BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/11 p. 8
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 8/11 p. 8

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa septanm nan

“Chak jou, gen anpil moun k ap lapriyè, moun sa yo pa gen menm nasyonalite ni yo pa gen menm kwayans. Èske w panse Bondye koute tout priye?” Kite moun nan reponn. Ansuit, bay moun nan Toudegad 1ye septanm nan (fransè), epi fè yon ti pale avè l sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la, atire atansyon l omwen sou youn nan vèsè yo site yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.

La Tour de Garde 1ye septanm

Montre moun nan kouvèti peryodik la, epi mande l: “Ki jan w ta reponn kesyon sa a? [Kite moun nan reponn.] Gade ki repons Bib la bay pou kesyon sa a. [Li 1 Jan 5:19.] Selon vèsè sa a, se “Mechan an”, sètadi Dyab la, k ap domine monn nan. Men sa fè nou poze kèk kesyon tankou: Ki kote Dyab la soti? Èske l egziste toutbonvre? Pou konbyen tan Bondye ap kite l domine monn nan? Peryodik sa a esplike sa Labib di sou sa.”

Réveillez-vous! Septanm

Anpil moun jodi a santi yo strese akoz yo gen pwoblèm lajan. Dapre ou menm, poukisa li difisil konsa pou moun rive jwenn sa yo bezwen pou yo viv? [Kite moun nan reponn.] Bib la bay konsèy ki saj sou lajan e konsèy sa yo ede anpil moun jere ti kòb yo genyen. [Li youn nan vèsè nou jwenn nan paj 8-9 la.] Peryodik sa a bay kèk konsèy pratik sou sa moun k ap goumen pou peye dèt yo ka fè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje