Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa fevriye a
“Èske w panse Bondye gen yon òganizasyon jodi a oubyen èske li gen relasyon ak chak moun apa? [Kite moun nan reponn.] Gade sa yo di konsènan yon pèp Bondye te òganize sa gen lontan.” Ale nan paj 26 la nan Toudegad 1ye fevriye (fransè), epi egzamine enfòmasyon nou jwenn anba premye soutit ki nan paj la ak moun nan, e pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan de peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen vin reponn kesyon ki apre a.
La Tour de Garde 1ye fevriye
“Nan dènye ane sa yo gen anpil moun k ap pale de Amagedòn? Èske w panse gen yon bagay yon moun ka fè pou l anpeche Amagedòn rive? [Kite moun nan reponn.] Se nan vèsè nou pral li a nou jwenn mo Amagedòn nan. [Li Revelasyon 16:16. Apre sa, montre moun nan kouvèti peryodik la.] Peryodik sa a ede nou jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa yo.”
Réveillez-vous! Fevriye
“Jodi a gen anpil moun ki renmen kominike youn ak lòt sou Entènèt. Dapre ou menm, èske gen danje nan fòm kominikasyon sa a? [Kite moun nan reponn.] Nan Bib la n ap jwenn kèk prensip ki ka ede nou pi byen itilize Entènèt. [Ale nan paj 6-9, epi egzamine youn nan kesyon yo ak youn nan vèsè yo bay kòm referans yo.] Peryodik sa a ap ede w idantifye danje ki gen nan zafè kominike ak lòt moun sou Entènèt e l ap ede w wè sa w ka fè pou w evite danje sa yo.”