prezantasyon yo nan mitan mwa a, jan yo fè sa kounye a.
9. Ki wòl Réveillez-vous ! ap kontinye jwe ?
9 Depi sou premye nimewo a ki te parèt an 1919, peryodik moun te konnen sou non L’Âge d’Or, ki vin ansuit Consolation e kounye a Réveillez-vous !, te jwe yon wòl esansyèlman travay predikasyon an. N ap priye Jewova pou l kontinye beni distribisyon peryodik la nan fason revize li pral parèt la. E n ap priye Jewova pou peryodik la ede bokou plis moun, “ nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ” pou yo vire bò kote Wayòm Bondye a kòm sèl espwa yo. — Rev. 7:9.