BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/10 p. 2
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Koute deklarasyon sakre yo avèk atansyon
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Lokal kote nou adore Bondye
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 1/10 p. 2

Repons kesyon w yo

◼ Ki sa chak moun ka fè pou toujou gen yon anbyans ki favorab pou moun aprann nan reyinyon kongregasyon an? (Det. 31:12)

Gwo respè nou gen ni pou Jewova ni pou dispozisyon li pran pou nou asiste reyinyon kongregasyon an dwe motive nou tout pou nou rive byen bonè e pou nou prepare nou pou nou kite Jewova anseye nou. Li bon pou nou chita nan premye ranje yo pou nou ka kite plas ki dèyè yo pou moun ki gen timoun piti ak moun ki rive nan reyinyon yo anreta akoz yon sikonstans yo pa t prevwa. Anvan reyinyon yo kòmanse, nou dwe pwograme aparèy elektwonik nou genyen yo yon fason pou yo pa deranje moun ki nan asistans lan. Lè tout moun ki la yo toujou gen yon atitid ki montre yo gen yon gwo respè pou Bondye pandan tout reyinyon an, ap gen mwens bagay ki pou deranje moun e se pap bagay ki twò grav. —Ekl. 5:1; Fil. 2:4.

Lè gen nouvo ki kòmanse asiste reyinyon yo, yon moun nan kongregasyon an ki konnen yo ka mande pou yo chita bò kote yo. Sa ap vrèman itil, sitou si moun sa yo gen timoun piti pou yo bay fòmasyon. Se ka premye fwa moun sa yo vin asiste yon reyinyon konsa e sa ka yon eksperyans ki nouvo pou yo. Si se konsa, moun sa yo ap pi kontan si yo mete yo chita pa dèyè, kote y ap mwens deranje lòt moun si l ta nesesè pou paran yo soti nan Sal la pou yon ti moman pou y al okipe pitit yo ki gen yon bezwen (Pwo. 22:6, 15). Fanmi ki gen timoun piti yo pa dwe al chita nan yon sal apa kote timoun yo ka santi yo alèz pou yo fè bri. An jeneral, li pi bon pou paran yo soti nan Sal prensipal la pou yo disipline timoun yo oubyen pou yo pran swen yo epi apre sa pou yo tounen vin chita nan Sal prensipal la ak timoun yo ankò.

Plasè yo jwe yon wòl enpòtan pou Sal la toujou gen yon anbyans apwopriye pou yon andwa kote moun adore Bondye. Yo ede fanmi ak moun ki rive anreta akoz yon sikonstans yo pa t prevwa yo jwenn yon kote apwopriye pou yo chita. Plasè yo dwe gen tak e yo dwe montre diskresyon lè y ap ede moun yo jwenn yon bon kote pou yo chita san yo pa oblije deranje lòt moun yo san nesesite. Plasè yo bezwen gen bon jijman lè yo rankontre yon sitiyasyon ki distrè moun yo sanzatann. Lè yon timoun ap deranje asistans lan nan konpòtman l, avèk jantiyès, plasè yo ka ofri èd yo.

Tout moun ki la nan reyinyon yo pou yo adore Bondye ka kontribye pou gen yon anbyans ki favorab pou moun aprann konnen Jewova, pou yo aprann objektif li genyen pou gen yon monn nouvo kote ap gen lapè ak jistis. —Ebre 10:24, 25.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje