Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa septanm nan
“Anpil moun kwè yon jou Bondye pral jije yo selon aksyon yo. Èske w panse nou dwe ap tann Jou Jijman Bondye a oubyen èske nou dwe pè jou sa a? [Kite moun nan reponn.] Gade sa peryodik sa a di.” Bay moun nan Toudegad 1ye septanm lan (fransè). Fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la, e pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye septanm
“Anpil kote nan monn nan, medam yo soufri akoz diskriminasyon e yo maltrete yo. Malerezman kwayans kèk relijyon genyen konn alabaz pwoblèm nan. Èske w panse Bondye gen sousi pou medam yo toutbonvre? [Kite moun nan reponn.] Gade fason Bib la mande mari yo pou yo trete madanm yo. [Li Efezyen 5:28, 29.] Peryodik sa a montre sa Bib la di sou fason Bondye konsidere medam yo.”
Réveillez-vous! Septanm
“Gen anpil moun ki panse yon jou pap gen lavi sou tè a ankò, petèt akoz yon gè nikleyè oubyen akoz yon katastwòf natirèl, tankou ap gen yon gwo astewoyid ki tonbe sou tè a oubyen akoz klima a ki chanje toupatou. Èske w panse jan de prediksyon sa yo moun fè sou lafendimonn nan gen enpòtans oubyen èske se jis rèv yo ye? [Kite moun nan reponn.] Men yon pwomès rekonfòtan nou jwenn nan Bib la. [Li Sòm 37:29.] Peryodik sa a egzamine kèk bagay moun konn di sou lafendimonn e li esplike sa Bib la di ki rezonab ki pral rive alavni.”